Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Nan jou 14 Nizan an, a ki lè yo te dwe sakrifye timouton pak la?

Gen kèk tradiksyon Labib ki fè konnen yo te sakrifye timouton an “ant de sware yo”, sa vle di anvan l fin fènwa nèt oswa lè l prèske fènwa. Kidonk, se apre solèy la fin kouche, men, pandan l te toujou fè klè (Egz. 12:6). — 15/12, paj 18-19.

Ki prensip biblik jèn yo ka itilize yon fason pou yo pran desizyon ki saj?

Gen twa prensip: 1) Chèche Wayòm Bondye a an premye, e chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye (Mat. 6:19-34). 2) Pran plezi pou sèvi lòt moun (Tra. 20:35). 3) Pran plezi pou w sèvi Jewova pandan w jèn (Ekl. 12:1). — 15/1, paj 19-20.

Kat kavalye k ap galope depi 1914 yo, kiyès yo ye?

Jezi, antanke moun k ap galope cheval blan an, te aji pou mete Satan ak demon yo deyò nan syèl la. Kavalye k ap galope cheval ki koulè dife a fè referans ak lagè ki pa sispann fè lèzòm soufri yo. Kavalye k ap galope cheval nwa a reprezante grangou. Kavalye k ap galope cheval ki gen koulè blèm nan pote epidemi ki lakòz plizyè milyon moun mouri. (Rev. 6:2-8) — 1/2, paj 6-7.

Ki lè “maryaj Timouton an” ap fèt (Rev. 19:7)?

“Maryaj Timouton an” ap fèt apre Jezi Kris, Wa a, fin ranpòte laviktwa, sètadi apre Gran Babilòn nan fin detwi, epi, gè Amagedòn nan fin fèt. — 15/2, paj 10.

Ki rezon ki fè Juif ki t ap viv nan epòk Jezi a t ap “tann” Mesi a?

Nou pa ka di si wi ou non Juif ki t ap viv nan premye syèk la te konprann pwofesi Dànyèl te bay konsènan Mesi a menm jan nou konprann li an (Dàn. 9:24-27). Malgre sa, yo gendwa te tande pale de pawòl zanj lan te di kèk bèje yo oswa yo gendwa te tande pale de sa pwofetès Àn te di pandan l nan tanp lan lè l te wè Jezi, ki te tibebe lè sa a. Anplis de sa, gen kèk astwològ ki t ap chèche “wa Juif yo ki fèk fèt la”. (Mat. 2:1, 2.) Annapre, Jan ki te konn batize moun nan te fè konnen Kris la t ap gen pou l parèt talè konsa. — 15/2, paj 26-27.

Ki sa n ka fè pou n pa kite Wi nou te di a tounen Non (2 Kor. 1:18)?

Se vre, pafwa, gen kèk bagay ki pa sou kontwòl nou ki ka fè l enposib pou n kenbe pawòl nou. Men, si nou fè yon pwomès oswa nou pran yon angajman, nou dwe fè tout sa n kapab pou n kenbe pawòl nou. — 15/3, paj 32.

Kòman w ka reziste devan tantasyon pou w gade pònografi?

Gen twa bagay ou dwe fè: 1) Kouri vire je w si je w ta tonbe sou imaj ki ka eveye dezi seksyèl lakay ou. 2) Pwoteje panse w lè w fikse lespri w sou bagay ki pozitif ak lè w priye Bondye. 3) Pwoteje tèt ou lè w evite gade fim oswa lè w evite al sou sit wèb ki gen pònografi. — 1/4, paj 10-12.

Ki konsekans nou pa atann ki ka rive si yon kretyen ta kite fanmi l pou l al chèche fè lajan nan lòt peyi?

Lè paran yo chwazi pa viv ansanm an fanmi, timoun yo ka soufri ni nan domèn afektif ni nan domèn moral. Yo ka vin fache sou paran yo. Epi, moun marye k ap viv lwen konjwen yo ka ap fè fas ak tantasyon pou yo komèt imoralite seksyèl. — 15/4, paj 19-20.

Poukisa yo te konn kase janm kriminèl yo lè y ap egzekite yo?

Women yo te konn egzekite kèk kriminèl sou yon poto. Juif yo te mande pou yo kase janm kriminèl ki te sou poto bò kote Jezi yo. Sa t ap fè l vin pi difisil pou viktim nan respire, sa ki t ap fè l mouri pi vit. Konsa, yo pa t ap bezwen ret sou poto a pandan tout nuit lan (Det. 21:22, 23). — 1/5, paj 11.

Bay kat kesyon nou dwe kenbe nan lespri nou lè n ap abòde moun yo nan travay predikasyon an.

Kiyès moun m ap abòde yo ye? Ki kote m ye lè m ap abòde yo? Ki lè pou m abòde yo? Ki jan m ta dwe abòde yo? — 15/5, paj 12-15.

Jis nan ki pwen fimen touye moun?

Pandan syèk ki sot pase a, gen 100 000 000 moun ki mouri akoz yo fimen. Aktyèlman, li lakòz anviwon 6 000 000 moun mouri chak ane. — 1/6, paj 3.