Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Manje pa m se fè volonte Bondye’

‘Manje pa m se fè volonte Bondye’

Nan ki sa w pran plis plezi? Èske se nan kèk aspè ki konsène relasyon moun gen ak moun, tankou maryaj, gen yon fanmi oswa devlope yon amitye? Pa gen dout nan sa, lè w pran yon repa ak moun ou renmen, sa fè kè w kontan anpil. Sepandan, antanke sèvitè Jewova, èske w pa jwenn plis plezi toujou pou w fè volonte Bondye, pou w etidye Pawòl li a, epi pou w preche bon nouvèl la?

Men sa wa David, yon wa ann Izrayèl tan lontan an, te di nan yon chante pou l te fè louwanj pou Kreyatè a: “Pou m fè volonte w, o Bondye mwen, mwen pran plezi, epi lalwa w chita jis nan zantray mwen.” (Sòm 40:8, NW). Byenke David te fè fas ak anpil difikilte epi l te jwenn anpil presyon nan lavi l, li te pran anpil plezi pou l fè volonte Bondye. Nòmalman, antanke yon adoratè, se pa David sèlman ki te pran plezi sèvi vrè Dye a.

Apot Pòl te site pawòl nou jwenn nan Sòm 40:8 la pandan l t ap pale de Mesi a oswa Kris la. Men sa Pòl te di: “Lè Kris vini nan monn nan, li di: ‘Ou pa t vle sakrifis ak ofrann, men ou te prepare yon kò pou mwen. Ou pa t pran plezi nan olokos ak nan ofrann yo fè pou peche.’ Apre sa, mwen di: ‘Gade! Mwen vini (se sa ki ekri nan yon pati nan liv la konsènan mwen) pou m fè volonte w, o Bondye.’” — Ebre 10:5-7.

Pandan Jezi te sou tè a, li te pran plezi pou l kontanple kreyasyon an, pou l pase tan ak zanmi l yo, epi pou l pran yon repa avèk yo (Mat. 6:26-29; Jan 2:1, 2; 12:1, 2). Sepandan, sa k te pi enpòtan pou Jezi, e sa k te ba l plis kè kontan, se te fè volonte Papa l ki nan syèl la. Se sa k fè, Jezi te di: “Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” (Jan 4:34; 6:38). Disip Jezi yo te aprann sekrè pou gen kè kontan toutbon an nan men Mèt yo a. Yo te kontan ofri tèt yo volontèman pou yo pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun, e yo te chofe anpil pou yo fè sa. — Lik 10:1, 8, 9, 17.

“ALE, EPI FÈ DISIP”

Men ki lòd Jezi te bay disip li yo: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. Epi gade! mwen avèk nou toulejou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:19, 20). Pou nou rive ranpli misyon sa a, nou bezwen preche moun yo kèlkeswa kote nou jwenn yo, nou bezwen  retounen vizite moun ki enterese yo, epi etidye Labib avè yo. Nou kapab jwenn anpil plezi pou n fè travay sa.

Lanmou pouse n kontinye preche lè n jwenn moun ki pa enterese.

Kit moun yo enterese nan mesaj n ap preche a, kit yo pa enterese, fason nou reyaji ap jwe yon wòl enpòtan sou lajwa nou kapab jwenn nan ministè a. Poukisa n kontinye preche bon nouvèl la menm lè nou rankontre kèk moun ki mal reyaji oswa ki pa enterese nan mesaj n ap preche a? Se paske nou rann nou kont lè n patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la, sa montre nou renmen ni Bondye ni pwochen nou. Anplis de sa, ni lavi nou ni lavi lòt moun yo an danje (Eze. 3:17-21; 1 Tim. 4:16). Ann egzamine kèk pwen ki ede anpil nan konpayon travay nou yo kontinye preche avèk zèl nan tèritwa ki difisil yo.

PWOFITE TOUT OKAZYON

Byen souvan, lè n sèvi ak kesyon ki apwopriye nan ministè a, sa bay bon rezilta. Yon jou maten, Amalia te wè yon mesye k ap li yon jounal sou yon plas piblik. Li te pwoche kot mesye a epi l mande l si l te li yon bon nouvèl nan jounal la. Lè mesye a te reponn li non, Amalia te di l: “Mwen pote yon bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a pou ou.” Sa te fè mesye a anvi koute mesaj la, epi l te aksepte yon etid Labib. Anfèt, Amalia te kòmanse twa etid sou plas piblik sa a.

Janice te fè kote l ap travay la tounen yon tèritwa pou l preche. Lè yon ajan sekirite ansanm ak kòlèg travay ajan an te montre yo enterese nan yon atik ki te parèt nan Toudegad, Janice te ofri yo pou l fè yo jwenn peryodik yo regilyèman. Li te fè menm bagay la tou pou yon lòt moun k ap travay menm kote avè l ki te sezi wè kantite sijè yo pale nan Toudegad ak Réveillez-vous! Sa te vin fè yon lòt kòlèg travay li mande pou l jwenn peryodik tou. Men sa Janice di: “Se pa ti beni Jewova beni m!” Finalman, li te rive gen wout peryodik ak 11 moun.

SE POU W POZITIF

Gen yon siveyan itineran ki te di pwoklamatè yo, lè y ap fini yon konvèsasyon yo gen ak yon moun nan kad predikasyon kay an kay la, pou yo pa annik di moun nan y ap retounen vizite l yon lòt jou. Olye de sa, pwoklamatè yo kapab di moun nan: “Èske w ta renmen m montre w ki jan yon etid Labib fèt?” Oswa: “Ki jou ak ki lè w ta renmen m tounen pou n kontinye konvèsasyon nou an?” Siveyan an te fè konnen lè frè ak sè nan youn nan kongregasyon li te desèvi yo te sèvi ak metòd sa a, yo te kòmanse 44 etid nan yon semèn.

Lè n retounen vizite moun yo san pèdi tan, sètadi, kèk jou sèlman apre nou fin preche yo, sa kapab bay bon rezilta. Sa k fè sa? Se paske lè n fè sa, nou montre nou enterese toutbon nan ede moun ki gen kè sensè yo pou yo rive konprann Bib la. Lè yo te mande yon dam poukisa l aksepte etidye Labib ak Temwen Jewova yo, dam nan te reponn: “Mwen te kòmanse etidye paske yo te enterese  toutbon nan mwen e yo te demontre lanmou pou mwen.”

Ou kapab di mèt kay la: “Èske w ta renmen m montre w ki jan yon etid Labib fèt?”

Yon ti tan apre Madaí te fin asiste Lekòl pyonye a, li t ap kondui 15 etid Labib epi l te bay kèk pwoklamatè senk lòt etid pou yo kondui. Gen anpil nan moun k ap etidye Labib avè l yo ki te kòmanse asiste reyinyon yo regilyèman. Ki sa k te ede Madaí kòmanse tout etid sa yo? Lekòl la te montre l jan l enpòtan pou l kontinye retounen vizite moun ki te montre yo enterese okòmansman yo jiskaske l jwenn yo. Men sa yon lòt Temwen ki te ede anpil moun aprann verite ki nan Bib la fè konnen: “Mwen te aprann, lè m pèsevere nan fè nouvèl vizit, sa jwe yon wòl enpòtan nan ede moun ki vle konn Jewova yo.”

Lè n retounen vizite moun yo san pèdi tan, nou montre nou enterese toutbon nan ede moun ki vle konprann Bib la.

Sa mande anpil efò pou n retounen vizite moun yo epi pou n etidye Labib ak yo. Sepandan, rekonpans n ap jwenn yo pi plis lontan pase tout efò sa mande. Lè n fè efò pou n patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan, nou kapab ede lòt moun rive “gen yon konesans egzak sou laverite” pou yo ka sove (1 Tim. 2:3, 4). Sa ka ban nou satisfaksyon ak yon plezi ki san parèy.