Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w jwenn “manje nan bon moman”?

Èske w jwenn “manje nan bon moman”?

N AP viv nan epòk ki pi difisil nan tout listwa limanite (2 Tim. 3:1-5). Lanmou nou gen pou Jewova a ansanm ak detèminasyon nou pran pou n viv ann amoni ak prensip li yo ki jis ap pase anba eprèv chak jou. Jezi te gentan pale de epòk difisil sa a, e l te bay asirans disip li yo t ap jwenn ankourajman yo bezwen pou yo andire jiska lafen (Mat. 24:3, 13; 28:20). Pou disip yo te ka jwenn fòs nan domèn espirityèl, Jezi te nome yon esklav fidèl pou ba yo “manje nan bon moman”. — Mat. 24:45, 46.

Depi lè Jezi te fin nome esklav fidèl la an 1919, gen plizyè milyon “domestik” ki pale tout lang k ap antre nan òganizasyon Bondye a e k ap resevwa manje nan domèn espirityèl (Mat. 24:14; Rev. 22:17). Sepandan, nou pa jwenn menm kantite manje espirityèl ki disponib nan tout lang, e se pa tout moun ki gen aksè ak piblikasyon ki parèt sou fòm elektwonik yo. Pa egzanp, gen anpil moun ki pa gen aksè ak videyo ansanm ak atik ki parèt sèlman sou sit jw.org la. Èske sa vle di gen kèk moun ki pa jwenn kantite manje yo bezwen pou yo rete an sante nan domèn espirityèl? Pou n reponn kesyon sa a, ann konsidere repons kat kesyon enpòtan.

 1. Ki bagay ki pi enpòtan nan manje Jewova ap bay nan domèn espirityèl la?

Lè Satan te mande Jezi pou l fè wòch yo tounen pen an, Jezi te reponn: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Mat. 4:3, 4). Nou jwenn pawòl Jewova yo nan Bib la (2 Pyè 1:20, 21). Kidonk, se Bib la ki pi enpòtan nan manje n ap resevwa nan domèn espirityèl la. — 2 Tim. 3:16, 17.

Òganizasyon Jewova a met Tradiksyon monn nouvo a disponib, swa ann antye oswa an pati, nan plis pase 120 lang, e gen plis lang toujou k ap ajoute chak ane. Anplis de sa, gen plizyè milya lòt tradiksyon Labib ki disponib swa ann antye oswa an pati nan plizyè milye lang. Bèl rezilta sa a mache ann amoni ak volonte Jewova ki se pou “tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:3, 4.) Epitou, piske “pa gen anyen nan kreyasyon an ki kache devan je [Jewova]”, nou kapab gen asirans Jewova ap rale moun ki “rann yo kont yo bezwen” l yo pou yo vin nan òganizasyon l lan e l ap fè yo jwenn manje yo bezwen nan domèn espirityèl. — Ebre 4:13; Mat. 5:3, 6; Jan 6:44; 10:14.

2. Ki wòl piblikasyon nou yo jwe nan kesyon bay manje espirityèl la?

Pou lafwa yon moun vin solid, li bezwen fè plis pase li Bib la. Li dwe konprann sa l ap li a epi l bezwen aplike sa l aprann yo (Jak 1:22-25). Nan premye syèk la, gen yon enik Etyopyen ki te konprann sa. Pandan l t ap gade nan Pawòl Bondye a, Filip ki te konn evanjelize a te mande l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” Enik Etyopyen an te reponn: “Ki jan m ka fè byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?” (Tra. 8:26-31). Filip te ede enik la vin gen yon konesans egzak sou Pawòl Bondye a. Sa enik la te aprann nan te tèlman touche l, sa te pouse l batize (Tra. 8:32-38). Menm jan an tou, piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la ede n vin gen yon konesans egzak sou laverite. Yo touche santiman nou e yo pouse n aplike sa n aprann yo. — Kol. 1:9, 10.

Pa mwayen piblikasyon yo, sèvitè Jewova yo jwenn yon pakèt bagay nan domèn espirityèl pou yo manje e pou yo bwè (Iza. 65:13). Pa egzanp, Toudegad la, ki disponib nan plis pase 210 lang, fè n jwenn esplikasyon sou pwofesi biblik yo, li fè n konprann verite espirityèl ki pwofon yo pi byen, epi l motive nou pou n viv ann amoni ak prensip biblik yo. Peryodik Réveillez-vous! a ki disponib nan anviwon 100 lang, fè n vin gen plis konesans sou bagay Jewova kreye yo e l montre n kòman pou n aplike konsèy pratik Bib la bay yo (Pwo. 3:21-23; Wom. 1:20). Esklav fidèl la ap distribye piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 680 lang! Èske w rezève tan chak jou pou w li Bib la? Èske w li chak nouvo peryodik ak tout nouvo piblikasyon ki parèt chak ane nan lang pa w yo?

Anplis piblikasyon òganizasyon Jewova a fè yo, li prepare diskou ki baze sou Bib la nou konn tande nan reyinyon, asanble ak kongrè. Èske w byen pwofite diskou, dram, demonstrasyon, ak entèvyou yo prezante nan reyinyon sa yo? Vrèmanvre, Jewova mete n nan yon festen espirityèl! — Iza. 25:6.

 3. Si yo pa pibliye tout piblikasyon yo nan lang ou pale a, èske sa vle di ou pap jwenn ase manje nan domèn espirityèl?

Repons lan se non. E nou pa dwe sezi pou n konnen pafwa gen kèk adoratè Jewova ki te konn jwenn plis manje nan domèn espirityèl pase lòt. Sa k fè sa? Ann pran egzanp apot yo. Yo te jwenn plis enstriksyon pase anpil lòt disip ki t ap viv nan premye syèk la (Mak 4:10; 9:35-37). Malgre sa, lòt disip sa yo te toujou jwenn ase manje nan domèn espirityèl. — Efe. 4:20-24; 1 Pyè 1:8.

Li enteresan pou n note, gen anpil nan sa Jezi te di ak sa l te fè yo ki pa ekri nan Evanjil yo. Men sa apot Jan te ekri: “Anfèt, gen anpil lòt bagay ankò Jezi te fè. Si yo ta ekri yo tout an detay, mwen panse lemonnantye pa t ap kapab kenbe woulo yo t ap ekri yo.” (Jan 21:25). Menm lè disip Jezi ki t ap viv nan premye syèk la te gen plis enfòmasyon pase n sou Jezi, ki te yon moun pafè, nou pa manke manje. Jewova asire l nou jwenn ase enfòmasyon sou Jezi yon fason pou n ka suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.

Reflechi tou ak lèt apot yo te voye bay kongregasyon yo nan premye syèk la. Gen omwen yon lèt Pòl te ekri ki pa nan Bib la (Kol. 4:16). Lefètke n pa gen aksè ak lèt sa a, èske sa vle di nou pa jwenn ase manje nan domèn espirityèl? Non. Jewova konnen sa nou bezwen e li ban nou kantite manje nou bezwen pou n ka ret djanm nan domèn espirityèl. — Mat. 6:8.

Jewova konnen sa n bezwen e li ban nou kantite manje nou bezwen pou n ka ret djanm nan domèn espirityèl.

Nan epòk nou an, gen kèk gwoup sèvitè Jewova ki jwenn plis manje nan domèn espirityèl pase lòt. Èske w pale yon lang kote se kèk piblikasyon sèlman ki parèt nan lang sa a? Si se sa, ou mèt konnen Jewova gen sousi pou ou. Etidye piblikasyon w genyen yo, e si sa posib, asiste reyinyon yo fè nan yon lang ou konprann. Epitou, ou mèt asire w Jewova ap ede w rete djanm nan domèn espirityèl. — Sòm 1:2; Ebre 10:24, 25.

4. Si w pa gen aksè ak piblikasyon ki parèt sou sit jw.org la, èske w ap vin fèb nan domèn espirityèl?

Sou sit wèb nou an, nou pibliye peryodik ak lòt piblikasyon ki baze sou Bib la. Mete sou sa, sou sit wèb la, n ap jwenn piblikasyon ki kapab ede moun marye yo, adolesan yo ak timoun yo. Fanmi yo jwenn byenfè lè yo egzamine piblikasyon sa yo nan adorasyon an fanmi an. Anplis de sa, sou sit wèb nou an yo rapòte yon seri evènman espesyal, tankou remiz diplòm Lekòl Gileyad ak reyinyon ànyèl, e yo bay frè nou yo ki sou tè a enfòmasyon sou katastwòf natirèl ki fèt yo ansanm ak desizyon jiridik yo pran ki gen efè sou pèp Jewova a (1 Pyè 5:8, 9). Sit wèb nou an se yon zouti pisan pou travay predikasyon an tou, paske l ede n gaye bon nouvèl la menm nan peyi kote yo entèdi travay n ap fè a.

Sepandan, kit ou gen aksè ak sit wèb nou an kit ou pa gen aksè avè l, ou kapab rete djanm nan domèn espirityèl. Esklav la travay di pou l distribye piblikasyon enprime yon fason pou chak domestik kapab kontinye byen manje nan domèn espirityèl. Kidonk, ou pa oblije achte yon aparèy elektwonik pou w ka konekte sou sit jw.org la. Gen kèk moun ki gendwa chwazi pran dispozisyon pou yo enprime yon kantite piblikasyon sou sit wèb nou an yon fason pou yo ka bay moun ki pa gen aksè ak Entènèt yo, men, se pa yon egzijans sa ye pou kongregasyon an.

Nou kontan lefètke Jezi kenbe pwomès li te fè pou l pran swen nou nan domèn espirityèl la. Toutpandan dènye jou difisil sa yo ap pwoche pi pre pou yo rive nan bout yo, nou kapab gen konfyans Jewova ap kontinye ban nou manje nan domèn espirityèl nan “bon moman”.