Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Koute vwa Jewova kèlkeswa kote w ye

Koute vwa Jewova kèlkeswa kote w ye

“Zòrèy ou ap tande yon pawòl pa dèyè w k ap di: ‘Men chemen an.’” — IZA. 30:21, NW.

1, 2. Ki fason Jewova kominike ak sèvitè l yo?

PANDAN tout istwa biblik yo, gen anpil moun ki te jwenn direksyon nan men Jewova plizyè fason. Bondye te sèvi ak zanj, vizyon oswa rèv pou l pale ak kèk nan yo, e konsa, li te fè yo konnen sa k pral rive alavni. Jewova te konn ba yo misyon pou yo fè yon travay byen presi tou (Nonb 7:89; Eze. 1:1; Dàn. 2:19). Gen lòt menm ki te resevwa direksyon pa mwayen reprezantan Jewova yo k ap sèvi nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a. Kèlkeswa fason pèp Jewova a te resevwa pawòl Jewova a, moun ki te suiv enstriksyon l yo te jwenn benediksyon.

2 Jodi a, Jewova sèvi ak Bib la, lespri sen l ak kongregasyon an pou l bay pèp li a direksyon (Tra. 9:31; 15:28; 2 Tim. 3:16, 17). Direksyon Jewova ap ban nou an tèlman klè, se kòmsi ‘zòrèy nou t ap tande yon pawòl pa dèyè nou k ap di n: “Men chemen an. Mache ladan l.”’ (Iza. 30:21, NW). Anfèt, toutpandan Jezi ap dirije kongregasyon an pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”, li fè n tande vwa Jewova tou (Mat. 24:45). Nou dwe pran direksyon l ap bay la trèzoserye paske lavi etènèl nou depann de obeyisans nou. — Ebre 5:9.

3. Ki sa k ka gen efè sou fason n ap reyaji devan direksyon Jewova yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Satan Ledyab detèmine pou l anpeche n suiv direksyon Jewova ap bay k ap sove lavi nou an. Mete sou sa, lefètke ‘kè nou  trèt’, li ka gen efè sou fason n ap reyaji devan direksyon Jewova ap bay yo (Jer. 17:9NW). Kidonk, ann wè ki jan n ka venk kèk obstak ki ka fè l difisil pou n koute vwa Bondye. Anplis de sa, ann fè yon ti pale sou fason yon bon kominikasyon ak Jewova ap fè n kenbe yon bon relasyon avè l nan kèlkeswa sitiyasyon nou ye a.

LITE KONT TAKTIK SATAN YO

4. Ki fason Satan eseye enfliyanse panse moun yo?

4 Satan ap sèvi ak fo enfòmasyon ansanm ak twonpri pou l eseye enfliyanse panse moun yo. (Li 1 Jan 5:19.) Nonsèlman monn nan, sa ki gen ladan l pati ki pi lwen sou tè a, chaje ak piblikasyon ki enprime, men l chaje ak emisyon sou radyo, televizyon ak Entènèt tou. Byenke emisyon sa yo ka gen kèk sijè enteresan ladan yo, byen souvan, y ap defann yon seri konduit ak prensip ki pa ann amoni ak prensip Jewova yo (Jer. 2:13). Pa egzanp, kit se nan nouvèl oswa nan kesyon divètisman, yo pale de maryaj ant de moun ki gen menm sèks kòmsi se yon bon bagay, e gen anpil moun ki panse sa Bib la di sou zafè omoseksyèl la twò egzajere. — 1 Kor. 6:9, 10.

5. Ki sa n ka fè pou n pa kite pwopagann Satan yo pote n ale?

5 Ki sa moun ki renmen prensip Bondye yo ki jis kapab fè pou yo pa kite pwopagann Satan ap fè jodi a, ki tankou gwo dlo, pote yo ale? Ki jan yo ka rive distenge sa ki bon ak sa ki mal? Y ap ka fè sa lè yo “veye pou [yo] aji dapre pawòl [Bondye a]”. (Sòm 119:9, NW.) Pawòl Bondye te fè ekri a gen bonjan konsèy ki ede n distenge bon enfòmasyon yo ak enfòmasyon k ap twonpe moun yo (Pwo. 23:23). Jezi te sèvi ak yon vèsè nan Ekriti yo pou l fè konnen: “Lòm [...] dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Mat. 4:4). Nou dwe aprann konn ki jan pou n aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou. Pa egzanp, byen lontan anvan Moyiz te ekri lwa Jewova te bay konsènan adiltè a, Jozèf, yon jèn gason, te gentan konprann lè yon moun fè adiltè se yon peche l fè kont Bondye. Li pa t menm panse pou l ta dezobeyi Jewova lè madan Potifa t ap eseye fòse l fè sa ki mal. (Li Jenèz 39:7-9.) Malgre madan Potifa te fè anpil presyon sou Jozèf pandan yon bon bout tan, Jozèf pa t janm kite vwa madanm nan anpeche l koute vwa Bondye. Pou n ka rive distenge sa ki bon ak sa ki mal, li enpòtan anpil pou n koute vwa Jewova, epi, pou n kouri pou pwopagann Satan yo ki pa sispann ogmante.

6, 7. Ki sa n dwe fè pou n pa koute move konsèy Satan yo?

6 Monn nan tèlman chaje ak ansèyman ansanm ak doktrin relijye ki depaman youn ak lòt, sa fè anpil moun panse zafè chèche vrè relijyon an se tan pèdi. Sepandan, Jewova fè direksyon l ap bay la parèt byen klè pou moun ki vle pwofite l. Se nou ki pou deside kiyès n ap koute. Etandone l pratikman enposib pou n koute de vwa anmenmtan, nou bezwen “konn vwa” Jezi  epi n dwe koute vwa l. Se li menm Jewova met alatèt twoupo L la. — Li Jan 10:3-5.

7 Jezi te di: “Koute sa n ap tande la a byen.” (Mak 4:24). Konsèy Jewova ap bay la se yon konsèy ki klè e ki jis, sepandan, nou dwe byen koute konsèy sa a lè n prepare kè n pou n resevwa l. Si n pa fè atansyon, nou kapab koute move konsèy Satan yo olye n koute bon konsèy Bondye yo. Nou pa dwe janm kite mizik monn nan, videyo, emisyon televizyon, liv, zanmi, pwofesè oswa swadizan espè yo kontwole lavi nou. — Kol. 2:8.

8. a) Ki jan kè n ka fè l fasil pou n tonbe anba taktik Satan yo? b) Ki sa k ka rive si n fèmen je n sou siy k ap ban nou avètisman yo?

8 Satan konnen nou fèt ak tandans peche lakay nou, e l ap eseye enfliyanse n pou n satisfè tandans sa yo. Lè Satan atake nou fason sa a, li vin vrèman difisil pou n kenbe entegrite nou (Jan 8:44-47). Ki jan n ka rive ranpòte laviktwa nan lit sa a? Ann konsidere ka yon moun ki te tèlman ret konsantre sou plezi pou yon ti tan, opwen l te rive fè yon move bagay li te panse l pa t ap janm fè (Wom. 7:15). Ki sa k te fè l tonbe nan sitiyasyon tris sa a? Petèt, tikras pa tikras, li te kòmanse vin ensansib ak vwa Jewova. Petèt tou li pa t remake siy ki t ap ba l avètisman konsènan sa k ap pase nan kè l la oswa l te chwazi fèmen je l sou yo. Pa egzanp, li gendwa te sispann priye, li gendwa te vin ralanti nan ministè a oswa l te kòmanse rate kèk reyinyon. Finalman, li te kite dezi l genyen yo anvayi l epi l te fè sa l konnen ki mal la. Si n toujou ap veye nenpòt ti siy avètisman epi n aji san pèdi tan pou n korije bagay yo, n ap ka evite yon erè grav konsa. Epitou, si n koute vwa Jewova, nou pap kite okenn ide aposta vin nan lespri nou. — Pwo. 11:9.

9. Ki sa k fè l enpòtan anpil pou n detekte tandans peche nou gen lakay nou yo byen rapid?

9 Lè yon moun dekouvri yon maladi atan, sa ka sove lavi l. Menm jan an tou, nou kapab evite yon dezas si n idantifye tandans ki ka fè n tonbe nan tantasyon yo byen rapid. Yonfwa nou fin dekouvri tandans sa yo, n ap montre n saj lè n aji san pèdi tan, sa vle di anvan Satan ‘pran nou tou vivan pou l fè n fè volonte l’. (2 Tim. 2:26.) Ki sa n dwe fè si n ta remake nou kite panse nou ak anvi nou fè n ale lwen sa Jewova mande n fè yo? San pèdi tan, avèk imilite, nou dwe retounen vin jwenn Jewova, nou dwe ouvè zòrèy nou pou n tande konsèy li yo epi n dwe koute l ak tout kè n (Iza. 44:22). Nou bezwen rann nou kont lè n pran yon move desizyon, sa ka tèlman blese nou opwen nou oblije sibi move konsekans yo nan sistèm sa a. Li pi  bon lontan pou n evite twonpe tèt nou lè n aji san pèdi tan pou n evite fè yon erè grav!

Lè w gen bon abitid nan domèn espirityèl, ki jan sa ka pwoteje w kont taktik Satan yo? (Gade paragraf 4-9.)

LITE KONT ÒGÈY AK ANBISYON

10, 11. a) Ki jan yon moun ki gen ògèy konsidere tèt li? b) Ki leson nou aprann nan move aksyon Kora, Datan ak Abiram te fè a?

10 Nou bezwen rann nou kont kè n ka twonpe n. Se pa ti presyon tandans peche nou gen lakay nou yo ap fè sou nou! Pa egzanp, ann konsidere ògèy ak anbisyon. Ann wè kòman defo sa yo ka anpeche n koute vwa Jewova ak fason yo ka pouse n fè yon bagay ki mal. Yon moun ki gen ògèy se yon moun ki pran tèt li pou yon pakèt afè. Li gendwa panse l gen dwa pou l fè sa l vle epi pa gen moun ki ka di l sa l dwe fè. Konsa, li bay tèt li plis enpòtans pase direksyon ak konsèy kwayan parèy li yo, ansyen yo oswa menm òganizasyon Bondye a ap ba l yo. Pou yon moun konsa, vwa Jewova fèb anpil!

11 Nan epòk kote nasyon Izrayèl la t ap mache nan dezè a, Kora, Datan ak Abiram te rebele kont otorite Moyiz ak Arawon. Ògèy te fè rebèl sa yo pran dispozisyon pou yo adore Jewova fason pa yo. Ki fason Jewova te reyaji? Li te touye rebèl sa yo (Nonb 26:8-10). Ala yon kokennchenn leson istwa sa a aprann nou! Tout rebelyon kont Jewova ap mennen nan dezas. Nou bezwen sonje tou “moun ki gen ògèy ap tonbe kanmenm”. — Pwo. 16:18, NW; Iza. 13:11.

12, 13. a) Bay yon egzanp ki montre kòman anbisyon ka mennen nan dezas. b) Esplike kòman anbisyon ka grandi byen rapid lakay yon moun si moun nan pa retire l.

12 Ann fè yon ti pale konsènan anbisyon tou. Byen souvan, yon moun ki gen anbisyon se yon moun ki aji jan l vle e ki pa ret nan limit li. Apre Naamàn, chèf lame peyi Siri a, te fin geri anba maladi lèp li a, li te ofri pwofèt Elicha kado, men, Elicha te refize yo. Sepandan, Geyazi, sèvitè Elicha a, te anvi gen kado sa yo. Men sa Geyazi te di tèt li: “Mwen pran Senyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè [Naamàn] pou m pran kichòy nan men l.” San Elicha pa konnen, li te kouri dèyè Naamàn epi l te bay manti pou l te mande l “twasan pyès ajan ak de rad nèf”. Ki sa k te rive lefètke Geyazi te fè aksyon sa a epi l te bay pwofèt Jewova a manti? Ebyen, lèp Naamàn nan te tonbe sou Geyazi ki te gen anbisyon! — 2 Wa 5:20-27.

13 Anbisyon ka kòmanse toupiti kay yon moun, men, si moun nan pa retire l, li kapab grandi byen vit opwen l vin anvayi moun nan nèt. Istwa Bib la rakonte konsènan Akàn nan montre jis nan ki pwen anbisyon se yon bagay ki fò anpil. Remake jan anbisyon Akàn te genyen an te grandi byen rapid. Akàn te di: “Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo.” Olye pou Akàn te rejte move dezi l te genyen an, li te kite anbisyon fè l vòlè sa l te wè yo epi l t al kache yo nan tant li. Lè tout moun te vin konn move aksyon Akàn te fè a, Jozye te fè l konnen Jewova t apral lage malè sou li. Nan menm jou sa a, yo te kalonnen Akàn ak tout fanmi l ak kout wòch jiskaske yo mouri (Joz. 7:11, 21, 24, 25). Anbisyon toujou reprezante yon danje pou nou e li kapab kontwole nou. Se sa k fè n dwe “evite tout kalite tanta”. (Lik 12:15.) Byenke, pafwa, nou ka gen yon move panse oswa n kapab ap imajine yon bagay ki imoral, li enpòtan anpil pou n gen kontwòl panse nou epi pou n pa kite dezi nou yo vin tèlman fò opwen pou n ta fè yon peche. — Li Jak 1:14, 15.

14. Ki sa n ta dwe fè si n ta remake n gen tandans pou n gen ògèy ak anbisyon?

14 Ni ògèy ni anbisyon ka mennen nan dezas. Lè n reflechi sou rezilta yon move  konduit ap pote, sa ap ede n pou n pa kite vye tandans sa yo anpeche n koute vwa Jewova (Det. 32:29). Nan Bib la, vrè Dye a pa sèlman di n ki sa bon chemen an ye, men, li esplike n byenfè n ap jwenn lè n mache ladan l ansanm ak konsekans sa ap pote lè n suiv move chemen an. Si kè n ta pouse n anvi fè yon bagay akoz ògèy oswa anbisyon, se pa ti saj nou t ap montre n saj si n ta reflechi ak konsekans yo! Nou ta dwe panse tou ak efè move aksyon an t ap genyen sou nou, sou moun nou renmen yo, e sitou, ak efè l t ap genyen sou relasyon nou gen ak Jewova a.

KENBE BONJAN KOMINIKASYON AK JEWOVA

15. Ki sa egzanp Jezi ka aprann nou konsènan kominikasyon?

15 Jewova vle sa k pi bon an pou nou (Sòm 1:1-3). Li ban nou bonjan direksyon egzakteman nan moman nou bezwen yo a. (Li Ebre 4:16.) Aktout Jezi te pafè, li te depann de yon kominikasyon regilye ak Jewova, epi l te konn priye Jewova toutan. Jewova te ede Jezi, epi l te ba l direksyon plizyè fason ki estrawòdinè. Li te voye zanj vin soutni Jezi, li te bay Jezi lespri sen pou ede l, epi l te gide Jezi lè Jezi t ap chwazi 12 apot yo. Depi nan syèl la, Jewova te pale pou l fè konnen l ap ede Jezi e pou l fè konnen li apwouve Jezi (Mat. 3:17; 17:5; Mak 1:12, 13; Lik 6:12, 13; Jan 12:28). Menm jan ak Jezi, nou bezwen vide kè n bay Bondye nan lapriyè (Sòm 62:7, 8; Ebre 5:7). Grasa lapriyè, nou menm tou nou ka gen bonjan kominikasyon ak Jewova, epi n ka rive viv yon fason k ap fè Jewova jwenn louwanj.

16. Ki jan Jewova ka ede n vin gen kapasite pou n koute vwa l?

16 Byenke Jewova fè n jwenn konsèy li yo gratis, li pa fòse pèsonn suiv yo. Nou bezwen mande l lespri sen l, e l ap kontan ban nou l. (Li Lik 11:10-13.) Sepandan, li enpòtan pou n “fè atansyon ak fason n ap koute”. (Lik 8:18.) Pa egzanp, nou t ap montre n ipokrit pou n ta ap mande Jewova ede n goumen ak tandans nou genyen pou n fè imoralite toutpandan nou kontinye ap gade pònografi oswa nou kontinye ap gade fim ki imoral. Nou bezwen ale kote lespri Jewova ye oswa n bezwen met tèt nou nan sitiyasyon kote lespri Jewova ye. Nou konnen lespri sen Bondye la nan reyinyon kongregasyon an. Gen anpil sèvitè Jewova ki te evite yon malè paske yo te koute Jewova nan reyinyon nou yo. Kòm rezilta, yo te vin yo rann yo kont yo gen move dezi k ap grandi nan kè yo epi yo te korije konduit yo. — Sòm 73:12-17; 143:10.

KONTINYE KOUTE VWA JEWOVA

17. Ki sa k fè se yon danje sa ye pou n konte sou pwòp tèt nou?

17 Ann fè yon ti pale de David, yon wa ann Izrayèl tan lontan an. Lè l te jèn gason, li te ranpòte laviktwa sou jeyan filisten ki rele Golyat la. David te vin tounen yon sòlda, yon wa, yon pwotektè ak yon moun ki te konn pran desizyon pou yon nasyon. Sepandan, lè l te konte sou pwòp tèt li, kè l te twonpe l, li te fè yon peche grav ak Batcheba, e l te menm fè aranjman pou Ouriya, mari Batcheba a, mouri. Lè David te jwenn disiplin, avèk imilite, li te rekonèt erè l te fè yo e l te retounen gen bon relasyon ak Jewova. — Sòm 51:4, 6, 10, 11.

18. Ki sa k ka ede n kontinye koute vwa Jewova?

18 Annou koute avètisman nou jwenn nan 1 Korentyen 10:12 la epi ann pa janm twò kwè nan tèt nou. Etandone nou pa ka “dirije pa” nou poukont nou, finalman, se swa n ap koute vwa Jewova oswa n ap koute vwa Advèsè Jewova a (Jer. 10:23NW). Kidonk, ann kontinye priye toutan, ann kontinye kite lespri sen Jewova dirije nou epi ann toujou byen koute vwa Jewova!