Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi ak Pawòl Bondye a: Li vivan!

Sèvi ak Pawòl Bondye a: Li vivan!

“Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” — EBRE 4:12.

1, 2. Ki misyon Jewova te bay Moyiz, e ki asirans Jewova te ba li?

ÈSKE W ka imajine ki jan w t ap santi w si w ta gen pou w parèt devan pi gwo dirijan ki gen sou tè a pou w pale an favè pèp Jewova a? Petèt ou t ap santi w enkyè, ou t ap santi w pa kalifye epi w t ap santi w manke asirans. Ki jan w t ap prepare prezantasyon w lan? Antanke reprezantan Bondye toupisan an, ki sa w t ap fè pou pawòl ou yo gen fòs?

2 Se egzakteman nan sitiyasyon sa a Moyiz te ye. Jewova te di Moyiz, yon moun ki te “gen plis imilite lontan pase tout moun ki te sou tout kò tè a”, l ap voye l kot Farawon pou l delivre pèp Bondye a, ki te nan esklavaj ann Ejip, anba men moun ki t ap toupizi yo (Nonb 12:3, NW). Jan evènman yo t apral montre sa, Farawon te montre l se yon moun ki awogan e ki pa t gen okenn respè pou Bondye (Egz. 5:1, 2). Sepandan, Jewova te vle pou Moyiz bay Farawon lòd pou l kite plizyè milyon esklav li yo kite peyi a! Se avèk rezon Moyiz te di Jewova: “Ki sa m ye pou m al kot Farawon e pou m fè pitit Izrayèl yo soti ann Ejip?” Moyiz dwe te santi l pa kalifye pou misyon sa a. Men, Bondye te ba l asirans li pa t ap poukont li. Men sa Jewova te di l: “M ap ansanm avè w.” — Egz. 3:9-12, NW.

3, 4. a) Ki sa Moyiz te pè? b) Ak ki sa w ka konpare difikilte Moyiz te jwenn yo?

3 Men, ki sa Moyiz te pè menm? Nòmalman, li te pè pou  Farawon pa t resevwa l oswa pou l pa t konsidere l kòm reprezantan Jewova Dye. Mete sou sa, Moyiz te pè pou pwòp pèp li a pa t panse se pa Jewova ki te ba l misyon pou l fè yo kite Ejip. Konsa, Moyiz te di Jewova: “Bon, e si yo pa kwè m e yo pa koute m? Se sèten y ap di: ‘Jewova pa t okenn pale avè w.’” — Egz. 3:15-18; 4:1, NW.

4 Repons Jewova te bay Moyiz la ansanm ak sa k te vin rive apre yo, ka aprann nou chak yon kokennchenn leson. Se vre w gendwa pap janm gen pou w parèt devan yon gwo ofisyèl nan yon gouvènman. Men, èske w pa konn twouve l difisil pou w pale de Bondye ansanm ak Wayòm li an menm ak moun ou abitye rankontre chak jou yo? Si se wi, ann wè ki sa n ka aprann nan egzanp Moyiz.

“KI SA W GEN NAN MEN W LA A?”

5. Ki sa Jewova te bay Moyiz, e ki jan sa te fè Moyiz pa pè ankò? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Lè Moyiz te fè Bondye konnen l te pè pou yo pa t pran sa l t apral di yo oserye, Bondye te prepare Moyiz pou l fè fas ak sa k t ap tann li. Men ki sa nou li nan istwa sa a nou jwenn nan liv Egzòd la: “Jewova di [Moyiz]: ‘Ki sa w gen nan men w la a?’ Li reponn: ‘Yon baton.’ Apre sa, Bondye di l: ‘Lage l atè.’ Li lage l atè, e baton an tounen yon sèpan. Lè Moyiz wè sa, li kouri pou li. Jewova di Moyiz: ‘Lonje men w, pran sèpan an nan ke.’ Li lonje men l, li pran sèpan an e li tounen yon baton nan men l. Apre sa, Jewova di l: ‘Konsa, y ap kwè Jewova [...] te pale avè w.’” (Egz. 4:2-5, NW). Vrèmanvre, Jewova te bay Moyiz yon bagay ki t apral pèmèt moun yo kwè se li menm ki te voye Moyiz bay mesaj la. Yon bagay ki te parèt tankou yon senp baton pou lòt moun te vin gen lavi grasa pisans Bondye! Se pa ti fòs mirak sa a t apral bay pawòl Moyiz yo, paske l t apral fè tout moun wè Jewova te avèk Moyiz! Kidonk, Jewova te di Moyiz: “Ou prale ak baton sa a nan men w e w ap fè mirak yo avè l.” (Egz. 4:17, NW). Lefètke Moyiz te gen prèv nan men l ki montre se Bondye ki voye l, nonsèlman l te ka al kot Farawon avèk konfyans, men l te ka reprezante vrè Dye a devan pèp li a avèk konfyans tou. — Egz. 4:29-31; 7:8-13.

6. a) Ki sa n dwe gen nan men nou lè n ap preche, e poukisa? b) Esplike nan ki sans “pawòl Bondye a vivan” e nan ki sans li “pisan”.

6 Yo ka poze n menm kesyon an tou lè n pral pataje mesaj ki nan Bib la ak lòt moun. Yo ka mande n: “Ki sa w gen nan men w la a?” Nan pifò ka, se Bib la k ap nan men nou paske n toujou pare pou n sèvi avè l. Byenke gen kèk moun ki kapab konsidere Bib la tankou yon senp liv, men, se grasa Pawòl Jewova te fè ekri a li pale avè n (2 Pyè 1:21). Se nan Bib la nou jwenn pwomès Bondye fè konsènan sa k pral rive lè Wayòm li an ap dirije. Se rezon sa a ki fè apot Pòl te kapab di: “Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” (Li Ebre 4:12.) Tout pwomès Jewova fè yo se pa pwomès li fè met la, paske Jewova kontinye ap travay pou pwomès sa yo reyalize (Iza. 46:10; 55:11). Lè yon moun rive konprann Pawòl Jewova a konsa, sa l li nan Bib la kapab gen yon gwo efè sou lavi l.

7. Ki jan n ka rive “manyen pawòl verite a kòrèkteman”?

7 Vrèmanvre, Jewova ban nou Pawòl vivan li te fè ekri a, e nou ka sèvi avè l pou n fè konnen mesaj n ap preche a se laverite e se Jewova ki voye n. Nou konprann rezon ki fè apre Pòl te fin ekri kretyen Ebre yo, li te ankouraje Timote, yon jèn li t ap ede nan domèn espirityèl, pou l ‘fè tout sa l kapab pou l manyen pawòl verite a kòrèkteman’. (2 Tim. 2:15.) Ki jan n ka aplike konsèy Pòl la? Nou ka fè sa lè n byen chwazi kèk vèsè pou n li awotvwa ki kapab touche kè moun ki pral koute n yo.  Yo te fè feyè nou te resevwa nan ane 2013 yo pou ede n fè sa.

BYEN CHWAZI YON VÈSÈ POU W LI!

8. Ki sa yon siveyan sèvis te di konsènan feyè yo?

8 Tout nouvo feyè yo gen menm fòma. Kidonk, lè n konn ki jan pou n itilize youn nan yo, n ap ka itilize yo tout. Èske yo fasil pou itilize? Men ki sa yon siveyan sèvis k ap viv Awayi, Ozetazini, te ekri: “Nou pa t janm rann nou kont jis nan ki pwen zouti tounèf sa yo t ap efikas ni nan travay predikasyon kay an kay la, ni nan bay temwayaj an piblik.” Li te rann li kont fason yo fè feyè yo bay moun yo posiblite pou yo reponn pi rapid, e byen souvan, sa konn mennen nan bèl konvèsasyon. Li panse se grasa kesyon ki bay posiblite pou plizyè repons ki parèt nan premye paj feyè yo. Moun yo pap bezwen bay tèt yo pwoblèm pou si yo ta bay yon move repons.

9, 10. a) Ki fason feyè nou yo ankouraje n sèvi ak Bib la? b) Ki feyè lè w sèvi avè l ou jwenn pi bon rezilta, e poukisa?

9 Chak feyè ankouraje n byen chwazi yon vèsè pou n li. Pa egzanp, ann konsidere feyè Èske soufrans ap janm fini? an. Kèlkeswa repons yon moun ta bay pou kesyon sa a, kit se “wi”, “non” oswa “petèt”, vire paj la, epi, san w pa ajoute anyen, di moun nan: “Men ki sa Bib la di.” Apre sa, li Revelasyon 21:3, 4 avè l.

10 Menm jan an tou, lè n ap itilize feyè Ki jan w konsidere Bib la?, kèlkeswa repons moun nan ta chwazi nan twa repons ki nan premye paj feyè a, annik vire paj la epi di l: “Bib la fè konnen ‘tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.’” Ou kapab ajoute: “Men, vèsè sa a di plis bagay toujou.” Apre sa, ouvri bib ou, epi li 2 Timote 3:16, 17 avè l.

11, 12. a) Ki satisfaksyon w jwenn nan travay predikasyon an? b) Ki jan feyè yo ka ede w prepare nouvèl vizit?

11 Fason moun nan reyaji a ap pèmèt ou detèmine ki kantite bagay nan feyè a ou ka li epi w ka pale avè l sou yo. Kèlkeswa jan sa ye, apa de kite feyè yo nan men moun yo, w ap jwenn satisfaksyon dèske w te ka li kèk vèsè nan Pawòl Bondye a avè yo, menm si se sèlman youn oswa de vèsè w te li premye fwa w te pale avè yo a. Pi devan, w ap kapab kontinye konvèsasyon an.

12 Nan do chak feyè n ap jwenn yon kesyon anba soutit “Fè yon ti reflechi” a, epi  n ap jwenn kèk vèsè ladan l nou ka itilize pou n fè nouvèl vizit. Nan feyè Ki sa demen sere pou ou? a kesyon pou fè nouvèl vizit la se: “Ki sa Bondye pral fè pou l chanje monn nan pou l fè l vin pi bon?” Yo site Matye 6:9, 10 ak Dànyèl 2:44. Pou feyè Èske moun mouri ka leve vre? a, kesyon an se: “Sa k fè moun vyeyi e sa k fè yo mouri?” Yo site Jenèz 3:17-19 ak Women 5:12.

13. Esplike ki jan w ka sèvi ak feyè yo pou w kòmanse etid biblik.

13 Sèvi ak feyè yo pou w kòmanse etid biblik. Lè yon moun skane kòd ki nan do yon feyè (QR Code *), kòd la ap voye l dirèkteman sou yon bagay sou sit wèb nou an ki kapab ankouraje l etidye Labib. Feyè yo atire atansyon sou bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! tou, e l atire atansyon sou yon leson byen patikilye nan bwochi a. Pa egzanp, feyè Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre? a voye n nan leson 5 ki nan bwochi sa a. Feyè Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi? an voye n nan leson 9 la. Lè w byen itilize feyè yo, w ap ka vin gen bon abitid pou w sèvi ak Bib la ni premye fwa w ap pale ak yon moun, ni nan nouvèl vizit yo. Kòm rezilta, sa ka pèmèt ou kòmanse plis etid. Ki lòt bagay ankò w ka fè pou w byen sèvi ak Pawòl Bondye a nan travay predikasyon an?

PALE SOU YON SIJÈ KI ENTERESE MOUN YO

14, 15. Ki jan w ka suiv egzanp Pòl nan travay predikasyon an?

14 Pòl te gen gwo anvi pou l pale ak “mezi moun [li] kapab” nan travay predikasyon an. (Li 1 Korentyen 9:19-23.) N ap remake sa Pòl te vle se te ‘mennen Juif yo vin jwenn Kris, mennen moun ki anba lalwa yo vin jwenn Kris, mennen moun ki san lwa yo vin jwenn Kris, epi mennen moun ki fèb yo vin jwenn Kris’. Vrèmanvre, li te vle rankontre “tout kalite moun, [yon fason pou l te] ka fè tout sa k posib pou [l] sove kèk nan yo”. (Tra. 20:21.) Ki jan n ka suiv egzanp Pòl lè n ap prepare n pou n pataje verite a ak “tout kalite moun” nan tèritwa nou an. — 1 Tim. 2:3, 4.

15 Chak mwa, nou jwenn kèk modèl prezantasyon nan Ministè Wayòm nan. Eseye yo. Men, si gen lòt sijè ki enterese moun yo nan tèritwa w la, adapte prezantasyon w yo yon fason pou w ka pale ak moun yo sou sa k enterese yo a. Fè yon ti reflechi ak zòn kote w ap viv la, moun k ap viv ladan l ak sa k plis enkyete yo. Apre sa, eseye wè ki vèsè ki kapab ede yo fè fas ak pwoblèm y ap rankontre yo. Men sa yon siveyan sikonskripsyon te di konsènan fason li menm ak madanm li ret konsantre sou Bib la: “Si nou brèf epi n presi, pifò moun nou rankontre lakay yo ap kite n li yon vèsè. Apre n fin salye moun yo toutpandan bib nou ouvè nan men nou, nou li vèsè a.” Ann konsidere kèk sijè, kèk kesyon ansanm ak kèk vèsè w ka eseye itilize nan tèritwa w la.

Èske w byen sèvi ak Bib la ansanm ak feyè yo nan travay predikasyon an? (Gade paragraf 8-13.)

16. Esplike ki jan n ka sèvi ak Izayi 14:7 nan travay predikasyon an.

16 Si w ap viv nan yon zòn ki gen ensekirite souvan, ou gendwa mande yon moun: “Èske w janm panse yon jou n ap ka tande yon nouvèl konsa: ‘Tout tè a jwenn repo, li libere anba boulvès. Moun yo vin kontan, y ap rele tèlman yo gen lajwa’? Se sa wi Bib la di nan Izayi 14:7. Anfèt, nou jwenn anpil pwomès Bondye fè nan Bib la ki pale konsènan yon moman kote lapè pral blayi.” Apre sa, di moun nan w ap li youn nan pwomès sa yo nan Bib la pou li.

17. Ki sa w ka di yon moun pou w entwodui Matye 5:3 nan yon konvèsasyon?

17 Èske l difisil pou anpil gason nan zòn kote w ap viv la rive bay fanmi yo sa yo bezwen?  Si se wi, ou kapab kòmanse yon konvèsasyon konsa: “Konbyen kòb yon gason ta dwe ap touche yon fason pou l rive fè fanmi l viv ak kè kontan?” Apre moun nan fin reponn, di l: “Gen anpil gason ki rive fè plis lajan pase kantite sa a, men, fanmi yo toujou bezwen plis. Nan ka sa a, ki sa yo bezwen vre?” Apre sa, li Matye 5:3, epi, ofri l yon etid Labib.

18. Ki jan n ka sèvi ak Jeremi 29:11 pou n rekonfòte lòt moun?

18 Èske moun nan zòn ou abite a ap soufri akoz yon trajedi ki fèk sot pase? Ou kapab kòmanse prezantasyon w lan konsa: “Mwen vin lakay ou pou m rekonfòte w. (Li Jeremi 29:11.) Èske w remake twa bagay Bondye vle pou nou? ‘Lapè’, ‘avni’ ak ‘espwa’.  Èske sa pa bèl pou n konnen Bondye vle nou viv byen? Men, ki jan sa ap fè posib?” Apre sa, atire atansyon moun nan sou yon leson nan bwochi Bon nouvèl la ki reponn kesyon an.

19. Esplike ki jan n ka sèvi ak Revelasyon 14:6, 7 lè n ap pale ak moun ki enterese nan relijyon yo.

19 Èske w ap viv nan yon zòn kote moun yo enterese nan relijyon? Si se wi, ou kapab kòmanse yon konvèsasyon lè w di: “Si yon zanj ta vin pale avè w, èske w t ap koute sa l gen pou l di a? (Li Revelasyon 14:6, 7.) Etandone zanj sa a mande pou n ‘krenn Bondye’, èske w pa panse l bon pou n chèche konnen de ki Bondye l ap pale a? Zanj lan ban nou yon apèsi sou sa lè l di Bondye sa a se ‘Moun ki fè syèl la ak tè a’. Ki Moun sa a?” Apre sa, li Sòm 124:8 ki di: “Se Bondye nou an ki rele Jewova k ap pote nou sekou, Sila a ki fè syèl la ak tè a.” Tousuit apre, mande moun nan pou w pale avè l plis konsènan Jewova Dye.

20. a) Ki jan n ka sèvi ak Pwovèb 30:4 pou n ede yon moun konn non Bondye? b) Èske gen yon vèsè an patikilye ou konn itilize ki bay bon rezilta?

20 Ou kapab kòmanse yon konvèsasyon ak yon jèn lè w di l: “Mwen ta renmen li yon vèsè pou ou ki poze yon kesyon ki enpòtan anpil. (Li Pwovèb 30:4.) Pa gen okenn moun sou tè a ki sanble ak moun yo pale de li nan vèsè a, kidonk, vèsè sa a dwe ap pale de Kreyatè nou an *. Ki jan n ka rive konn non l? M ap vrèman kontan montre w non sa a nan Bib la.”

KITE PAWÒL BONDYE A AJI NAN MINISTÈ W

21, 22. a) Ki jan lè n li yon vèsè nou byen chwazi ak yon moun sa ka chanje lavi l? b) Ki sa w detèmine pou w fè toutpandan w ap akonpli ministè w?

21 Ou pa janm konn ki jan moun yo ap reyaji apre w fin li yon vèsè w byen chwazi. Pa egzanp, gen de sè nan peyi Ostrali ki te frape pòt kay yon jèn dam. Gen youn nan sè yo ki te mande dam nan: “Èske w konn non Bondye?” Apre sa, li te li Sòm 83:18. Men sa dam nan te di: “Mwen te sezi! Kou y ale, mwen te pran machin mwen e m te fè 56 kilomèt pou m al nan yon libreri yon fason pou m te ka verifye nan lòt tradiksyon Labib pou m wè, e apre sa, mwen te chèche l nan yon diksyonè. Yonfwa m te fin asire m non Bondye se Jewova, mwen te mande tèt mwen èske gen lòt bagay ankò m pa konnen.” Yon ti tan apre, dam sa a ak moun ki t apral marye avè l la te kòmanse etidye Bib la epi, yo te vin batize.

22 Pawòl Bondye a chanje lavi moun ki li l e ki vin gen lafwa nan pwomès Jewova yo ki vivan. (Li 1 Tesalonisyen 2:13.) Mesaj ki nan Bib la pi pisan lontan pase nenpòt sa n te ka di yon moun pou n eseye touche kè l. Pou rezon sa, nou dwe sèvi ak Pawòl Bondye a nan nenpòt okazyon nou jwenn paske: Li vivan!

^ § 13 QR Code se yon mak ki pou yon konpayi ki rele Denso Wave Incorporated e li anrejistre.

^ § 20 Gade “Kesyon lektè yo poze” ki te parèt nan Toudegad 15 jiyè 1987 la, paj 31 (fransè).