Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w wè feblès lòt moun menm jan Jewova wè yo?

Èske w wè feblès lòt moun menm jan Jewova wè yo?

“Menm manm ki parèt pi fèb nan kò a nesesè.” — 1 KOR. 12:22.

1, 2. Ki sa k te ede Pòl demontre konsiderasyon pou moun ki fèb yo?

NOU tout konn santi n fèb pafwa. Lè nou gripe oswa nou gen alèji, nou gendwa santi n tèlman fèb opwen nou twouve l difisil pou n fè aktivite nou konn fè chak jou yo. Kounye a, imajine nou santi n fèb, e feblès la pa sèlman dire youn oubyen de semèn, men, li kontinye ap fatige nou pandan plizyè mwa. Si n ta nan yon sitiyasyon konsa, èske nou pa t ap renmen pou lòt moun montre yo konprann nou?

2 Apot Pòl te konn sa sa vle di lè yon moun santi l mal, oswa menm vin fèb, akoz presyon moun sa a ap jwenn ni nan men moun ki nan kongregasyon an ni nan men moun ki pa nan kongregasyon an. Pandan plizyè fwa, apot la te panse li pa t ka sipòte ankò (2 Kor. 1:8; 7:5). Lè Pòl te reflechi sou lavi l e sou tout tribilasyon l te jwenn paske l t ap suiv Kris fidèlman, li te di: “Kiyès ki fèb pou m pa santi m fèb?” (2 Kor. 11:29). Anplis de sa, pandan Pòl t ap pale konsènan moun ki fè pati kongregasyon kretyen an, yon kongregasyon li te konpare ak divès pati ki nan kò yon moun, li te fè konnen menm moun ki “parèt pi fèb nan kò a nesesè”. (1 Kor. 12:22.) Ki sa l te vle di menm? Poukisa sa enpòtan pou n  wè moun ki parèt pi fèb yo menm jan Jewova wè yo? E ki byenfè n ap jwenn lè n fè sa?

FASON JEWOVA WÈ FEBLÈS LÒT MOUN

3. Ki sa k gendwa enfliyanse fason nou wè moun ki bezwen èd nan kongregasyon an?

3 Monn n ap viv ladan l lan chaje ak konpetisyon, e lè yon moun jèn e li gen fòs, byen souvan yo bay sa anpil enpòtans. Anpil moun fè nenpòt bagay pou yo satisfè tèt yo, e byen souvan, yo pa pran santiman moun ki pi fèb yo pou anyen. Se vre nou pa aksepte jan de konduit sa yo, men, san nou pa rann nou kont, nou gendwa kòmanse mal wè moun ki toujou bezwen moun pou ede yo, e sa ka rive menm anndan kongregasyon an. Sepandan, nou kapab vin gen yon pwennvi ki pi ekilibre sou moun sa yo, sa vle di wè yo menm jan Bondye wè yo.

4, 5. a) Ki jan egzanp nou jwenn nan 1 Korentyen 12:21-23 a ede nou konprann fason Jewova konsidere feblès nou gen lakay nou? b) Ki byenfè n ap jwenn lè n ede moun ki fèb yo?

4 Nou kapab vin konprann fason Jewova wè feblès lòt moun, grasa yon egzanp apot Pòl te bay nan premye lèt li te ekri kretyen ki t ap viv Korent yo. Nan chapit 12 la, Pòl fè nou sonje menm pati nan kò yon moun ki pa fin twò bèl la oswa ki pi fèb la gen wòl pa l. (Li 1 Korentyen 12:12, 18, 21-23.) Gen kèk evolisyonis ki di se pa tout pati nan kò yon moun ki nesesè. Sepandan, gen anpil etid yo fè sou kò moun ki montre pati nan kò a yo te konn di lontan ki pa enpòtan yo gen anpil enpòtans *. Pa egzanp, gen kèk moun ki gen dout sou enpòtans zòtèy ki pi piti a genyen, sepandan jodi a, tout moun admèt ti zòtèy sa a pèmèt tout kò a kenbe ekilib li.

5 Egzanp Pòl te pran an montre tout moun nan kongregasyon an itil. Kontrèman ak Satan ki vle fè nou konprann nou pa gen valè, Jewova konsidere tout sèvitè l yo, san wete moun ki parèt pi fèb yo, kòm moun ki “nesesè”. (Jòb 4:18, 19.) Lefètke nou konnen se konsa Jewova wè nou, nou chak ta dwe apresye wòl nou ni nan kongregasyon kote nou ye a ni antanke moun ki fè pati kongregasyon pèp Bondye a fòme a ki sou tout tè a. Pa egzanp, reflechi sou yon lè w te pran men yon moun aje pou w ede l, e petèt sa te menm mande pou w mache pi dousman. Èske se pa t yon bèl aksyon w te fè, e èske w pa t santi w byen dèske w te fè sa? Vrèmanvre, lè n ede moun ki bezwen èd, sa ban nou lajwa, sa fè n vin gen plis pasyans ak lanmou e sa fè n vin yon pi bon kretyen (Efe. 4:15, 16). Papa nou ki renmen nou an konnen lè n bay tout moun ki nan kongregasyon an valè, san wete moun ki limite nan sa yo kapab fè, sa montre nou ekilibre e nou gen lanmou lakay nou.

6. Nan ki sans pafwa Pòl te konn itilize mo “fèb” ak mo “djanm” nan?

6 Sa enteresan pou n konnen, lè apot Pòl t ap ekri kretyen Korent yo li te itilize mo tankou “fèb” ak “feblès” pou l te fè referans ak fason moun ki pa t kwayan yo te konn konsidere kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, e pou l te fè referans tou ak fason l te konsidere tèt li (1 Kor. 1:26, 27; 2:3). Lè Pòl te pale de moun ki te “djanm” yo, li pa t fè sa nan entansyon pou l te fè kèk kretyen santi yo pi enpòtan pase lòt kretyen (Wom. 15:1). Okontrè, se di li t ap di kretyen ki gen plis eksperyans yo dwe montre yo pasyan ak moun ki poko byen anrasinen nan laverite yo.

ÈSKE NOU BEZWEN WÈ BAGAY YO YON LÒT JAN?

7. Ki sa ki gendwa fè nou ezite lonje men bay moun ki bezwen èd yo?

7 Lè nou ede “piti a”, nou imite Jewova, e Jewova ap ban nou apwobasyon l (Sòm 41:1, NW; Efe. 5:1). Sepandan, nou bezwen  rekonèt lè n mal wè moun ki bezwen èd yo, sa gendwa anpeche n lonje men ba yo pafwa. Oubyen, kèk nan yo gendwa ap travèse yon moman difisil, e piske nou pa fin konn sa pou n di yo, nou gendwa santi nou jennen epi nou pran distans nou ak yo. Men sa Cynthia *, yon sè mari l kite l, fè konnen: “Si frè ak sè yo ap evite w, oubyen yo pa aji jan w t ap atann pou yon bon zanmi aji, sa kapab fè w mal anpil. Lè w ap fè fas ak anpil pwoblèm, ou bezwen jwenn moun ki pou kanpe la ansanm avè w.” Wa David te konnen ki efè sa genyen lè yon moun ap evite w. — Sòm 31:12.

8. Ki sa k kapab ede nou demontre plis konsiderasyon pou frè ak sè nou yo?

8 Yon bagay ki kapab ede nou vin anvi demontre plis konsiderasyon pou frè ak sè nou renmen yo, se lè nou sonje gen kèk nan yo ki vin fèb paske y ap fè fas ak divès pwoblèm tankou: sante yo ki pa fin anfòm, y ap viv nan yon kay kote moun yo opoze ak laverite, oubyen y ap fè fas ak depresyon. Yon jou, petèt se nou menm k ap gen pou n fè fas ak sitiyasyon konsa. Lè Izrayelit yo t ap viv ann Ejip, yo te pòv e yo te konn toupizi yo. Anvan yo te antre nan Latè pwomiz, Jewova te fè yo sonje pou yo “pa fèmen kè” yo pou frè ak sè yo k ap soufri. Jewova te atann pou yo konsidere pòv la kòm yon moun ki merite pou yo ede l. — Det. 15:7, 11; Lev. 25:35-38.

9. Ki sa k dwe pi enpòtan pou nou lè n ap ede frè ak sè nou yo ki gen pwoblèm? Bay yon egzanp.

9 Olye nou kouri jije frè ak sè ki nan sitiyasyon difisil oswa nou kouri gen dout sou yo, nou dwe rekonfòte yo nan domèn espirityèl pito (Jòb 33:6, 7; Mat. 7:1). Pa egzanp, ann imajine yon chofè moto ki blese nan yon aksidan e yo kouri mennen l lopital. Èske w panse lè l rive lopital la, sa k pral pi enpòtan pou doktè yo se chèche konnen si se li menm oswa yon lòt moun ki lakòz aksidan an? Non. San pèdi tan, doktè yo ap bay moun nan swen ki nesesè yo. Menm jan an tou, lè yon kwayan parèy nou vin fèb paske l gen pwoblèm, sa k dwe pi enpòtan pou nou se ede l nan domèn espirityèl. — Li 1 Tesalonisyen 5:14.

10. Nan ki sans kèk nan moun ki parèt pi fèb yo gendwa vrèman “rich nan lafwa”?

10 Si nou pran yon ti tan pou n reflechi sou sitiyasyon frè ak sè nou yo, nou gendwa vin rann nou kont se pa fèb yo fèb vre. Fè yon ti reflechi ak sè ki gen plizyè ane depi y ap fè fas ak opozisyon nan fanmi yo. Gen nan yo ki gendwa pa twò parèt e ki gendwa parèt fèb nan domèn espirityèl. Sepandan, yo gen anpil kouraj ak bonjan lafwa nan Jewova. Lè w wè yon sè k ap leve pitit li poukont li vin nan reyinyon regilyèman ansanm ak pitit li, èske sa pa gen gwo efè sou ou pou w wè jan l gen lafwa ak detèminasyon? E ki sa n ka di menm konsènan adolesan yo ki kontinye ret atache ak laverite malgre yo nan yon anviwònman ki kapab gen move efè sou yo? Lè n reflechi ak sitiyasyon moun sa yo, n ap vin rann nou kont moun sa yo ki parèt pi fèb yo gendwa “rich nan lafwa” menm jan ak lòt frè ak sè ki nan pi bon sitiyasyon pase yo. — Jak 2:5.

FÈ EFÒ POU W WÈ BAGAY YO MENM JAN JEWOVA WÈ YO

11, 12. a) Ki sa k ap ede nou korije fason nou konsidere feblès lòt moun? b) Ki sa n aprann nan fason Jewova te trete Arawon an?

11 Yon bagay k ap ede n rive wè feblès lòt moun menm jan Jewova wè yo, se lè n egzamine fason Jewova te konn boule ak kèk nan sèvitè l yo. (Li Sòm 130:3.) Pa egzanp, si w te ansanm ak Moyiz lè Arawon t ap ba l rezon ki fè l te fè ti bèf annò a, ki jan w t ap konsidere tout eskiz Arawon t ap bay yo (Egz. 32:21-24)? E ki jan w t ap konsidere fason Arawon te reyaji lè Miryam, sè l, te pouse l kritike Moyiz poutèt Moyiz te marye ak yon fi ki pa t Izrayelit (Nonb 12:1, 2)? E anplis de sa, ki jan w t ap reyaji, lè Arawon  ak Moyiz pa t onore Jewova, lè Jewova te fè yon mirak pou l te ba yo dlo nan Meriba? — Nonb 20:10-13.

12 Jewova te ka chwazi pini Arawon nan chak sitiyasyon sa yo. Men, li te konnen Arawon pa t yon move moun.Sanble Arawon te kite sitiyasyon yo oubyen enfliyans lòt moun anpeche l kontinye fè sa ki dwat. Sepandan, lè l te vin konprann erè l te fè yo, li te rekonèt tò l byen vit, e l te aksepte jijman Jewova yo (Egz. 32:26; Nonb 12:11; 20:23-27). Jewova te chwazi konsantre l pito sou lafwa Arawon te genyen ak fason l te montre li regrèt sa l te fè a. Plizyè syèk annapre, yo te kontinye pale de Arawon ak desandan l yo kòm moun ki te gen lakrentif pou Jewova. — Sòm 115:10-12; 135:19, 20.

13. Ki analiz nou ka fè anrapò ak fason nou konsidere feblès lòt moun?

13 Pou n rive wè bagay yo menm jan ak Jewova, nou dwe egzamine tèt nou pou n wè ki jan nou konsidere moun ki parèt fèb yo (1 Sam. 16:7). Pa egzanp, ki jan nou reyaji lè yon adolesan pa fè atansyon anrapò ak detant l ap pran, oubyen lè l montre li se yon moun anyen pa di l anyen? Olye pou n kouri kritike l, poukisa n pa reflechi pou n wè sa n ta ka fè pou n ede l vin yon pi bon kretyen? Nou kapab pran inisyativ pou n ede yon moun ki bezwen èd. Si nou fè sa, nonsèlman n ap rive konprann li pi byen, men tou, n ap vin pi renmen l toujou.

14, 15. a) Ki jan Jewova te santi l lè Eliya te manke kouraj pandan yon ti tan? b) Ki leson nou ka aprann nan sa k te pase Eliya a?

14 Yon lòt bagay k ap ede nou pi byen wè lòt moun se lè n konpare fason n wè bagay yo ak fason Jewova te trete kèk nan sèvitè l yo ki te dekouraje anpil. Eliya te youn nan yo. Aktout Eliya te met gason sou li e l te afwonte 450 pwofèt ki t ap sèvi Baal, li te kouri chape pou l li lè l te vin aprann rèn Jezabèl t ap fè konplo pou touye l. Apre l te fin fè anviwon 150 kilomèt ap mache pou l al Beyècheba, li te antre byen fon nan  dezè a. Lefètke pwofèt la te vin fatige anpil afòs li te fè yon bon tan ap mache anba yon solèy cho, li te chita anba yon pyebwa e l te “mande [Jewova] lanmò”. — 1 Wa 18:19; 19:1-4.

Jewova te pran limit Eliya an konsiderasyon, e l te voye yon zanj ankouraje l. (Gade paragraf 14 ak 15.)

15 Ki jan Jewova te santi l lè l te wè jan pwofèt fidèl li a te dekouraje? Èske l te abandone sèvitè l la paske l te vin dekouraje e li te manke fòs pandan yon ti tan? Non, Jewova pa t fè sa. Jewova te pran limit Eliya an konsiderasyon e l te voye yon zanj vin ede l. Pandan de fwa, zanj lan te ankouraje Eliya pou l manje. Konsa, vwayaj Eliya t apral fè a pa t ap parèt “long anpil” pou li. (Li 1 Wa 19:5-8.) Sa klè, anvan menm Jewova te bay pwofèt li a kèlkeswa enstriksyon an, li te koute pwofèt la e l te ba l èd li bezwen nan moman an.

16, 17. Ki jan n ka imite Jewova nan fason l te pran swen Eliya?

16 Ki jan n ka imite Bondye nou an ki gen sousi pou nou? Nou pa dwe prese bay moun konsèy (Pwo. 18:13). Toudabò, li t ap pi bon pou n demontre konpasyon anvè frè ak sè ki gendwa panse yo gen “mwens onè” akoz sitiyasyon y ap andire yo (1 Kor. 12:23). Konsa, n ap rive konnen sa yo vrèman bezwen e n ap anmezi pou n ede yo.

17 Ann retounen sou egzanp Cynthia a, sè nou te pale de li nan kòmansman atik la e mari l te abandone li menm ak de pitit fi l yo. Yo te vin ap viv poukont yo. Ki jan kèk Temwen parèy yo te reyaji? Men sa Cynthia di: “Apre nou te fin telefone yo pou n di yo sa k te pase, anviwon 45 minit annapre, yo te gentan lakay nou. Yo te kriye anpil. Pandan de a twa premye jou ki te vin annapre yo, yo pa t janm kite nou poukont nou. Etandone nou pa t ka byen manje e nou te boulvèse anpil, yo te pran nou lakay yo pandan yon tan.” Petèt eksperyans sa a fè w sonje pawòl Jak yo. Men sa l di: “Si yon frè oswa yon sè touni, e li pa gen ase manje pou l manje chak jou, epoutan youn nan nou di l: ‘Ale anpè, chofe kò w, epi kontinye byen manje’, men nou pa ba l sa li bezwen pou kò li, sa sa itil? Se menm bagay la tou pou lafwa, depi pa gen bon aksyon ki mache avè l, li mouri.” (Jak 2:15-17). Grasa èd frè ak sè nan kongregasyon an te bay Cynthia ak pitit fi l yo nan bon moman, yo te vin jwenn fòs pou yo pran sèvis pyonye oksilyè simwa sèlman apre eksperyans tètchaje yo te fin fè a. — 2 Kor. 12:10.

SA POTE BYENFÈ POU ANPIL MOUN

18, 19. a) Ki jan nou kapab ede moun ki fèb pandan yon ti tan yo? b) Lè n ede moun ki fèb yo, pou kiyès sa pwofitab?

18 Petèt, eksperyans ou fè aprann ou jan sa kapab pran tan pou yon moun reprann li apre l fin soti anba yon maladi ki t ap depafini l. Menm jan an tou, si yon frè oswa yon sè te vin fèb paske l t ap fè fas ak yon pwoblèm oswa lòt sitiyasyon ki pi rèd ankò, li gendwa bezwen tan pou l reprann li nan domèn espirityèl. Se vre, frè nou an ap bezwen travay pèsonèlman pou l fè lafwa l vin pi solid, lè l fè etid pèsonèl li, lè l priye ak lè l patisipe nan lòt aktivite yon kretyen dwe fè. Men, èske n ap montre nou pasyan anvè l jiskaske li reprann ekilib li? E pandan tan sa a, èske n ap kontinye demontre lanmou pou li? Èske n ap fè tout efò n pou n ede frè ak sè ki fèb pandan yon tan yo yon fason pou yo ka santi yo gen valè, e èske n ap fè tout sa n kapab tou pou n fè yo santi jan nou renmen yo? — 2 Kor. 8:8.

19 Pa janm bliye sa, lè n ede yon frè oswa yon sè sa ban nou lajwa. E se sèlman lè n bay lòt moun n ap jwenn kalite lajwa sa a. Anplis de sa, sa pèmèt nou vin gen kapasite pou n demontre konpasyon pou lòt moun e sa ede n vin gen pasyans. Men, sa ap pote plis byenfè toujou.Tout moun nan kongregasyon an ap vin renmen youn lòt pi plis toujou. Sa k pi enpòtan an, n ap imite Jewova, li menm chak moun gen anpil valè pou li a. Vrèmanvre, nou tout gen bonjan rezon pou n suiv ankourajman nou jwenn nan Bib la ki mande pou n “ede moun ki fèb yo”. — Tra. 20:35.

^ § 4 Nan yon liv Charles Darwin te ekri, li te fè konnen gen kèk pati nan kò a ki pa nesesè (The Descent of Man). Youn nan moun ki t ap defann li yo te fè konnen tou, gen plizyè douzèn ògàn nan kò moun, san wete apendis ak glann yo rele timis la, yo konsidere kòm retay.

^ § 7 Yo chanje non moun nan.