TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Out 2014

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti semèn 29 septanm pou rive semèn 26 oktòb 2014.

Èske w jwenn “manje nan bon moman”?

Èske yon moun oblije gen aksè ak tout piblikasyon esklav fidèl la pou l ka rete djanm nan domèn espirityèl?

Ki wòl medam yo jwe nan objektif Jewova?

Aprann ki sa rebelyon ki te fèt kont Bondye a te lakòz ni pou fi ni pou gason. Ann wè ki eksperyans kèk medam ki te fidèl nan tan lontan te fè. Ann wè tou, fason kretyèn yo patisipe nan travay Bondye a jodi a.

Sèvi ak Pawòl Bondye a: Li vivan!

Tout Temwen Jewova yo vle vin maton nan ministè a. Men kèk sijesyon pratik sou fason pou n sèvi ak Pawòl Bondye a ki pisan ansanm ak feyè nou yo pou n pale ak moun yo.

Fason Jewova pwoche bò kote nou

Nou bezwen gen yon relasyon sere sere ak Jewova. Aprann fason ranson an ak Labib montre nou Jewova fè nou vin pwòch avè l.

Koute vwa Jewova kèlkeswa kote w ye

Aprann jan sa enpòtan pou w koute vwa Jewova epi pou w kominike avè l. Atik sa a ap ede n wè ki fason nou ka anpeche Satan ak pwòp tandans peche nou genyen yo fè n pa koute vwa Jewova.

‘Retounen epi bay frè w yo fòs’

Si yon frè t ap sèvi kòm ansyen epi l vin pèdi privilèj sa a, èske l ka “chèche vin siveyan” ankò?

Kesyon lektè yo poze

Lè Jezi te di moun ki resisite yo “pap marye” a, èske l t ap pale de rezirèksyon ki pral fè sou tè a?

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Erèka dram” nan te ede anpil moun jwenn verite ki nan Bib la

Yo te ka pase vèsyon “Fotodram kreyasyon” sa a, ki pi kout, nan zòn andeyò yo menmsi pa gen kouran.