Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede kwayan parèy nou yo ki divòse — Kòman?

Ede kwayan parèy nou yo ki divòse — Kòman?

Petèt, ou konn yon moun ki divòse, e petèt, ou ka menm konn anpil moun konsa. Rezon an se paske divòs se yon bagay ki gaye toupatou. Pa egzanp, dapre yon rechèch ki fèt nan peyi Polòy, yo montre moun ki gen 30 an e ki gen ant twa a sizan depi yo marye yo, gen anpil chans pou yo divòse, epi, se pa moun ki nan laj sa a sèlman ki ka divòse.

Anfèt, men sa yon enstiti nan peyi Espay fè konnen: “Estatistik yo montre mwatye nan moun ki marye [ann Ewòp yo] gen pou yo divòse.” (Institute for Family Policy). Se menm bagay la tou pou lòt peyi ki devlope yo.

TOUT KALITE SANTIMAN ANVAYI W YON SÈL KOU

Ki sa sitiyasyon sa a anpil moun ap rankontre a konn lakòz? Men sa yon dam k ap viv ann Ewòp delès e ki gen anpil eksperyans nan zafè bay konsèy nan maryaj te di: “Divòs legalize yon bagay ki te deja la, anpalan de yon relasyon ki kraze ansanm ak separasyon sa vin lakòz. Se yon bagay ki fè moun soufri anpil.” Dam nan te fè konnen tou, byen souvan, annapre, moun nan konn santi se kòmsi l gen “yon gwo van tanpèt ki frape l, yon pakèt santiman ki anvayi l, sa vle di, li santi l an kolè, li regrèt, li santi l desi, li pèdi espwa epi l vin wont”. Dèfwa, moun nan konn menm anvi touye tèt li. “Lòt faz la kòmanse lè yo pwononse divòs la nan tribinal. Lefètke moun ki divòse a vin santi l gen yon vid pa anndan epi l santi l poukont li, li gendwa ap mande tèt li: ‘Kounye a mwen divòse, kiyès mwen ye menm? Poukisa m ap viv?’”

Men sa Ewa fè konnen lè l ap panse ak fason l te santi l sa gen kèk ane: “Apre divòs mwen, mwen te santi m wont anpil lè vwazen m yo ansanm ak kòlèg travay mwen yo te konn pale de mwen antanke ‘madanm ki divòse a’. Mwen te fache anpil. [Mari m] te kite m ak de timoun, konsa, mwen te oblije jwe wòl ni manman ni papa *.” Men sa Adam, yon frè ki gen 12 an depi l ap sèvi kòm yon ansyen tout moun respekte, te fè konnen: “Mwen tèlman pèdi konfyans nan tèt mwen, pafwa, mwen konn an kòlè anpil e m konn gen tandans pran distans mwen ak tout moun.”

YON LIT POU W REJWENN EKILIB OU

Akoz enkyetid kèk moun konn genyen konsènan lavni, yo konn ap mennen yon gwo lit pou yo rejwenn ekilib yo, e sa konn kontinye pandan plizyè ane apre yo fin divòse. Moun sa yo gendwa panse lòt moun pa enterese nan yo. Anplis de sa, gen yon jounalis ki fè konnen, nan moman sa yo, moun yo oblije “chanje fason yo te konn viv epi aprann kòman pou yo rezoud pwoblèm yo poukont yo”.

Men sa Stanisław fè konnen: “Lè m te divòse, ansyen madanm mwen te anpeche m wè de tifi m yo. Sa te fè m santi pa gen pèsonn ki gen sousi pou mwen ankò, e m te menm panse Jewova abandone m. Mwen pa t anvi viv ankò. Rive yon lè, mwen te vin  rann mwen kont jan fason m te panse a pa t bon.” Gen yon sè ki divòse ki rele Wanda, ki te gen anpil enkyetid tou lè l t ap panse ak avni l. Men sa l fè konnen: “Mwen te ret kwè, apre yon ti tan, tout moun nèt, san wete kwayan parèy mwen yo, pa t ap montre yo enterese nan mwen menm ak timoun mwen yo. Sepandan, kounye a mwen kapab wè jan frè ak sè yo te kanpe la ansanm avè n, e yo te ede n toutpandan m t ap fè efò pou m leve timoun mwen yo yon fason pou yo vin adore Jewova.”

Pawòl sa yo, kèk moun konn di apre yo fin divòse, kapab fè w wè jan moun sa yo konn gen anpil santiman negatif ki anvayi yo. Moun sa yo ka vin mal wè tèt yo, yo ka panse yo pa gen valè epi yo pa merite pou moun ba yo atansyon. Mete sou sa, yo ka kòmanse ap kritike moun ki bò kote yo. Kòm rezilta, yo ka kòmanse panse moun ki nan kongregasyon an frèt epi yo pa gen sousi pou moun. Sepandan, jan egzanp Stanisław ansanm ak Wanda a montre sa, moun ki divòse yo kapab vin rann yo kont frè ak sè yo gen sousi pou yo toutbon. Anfèt, kretyen parèy nou yo toujou byen pran swen nou, menm lè okòmansman, nou gendwa pa toujou remake èd y ap bay la.

LÈ W SANTI W POUKONT OU AK LÈ W SANTI TOUT MOUN LAGE W

Nou bezwen sonje menmsi n ta fè tout sa n kapab, kwayan parèy nou yo ki divòse ap toujou santi yo poukont yo detanzantan. Se sitou sè ki divòse yo ki kapab panse pa gen anpil moun ki enterese nan yo. Men sa Alicja fè konnen: “Gentan gen uitan ki pase depi m divòse. Sepandan, pafwa, mwen toujou santi m pi ba pase lòt moun. Lè konsa, mwen konn gen tandans izole tèt mwen pou m kriye e pou m plenyen sò m.”

Se vre moun ki divòse yo konn fè fas ak santiman nou sot pale la yo, sepandan, Bib la ban nou konsèy pou n pa izole tèt nou. Lè yon moun pa suiv konsèy sa a, sa ka fè l vire do bay “tout sajès pratik”. (Pwo. 18:1, NW.) Men, moun ki santi l poukont li a bezwen konprann tou, lè l evite plede chèche konsèy ak rekonfò nan men moun ki pa gen menm sèks avè l, se yon prèv ki montre l gen sajès pratik. Konsa, sa ap anpeche l kòmanse vin gen santiman ki pa apwopriye pou yon lòt moun.

Kwayan parèy nou yo ki divòse gendwa ap fè fas ak yon seri santiman ki difisil. Se kapab enkyetid yo genyen konsènan lavni, se kapab lefètke yo santi yo poukont yo oswa akoz yo santi moun rejte yo. Lè n rann nou kont frè ak sè sa yo konn fè fas ak santiman konsa, epi anmenmtan, nou konnen jan l difisil pou yo venk yo, nou dwe imite Jewova lè n ede yo fidèlman (Sòm 55:22; 1 Pyè 5:6, 7). Nou mèt gen asirans moun sa yo ap vrèman apresye kèlkeswa èd nou ba yo. Vrèmanvre, y ap jwenn bon zanmi nan kongregasyon an pou ede yo! — Pwo. 17:17; 18:24.

^ § 6 Gen non moun yo chanje.