Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Jezi te fè Sadiseyen yo konnen moun k ap resisite yo “pap marye”. (Lik 20:34-36.) Èske l t ap pale de rezirèksyon ki pral fèt sou tè a?

Kesyon sa a se yon kesyon ki vrèman enpòtan, sitou pou moun ki te pèdi yon moun yo renmen. Moun sa yo gendwa swaf pou yo retounen viv ak moun yo te marye avè l la nan monn nouvo a lè moun sa a resisite. Men sa yon moun ki te pèdi madanm li fè konnen: “Mwen menm ak madanm mwen pa t chwazi met yon fen nan maryaj nou. Anvi pa nou se te pou n kontinye adore Jewova ansanm antanke mari ak madanm pou toutan. Mwen toujou gen menm anvi sa a.” Èske n gen bonjan rezon pou n kwè moun ki resisite yo pral kapab marye? Pou n reponn yon fason senp, sèke nou pa ka di anyen sou sa.

Pandan plizyè ane, nan piblikasyon nou yo, nou te fè konnen pawòl Jezi te di konsènan rezirèksyon ak maryaj la kapab gen rapò ak rezirèksyon ki pral fèt sou tè a, epi, nòmalman, moun k ap resisite pou yo viv nan monn nouvo a pap ka marye * (Mat. 22:29, 30; Mak 12:24, 25; Lik 20:34-36). Byenke nou pa ka kategorik sou sa, èske l posib pou pawòl Jezi te di yo gen rapò ak rezirèksyon pou lavi nan syèl la? Ann egzamine sa Jezi te di a.

Ann egzamine kontèks la. (Li Lik 20:27-33.) Sadiseyen yo, yon seri moun ki pa t kwè nan rezirèksyon, te eseye pran Jezi nan pyèj lè yo te poze l yon kesyon konsènan rezirèksyon an ak maryaj leviratik la *. Men ki repons Jezi te ba yo: “Nan sistèm sa a, ni gason ni fi marye. Men, gason ak fi yo konsidere ki diy pou yo resisite pami mò yo e pou yo gen lavi nan lòt sistèm nan, yo menm yo pap marye. Anfèt, yo pap ka mouri ankò, paske y ap vin tankou zanj Bondye, e y ap vin pitit Bondye paske y ap resisite.” — Lik 20:34-36.

Nan piblikasyon nou yo, poukisa nou te fè konnen petèt Jezi t ap pale de rezirèksyon ki pral fèt sou tè a? Gen de rezònman ki te pouse n panse konsa. Premyèman, nou te panse petèt Sadiseyen yo t ap panse ak yon rezirèksyon ki pral fèt sou tè a epi Jezi te reponn yo selon jan yo te panse a. Dezyèmman, pou Jezi te fini repons li an, li te pale de Abraram, Izarak ak Jakòb, yon seri patriyach fidèl ki gen pou resisite pou yo viv sou tè a. — Lik 20:37, 38.

Sepandan, li posib pou Jezi t ap panse ak rezirèksyon pou lavi nan syèl la. Sou ki baz nou gendwa vin ak konklizyon sa a? Ann konsidere de fraz enpòtan.

“Gason ak fi yo konsidere ki diy pou yo resisite pami mò yo.” Bondye konsidere moun fidèl li chwazi pou al nan syèl yo “diy pou [yo] rantre nan wayòm Bondye a”. (2 Tes. 1:5, 11.) Yo deklare yo jis pou yo resevwa lavi sou baz ranson an, konsa, lè yo mouri, yo pa mouri kòm pechè ki kondane (Wom. 5:1, 18; 8:1). Yo deklare moun sa yo “byennere e [...] sen” e yo jije yo diy pou yon rezirèksyon pou lavi nan syèl la (Rev. 20:5, 6). Yon lòt bò, ap gen “moun ki enjis” pami moun ki pral resisite pou yo viv sou tè a (Tra. 24:15). Èske n ka di moun sa yo se moun yo “konsidere [kòm moun] ki diy” pou yon rezirèksyon?

 “Yo pap ka mouri ankò.” Jezi pa t di: “yo pap mouri ankò.” Olye de sa, li te di: “Yo pap ka mouri ankò.” Gen kèk lòt tradiksyon ki tradui fraz sa a konsa: “Lanmò pap ka fè yo anyen ankò”, epi, “lanmò pap gen okenn pouvwa sou yo ankò”. Lè moun Bondye chwazi ki rete fidèl yo fini lavi yo sou tè a, yo resisite pou y al viv nan syèl la e yo resevwa imòtalite, sa vle di yon lavi san fen ki pa ka detwi (1 Kor. 15:53, 54). Lanmò pa gen okenn pouvwa ankò sou moun ki resisite pou lavi nan syèl la *.

Selon sa n sot wè la a, ki sa n ka di? Li posib pou pawòl Jezi te di konsènan maryaj ak rezirèksyon an gen rapò ak rezirèksyon pou lavi nan syèl la. Si se konsa, pawòl li yo ka aprann nou anpil bagay konsènan moun ki pral viv nan syèl la: Yo pap ka marye, yo pap ka mouri e nan kèk aspè, y ap vin tankou zanj yo, anpalan de kreyati espirityèl k ap viv nan syèl la. Sepandan, yon konklizyon konsa soulve anpil kesyon.

Premyèman, ki sa k ta ka pouse Jezi pale de rezirèksyon pou lavi nan syèl la lè l t ap reponn Sadiseyen yo ki, petèt, te gen rezirèksyon ki pral fèt sou tè a nan lespri yo? Jezi pa t toujou reponn opozan l yo ann amoni ak sa yo t ap panse. Pa egzanp, men sa l te di Juif ki te mande l yon siy yo: “Kraze tanp sa a, e nan twa jou m ap mete l kanpe.” Sandout, Jezi te konnen yo t ap panse ak konstriksyon tanp lan, “men, lè l t ap pale de tanp lan, se de kò l li t ap pale”. (Jan 2:18-21.) Petèt Jezi te wè l pa nesesè pou l reponn Sadiseyen sa yo ki pa t sensè, ki pa t kwè nan rezirèksyon an e ki pa t kwè zanj yo egziste (Pwo. 23:9; Mat. 7:6; Tra. 23:8). Olye de sa, petèt, li te vle fè disip li yo ki te sensè konnen kèk verite konsènan rezirèksyon pou lavi nan syèl la piske, yon jou, disip sa yo t ap gen pou yo benefisye yon rezirèksyon konsa.

Dezyèmman, ki sa k ta ka pouse Jezi site Abraram, Izarak ak Jakòb, yon seri moun k ap resisite pou yo viv sou tè a, pou l te met yon fen nan konvèsasyon an? (Li Matye 22:31, 32.) N ap remake, anvan Jezi te pale konsènan patriyach sa yo, li te di: “Anrapò ak rezirèksyon mò yo.” Fraz sa a, ki se yon fraz tranzisyon, te ka pèmèt Jezi vin ak yon lòt ide. Apre sa, toutpandan Jezi t ap fè referans ak pawòl Moyiz te ekri yo, yon seri pawòl Sadiseyen yo te fè konnen yo dakò ak yo, Jezi te sèvi ak pawòl Jewova te di Moyiz devan ti touf bwa ki t ap boule a pou l te ba yo plis prèv ki montre rezirèksyon an, sa k pral fèt sou tè a, fè pati objektif Bondye, e l ap reyalize kanmenm. — Egz. 3:1-6.

Twazyèmman, si pawòl Jezi te di konsènan rezirèksyon ak maryaj la gen rapò ak rezirèksyon pou lavi nan syèl la, èske sa vle di moun ki pral retounen viv grasa rezirèksyon ki pral fèt sou tè a ap ka marye? Pawòl Bondye a pa bay yon repons dirèk pou kesyon sa a. Anfèt, si se vre Jezi t ap pale konsènan rezirèksyon pou lavi nan syèl la, pawòl li yo pa bay okenn prèv ki montre si wi ou non moun ki pral resisite sou tè a ap ka marye nan monn nouvo a.

Annatandan, nou konnen Pawòl Bondye a fè konnen se lanmò ki mete fen nan lyen ki ini de moun marye. Kidonk, yon mari oswa yon madanm ki pèdi moun li marye avè l la pa dwe santi l koupab si l deside remarye. Se yon desizyon pèsonèl, e yo pa dwe kritike yon moun konsa poutèt l al chèche jwenn afeksyon bò kot yon moun ki marye avè l. — Wom. 7:2, 3; 1 Kor. 7:39.

Nòmalman, nou kapab gen anpil kesyon konsènan fason moun pral viv nan monn nouvo a. Olye pou n ap plede chèche bay yon repons pou kesyon sa yo, pito n annik ret tann pou n wè. Sepandan, nou ka sèten de sa: Moun ki obeyisan yo pral kontan paske Jewova pral satisfè dezi yo e l ap fè yo jwenn tout sa yo bezwen nan pi bon fason an. — Sòm 145:16.

^ § 4 Gade Toudegad 1ye jen 1987, paj 30-31, fransè.

^ § 5 Nan tan biblik yo, maryaj leviratik la se te yon koutim kote yon gason, ki gen frè l ki mouri san l pa gen pitit, te ka marye ak madanm frè l la ki vèv yon fason pou l te ka pèmèt gen yon desandans ki pou kontinye liy fanmi frè l la. — Jen. 38:8; Det. 25:5, 6.

^ § 9 Moun ki pral rejwenn lavi pa mwayen rezirèksyon ki pral fèt sou tè a ap gen espwa pou yo jwenn lavi etènèl, yo pap gen imòtalite. Pou n jwenn plis detay konsènan diferans ki genyen ant imòtalite ak lavi etènèl, gade Toudegad 1ye jiyè 1984, paj 30-31, fransè.