Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

M pèdi yon papa — M jwenn yon Papa

M pèdi yon papa — M jwenn yon Papa

PAPA M te fèt nan vil Graz, nan peyi Otrich, nan ane 1899, konsa, li te jèn gason pandan Premye Gè mondyal la. Tousuit apre Dezyèm Gè mondyal la te fin eklate nan ane 1939, li te antre nan lame alman an. Li te mouri nan gè a an 1943, nan peyi Larisi. Malerezman, se konsa m te pèdi papa m lè m te gen anviwon dezan sèlman. Mwen pa t janm gen opòtinite konnen l, e m te konn sonje l anpil sitou lè m te rann mwen kont pifò lòt tigason nan lekòl mwen te ye a te gen papa. Pi devan, lè m te adolesan, mwen te vin jwenn rekonfò lè m te vin aprann konnen Papa nou ki nan syèl la, yon Papa ki pa ka mouri e ki pi bon lontan. — Aba. 1:12.

EKSPERYANS MWEN TE FÈ LÈ M TE NAN SKOUT

Lè m te timoun.

Lè m te gen setan, mwen te vin fè pati mouvman skout la, yon mouvman pou jèn gason. Mouvman skout la se yon òganizasyon mondyal yon lyetnan jeneral nan lame Grann Bretay la ki rele Robert Stephenson Smyth Baden-Powell, te fonde nan peyi Grann Bretay nan ane 1908. Nan ane 1916, li te fonde yon gwoup ki rele Wolf Cubs (oswa Cub Scouts) pou jèn tigason ki te nan menm laj avè m.

Mwen te renmen wikenn kote m te konn al nan kanmping yo, dòmi anba tant, met inifòm sou mwen epi make pa pandan y ap bat tanbou. Mwen te sitou renmen moman m te konn pase ak lòt skout yo, sa ki gen ladan l moman nou te konn ap chante lè swa pandan n chita toutotou yon dife ak moman nou te konn ap fè yon seri jwèt nan forè a. Nou te aprann anpil bagay sou lanati tou, e sa te fè m apresye travay Kreyatè nou an fè yo.

Skout la te ankouraje nou pou n fè yon bon aksyon chak jou. Dayè, se sa ki te deviz prensipal mouvman an. Lè n ap salye youn lòt nou te konn di: “Toujou pare.” Mwen te renmen sa anpil. Nan gwoup nou an ki te plis pase 100 tigason, anviwon mwatye nan yo te Katolik, mwatye te Potestan e gen youn ki te Boudis.

Depi ane 1920, yo pa fè reyinyon oswa festival entènasyonal skout yo chak ane. Mwen te asiste setyèm festival mondyal skout yo ki te fèt nan vil Bad Ischl, nan peyi Otrich, nan mwa out 1951, e m te asiste nevyèm nan tou ki te fèt nan Sutton Park, toupre vil Birmingham, ann Angletè, nan mwa out 1957. Nan nevyèm nan, te gen anviwon 33 000 skout ki soti nan 85 peyi ak tèritwa ki te la. Anplis de sa, te gen anviwon 750 000 moun, san wete Rèn Elizabeth, Rèn peyi Angletè a, ki te vin vizite nou nan festival la. Pou mwen menm, se kòmsi nou te fòme yon fanmi entènasyonal. Kidonk, mwen pa t konn si yon ti annapre mwen t apral fè pati yon kominote frè ki gen plis moun lontan, anpalan de yon fanmi espirityèl.

PREMYE FWA M TE RANKONTRE YON TEMWEN JEWOVA

Rudi Tschiggerl, yon chèf patisri, te premye moun ki te ban m temwayaj.

Nan sezon prentan ane 1958, mwen te prèske fini ak yon fòmasyon mwen t ap pran antanke sèvè nan yon otèl ki rele Grand Hotel Wiesler, ki nan vil Graz, ann Otrich. Pandan m t ap pran fòmasyon an, Rudolf Tschggerl, yon kòlèg travay mwen ki te yon chèf patisri, te ban m temwayaj enfòmèl. Anvan sa, mwen potko janm tande anyen sou laverite. Pou kòmanse, li te pale konsènan doktrin Trinite a, e l te fè m konnen doktrin sa a pa biblik. Mwen te pran pozisyon pou doktrin Trinite a, e m te vle pwouve l l ap bay manti. Mwen te renmen kòlèg mwen an anpil, e m te gen entansyon konvenk li pou l retounen nan Legliz katolik.

Rudolf, nou te konn rele Rudi tou, te pote yon bib pou mwen. Mwen te di l se yon bib katolik mwen vle, e m te ensiste sou sa. Mwen te kòmanse li l, e, byen vit, mwen te rann mwen kont Rudi te met yon feyè Sosyete Watchtower a te enprime nan Bib la. Mwen pa t dakò ak sa l te fè a paske m te panse byenke pawòl ki ladan l yo te ka parèt konvenkan, men, yo pa t laverite. Sepandan, mwen pa t gen pwoblèm pou m pale de Bib la avè l. Rudi te montre l gen bon konprann, e l pa t ofri m okenn lòt bagay enprime ankò. Pandan anviwon twa mwa, nou te konn pale sou Bib la detanzantan, e byen souvan, nou te konn fini byen ta nan aswè.

Apre m te fin pran fòmasyon an nan otèl ki nan vil Graz la, vil kote m te fèt la, manman m te voye m al pran plis fòmasyon nan yon lekòl ki prepare moun pou vin responsab otèl. Konsa, mwen t al viv nan vil Bad Hofgastein kote lekòl la te ye a, yon vil ki nan yon vale nan mitan mòn yo rele Alp yo. Etandone lekòl la te asosye ak Grand Hotel la ki te nan Bad Hofgastein, pafwa, mwen te konn al travay nan Grand Hotel la yon fason pou m te ka pratike sa m t ap aprann yo.

DE SÈ MISYONÈ TE VIZITE M

Ilse Unterdörfer ak Elfriede Löhr te kòmanse etidye Labib avè m an 1958.

Rudi te voye nouvo adrès mwen an bay biwo filyal la ki nan vil Vyèn, e biwo filyal la te voye adrès la bay Ilse Unterdörfer ak Elfriede Löhr *, de sè misyonè. Yon jou, resepsyonis otèl la te rele m epi l te di m gen de medam deyò a nan yon machin ki ta renmen pale avè m. Mwen te yon ti jan renka renka paske m pa t konn kiyès yo ye. Men, mwen te soti pou m wè ki moun yo ye. Annapre, mwen te vin aprann sè sa yo se de Temwen ki te konn pot kourye nan Almay Nazi a nan moman yo te entèdi travay la yon ti tan anvan Dezyèm Gè mondyal la. Anvan gè a te kòmanse, polis sekrè Alman an (Gestapo) te arete yo e yo te voye yo nan kan konsantrasyon Lichtenburg la. Apre sa, pandan gè a, yo te transfere yo nan kan konsantrasyon Ravensbrück la, ki toupre Bèlen.

Etandone de sè sa yo te gen apeprè menm laj ak manman m, mwen te oblije demontre respè pou yo. Pou rezon sa a, mwen pa t vle gaspiye tan yo nan plede fè diskisyon avèk yo, epi, petèt apre kèk semèn oswa kèk mwa pou m ta di yo mwen pa vle kontinye ankò. Kidonk, mwen te mande yo si yo te ka annik ban m yon lis vèsè sou doktrin katolik ki pale konsènan liy kote tout pap yo soti. Mwen te di yo mwen t ap pot lis la bat prèt nan zòn nan epi m t ap pale avè l sou sa. Konsa, mwen te panse sa t ap ede m wè ki sa k laverite.

MWEN VIN KONN PAPA KI NAN SYÈL LA E KI SEN TOUTBON AN

Selon ansèyman Legliz katolik women an, tout pap yo nèt soti nan yon liy ki mennen jiska apot Pyè. (Legliz mal konprann pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 16:18, 19 la.) Legliz katolik fè konnen tou lè pap la ap pale ex cathedra a, oswa lè l nan fonksyon ofisyèl li, tout sa l di sou yon doktrin se verite. Mwen te kwè nan pawòl sa a, e m te panse si pap la, yon moun katolik yo rele papa ki sen an, se yon moun ki toujou di verite nan kesyon doktrin epi l fè konnen Trinite a se laverite, donk doktrin Trinite a se laverite. Men, si pap la ka fè erè, lè sa a, doktrin Trinite a ka yon fo doktrin. Kidonk, nou pa sezi dèske anpil katolik konsidere ansèyman ki pale konsènan liy kote tout pap yo soti a kòm ansèyman ki pi enpòtan an, paske, kit lòt ansèyman yo egzak, kit yo pa egzak, yo tout soti nan ansèyman sa a!

Lè m t al kot prèt la, li pa t ka reponn kesyon m yo. Li te pran yon liv nan bibliyotèk li a ban mwen ki pale sou doktrin katolik ki montre liy kote pap yo soti a. Jan l te mande m fè sa, mwen t al lakay mwen ak liv la, mwen te li l epi m te retounen vin jwenn li ak plis kesyon toujou. Finalman, etandone prèt la pa t ka reponn okenn nan kesyon m yo, li te di m: “Mwen pa ka konvenk ou, e w pa ka konvenk mwen. [...] Donk, mwen swete w ap jwenn sa w ap chèche a!” Li pa t vle kontinye gen okenn konvèsasyon avè m ankò.

Nan moman sa a, mwen te pare pou m etidye Labib ak sè Ilse ak Elfriede. Yo te aprann mwen anpil bagay sou Jewova Dye, Papa ki nan syèl la e ki Sen toutbon an (Jan 17:11). Etandone potko gen kongregasyon nan zòn nan, de sè yo te konn fè reyinyon kay yon fanmi ki te enterese nan Bib la. Pa t gen anpil moun ki te konn asiste. Piske potko gen frè batize ki pou pran latèt, se de sè yo ki te konn pale sou pifò sijè nan reyinyon yo. Pafwa, yon frè ki sot yon lòt kote te konn vin bay yon diskou piblik nan yon lokal yo te lwe.

MWEN KÒMANSE PRECHE

Ilse ak Elfriede te kòmanse etidye Labib avè m nan mwa oktòb 1958, e m te batize twa mwa annapre nan mwa janvye 1959. Anvan m te batize, mwen te mande yo si m te ka akonpaye yo nan predikasyon kay an kay la pou m annik wè kòman travay sa a fèt (Tra. 20:20). Apre m te fin akonpaye yo premye fwa a, mwen te mande yo si m te ka gen pwòp tèritwa pa m pou m preche. Yo te ban m yon vilaj pou m preche, e m te ka al preche ladan l poukont mwen, epi retounen vizite moun ki enterese yo. Premye frè mwen te akonpaye nan predikasyon kay an kay la se te siveyan sikonskripsyon an ki te vin vizite nou.

Nan ane 1960, apre m te fin pran fòmasyon pou zafè otèl la, mwen te retounen lakay mwen yon fason pou m te eseye ede fanmi m aprann verite ki nan Bib la. Pou jis kounye a, pa gen youn nan yo ki vin nan laverite, men, gen kèk nan yo ki montre yo yon ti jan enterese.

LAVI M NAN SÈVIS APLENTAN

Lè m te nan ventèn mwen.

Nan ane 1961, yo te li kèk lèt ki pale sou sèvis pyonye, biwo filyal la te voye nan kongregasyon yo. Etandone m te selibatè epi m te an sante, mwen te panse m pa t gen okenn eskiz pou m pa t pran sèvis pyonye. Mwen te mande Kurt Kuhn, siveyan sikonskripsyon an, ki sa l panse si m ta fè kèk mwa ankò ap travay yon fason pou m te ka achte yon machin ki t ap itil mwen anpil lè m vin pyonye. Kòm repons, li te di m: “Èske Jezi ak apot yo te bezwen yon machin pou yo antre nan sèvis aplentan?” Kesyon sa a te ede m anpil! Mwen te planifye pou m kòmanse sèvi kòm pyonye san pèdi tan. Men, etandone m t ap travay 72 èdtan pa semèn nan restoran yon otèl, toudabò, mwen te bezwen fè kèk chanjman.

Mwen te mande patwon m nan si l t ap pèmèt mwen travay 60 èdtan pa semèn pito. Li te aksepte e l te kontinye peye m menm kantite kòb la. Yon ti tan annapre, mwen te mande l si m ka travay 48 èdtan pa semèn pito. Li te dakò ankò e l te kontinye peye m menm kantite kòb la. Yon lòt fwa ankò, mwen te mande l si m ka travay pandan 36 èdtan pa semèn sèlman, oswa sizèdtan pa jou pandan sis jou, e l te dakò ankò. Mwen te sezi wè l te kontinye peye m menm kantite kòb la! Sanble patwon m nan pa t vle m kite travay la. Orè sa a te pèmèt mwen kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan. Nan epòk sa a, pyonye yo te konn bay 100 èdtan pa mwa.

Kat mwa annapre, mwen te vin nome pyonye espesyal ak sèvitè kongregasyon nan yon ti kongregasyon ki nan vil Spittal an der Drau, yon vil ki nan pwovens Carinthia. Mwen sonje lè sa a pyonye espesyal yo te konn bay 150 èdtan pa mwa. Mwen pa t gen patnè nan sèvis la, men, mwen te vrèman apresye èd sè Gertrude Lobner, yon sè ki t ap sèvi kòm asistan sèvitè kongregasyon, te konn ban m nan travay predikasyon an *.

KÈK CHANJMAN ASIYASYON BYEN RAPID

Nan ane 1963, mwen te jwenn envitasyon pou m al nan travay sikonskripsyon an. Pafwa, mwen te konn vwayaje nan tren pou m sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt toutpandan m te konn pot yon seri valiz byen lou. Pifò frè yo pa t gen machin, se sa k fè, okenn nan yo pa t ka vin chèche m nan estasyon tren an. Etandone m pa t vle fè frè yo santi yo jennen, mwen pa t vle pran taksi pou m al nan kay kote m t apral rete a, konsa, m te oblije mache.

An 1965, pandan m te selibatè toujou, yo te envite m al asiste 41yèm klas Lekòl Gileyad la. Anpil nan elèv yo te selibatè. Jou gradyasyon an, mwen te sezi aprann mwen pral kontinye nan sèvis sikonskripsyon an ann Otrich, peyi kote m te soti a. Sepandan, anvan m te kite Etazini, yo te mande m akonpaye yon siveyan sikonskripsyon pandan kat semèn. Mwen te vrèman kontan travay ak Anthony Conte. Se te yon bon frè ki te renmen travay predikasyon an e ki te konn jwenn bon rezilta ladan l. Nou te travay ansanm nan yon zòn ki rele Cornwall, nan Nouyòk.

Jou maryaj nou.

Lè m te retounen ann Otrich, mwen te jwenn asiyasyon pou m al sèvi nan yon sikonskripsyon, e se la mwen te rankontre Tove Merete, yon bèl ti sè selibatè. Li te grandi nan laverite depi lè l te gen senk an. Lè frè yo mande nou ki jan n te fè rankontre, nou konn fè yon ti blag, epi n di: “Se biwo filyal la ki te ranje bagay yo.” Nou te marye ennan annapre, nan mwa avril 1967, e nou te kontinye nan travay sikonskripsyon an ansanm.

Nan ane ki te vin annapre a, mwen te vin rann mwen kont Jewova te fè m favè moun pa merite a, lè l te adopte m antanke pitit espirityèl li. Konsa, mwen te kòmanse yon relasyon espesyal ni ak Papa m ki nan syèl ni ak tout lòt moun k ap “di byen fò: ‘Abba, Papa!’” jan sa ekri nan Women 8:15 lan.

Mwen menm ak Merete te kontinye nan sèvis sikonskripsyon an ak nan sèvis distri a rive jis nan ane 1976. Pafwa, pandan sezon ivè a, nou te konn oblije dòmi nan yon chanm ki pa gen chofaj, e tanperati a te konn pi ba pase zewo degre. Yon lè, pandan n leve nou te jwenn pwent lèn nou te kouvri a byen rèd e l te tou blan akoz souf nou ki te jele anpil. Finalman nou te deside mache ak yon ti chofaj elektrik yon fason pou n te ka sipòte tanperati a nan nuit. Gen kèk kote nou te ye, leswa, pou n te ka itilize twalèt la ki te deyò kay la, nou te konn oblije mache nan nèj pou n al ladan l, e byen souvan, te konn gen anpil van frèt k ap pase ladan l. Piske n pa t gen yon apatman, an jeneral, lè lendi, nou te konn ret nan kay kote n te pase semèn ap desèvi kongregasyon an. Epi nan madi maten, n al desèvi lòt kongregasyon an.

Mwen kontan pou m di jan madanm mwen renmen an, te toujou yon gwo èd pou mwen toutpandan ane yo t ap pase. Li renmen preche, e m pa janm bezwen ankouraje l pou l al preche. Li renmen zanmi nou yo tou, e l vrèman enterese nan lòt moun. Sa se yon gwo èd pou mwen.

Nan ane 1976, yo te envite n al sèvi nan filyal peyi Otrich la, ki nan vil Vyèn, e m t ap sèvi kòm manm Komite filyal. Nan epòk sa a, filyal Otrich la te konn sipèvize travay plizyè peyi ann Ewòp delès e l te konn òganize transpò piblikasyon pou peyi sa yo san yo pa atire atansyon moun. Se frè Jürgen Rundel ki te pran latèt nan travay sa a, e l te konn pran anpil inisyativ. Mwen te gen privilèj travay ak frè Rundel, e apre sa yo te mande m pou m sipèvize travay tradiksyon an ki te konn fèt nan dis lang yo pale ann Ewòp delès. Jürgen ak Gertrude, madanm li, te kontinye sèvi fidèlman antanke pyonye espesyal ann Almay. Apati ane 1978, Filyal Otrich la te kòmanse ak yon ti enprimri pou enprime peryodik yo nan sis lang. Nou te konn voye piblikasyon tou nan plizyè peyi frè yo te konn fè kòmann. Otto Kuglitsch, yon frè k ap sèvi kounye a nan filyal Almay la ak Ingrid, madanm li, te byen plase pou l fè travay sa a.

Ann Otrich, m te konn patisipe nan divès fòm temwayaj, san wete temwayaj nan lari.

Frè ann Ewòp delès yo te konn sèvi ak yon machin ki te konn fè kopi oswa yon aparèy ki te pèmèt yo enprime negatif fim. Anplis de sa, yo te bezwen frè nan lòt peyi yo ede yo. Jewova te pwoteje travay la, e nan filyal la, nou te vin renmen frè ki t ap bay èd yo malgre sitiyasyon difisil e malgre yo te entèdi travay nou an pandan plizyè ane.

YON VIZIT ESPESYAL NAN PEYI WOUMANI

Nan ane 1989, mwen te gen privilèj akonpaye frè Theodore Jaracz, yon manm Kolèj Santral la, pandan l t ap vizite peyi Woumani. Objektif vizit la se te ede plizyè frè ak sè retounen nan òganizasyon an. Nan kòmansman ane 1949, gen plizyè rezon ki te fè yo koupe kontak ak òganizasyon an e yo te vin fòme pwòp kongregasyon pa yo. Sepandan, yo te kontinye preche e yo te kontinye batize moun. Menm jan ak frè, ki fè pati òganizasyon an, syèj mondyal la te apwouve yo, yo te mete moun sa yo nan prizon tou akoz netralite yo. Piske travay nou an te toujou anba entèdiksyon, nou te fè yon reyinyon an kachèt kay frè Pamfil Albu ansanm ak kat ansyen ki te jwe yon wòl enpòtan nan sa k t ap pase yo, san wete frè yo te apwouve antanke manm Komite pou peyi a. Rolf Kellner, ki te soti nan peyi Otrich, te sèvi nou kòm entèprèt.

Nan sware ki te vin annapre a, frè Albu te konvenk kat ansyen ki te avè l yo pou yo te fè yon sèl avèk nou. Men sa l te di: “Si nou pa fè sa kounye a, nou gendwa pa janm gen chans fè sa ankò.” Kòm rezilta, te vin gen anviwon 5 000 frè ki te retounen nan òganizasyon an ankò. Se pa ti viktwa sa te ye pou Jewova, men tou, se pa ti kou Satan te pran!

Nan fen ane 1989, anvan sistèm kominis la te tonbe ann Ewòp delès, Kolèj santral la te envite mwen menm ak madanm mwen al sèvi nan syèj mondyal la, ki nan Nouyòk. Nou te sezi anpil. Nou kòmanse sèvi nan Betèl Brooklyn nan nan mwa jiyè 1990. Nan ane 1992, mwen te jwenn privilèj pou m ede Komite sèvis kolèj Kolèj santral la, e depi jiyè 1994, mwen gen privilèj sèvi antanke manm Kolèj santral.

LÈ M AP PANSE AK SA K GENTAN PASE E LÈ M AP PANSE AK SA K GEN POU VINI

Madanm mwen avè m nan Brooklyn, Nouyòk.

Gen anpil ane ki gentan depi m t ap travay kòm sèvè nan yon otèl. Kounye a mwen gen privilèj pou m patisipe nan preparasyon ak distribisyon manje espirityèl pou frè nou yo ki sou tout tè a (Mat. 24:45-47). Lè m ap reflechi ak plis pase 50 an mwen fè nan sèvis aplentan, mwen gen anpil rekonesans ak lajwa pou m wè jan Jewova beni frè nou yo ki sou tout tè a. Mwen renmen asiste kongrè entènasyonal yo, ki montre enpòtans pou n aprann konnen Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ak verite ki sot nan Bib la.

M ap priye pou plizyè milyon moun vin etidye Bib la, pou yo aksepte laverite, epi, pou yo vin sèvi Jewova nan inite ansanm ak fanmi entènasyonal nou fòme antanke kretyen an (1 Pyè 2:17). M ap tann pou m wè rezirèksyon ki pral fèt sou tè a detan m nan syèl la, e finalman pou m wè papa m resisite. Mwen espere ni li menm ni manman m ansanm ak lòt moun nan fanmi m mwen renmen anpil yo pral adore Jewova nan Paradi a.

M ap tann rezirèksyon ki pral fèt sou tè a detan m nan syèl la, pou m wè papa m.

^ § 15 Nou ka li istwa lavi sè sa yo nan Toudegad 1ye fevriye 1980, fransè.

^ § 27 Kounye a, olye de yon sèvitè kongregasyon ak yon asistan sèvitè kongregasyon, yo nome yon kowòdonatè ak yon sekretè nan chak gwoup ansyen.