Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede lòt moun pou yo sèvi ak tout kapasite yo

Ede lòt moun pou yo sèvi ak tout kapasite yo

“M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou.” — SÒM 32:8.

1, 2. Ki jan Jewova konsidere sèvitè l yo ki sou tè a?

LÈ PARAN yo ap gade pitit yo k ap jwe, byen souvan, yo konn sezi anpil pou yo wè tout kapasite timoun yo fèt avèk yo. Èske w konn remake sa tou? Yon timoun gendwa sanble l gen talan pou l fè yon seri aktivite spòtif, alòske yon frè l oswa yon sè l gendwa santi l pi alèz pou l jwe kèk jwèt tankou lido, damye oswa pou l fè kèk bagay atizanal. Sepandan, kèlkeswa kapasite timoun yo genyen, paran yo kontan dekouvri kapasite sa yo lakay yo.

2 Jewova enterese anpil tou nan pitit li yo ki sou tè a. Li konsidere moun k ap sèvi l nan epòk nou an tankou “bagay apresyab ki nan tout nasyon yo”. (Aga. 2:7, NW.) Moun sa yo sitou gen anpil valè nan je l paske yo gen lafwa nan li e yo atache avè l. Sepandan, jodi a, ou kapab rann ou kont Temwen parèy nou yo gen anpil talan ki diferan. Gen kèk frè ki gen kapasite pou yo bay diskou piblik, e gen lòt ki fò nan kesyon òganize. Gen anpil sè ki gen kapasite pou yo aprann yon lòt lang epi pou yo sèvi ak lang sa a nan travay predikasyon an, alòske gen lòt ki bay bonjan egzanp nan fason yo ede moun ki bezwen ankourajman oswa nan fason yo pran swen moun ki malad yo (Wom. 16:1, 12). Èske n pa kontan dèske n gen kalite frè ak sè sa yo avè n nan kongregasyon an?

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

 3 Sepandan, gen kèk kwayan parèy nou, sa ki gen ladan l jèn yo oswa frè ak sè ki fèk batize yo, ki gendwa poko jwenn plas yo nan kongregasyon an. Ki jan n ka ede yo sèvi ak tout kapasite yo genyen yo? Poukisa n dwe fè anpil efò pou n chèche sa ki bon lakay yo, e konsa pou n rive wè yo jan Jewova wè yo?

JEWOVA WÈ SA K BON LAKAY SÈVITÈ L YO

4, 5. Ki jan istwa nou jwenn nan Jij 6:11-16 la montre Jewova wè kapasite sèvitè l yo genyen?

4 Gen anpil istwa nan Bib la ki montre byen klè nonsèlman Jewova wè sa k bon lakay sèvitè l yo, men, li wè kapasite yo genyen tou. Pa egzanp, lè Jewova te chwazi Gideyòn pou l libere pèp Li a anba men Madyanit yo, Gideyòn dwe te sezi anpil lè zanj lan te salye l konsa: “Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou!” Sa klè, nan moman sa a, Gideyòn pa t konsidere tèt li kòm yon moun ki “vanyan” menm. Li te rekonèt li gen dout e l te santi l pa vo anyen. Sepandan, jan rès konvèsasyon an montre sa, se sèten Jewova te pi byen wè kapasite Gideyòn te gen lakay li pase Gideyòn li menm. — Li Jij 6:11-16.

5 Jewova te gen konfyans Gideyòn t ap delivre Izrayelit yo paske Jewova te wè kapasite Gideyòn genyen. Anplis de sa, zanj Jewova a te wè jan Gideyòn t ap bat ble ak tout fòs li. Gen yon lòt bagay zanj lan te wè ankò. Nan tan biblik yo, kiltivatè yo te konn abitye bat manje angren yo deyò yon fason pou van an te ka tou ale ak pay yo. Sa enteresan pou n konnen, Gideyòn te antre nan yon près rezen pou l bat ble a an kachèt yon fason pou Madyanit yo pa t pran ti sa l te rekòlte a. Taktik Gideyòn te itilize a te vrèman enteresan! Se sèten, nan je Jewova Gideyòn pa t yon senp kiltivatè ki te aji avèk pridans, men, li te vrèman entèlijan. Vrèmanvre, Jewova te wè kapasite Gideyòn te gen lakay li e li te itilize Gideyòn.

6, 7. a) Nan ki sans fason Jewova te wè pwofèt Amòs la te diferan ak fason kèk Izrayelit te wè pwofèt la? b) Ki sa k montre Amòs pa t yon inyoran?

6 Menm jan an tou, Jewova te wè kapasite pwofèt Amòs genyen, menmsi nan je anpil moun pwofèt la te ka parèt yon senp moun ki pa gen enpòtans. Amòs te pale de tèt li kòm yon moun k ap elve mouton e ki te konn travay kòm yon moun k ap okipe pye fig sikomò, yon kalite manje moun te konsidere kòm manje moun ki pòv. Lè Jewova te chwazi Amòs pou l al kondane wayòm dis tribi Izrayèl yo paske yo t ap adore zidòl, gen kèk Izrayelit ki dwe te panse Amòs pa t byen plase pou fè travay sa a. — Li Amòs 7:14, 15.

7 Amòs te soti nan yon vilaj ki te izole, men, lefètke l te konn koutim moun nan epòk li a ak dirijan nan epòk li a, sa montre l pa t yon inyoran. Petèt, li te byen konnen nan ki kondisyon Izrayelit yo t ap viv, epi, li dwe te konn kèk bagay sou nasyon ki te ozalantou yo piske l te gen relasyon ak yon seri komèsan ki te konn vwayaje plizyè kote (Amòs 1:6, 9, 11, 13; 2:8; 6:4-6). Jodi a, gen kèk biblis ki rekonèt Amòs te yon bon ekriven. Pwofèt la te konn itilize yon seri mo ki senp, men ki gen fòs. Anfèt, lefètke Amòs te met gason sou li pou l pale ak Amatsya, yon prèt ki te kòwonpi, sa montre aklè Jewova te byen fèt chwazi Amòs. Anplis de sa, sa montre Jewova te ka sèvi ak kapasite Amòs genyen yo, yon seri kapasite lòt moun te gendwa pa t wè okòmansman. — Amòs 7:12, 13, 16, 17.

8. a) Ki asirans Jewova te bay David? b) Ki sa k fè pawòl nou jwenn nan sòm 32:8 la kapab ankouraje moun ki pa gen konfyans nan tèt yo oswa ki gen dout sou kapasite yo?

8 Sa klè, Jewova wè kapasite chak sèvitè l yo. Li te bay wa David asirans li t ap toujou gide l, “toutpandan je [l] sou” li. (Li Sòm 32:8.) Èske w wè rezon ki fè pawòl sa yo ta dwe ankouraje nou? Menmsi nou gendwa pa gen konfyans nan tèt nou,  Jewova kapab ede n fè yon seri bagay ki depase limit nou panse nou genyen yo, e l ka ede n rive atenn yon seri objektif nou pa t ap janm panse nou te ka atenn. Menm jan ak yon bon pwofesè k ap ede yon elèv etap pa etap, se menm jan an tou, Jewova toujou dispoze ede nou toutpandan n ap fè pwogrè nan domèn espirityèl. Jewova kapab sèvi ak kwayan parèy nou yo tou pou l ede n rive sèvi ak tout kapasite nou genyen yo. Ki jan l ka fè sa?

CHÈCHE SA KI BON LAKAY LÒT MOUN

9. Ki jan nou ka suiv konsèy Pòl te bay ki mande pou nou “chèche” enterè pa lòt moun nan?

9 Pòl te ankouraje tout kretyen yo pou yo “chèche” enterè kwayan parèy yo. (Li Filipyen 2:3, 4.) Sa k pi enpòtan nan konsèy Pòl te bay la sèke nou dwe chèche wè talan lòt moun gen lakay yo epi rekonèt yo gen talan sa yo. Ki jan nou santi nou lè yon moun montre l enterese nan pwogrè n ap fè? An jeneral, sa pouse n fè plis pwogrè toujou, e sa pouse n bay sa k pi bon lakay nou an. Menm jan an tou, lè n rekonèt kapasite kwayan parèy nou yo genyen, n ap ede yo fè plis efò, e n ap ede yo fè pwogrè nan domèn espirityèl.

10. Ki moun sitou ki kapab bezwen nou ba yo atansyon?

10 Ki moun sitou ki kapab bezwen nou ba yo atansyon? Nòmalman, nou tout bezwen yon atansyon espesyal detanzantan. Sepandan, jèn frè yo oswa frè ki fèk batize yo vrèman bezwen santi yo gen wòl pa yo pou yo jwe nan aktivite k ap fèt nan kongregasyon an. Sa ap ede yo konprann yo gen plas yo nan mitan nou. Yon lòt bò, si nou pa fè frè sa yo santi nou apresye efò y ap fè, sa kapab anpeche yo vin chèche gen plis responsablite nan kongregasyon an, alòske Pawòl Bondye a ankouraje yo pou yo fè sa. — 1 Tim. 3:1.

11. a) Ki jan yon ansyen te ede yon jèn gason venk timidite li te gen lakay li? b) Ki leson w aprann nan egzanp Julien an?

11 Ludovic se yon ansyen yo te montre yo te enterese nan li lè l te pi jèn. Men sa l fè konnen: “Lè m montre mwen enterese toutbon nan yon frè, sa fè frè a fè pwogrè pi vit.” Men sa Ludovic di konsènan Julien, yon jèn gason ki te timid: “Pafwa Julien konn tèlman ap chèche montre li se yon moun ki koul, li te konn aji yon fason ki pa natirèl. Men, mwen te kapab wè li se yon moun ki vrèman janti e ki vrèman vle ede lòt moun nan kongregasyon an. Se sa k fè, olye m te doute sou rezon ki te fè l ap aji konsa a, mwen te konsantre m pito sou bon bagay li te gen lakay li, e m te chèche ankouraje l.” Annapre, Julien te vin kalifye pou l sèvi antanke asistan ministeryèl, e kounye a, l ap sèvi kòm pyonye pèmanan.

EDE YO SÈVI AK TOUT KAPASITE YO GENYEN

12. Ki kalite enpòtan nou bezwen genyen pou n ede yon moun sèvi ak tout kapasite li gen lakay li? Bay yon egzanp.

12 Sa klè, si nou vle ede lòt moun rive sèvi ak tout kapasite yo genyen, nou bezwen gen disènman. Jan egzanp Julien an montre sa, nou gendwa bezwen chèche wè pi lwen pase pwen fèb yon moun gen lakay li yon fason pou n rive disène bèl kalite ak bèl kapasite li genyen, yon seri bagay li kapab travay pi byen toujou. Se konsa Jezi te konsidere apot Pyè. Byenke pafwa Pyè te parèt tankou yon moun ki pa t stab, Jezi te fè konnen Pyè t ap vin solid tankou yon wòch. — Jan 1:42.

13, 14. a) Ki jan Banabas te montre l gen bon konprann nan fason l te aji ak Mak ki te yon jèn gason? b) Ki jan yon jèn frè te jwenn èd menm jan Mak te jwenn èd la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

13 Se konsa tou Banabas te konsidere Jan, ki te gen yon non Women ki se Mak (Tra. 12:25). Nan moman Pòl t ap fè premye  vwayaj misyonè l ak Banabas la, Mak te la “pou ede yo”, petèt li te konn ede yo nan domèn fizik. Sepandan, lè yo te rive Panfili, sanzatann, Mak te deside kite konpayon l yo poukont yo. Yo te oblije kontinye vwayaj la san Mak pou y al nan yon zòn tout moun te konnen ki chaje ak bandi (Tra. 13:5, 13). Sepandan, sanble, Banabas te vin rann li kont Mak pa t fin stab, e annapre, li te pwofite okazyon l te jwenn nan pou l fin bay Mak fòmasyon (Tra. 15:37-39). Sa te ede jèn gason sa a pou l vin yon sèvitè Jewova ki gen matirite. Yon bagay ki enteresan sèke, Mak te ansanm ak Pòl nan vil Wòm nan moman Pòl te nan prizon nan vil sa a. Li te pami moun ki te voye salitasyon pou kretyen ki te nan kongregasyon Kolòs yo, epi, apot Pòl te pale an byen de li (Kol. 4:10). Imajine jan Banabas dwe te santi l kontan lè Pòl te menm mande pou Mak vin ede l. — 2 Tim. 4:11.

14 Alexandre, yon frè ki te fèk nome ansyen, sonje jan yon frè ki te gen bon konprann te ede l. Men sa Alexandre di: “Lè m te pi jèn, li te difisil anpil pou m priye an piblik. Gen yon ansyen ki te montre m fason pou m te prepare m ak fason pou m te pi rilaks. Olye pou frè a te sispann ban m privilèj nan sans sa a, li te ban m posiblite pou m priye regilyèman nan reyinyon predikasyon yo. Rive yon lè, mwen te vin gen plis konfyans nan tèt mwen.”

15. Ki jan Pòl te montre l apresye frè l yo?

15 Lè n remake bèl kalite yon frè oswa yon sè gen lakay li, èske n fè l konnen jan nou apresye bèl kalite sa a? Nan Women chapit 16, Pòl te montre jan l apresye plis pase 20 kwayan parèy li pou bèl kalite yo te gen lakay yo, ki te fè apot la renmen yo anpil (Wom. 16:3-7, 13). Pa egzanp, Pòl te admèt Andwonikis ak Jinyas t ap sèvi Kris pi lontan pase l, e l te pale de andirans yo antanke kretyen. Pòl te pale an byen de manman Rifis tou. Petèt, li te sonje jan dam sa a te demontre lanmou nan fason l te pran swen l.

Frédéric (agoch) te ankouraje Rico pou l kontinye sèvi Jewova. (Gade paragraf 16.)

16. Lè n felisite yon jèn, ki rezilta sa ka bay?

16 Lè n bay frè ak sè yo bonjan felisitasyon, sa ka bay bon rezilta. Ann pran egzanp Rico, yon jèn nan peyi Lafrans ki te dekouraje paske papa l, ki pa t gen menm kwayans avè l, pa t vle l batize. Rico te panse li te oblije ret tann jiskaske l gen laj pou l sèvi Jewova jan l vle a. Li te konn tris tou paske yo te konn ap fawouche l nan lekòl li. Men sa Frédéric, yon ansyen nan kongregasyon an yo te mande pou etidye ak Rico, fè konnen: “Mwen te felisite Rico paske, malgre l t ap fè fas ak opozisyon, li te montre l gen ase kouraj pou l defann lafwa l.” Pawòl ankourajan sa yo Frédéric te di Rico a te ankouraje l pou l kontinye bay bèl egzanp e sa te ede l pou l vin pi pwòch papa l. Rico te vin batize lè l te gen 12 an.

Jérôme (adwat) te ede Ryan vin kalifye pou l sèvi antanke misyonè. (Gade paragraf 17.)

17. a) Ki jan nou ka ede frè nou yo kontinye pwogrese? b) Ki sa yon misyonè te fè pou l te montre l enterese pèsonèlman nan jèn frè yo, e ki rezilta sa te bay?

17 Chak fwa nou fè kwayan parèy nou yo konnen jan nou apresye fason yo ranpli yon asiyasyon yo, oswa nou felisite yo  pou bonjan efò yo fè, se ankouraje nou ankouraje yo pou yo sèvi Jewova pi byen. Sylvie *, yon sè ki te fè plizyè ane ap sèvi nan Betèl peyi Lafrans, fè konnen sè yo kapab felisite frè yo tou. Li remake medam yo gen kapasite pou yo apresye tout ti detay oswa tout efò yo wè lòt moun ap fè. Konsa, “pawòl ankourajan [medam] yo di yo kapab konplete sa frè ki gen eksperyans yo di”. Men sa l te ajoute: “Pou mwen menm, felisite lòt moun se yon obligasyon.” (Pwo. 3:27). Jérôme, yon misyonè k ap sèvi nan peyi Giyàn fransè, te ede plizyè jèn gason vin kalifye pou sèvis misyonè. Men sa l di: “Mwen te remake lè m felisite jèn frè yo sou kèk bagay byen presi yo fè nan ministè a oswa paske yo fè yon bon kòmantè, yo vin gen plis konfyans nan tèt yo. Kòm rezilta, yo travay kapasite yo genyen yo pi plis toujou.”

18. Ki sa k fè l bon pou n travay ansanm ak jèn frè yo?

18 Lè n travay ansanm ak kwayan parèy nou yo, nou kapab ankouraje yo pwogrese nan domèn espirityèl tou. Yon ansyen gendwa mande yon jèn frè ki fò nan sèvi ak òdinatè pou l enprime kèk enfòmasyon ki sou sit jw.org la ki kapab ankouraje moun aje ki pa gen òdinatè yo. Oubyen, si w gen responsablite pou w fè yon travay nan Sal Wayòm nan, poukisa w pa envite yon jèn frè vin travay ansanm avè w? Lè w pran inisyativ konsa, sa ap ba w posiblite pou w wè kapasite jèn sa yo, pou w felisite yo, epi, pou w wè jan sa pwofitab pou yo. — Pwo. 15:23.

PREPARE YO POU DEMEN

19, 20. Poukisa n dwe ede lòt moun fè pwogrè?

19 Lè Jewova te mete Jozye alatèt Izrayelit yo, Li te mande Moyiz pou l “ankouraje” Jozye epi pou l “fòtifye l” tou. (Li Detewonòm 3:28.) Tank jou yo ap pase se tank gen plis moun toujou k ap vin fè pati pèp Jewova a ki sou tout kò tè a. Se vre, ansyen yo dwe ede jèn frè yo ansanm ak moun ki fèk batize yo pou yo sèvi ak tout kapasite yo genyen yo, men, tout kretyen ki gen eksperyans yo kapab fè sa tou. Si n fè sa, ap gen plis jèn toujou k ap antre nan sèvis aplentan e k ap vin “kalifye [...] pou yo anseye lòt moun”. — 2 Tim. 2:2.

20 Kit nou fè pati yon kongregasyon ki byen etabli, kit nou fè pati yon ti gwoup k ap pwogrese pou l vin yon kongregasyon, ann kontinye prepare frè yo pou demen. Sa se youn nan pi bon fason nou kapab imite Jewova, li menm ki toujou ap chèche wè sa k bon lakay sèvitè l yo!

^ § 17 Yo chanje non moun nan.