Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Retounen epi bay frè w yo fòs’

‘Retounen epi bay frè w yo fòs’

PYÈ te gen anpil lapenn apre l te fin nye Jezi a. Byenke apot la t apral goumen pou l rejwenn ekilib li nan domèn espirityèl, Jezi te vle sèvi avè l pou l ede lòt moun. Se sa k fè, Jezi te di l: “Yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs.” (Lik 22:32, 54-62). Pyè te vin tounen youn nan pilye kongregasyon kretyen premye syèk la (Gal. 2:9). Menm jan an tou, yon gason ki t ap sèvi kòm ansyen kapab vle jwenn responsablite sa a ankò, epi l ka chèche jwenn lajwa nan bay kwayan parèy li yo fòs nan domèn espirityèl.

Gen kèk moun ki t ap sèvi kòm siveyan yon lè ki te vin diskalifye, e yo ka konsidere sa kòm yon echèk. Men sa Julio *, yon frè ki t ap sèvi kòm ansyen nan yon peyi ann Amerik disid pandan plis pase 20 an, fè konnen: “Prepare diskou, vizite frè yo epi pran swen moun nan kongregasyon an te okipe yon gwo plas nan lavi m! Bridsoukou, mwen te pèdi tout bagay sa yo, e sa kite yon gwo vid nan lavi m. Anfèt, se te yon peryòd ki te vrèman difisil pou mwen.” Kounye a, Julio retounen ap sèvi kòm ansyen.

‘KONSIDERE SA KÒM YON JWA TOTAL’

Men sa disip Jak te ekri: “Frè m yo, konsidere se yon jwa total lè nou rankontre divès kalite eprèv.” (Jak 1:2). Jak t ap pale konsènan kèk eprèv nou jwenn akoz pèsekisyon oswa pwòp enpèfeksyon nou. Li te site dezi lachè, fè paspouki, elatriye (Jak 1:14; 2:1; 4:1, 2, 11). Lè Jewova disipline nou, sa ka ban nou anpil lapenn (Ebre 12:11). Men, eprèv sa yo pa dwe fè n pèdi jwa nou.

Menmsi n te diskalifye kòm moun ki gen responsablite nan kongregasyon an, nou toujou gen opòtinite pou n egzamine kalite lafwa nou epi pou n demontre lanmou pou Jewova. Nou kapab reflechi tou sou rezon ki fè n t ap sèvi a. Èske se pou pwòp enterè nou? Oswa, èske n te chèche jwenn  yon privilèj konsa paske n renmen Bondye epi n gen konviksyon kongregasyon an se pou li e l merite pou n byen pran swen l (Tra. 20:28-30)? Frè ki t ap sèvi kòm ansyen e ki kontinye pran plezi pou yo bay Jewova yon sèvis sakre, montre tout moun, san wete Satan, yo renmen Jewova toutbon.

Lè yo te disipline wa David akoz peche grav li te fè yo, li te aksepte disiplin nan, e Jewova te padone l. Men sa David te di nan yon chante: “Byennere moun yo padone rebelyon l, moun yo kouvri peche l. Byennere moun Jewova pa mete erè li sou yon kont, moun ki pa gen twonpri nan lespri l.” (Sòm 32:1, 2, NW). Disiplin nan te rafine David, e se sèten, sa te fè l vin yon pi bon bèje pou pèp Bondye a.

Byen souvan, frè ki retounen sèvi kòm ansyen yo vin pi byen kalifye antanke bèje pase jan yo te ye anvan. Gen youn nan ansyen sa yo ki te di: “Kounye a, mwen pi byen konprann kòman pou m pran swen moun ki fè erè yo.” Gen yon lòt ansyen ki di: “Kounye a, mwen bay privilèj mwen genyen pou m sèvi frè yo yon kokennchenn enpòtans.”

ÈSKE W KA RETOUNEN?

Gen yon salmis ki te di: ‘Jewova pap kontinye chèche defo nou toutan.’ (Sòm 103:9, NW). Kidonk, nou pa dwe panse Bondye pap janm retounen gen konfyans nan yon moun ki te fè yon gwo erè. Men sa Ricardo, yon frè ki te pèdi privilèj li apre l te fin pase plizyè ane ap sèvi kòm ansyen, te di: “Mwen te vrèman desi akoz erè m te fè a. Pandan anpil tan, lefètke m te santi m pa kalifye, sa te anpeche m retounen sèvi frè yo antanke siveyan. Mwen te pèdi konfyans nan tèt mwen e m pa t panse yo t ap fè m konfyans ankò. Men, depi lè sa a, mwen te pran plezi ede lòt moun, mwen te ka kondui plizyè etid biblik, ankouraje frè yo nan Sal Wayòm nan, epi travay avè yo nan predikasyon. Sa te ede m retounen gen konfyans nan tèt mwen, e kounye a, m ap sèvi kòm ansyen ankò.”

Jewova ap ede frè yo rejwenn jwa ak anvi yo genyen pou yo retounen sèvi antanke bèje.

Lè yon frè gen abitid kenbe rankin nan kè l, sa ka anpeche l sèvi kòm ansyen. Se pa ti bon sa t ap bon pou n ta montre nou menm jan ak David,  sèvitè Jewova a, ki te nan mawon paske wa Sayil te jalou sò l! David te refize tire revanj sou Sayil menm lè l te jwenn plizyè okazyon pou l fè sa (1 Sam. 24:4-7; 26:8-12). Lè Sayil te mouri nan yon batay, David te kriye anpil, e l te fè konnen “moun te renmen” Sayil ak Yonatàn, pitit gason Sayil la, anpil e “yo te gen afeksyon pou yo”. (2 Sam. 1:21-23, NW.) David pa t kenbe rankin nan kè l.

Si w panse w te viktim yon enjistis oswa w panse gen moun ki te mal konprann ou, pa kite rankin kontwole panse w. Pa egzanp, lè William te pèdi responsablite l te genyen antanke ansyen apre l te fin pase anviwon 30 an nan privilèj sa a nan peyi Grann Bretay, li te santi l gen anpil rankin kont kèk nan ansyen yo. Ki sa k te ede William rejwenn ekilib li? Men sa l fè konnen: “Lekti m te fè nan liv Jòb la te ankouraje m. Si Jewova te ede Jòb fè lapè ak twa konpayon Jòb yo, Li kapab ede m fè lapè ak ansyen yo pi plis toujou!” — Jòb 42:7-9.

BONDYE BENI MOUN KI RETOUNEN SÈVI KÒM BÈJE

Si w te chwazi kite responsablite w te genyen kòm bèje twoupo Bondye a, l ap bon pou w egzamine rezon ki fè w te pran desizyon sa a. Èske se akoz pwoblèm pèsonèl? Èske gen lòt bagay ki vin pi enpòtan nan lavi w? Èske enpèfeksyon lòt moun te fè w dekouraje? Kèlkeswa rezon an, ou bezwen sonje lè w ap sèvi kòm ansyen, w ap gen plis posiblite pou w ede lòt moun. Diskou w fè yo ap ba yo fòs, egzanp ou ap ankouraje yo, epi vizit pastoral ou fè yo ap ede yo andire anba eprèv. Antanke yon ansyen ki fidèl, travay w ap fè a fè kè Jewova kontan, e l fè kè w kontan tou. — Pwo. 27:11.

Demontre lanmou w gen pou Jewova a lè w patisipe nan sèvis sakre a ak tout kè w.

Jewova ap ede frè yo rejwenn jwa yo ak anvi yo genyen pou yo pran latèt nan kongregasyon an. Si w te sispann sèvi kòm ansyen oswa w te diskalifye, ou kapab “chèche vin siveyan” ankò (1 Tim. 3:1). Pòl “pa [t] sispann priye pou” kretyen nan kongregasyon Kolòs la te ka ranpli ak konesans egzak sou volonte Bondye pou yo te ka “mache yon fason ki diy devan Jewova, yon fason pou [yo] fè l plezi nèt”. (Kol. 1:9, 10.) Si w gen privilèj pou w retounen sèvi kòm ansyen, mande Jewova pou l ba w fòs, pasyans ak lajwa. Nan dènye jou sa yo, pèp Bondye a bezwen bèje ki gen lanmou pou ede yo nan domèn espirityèl. Èske w ka bay frè w yo fòs? Èske w dispoze fè sa?

^ § 3 Gen non moun yo chanje.