BAGAY KI NAN ACHIV NOU
“Gen anpil travay ki pou fèt nan rekòt la”
NOU nan ane 1923. Sal kote yo konn fè teyat e yo konn jwe mizik ki nan vil Sawo Polo a chaje ak moun! Èske w ka tande vwa George Young k ap pale yon fason ki kalm e ki fèm, toutpandan y ap tradui diskou l la nan lang pòtigè fraz pa fraz? Tout 585 moun ki nan asistans lan ap koute l avèk anpil atansyon! Yo pwojte vèsè biblik yo nan lang pòtigè sou yon ekran. Nan fen diskou a, yo te distribye 100 ti bwochi Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri! a nan lang pòtigè. Yo te distribye bwochi sa a ann anglè, ann alman ak nan lang italyen tou. Diskou a te bay bon rezilta! Nouvèl la te gaye. De jou apre sa, nan aswè, sal la te chaje ak moun ankò ki vin koute diskou a. Men, ki sa k te mennen nan tout evènman sa yo?
Nan ane 1867, Sarah Bellona Ferguson ak fanmi l te kite peyi Etazini pou y al viv nan peyi Brezil. An 1899, Sarah te vin rann li kont li jwenn laverite apre l te fin li kèk piblikasyon ki baze sou Bib la ti frè l la te pote sot Ozetazini. Etandone Sarah te renmen li anpil, li te fè yon abònman pou l te ka resevwa Toudegad ann anglè. Mesaj ki nan Bib la te tèlman touche Sarah, li te ekri frè C. T. Russell, e l te di l li se yon “prèv vivan ki montre yon moun pa janm twò lwen pou l resevwa mesaj la”.
Sarah Ferguson te fè tout sa l kapab pou l pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun, men, byen souvan, li te konn ap mande tèt li kiyès ki t apral kontinye ede li menm ak fanmi l ansanm ak tout bon moun k ap viv nan peyi Brezil yo. Nan ane 1912, Betèl Bwouklin nan te fè l konnen gen yon moun ki t ap vin nan vil Sawo Polo ak plizyè milye feyè ki gen tit Ki kote mò yo ye? nan lang pòtigè. Nan ane 1915, li te fè konnen li toujou sezi aprann gen anpil Etidyan Labib ki t ap ret tann pou y al nan syèl nan yon tan ki pa twò lwen. Men sa l te ekri pou l te fè konnen opinyon l: “Ki sa n ap fè pou Brezil ak tout Amerik disid la? [...] Lè n ap gade jan Amerik disid la se yon gwo pati nan monn nan, l ap fasil pou n wè gen anpil travay ki pou fèt nan rekòt la.” Vrèmanvre, t apral gen anpil travay pou fè nan rekòt la!
Ozanviwon ane 1920, te gen uit jèn maren brezilyen ki te asiste kèk reyinyon nan vil Nouyòk pandan yo t ap repare bato degè yo. Lè yo te retounen Rio de Janeiro, yo te pataje esperans yo te fèk aprann nan Bib la ak lòt moun. Yon ti annapre, nan mwa mas 1923, George Young, ki te yon pèleren oswa yon siveyan itineran, te rive nan vil Rio de Janeiro kote l te jwenn moun ki te enterese nan mesaj la. Li te pran dispozisyon pou l jwenn plizyè piblikasyon ki te tradui nan lang pòtigè. Tousuit apre, frè Young, te vwayaje al nan vil Sawo Polo, yon vil ki te gen anviwon 600 000 moun nan epòk sa a. Se nan vil sa a li te bay diskou a e l te distribye ti bwochi Milyon an jan nou te di sa nan kòmansman atik la. Men sa frè Young te fè konnen: “Etandone m poukò m, se nan jounal sèlman mwen te oblije fè piblisite.” Apre sa, li te di diskou sa yo te “premye diskou piblik nou te jwenn otorizasyon nan men I.B.S.A. pou n fè piblisite pou yo nan peyi Brezil *”.
Jou ki te 15 desanm 1923 a, Toudegad te pibliye yon rapò sou peyi Brezil. Men sa l te fè konnen: “Lè n konsidere se nan dat 1ye jen an travay la te kòmanse nan peyi sa a alòske pa t menm gen piblikasyon lè sa a, sa vrèman remakab pou n wè jan Seyè a beni travay la.” Nan menm rapò sa a, yo te fè konnen, diskou frè Young te bay nan vil Sawo Polo a, se te 2 nan 21 diskou piblik li te bay, soti 1ye jen pou rive 30 septanm. Antou, te gen 3 600 moun ki te koute diskou sa yo. Mesaj Wayòm nan te kòmanse ap gaye tikras pa tikras nan vil Rio de Janeiro. Epi, nan espas kèk mwa sèlman, yo te distribye plis pase 7 000 piblikasyon nan lang pòtigè! Anplis de sa, yo te kòmanse pibliye Toudegad nan lang pòtigè apati nimewo novanm-desanm 1923 a.
George Young t al vizite Sarah Ferguson, e men sa Toudegad te fè konnen: “Sè a te vini nan salon an, e pandan yon ti tan li pa t ka di yon mo. Li te kenbe men frè Young e li t ap gade l fiks nan je. Finalman li te di l: ‘Èske w se yon Pèleren vre?’” Sa pa t pran lontan pou li menm ak kat nan pitit li yo te batize. Anfèt, li te fè 25 an ap tann pou l batize! Toudegad 1ye out 1924 la te fè konnen te gen 50 moun ki te batize, e pifò nan moun sa yo te soti nan vil Rio de Janeiro.
Jodi a, anviwon 90 an annapre, nou pa bezwen mande “ki sa n ap fè pou Brezil ak tout Amerik disid la”. Paske kounye a, gen plis pase 760 000 Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la nan peyi Brezil. Epi, toupatou nan Amerik disid la, moun yo tande mesaj la nan lang pòtigè, espayòl ak anpil lòt lang ankò moun nan zòn nan pale. Nan ane 1915, Sarah te gen rezon lè l te di, ‘gen anpil travay ki te gen pou fèt nan rekòt la’. — Bagay ki nan achiv nou nan peyi Brezil.
^ § 6 I.B.S.A. vle di Sosyete entènasyonal Etidyan Labib yo.