Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason Jewova pwoche bò kote nou

Fason Jewova pwoche bò kote nou

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — JAK 4:8.

1. Ki bezwen lèzòm genyen, e kiyès ki ka satisfè bezwen sa a pou yo?

LÈZÒM gen gwo bezwen pou yo santi yo pwòch ak lòt moun. Yo fè konnen moun “pwòch youn lòt lè yo apresye youn lòt anpil ak lè yo byen konnen youn lòt”. Natirèlman, nou devlope amitye ak moun nan fanmi nou oswa zanmi ki renmen nou, ki apresye nou, e ki konprann nou. Sepandan, Moun nou bezwen vin gen yon amitye ki pi sere avè l se Gran Kreyatè nou an. — Ekl. 12:1.

2. Ki sa Jewova pwomèt nou, men, poukisa anpil moun pa kwè nan pwomès sa a?

2 Jewova mande nou nan Pawòl li a pou n “pwoche bò kote” l, e li pwomèt nou si nou fè sa “l ap pwoche bò kote” nou tou (Jak 4:8). Sa vrèman fè nou kontan lè nou konn sa! Sepandan, anpil moun panse li enposib pou Bondye vle pwoche bò kote nou. Yo santi yo twò ba pou yo pwoche bò kote l oubyen li twò lwen yo. Èske li posib pou yon moun pwoche bò kote Bondye toutbonvre?

3. Ki sa n dwe rann nou kont konsènan Jewova?

3 Lefètke Jewova “pa lwen okenn nan” moun ki vle jwenn li yo, sa fè l posib pou yon moun rive konnen l. (Li Travay 17:26, 27; Sòm 145:18.) Objektif Jewova se pou lèzòm pwoche  bò kote l menmsi yo enpafè, li pare pou l resevwa yo antanke bon zanmi, e li vle sa (Iza. 41:8; 55:6). Grasa eksperyans yon salmis te fè, men ki pawòl li te di konsènan Jewova: “O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin Siyon. Byennere moun ou chwazi a, moun ou fè pwoche kote w.” (Sòm 65:2, 4NW). Istwa Bib la rakonte konsènan Aza, yon wa nan peyi Jida, ban nou egzanp konsènan yon moun ki te pwoche bò kote Bondye, e istwa sa a montre fason Jewova te reyaji *.

LESON NOU APRANN NAN YON EGZANP NAN TAN LONTAN

4. Ki egzanp wa Aza te bay pèp Jida a?

4 Wa Aza te montre l zele anpil pou vrè adorasyon an lè l te elimine pwostitisyon sakre ak idolatri ki te gaye nan peyi a (1 Wa 15:9-13). Se ak tout kè l li te ankouraje pèp la pou yo ‘chèche Jewova, Bondye zansèt yo a, e pou yo mete Lwa a ak kòmandman an an pratik’. Jewova te pèmèt gen lapè pandan dis premye ane Aza te fè ap reye a. Ki sa Aza te konprann ki te pèmèt gen lapè sa a? Men sa l te di pèp la: “Peyi a nan men nou toujou lefètke nou te chèche Jewova, Bondye nou an. Nou te chèche l e li fè nou gen lapè toupatou nan peyi a.” (2 Kwo. 14:1-7, NW). Ann wè sa k te pase annapre.

5. Ki sitiyasyon ki te met konfyans Aza te gen nan Bondye a aleprèv, e ki jan sa te fini?

5 Mete tèt ou nan sitiyasyon Aza a. Zera, Etyopyen an, te vin batay kont Jida, e l te gen 1 000 000 gason ak 300 charyo (2 Kwo. 14:8-10). Ki jan w t ap reyaji lè w wè yon gwo lame konsa ap mache sou wayòm ou an? Ou gen yon lame ki gen 580 000 gason sèlman ladan l! Lè w rann ou kont chak sòlda nan lame w la ap gen pou l goumen ak anviwon de sòlda nan lòt lame a, èske w pa t ap mande tèt ou poukisa Bondye pèmèt yon lame konsa atake w? Pou w te ka fè fas ak lame sa a ki t ap vanse rapid, èske w pa t ap eseye rezoud pwoblèm nan grasa pwòp sajès pa w? Fason Aza te reyaji a te montre jan l te gen yon relasyon sere sere ak Jewova ak jan l te gen konfyans nan Jewova. Li te priye Bondye ak tout kè l. Men sa l te di: “O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte e se nan non w nou vin goumen ak foul moun sa a. O Jewova, ou se Bondye nou, pa kite lòm ki fèt ak pousyè tè kenbe tèt ak ou.” Ki jan Bondye te reponn siplikasyon Aza te fè ki te sot nan kè l la? Bib la di: “Jewova te [...] bat Etyopyen yo”. Pa gen youn nan ènmi yo ki te rete vivan nan batay sa a! — 2 Kwo. 14:11-13, NW.

6. Ki jan nou ka imite Aza?

6 Ki sa k te pèmèt Aza gen tout konfyans sa a nan direksyon ak pwoteksyon Bondye? Bib la fè konnen “Aza te fè sa ki dwat nan je Jewova” e l te “sèvi Jewova ak tout kè l”. (1 Wa 15:11, 14, NW.) Nou menm tou, nou dwe sèvi Bondye ak tout kè nou. Sa enpòtan anpil sitou si nou vle gen yon relasyon sere sere avè l depi kounye a e alavni. Ala rekonesan nou rekonesan dèske Jewova pran dispozisyon pou n pwoche bò kote l e l ede n gen yon relasyon sere sere avè l e pou n kenbe relasyon sa a! Ann konsidere de fason Bondye fè sa.

JEWOVA EDE N PWOCHE BÒ KOTE L PA MWAYEN RANSON AN

7. a) Ki sa Jewova fè pou n ka vin pwòch avè l? b) Ki pi gwo fason Bondye fè nou vin pwòch avè l?

7 Lefètke Jewova kreye yon bèl kote pou lèzòm rete, sa montre lanmou l gen pou yo. Li kontinye demontre lanmou sa a lè l ban nou tout sa n bezwen pou n  viv (Tra. 17:28; Rev. 4:11). Sa k pi enpòtan an, Jewova ban nou sa n bezwen nan domèn espirityèl (Lik 12:42). Li ban nou asirans tou li koute n lè n priye l (1 Jan 5:14). Sepandan, pi gwo fason Bondye atire n vin jwenn li e l fè n vin pwòch avè l se grasa lanmou li demontre pou nou lè l te bay ranson an. (Li 1 Jan 4:9, 10, 19.) Jewova te voye “sèl Pitit li fè a” sou tè a yon fason pou l te ka delivre nou anba peche ak lanmò. — Jan 3:16.

8, 9. Ki wòl Jezi jwe nan objektif Jewova?

8 Jewova fè l posib pou menm moun ki te viv anvan epòk Kris la benefisye ranson an. Apati moman Jewova te fè konnen t ap gen yon moun ki t apral sove limanite a, pou li menm se kòmsi ranson an te deja peye, paske li konnen objektif li pa janm pa reyalize (Jen. 3:15). Plizyè syèk annapre, apot Pòl te montre rekonesans li anvè Bondye pou “liberasyon ki fèt sou baz ranson Kris Jezi te peye a”. Men sa Pòl te ajoute: “Paske [Bondye] te gen pasyans e li te padone peche moun te fè nan tan lontan yo.” (Wom. 3:21-26). Ala yon wòl enpòtan Jezi jwe nan ede n vin pwòch ak Bondye!

9 Se sèlman pa mwayen Jezi moun ki gen imilite yo kapab vin konnen Jewova e yo ka vin gen yon relasyon sere sere avè l. Ki jan Ekriti yo montre verite sa a? Men sa Pòl te ekri: “Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” (Wom. 5:6-8). Bondye pa t bay sakrifis ranson Jezi a paske nou merite sa, men, li te bay li paske l renmen nou. Men sa Jezi te di: “Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini.” Men sa l te di nan yon lòt okazyon: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” (Jan 6:44; 14:6). Jewova rale moun vin jwenn Jezi grasa lespri sen, e li ede yo rete nan lanmou l yon fason pou yo ka jwenn lavi ki pap janm fini an. (Li Jid 20, 21.) Ann konsidere yon lòt fason Jewova fè nou vin pwòch avè l.

JEWOVA EDE N PWOCHE BÒ KOTE L PA MWAYEN PAWÒL LI TE FÈ EKRI A

10. Ki sa Labib anseye n ki ede n vin pi pwòch ak Bondye?

10 Nan atik sa a, nou gentan egzamine plizyè vèsè ki soti nan 14 liv diferan nan Bib la. Si n pa t gen Labib, ki jan n t ap fè konnen li posib pou n pwoche bò kote Kreyatè nou an? Epi, ki jan n t ap fè gen enfòmasyon konsènan ranson an ak posiblite Jewova ban nou pou n pwoche bò kote l pa mwayen Jezi? Jewova te sèvi ak lespri sen l pou l enspire moun pou ekri Bib la. Labib fè nou konnen pèsonalite Jewova, yon pèsonalite ki atiran, e li fè nou konnen objektif li genyen tou. Pa egzanp, nan Egzòd 34:6, 7 (NW) Jewova te fè Moyiz konnen li se yon “Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kòlè, ki chaje bonte ki plen lanmou e ki chaje ak verite, ki sere bonte ki plen lanmou li gen lakay li pou milye, ki padone fot, ki padone bagay mal, e ki padone peche”. Ki moun ki pa t ap renmen pwoche bò kote yon moun konsa? Jewova konnen plis nou aprann konnen l pa mwayen Labib, se plis l ap vin reyèl pou nou, e se plis n ap santi n pi pwòch avè l.

11. Poukisa nou dwe fè efò pou n aprann konnen kalite Bondye yo ak fason l aji? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 Men ki esplikasyon nou jwenn nan entwodiksyon liv Annou pwoche bò kote Jewova a sou fason nou ka chèche gen yon bon relasyon ak Bondye: “Pou n gen bon relasyon ak yon moun, nou bezwen byen konnen moun sa a. Plis nou konnen moun sa a, se plis n ap vin renmen pèsonalite l genyen e se plis n ap vin gen respè pou li. Kidonk, li enpòtan anpil pou n konnen pèsonalite Bondye ak fason li aji. N ap rive fè sa lè nou  etidye Bib la.” Sepandan, se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova te fè ekri Pawòl li a yon fason lèzòm ka konprann!

12. Poukisa Jewova te sèvi ak lèzòm pou l fè ekri Bib la?

12 Jewova te ka fè zanj yo ekri Bib la. Anfèt, zanj yo enterese anpil nan nou ak nan sa n ap fè (1 Pyè 1:12). Pa gen dout nan sa, zanj yo te ka ekri mesaj Bondye bay limanite a. Men, èske yo t ap ka wè bagay yo jan lèzòm wè yo? Èske yo t ap ka konprann bezwen nou, feblès nou, ak sa n ap atann? Repons lan se non. Jewova te konnen zanj yo limite nan sans sa a. Lefètke Jewova te fè lèzòm ekri Bib la, nou santi se avèk nou menm menm l ap pale. Nou kapab konprann panse ak santiman ekriven biblik yo ansanm ak lòt moun yo pale de yo nan Bib la. Nou kapab byen konprann desepsyon yo te jwenn, dout ak krent yo te genyen ansanm ak enpèfeksyon yo, e nou ka rejwi nan kè kontan yo te genyen ak nan siksè yo te jwenn. Menm jan ak pwofèt Eliya, ekriven biblik yo se moun ki te “menm jan avèk nou”. — Jak 5:17.

Ki jan fason Jewova te boule ak Yona ansanm ak Pyè a fè w vin pi pwòch ak Jewova? (Gade paragraf 13, 15.)

13. Ki jan priyè Yona te fè a touche kè nou?

13 Pa egzanp, reflechi pou w wè si yon zanj t ap ka esplike tout sa pwofèt Yona te santi lè l t ap kouri pou asiyasyon Bondye te ba li a. Vrèmanvre, sa pi bon lontan dèske Jewova te kite Yona ekri pwòp istwa l, sa ki gen ladan l, priyè l te fè ak tout kè l pandan l te nan fon lanmè a! Men sa Yona te di: “Lè m santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Senyè!” — Jo. 1:3, 10; 2:1-9.

14. Ki sa k fè w ka konprann pawòl Izayi te ekri yo?

14 Ann konsidere pawòl Jewova te fè Izayi ekri yo. Apre Izayi te fin wè glwa Bondye, men sa pwofèt la te di konsènan pwòp peche l: “Malè pou mwen! Mwen deja mouri, paske se yon moun mwen ye, pawòl ki sot nan bouch mwen pa pwòp,  epi pawòl ki sot nan bouch pèp m ap viv nan mitan l lan pa pwòp. Paske mwen wè Wa a menm, Jewova, Chèf lame yo, ak je m!” (Iza. 6:5, NW). Ki jan yon zanj t ap ka di kalite pawòl sa yo? Men, Izayi li menm te kapab fè sa, e nou ka konprann jan l te santi l.

15, 16. a) Ki sa k fè n kapab konprann fason lèzòm parèy nou santi yo? Bay kèk egzanp. b) Ki sa k ka ede n vin pi pwòch Jewova?

15 Èske zanj yo t ap ka di yo “pa merite” yon bagay menm jan Jakòb te di sa, oubyen èske yo t ap ka di yo gen “anpil peche” menm jan Pyè te santi l la (Jen. 32:10; Lik 5:8)? Èske yo t ap ka “pè anpil” menm jan disip Jezi yo te konn pè a, oswa, èske zanj sa yo ki jis t ap bezwen “mete kran” sou yo pou yo fè fas ak moun ki te opoze ak bon nouvèl la menm jan Pòl ak lòt moun ankò te fè sa (Jan 6:19; 1 Tes. 2:2)? Non. Zanj yo pafè nan tout sans e yo siperyè lèzòm lontan. Sepandan, lè se imen enpafè k ap di sa yo santi, rapidman nou konprann santiman sa yo paske nou menm tou nou se senp imen menm jan ak yo. Lè n ap li Pawòl Bondye a, vrèmanvre, nou kapab ‘rejwi ak moun k ap rejwi, e nou kapab kriye ak moun k ap kriye’. — Wom. 12:15.

16 Si nou reflechi sou sa Bib la di konsènan fason Jewova te konn aji ak sèvitè fidèl yo nan tan lontan, n ap aprann yon pakèt bèl bagay sou Bondye, li menm ki te demontre lanmou ak pasyans nan fason l te pwoche bò kot moun enpafè sa yo. Konsa, n ap vin byen konnen Jewova, e n ap vin renmen l pi plis. Kòm rezilta, n ap kapab vin pi pwòch avè l. — Li Sòm 25:14.

CHÈCHE GEN YON RELASYON AK BONDYE KI PA KRAZE

17. a) Ki bon konsèy Azarya te bay Aza? b) Ki jan Aza te montre l pa t koute konsèy Azarya a, e ki sa sa te lakòz?

17 Apre wa Aza te fin ranpòte yon gwo viktwa sou lame Etyopyen an, Azarya, pwofèt Bondye a, te gen kèk pawòl ki gen sajès pou l di Aza ansanm ak pèp li a. Men sa Azarya te di: “Jewova ap avèk nou toutotan nou rete avèk li. Si nou chèche l, l ap kite nou jwenn li. Men si nou vire do ba li, l ap vire do ban nou.” (2 Kwo. 15:1, 2, NW). Sepandan, pi devan, Aza pa t koute bon konsèy sa a. Lè wayòm Izrayèl la, wayòm ki te nan nò a, te menase wa Aza, Aza t al chèche èd nan men Siryen yo. Olye pou l te konte sou Jewova ankò pou l jwenn èd, li te pito al fè alyans ak moun ki pa t ap sèvi Jewova. Avèk rezon, yo te di Aza: “Ou te aji tankou yon moun sòt nan kesyon sa a. Apati jodi a, se lagè k ap tann ou.” Vrèmanvre, pandan rès ane Aza te fè ap dirije yo se gè ase ki te genyen (2 Kwo. 16:1-9, NW). Ki sa nou ka aprann nan istwa sa a?

18, 19. a) Ki sa n dwe fè si n ta kite vin gen distans ant nou menm ak Bondye? b) Ki jan nou ka vin pi pwòch Jewova?

18 Nou pa dwe janm kite Jewova. Si n ta kite vin gen distans ant nou menm ak Jewova, nou ta dwe aji ann amoni ak Ocheya 12:6 (NW), ki di: “Retounen vin jwenn Bondye w la, etan w kenbe bonte ki plen lanmou e etan w kenbe jistis. E se pou [w] met espwa [w] nan Bondye w la toutan.” Kidonk, ann chèche vin pi pwòch Jewova lè n reflechi sou ranson an ak lè n fè bonjan etid nan Pawòl li a, Labib. — Li Detewonòm 13:4.

19 Gen yon salmis ki te di: “Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” (Sòm 73:28, NW). Se pou nou tout kontinye aprann nouvo bagay sou Jewova epi se pou n apresye pakèt rezon nou genyen pou n renmen l yo pi plis toujou. Kidonk, se pou Jewova vin pi pwòch ak nou depi kounye a, e pou tout letènite!

^ § 3 Gade atik ki gen tit “N ap jwenn rekonpans travay nou”, ki pale sou Aza, ki nan Toudegad 15 out 2012 la.