Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann suiv Règ annò a nan travay predikasyon an

Ann suiv Règ annò a nan travay predikasyon an

“Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” — MAT. 7:12.

1. Èske fason nou trete moun yo nan travay predikasyon an kapab gen efè sou yo? Bay yon egzanp. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

SA GEN kèk ane, gen yon koup marye ki t ap patisipe nan yon kanpay pou yo envite moun vin asiste Memoryal lanmò Kris la. Pandan yo t ap pale ak yon dam ki te kanpe deyò lakay li, lapli te kòmanse tonbe. Frè a te prete dam nan yon parapli epi l te pataje yon lòt ak madanm li. Se pa ti kontan koup la te kontan wè dam nan vin asiste Memoryal la jou swa sa a! Dam nan te fè konnen se apèn si l sonje sa Temwen yo te di l jou yo te vizite l la. Men, fason yo te trete l la te tèlman gen efè sou li, li te santi l oblije asiste Memoryal la. Ki sa k te pouse koup sa a fè bèl aksyon sa a? Se paske yo te suiv prensip moun yo gen abitid rele Règ annò a.

2. Ki sa Règ annò a ye, e ki jan n ka suiv li?

2 Ki sa Règ annò a ye? Règ sa a se yon konsèy Jezi te bay. Men sa l te di: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” (Mat. 7:12). Ki jan nou ka suiv règ sa a? Anfèt, gen de bagay nou bezwen fè pou n rive suiv li. Premye bagay la se mande tèt ou: ‘Si m ta nan plas lòt moun nan, ki jan m t ap renmen yo trete m?’ Apre sa, w ap bezwen fè tout sa w kapab pou w trete moun nan menm jan w t ap renmen yo trete w la. — 1 Kor. 10:24.

3, 4. a) Esplike rezon ki fè se pa sèlman anvè kwayan parèy nou yo nou bezwen aplike Règ annò a. b) Ki kesyon nou pral konsidere nan atik sa a?

 3 Byen souvan, nou aplike Règ annò a nan relasyon nou gen ak kwayan parèy nou yo. Men, Jezi pa t di se ak moun ki fanmi nou nan lafwa sèlman pou n fè sa. Anfèt, Jezi te pale de règ sa a pandan l t ap montre ki jan pou n trete tout moun nèt san wete ènmi nou. (Li Lik 6:27, 28, 31, 35.) Si Jezi mande pou n suiv règ sa a nan fason n ap trete ènmi nou yo, alewè pou moun n ap preche yo. Anpil nan moun sa yo gendwa “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 13:48.

4 Kounye a, nou pral konsidere kat kesyon nou kapab kenbe nan lespri nou lè n ap patisipe nan travay predikasyon an. Kesyon sa yo se: Kiyès moun m ap abòde yo ye? Ki kote m ye lè m ap abòde yo? Ki lè ki pi bon pou m abòde yo? Kòman mwen dwe abòde yo? Jan nou kapab wè sa, kesyon sa yo kapab ede nou pran santiman moun n ap preche yo an konsiderasyon, e yo kapab ede n wè ki pi bon fason pou n abòde moun yo. — 1 Kor. 9:19-23.

KIYÈS MOUN M AP ABÒDE YO YE?

5. Ki kesyon nou ka poze tèt nou?

5 An jeneral, nan travay prediksyon an, nou pale ak chak moun apa. Chak moun sa yo te leve yon fason e yo gen pwòp pwoblèm pa yo (2 Kwo. 6:29). Lè w ap fè efò pou w pataje bon nouvèl la ak yon moun, mande tèt ou: ‘Si se te mwen ki te nan plas moun sa a, ki jan m t ap vle pou l konsidere m? Èske sa t ap fè m plezi pou l konsidere m kòm yon moun konsa konsa ki abite nan zòn nan? Oubyen, èske m pa t ap prefere li aprann konnen m pito?’ Lè nou pran kesyon sa yo an konsiderasyon, sa ap fè n sonje gen yon fason pou n trete chak moun nou rankontre lakay yo.

6, 7. Ki sa n ta dwe fè si yon moun ta montre l agresif anvè nou pandan n ap preche?

6 Pa gen okenn moun ki ta renmen yo pran l pou yon moun ki negatif. Pa egzanp, antanke kretyen, nou fè tout sa n kapab pou n suiv konsèy ki nan Bib la ki mande pou “pawòl nou toujou bèl”. (Kol. 4:6.) Sepandan, etandone nou enpafè, pafwa, nou konn fin di yon pawòl epi nou regrèt sa n te di a (Jak 3:2). Petèt, sa ka rive nou mal pale ak yon moun paske n ap pase yon move jounen. Si yon bagay konsa ta rive, se sèten nou pa t ap renmen pou moun sa a ta vin konsidere n kòm yon moun ki derespektan oswa kòm yon moun ki pa konn kòman pou l pale ak moun. Okontrè, nou t ap byen kontan pou moun nan montre l konprann nou. Èske se pa konsa nou ta dwe trete lòt moun yo tou?

7 Si pandan n ap preche nou ta rankontre yon moun ki agresif, èske l t ap bon pou n kouri panse se konsa menm moun sa a ye? Èske se pa paske l ap jwenn presyon nan travay li oswa nan lekòl li ki fè l aji konsa? Èske moun sa a pap fè fas ak gwo pwoblèm sante? Nan anpil ka, gen kèk moun nou te rankontre lakay yo ki te fin mal resevwa nou epi ki vin byen reyaji annapre lè yo wè fason pèp Jewova a trete yo avèk jantiyès e avèk respè. — Pwo. 15:1; 1 Pyè 3:15.

8. Poukisa n ta dwe pataje mesaj Wayòm nan ak “tout kalite moun”?

8 Nan travay predikasyon an, nou abòde tout kalite moun. Pa egzanp, pandan dènye ane ki sot pase yo, gen plis pase 60 eksperyans moun te fè ki te parèt nan Toudegad piblik la nan ribrik “Labib chanje lavi moun” nan. Gen kèk nan moun sa yo ki te konn vòlè, ki te tafyatè, ki te nan gang oswa ki te konn pran dwòg. Gen lòt, yo menm, ki te nan politik, ki te chèf legliz oswa ki te gen kòm sèl objektif fè karyè nan monn nan. Gen lòt ankò ki te konn ap viv yon fason ki imoral. Sepandan, tout  moun sa yo te tande bon nouvèl la, yo te aksepte etidye Labib, yo te chanje fason yo t ap viv la epi yo te vin nan laverite. Se sa k fè, nou pa ta dwe janm panse gen yon seri moun ki pap janm aksepte mesaj Wayòm nan. (Li 1 Korentyen 6:9-11.) Okontrè, nou rekonèt “tout kalite moun” kapab byen reyaji devan bon nouvèl la. — 1 Kor. 9:22.

KI KOTE M YE LÈ M AP ABÒDE MOUN YO?

9. Poukisa nou dwe demontre respè pou kay moun yo?

9 Ki kote n ye lè n ap abòde moun yo nan travay predikasyon an? Byen souvan, se lakay moun yo n ale pou n preche yo (Mat. 10:11-13). Nou kontan lè lòt moun demontre respè pou kay nou ak byen nou posede. Dayè, kay nou gen anpil enpòtans pou nou! Lè n lakay nou, nou ta renmen santi n an sekirite epi pou moun respekte vi prive nou. Nou dwe demontre menm respè sa a anvè pwochen nou. Kidonk, lè n ap preche kay an kay, l ap bon pou n reflechi ak fason nou konpòte nou lè nou lakay moun yo. — Tra. 5:42.

10. Ki jan nou ka evite kontrarye moun yo lè n ap preche?

10 Jounen jodi a, lefètke gen anpil zak kriminèl k ap fèt toupatou nan monn nan, sa vin lakòz moun pa fè moun yo pa konnen konfyans (2 Tim. 3:1-5). Nou pa dwe bay moun yo rezon pou yo vin pi sispèk pase jan yo deja sispèk la. Pa egzanp, ann imajine nou ta parèt devan pòt kay yon moun epi n ta frape pòt la. Si n pa tande okenn moun reponn, nou ta gendwa gen tandans foure je n nan fenèt la oswa fè wonn kay la pou n wè si mèt kay la pa la. Si n ta fè yon bagay konsa nan zòn kote n ap viv la, èske sa pa t ap deranje moun ki abite nan kay sa a? Ki sa vwazen yo ta ka panse? Se vre, nou dwe zele nan travay predikasyon an (Tra. 10:42). Nou chofe pou n simaye yon mesaj ki pozitif, e nou gen bonjan rezon pou sa (Wom. 1:14, 15). Sepandan, n ap montre nou saj lè n pa fè anyen ki kapab kontrarye moun nou rankontre nan tèritwa kote n ap preche a. Apot Pòl te fè konnen: “Nan okenn fason, nou pap bay okenn okazyon pou moun bite, pou yo pa kritike sèvis nou an.” (2 Kor. 6:3). Lè nou demontre respè pou kay moun yo nan tèritwa kote nou ye a e nou respekte byen yo posede, sa kapab fè kèk moun vin pran laverite. — Li 1 Pyè 2:12.

Ann toujou demontre respè pou kay moun yo ak vi prive yo. (Gade paragraf 10.)

KI LÈ POU M ABÒDE MOUN YO?

11. Ki sa k fè n apresye lè lòt moun respekte tan nou?

11 Antanke kretyen, pifò nan nou toujou gen anpil aktivite pou n fè. Pou nou rive fè yo, nou chèche wè sa k pi enpòtan pou nou, epi nou pran san nou pou n byen planifye pwogram nou (Efe. 5:16; Fil. 1:10). Si yon bagay anpeche n fè sa n te prevwa fè a sa kapab kontrarye nou. Se sa k fè, nou apresye lè lòt moun rekonèt nou bezwen ti tan pa nou ak lè yo montre yo konprann nou gendwa pa kapab pase anpil tan avèk yo. Toutpandan n ap panse ak Règ annò a, ki jan nou kapab demontre respè pou moun n ap preche yo?

12. Ki jan n ka rive wè ki lè ki pi bon pou n abòde moun yo lakay yo?

12 Nou dwe fè efò pou n rive wè ki lè ki pi bon pou n abòde moun yo lakay yo. An jeneral, ki lè moun nan tèritwa nou yo lakay yo? Ki lè yo pi dispoze koute nou? L ap bon pou n fè aranjman nan sans sa a. Gen kèk kote sou tè a, se byen ta nan aprèmidi pwoklamatè yo jwenn pi bon rezilta lè y ap preche kay an kay. Si se konsa sa ye nan zòn kote w ye a, èske w pa ta ka aranje w pafwa pou w preche kay an kay nan moman sa a nan jounen an? (Li 1 Korentyen 10:24.) Ou mèt gen konfyans Jewova ap beni kèlkeswa sakrifis ou fè pou w preche moun nan tèritwa w la nan lè k ap pi bon pou yo a.

13. Ki jan nou kapab demontre respè pou yon moun nou rankontre lakay li?

 13 Ki lòt fason ankò nou kapab montre nou respekte moun yo? Se vre, lè nou rankontre yon moun ki enterese nan mesaj nou an nou dwe ba l yon bon temwayaj, men, nou pa dwe pran plis tan pase sa l ban nou an. Petèt, moun nan te rezève tan sa a pou l fè yon lòt bagay ki enpòtan pou li. Si l di nou li okipe, nou kapab di l nou pap fè anpil tan, e nou ta dwe kenbe pawòl nou (Mat. 5:37). Lè n ap fini konvèsasyon an, l ap bon pou n mande moun nan ki lè k ap pi bon pou li pou n wè ankò. Gen kèk pwoklamatè ki jwenn bon rezilta lè yo di moun nan: “Mwen t ap kontan rann ou yon ti vizit ankò. Èske sa t ap pi bon pou ou si m ta telefone w oswa m ta voye yon mesaj tèks pou ou anvan m vini?” Lè n fè aranjman pou n preche moun yo nan lè k ap pi bon pou yo a, se suiv nou suiv egzanp apot Pòl ki ‘pa t chèche pwòp avantaj pa l, men, ki te chèche avantaj anpil moun, dekwa pou moun sa yo te ka sove’. — 1 Kor. 10:33.

KI JAN M TA DWE ABÒDE MOUN YO?

14-16. a) Poukisa li bon pou n fè moun n ap vizite yo konnen byen klè rezon ki fè nou vin vizite yo a? Bay yon egzanp. b) Ki fason yon siveyan itineran konn abòde moun yo ki bay bon rezilta?

14 Ann imajine yon jou, ou ta resevwa yon apèl e w pa konn ki moun ki rele w la. Sa k pi mal la, moun nan ta mande w ki manje w pi renmen. Se sèten, ou t ap mande tèt ou kiyès moun sa a ye e ki sa l bezwen toutbon. Petèt, pou w pa parèt malelve, ou ta kapab fè yon ti pale tou kout avè l epi annapre, ou t ap fè l konnen byen klè ou pa ta renmen kontinye pale avè l. Kounye a, ann imajine moun ki telefone a  ta fè w konnen byen klè kiyès li ye, li fè w konnen tou travay li se ede moun byen chwazi kalite manje y ap manje, e avèk jantiyès, li ta di w li gen bonjan enfòmasyon pou ou nan sans sa a. Sandout, ou t ap montre w pi dispoze koute sa l gen pou l di w la. Dayè, ou apresye lè yon moun fè w konnen byen klè rezon ki fè l abòde w la, sitou si l fè sa avèk respè. Ki jan nou kapab aji menm jan an tou anvè moun nou rankontre nan travay predikasyon an?

15 Nan anpil tèritwa, li enpòtan pou n fè moun yo konnen byen klè rezon ki fè nou vin vizite yo. Se vre, nou gen enfòmasyon ki enpòtan pou n pataje ak moun nou rankontre a. Men, ann sipoze nou pa ta fè moun nan konnen ki moun nou ye toutbon, epi bridsoukou nou ta annik mande l: “Si w te kapab rezoud yon pwoblèm nan monn nan, ki pwoblèm ou t ap rezoud?” Nou konnen rezon ki fè n poze l kesyon an se pou n kapab konnen sa k nan lespri l yon fason pou n dirije konvèsasyon an sou baz sa Bib la di. Men, moun nan ta gendwa mande tèt li: ‘Kiyès moun sa a ye menm, epi, poukisa l poze m kesyon sa a? Ki kote l vle rive menm?’ Kidonk, nou dwe fè efò pou n met moun yo alèz (Fil. 2:3, 4). Ki jan n ap rive fè sa?

16 Gen yon siveyan itineran ki te jwenn bon rezilta lè l abòde moun yo konsa: Apre l fin salye moun nan, li lonje yon feyè Èske w ta renmen konn Verite a? ba li, epi l di l: “Jodi a, n ap distribye feyè sa a bay tout moun nan zòn nan. Feyè sa a pale sou sis kesyon anpil moun konn poze tèt yo. Men pa w la.” Frè a fè konnen, pifò moun konn parèt yon ti jan rilaks yon fwa yo fin konnen rezon ki fè l vin vizite yo a. Konsa, li konn pi fasil pou yo kontinye konvèsasyon an. Apre sa, siveyan an mande moun nan: “Kiyès nan kesyon sa yo ou konn poze tèt ou?” Si moun nan chwazi youn nan yo, frè a ouvri feyè a e li montre moun nan ki sa Bib la di sou kesyon an. Si moun nan pa chwazi, frè a chwazi yon kesyon epi l kontinye pale ak moun nan. Nòmalman, gen anpil lòt fason nou kapab kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun. Pa egzanp, gen kèk zòn kote moun nou rankontre yo gendwa ap atann pou n di yo yon pakèt koze anvan nou resi ba yo rezon ki fè n vin vizite yo a. Sa k pi enpòtan an, se aranje nou nan zòn kote nou ye a pou n abòde moun yo fason k ap pi bon pou yo a.

ANN KONTINYE SUIV RÈG ANNÒ A NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

17. Jan nou sot wè sa a nan atik la, ki fason nou kapab suiv Règ annò a nan travay predikasyon an?

17 Kidonk, ki fason nou kapab suiv Règ annò a nan travay predikasyon an? Nou kapab fè sa lè n chèche pi byen konnen moun n ap preche yo, lè n demontre respè pou kay moun yo ak byen yo posede, lè n fè anpil efò pou n al preche nan lè nou kapab jwenn moun yo lakay yo ak nan lè y ap pi dispoze koute nou, e lè n prezante mesaj la selon koutim zòn kote nou ye a.

18. Ki byenfè nou jwenn lè n trete moun nan tèritwa nou yo jan nou ta renmen yo trete nou?

18 Nou jwenn anpil byenfè lè n trete moun nou rankontre nan tèritwa a jan nou ta renmen yo trete nou an. Lè n trete moun yo avèk jantiyès e nou montre nou gen konsiderasyon pou yo, se kite nou kite limyè nou briye devan yo. Konsa, nou montre yo valè prensip ki nan Bib la genyen, e nou bay Papa nou ki nan syèl la glwa (Mat. 5:16). Fason nou abòde moun yo kapab ankouraje plis moun vin aksepte laverite (1 Tim. 4:16). Kit moun yo aksepte mesaj n ap preche konsènan Wayòm nan, kit yo pa aksepte l, n ap santi n anpè dèske nou konnen nou fè tout sa n kapab pou n akonpli ministè nou (2 Tim. 4:5). Se pou nou chak suiv egzanp apot Pòl! Men sa l te di: “Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun.” (1 Kor. 9:23). Pou rezon sa a, ann toujou suiv Règ annò a nan travay predikasyon an!