Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki wòl medam yo jwe nan objektif Jewova?

Ki wòl medam yo jwe nan objektif Jewova?

“Medam k ap pwoklame bon nouvèl la se yon gwo lame.” — SÒM 68:11, NW.

1, 2. a) Ki kado Bondye te bay Adan? b) Poukisa Bondye te bay Adan yon madanm? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

JEWOVA te kreye tè a nan yon objektif. Li te “ba l fòm pou [moun] abite”. (Iza. 45:18, NW.) Adan, premye moun Bondye te kreye sou tè a, te pafè, e Bondye te ba l yon bèl kay pou l abite, anpalan de jaden Edenn nan. Se pa ti renmen Adan te renmen bèl pyebwa yo, ti sous dlo yo, e se pa ti renmen l te renmen wè bèt yo k ap jwe tou! Sepandan, Adan te manke yon bagay ki enpòtan anpil. Jewova te montre ki sa Adan te manke a lè l te di: “Li pa bon pou gason an kontinye rete poukont li. Mwen pral fè yon moun pou ede l, pou sèvi l konpay.” Apre sa, Bondye te fè yon gwo dòmi pran Adan, li pran youn nan kòt Adan yo, e l “fè yon fi ak kòt li te pran” an. Se pa ti kontan Adan te kontan lè l te leve! Men sa l te di: “Sa se zo ki soti nan zo mwen e se chè ki soti nan chè mwen. Y ap rele l Fi, paske se nan gason Bondye pran l.” — Jen. 2:18-23, NW.

2 Kado sa a, anpalan de fi Bondye te bay gason an, te vrèman espesyal paske l t ap vin yon èd ki pafè pou li. Fi a t ap gen privilèj san parèy pou l fè pitit tou. Anfèt, “Adan te rele madanm li an Èv, paske li t ap vin manman tout moun”. (Jen. 3:20, NW.) Ala yon bèl kado Bondye te bay de premye moun ki te marye yo! Yo te gen kapasite pou yo fè lòt moun ki t ap pafè tou. Konsa,  tout tè a t ap vin yon paradi ki chaje ak moun pafè ki t ap gen anpil lòt kreyati ki soumèt devan yo. — Jen. 1:27, 28.

3. a) Ki sa Adan ak Èv te bezwen fè pou yo te ka jwenn benediksyon Bondye, men ki sa k te pase? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Pou Adan ak Èv te jwenn benediksyon Jewova te rezève pou yo a, yo te dwe obeyi l epi yo te dwe rekonèt dwa li genyen pou l dirije a (Jen. 2:15-17). Se sèlman si yo te fè sa yo t ap kapab atenn objektif Bondye te gen pou yo a. Men, malerezman, yo te kite “premye sèpan an”, anpalan de Satan, enfliyanse yo e yo te peche kont Bondye (Rev. 12:9; Jen. 3:1-6). Ki efè rebelyon sa a te vin genyen sou medam yo? Ki sa medam ki t ap viv nan tan lontan yo e ki te gen lakrentif pou Bondye yo te akonpli? Jodi a, poukisa nou kapab pale de kretyèn yo kòm “yon gwo lame”? — Sòm 68:11, NW.

SA REBELYON AN LAKÒZ

4. Kiyès ki te pote responsablite peche de premye moun ki te marye yo te fè a?

4 Lè Jewova te poze Adan kesyon sou rezon ki fè l te rebele kont li a, men ki sa Adan te di l kòm eskiz: “Fi w te ban m pou ret ansanm avè m nan, se li ki ban m fwi ki sot nan pyebwa a, epi m manje l.” (Jen. 3:12, NW). Nonsèlman Adan pa t vle aksepte responsablite l pou peche l te fè a, men, li te eseye lage chay la sou do madanm Bondye te ba li a ak sou do Bondye ki te kontan ba l madanm sa a! Se vre ni Adan ni Èv te peche, men, se Adan ki te pote responsablite move aksyon yo te fè a. Se sa k fè, apot Pòl te kapab di “akoz yon sèl moun [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre”. — Wom. 5:12.

5. Lefètke Bondye kite lèzòm kontinye dirije tèt yo poukont yo pandan yon tan, ki sa sa montre?

5 De premye moun sa yo te met nan tèt yo yo pa t bezwen Jewova kòm Dirijan. Sa te vin soulve yon kesyon enpòtan: Kiyès moun ki gen dwa pou l dirije? Pou Bondye te reponn kesyon sa a yon fwa pou tout, li te kite lèzòm kontinye dirije tèt yo pandan yon tan. Li te konnen yo pa t ap janm ka rive dirije tèt yo poukont yo. Pandan plizyè syèk lèzòm fè ap dirije a, se kalamite ase yo pote pou limanite. Pandan syèk ki sot pase a sèlman, gen anviwon 100 000 000 moun ki te pèdi lavi yo akoz lagè, sa ki gen ladan l plizyè milyon gason, fi kou timoun ki inosan. Konsa, nou gen anpil prèv ki montre “sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l”. (Jer. 10:23NW.) Lefètke n rann nou kont de sa, sa fè n rekonèt Jewova kòm Dirijan nou. — Li Pwovèb 3:5, 6.

6. Ki jan yo trete medam yo nan anpil peyi?

6 Nan monn sa a ki anba pouvwa Satan, ni gason ni fi ap soufri (Ekl. 8:9; 1 Jan 5:19). Pami bagay ki pi terib k ap fèt nan monn sa a, gen abi y ap fè sou medam yo. Toupatou sou tè a, sou chak 100 fi, gen anviwon 30 ladan yo ki fè konnen gen yon gason ki te fè vyolans sou yo. Gen kèk kote nan monn nan, yo bay gason plis valè pase fi paske yo met nan tèt yo gason yo ap ka pèmèt liy fanmi an kontinye egziste e y ap ka pran swen paran yo ak granparan yo. Gen kèk peyi kote moun yo pa kontan lè yo fè yon pitit fi, konsa, gen plis avòtman ki fèt pou jete tibebe fi pase tibebe gason.

7. Ki jan Bondye te pèmèt ni gason ni fi byen derape?

7 Se sèten sa pa fè Bondye plezi pou l wè y ap maltrete medam yo. Bondye trete medam yo yon fason ki jis e li respekte yo. Jewova te kreye Èv yon fason ki pafè, li te fè l ak kapasite pou l vin yon bonjan èd pou Adan, li pa t fè l pou l vin yon esklav, e sa montre aklè jan Jewova gen konsiderasyon pou medam yo. Se youn nan rezon ki fè, nan fen sizyèm jou kreyasyon an, Bondye “te wè tout sa l fè yo epi, gade!  yo te bon nèt”. (Jen. 1:31, NW.) Wi, “tout” sa Jewova te fè yo “te bon nèt”. Li te pèmèt ni gason ni fi byen derape!

KÈK MEDAM KI TE GEN FAVÈ JEWOVA

8. a) Esplike fason moun yo konpòte yo an jeneral. b) Pandan tout listwa, anvè ki moun Jewova demontre favè l?

8 Se apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, gason ak fi an jeneral te kòmanse ap aji mal, e pandan syèk ki sot pase a, yo te aji pi mal pase nenpòt lòt lè. Labib te gentan fè konnen, se move konduit ase moun yo t ap genyen nan “dènye jou yo”. Lèzòm tèlman ap fè sa ki mal pasipala, nou kapab di “tan” n ap viv yo “di” toutbon (2 Tim. 3:1-5). Sepandan, pandan tout listwa limanite, “Jewova, Souvren Seyè a”, kontinye demontre favè l anvè ni gason ni fi ki met konfyans yo nan li, ki obeyi lwa l yo e ki soumèt devan l antanke Dirijan. — Li Sòm 71:5.

9. Konbyen moun ki te sove nan delij la, e poukisa?

9 Lè Bondye te fè yon delij detwi monn mechan nan epòk Noye a, se yon tikras moun ki te sove. Si frè ak sè Noye yo te vivan lè sa a, yo menm tou yo te mouri nan delij la (Jen. 5:30). Men, te gen menm kantite fi ak menm kantite gason ki te chape nan delij la. Moun sa yo se te Noye, madanm li, twa pitit gason Noye yo ak madanm yo. Yo te rive sove paske yo te gen lakrentif pou Bondye e yo te fè volonte l. Plizyè milya moun k ap viv jodi a, se pitit pitit uit moun sa yo ki te gen favè Jewova. — Jen. 7:7; 1 Pyè 3:20.

10. Ki sa k fè medam ki te gen lakrentif pou Bondye e ki te madanm patriyach fidèl yo te jwenn favè Jewova?

10 Plizyè ane annapre, medam ki te gen lakrentif pou Bondye e ki te madanm patriyach fidèl yo, te jwenn favè Jewova tou. Yo pa t ap rive jwenn favè sa a si yo t ap plede plenyen sò yo nan lavi a (Jid 16). Li difisil pou n ta imajine Sara, madanm Abraram e ki te gen respè pou mari l, k ap plede plenyen paske yo te kite bèl vi yo t ap mennen nan vil Ou a pou yo t al viv anba tant, antanke moun ki depasaj nan lòt peyi. Olye de sa, Sara ‘te konn obeyi Abraram, e l te konn rele l mèt’. (1 Pyè 3:6.) Ann pran egzanp Rebeka tou, ki te yon bèl kado Jewova te bay Izarak e ki te vin yon bon madanm pou Izarak. Sa pa etone nou dèske Bib la fè konnen Izarak, mari l, “te tonbe damou l e [l] te jwenn konsolasyon apre l te fin pèdi manman l”. (Jen. 24:67, NW.) Jodi a, se pa ti kontan nou kontan dèske nou gen anpil medam pami nou ki gen lakrentif pou Bondye e ki menm jan ak Sara ak Rebeka!

11. Ki jan de famsaj izrayelit te montre yo gen kouraj?

11 Pandan plizyè ane Izrayelit yo te fè ann esklavaj nan peyi Ejip la, yo te vin anpil, e Farawon te bay lòd pou yo te touye tout tigason Izrayelit yo lè yo fèk fèt. Men, ann konsidere egzanp Chifra ak Pouwa, de famsaj izrayelit, ki petèt te alatèt metye famsaj la. Etandone medam sa yo te gen lakrentif pou Jewova, avèk kouraj, yo te refize touye tigason yo. Konsa, Jewova te fè yo gen anpil pitit. — Egz. 1:15-21.

12. Ki sa n aprann konsènan Debora ak Jayèl?

12 Nan epòk jij yo nan peyi Izrayèl, pwofetès Debora te youn nan medam ki te gen favè Bondye. Li te ankouraje jij Barak pou l al ede Izrayelit yo soti anba men Kananeyen yo ki t ap toupizi yo e l te jwe yon wòl nan sa. Sepandan, li te fè konnen, se  pa t Barak ki t ap jwenn glwa nan viktwa Izrayelit yo t apral ranpòte sou Kananeyen yo. Olye de sa, “se yon fi Jewova [t] ap fè touye Sisera”, chèf lame Kananeyen yo. Se sa menm ki te rive, lè Jayèl, yon fi ki pa t Izrayelit te touye Sisera. — Jij 4:4-9, NW; 17-22.

13. Ki sa Labib aprann nou konsènan Abigayil?

13 Abigayil se yon dam vrèman espesyal ki t ap viv nan 11yèm syèk anvan epòk  nou an. Abigayil te gen bon konprann, tandiske Nabal, mari l, te yon moun ki di, ki te mechan e ki te yon voryen (1 Sam. 25:2, 3, 25). David ak mesye l yo te pwoteje byen Nabal yo pandan yon tan, men, lè yo te mande Nabal kèk pwovizyon, “li [te] pale mal ak yo” e li pa t ba yo anyen menm. Sa te fè David tèlman fache, opwen l te anvizaje touye Nabal ak tout mesye Nabal yo. Lè Abigayil vin aprann sa, li te pote manje ak dlo bay David ak mesye l yo, e konsa, li te anpeche san koule (1 Sam. 25:8-18). Men sa David te di Abigayil annapre: “Benediksyon pou Jewova, Bondye Izrayèl la, li menm ki voye w vin rankontre m jodi a.” (1 Sam. 25:32, NW). Apre lanmò Nabal, David te marye ak Abigayil. — 1 Sam. 25:37-42.

14. Nan ki travay pitit fi Chaloum yo te patisipe, e ki jan kretyèn yo ap fè menm bagay la tou jodi a?

14 Gen anpil gason, anpil fi ak anpil timoun ki te mouri lè lame babilonyen an te detwi vil Jerizalèm ak tanp li an nan ane 607 anvan epòk nou an. Yo te rebati miray vil sa a nan ane 455 anvan epòk nou an, e se Neyemya ki te sipèvize travay la. Pitit fi Chaloum yo, yon prens ki t ap dirije mwatye nan vil Jerizalèm, te pami moun ki t ap bay èd nan rebati miray la (Ney. 3:12). Yo te pote yo volontè pou yo te fè travay ki parèt rabesan. Jodi a, se pa ti apresye nou apresye tout medam ki kontan bay èd yo divès fason nan pwojè konstriksyon pou aktivite teyokratik yo!

KÈK MEDAM NAN PREMYE SYÈK LA KI TE GEN LAKRENTIF POU BONDYE

15. Ki privilèj Bondye te bay yon fi ki te rele Mari?

15 Jewova te pèmèt plizyè medam jwenn anpil bèl privilèj ni yon ti tan anvan premye syèk epòk nou an, ni pandan premye syèk epòk nou an. Pami yo te gen Mari, yon fi ki te vyèj. Pandan Mari te fiyanse ak Jozèf, Jewova te fè yon mirak e Mari te vin ansent pa mwayen lespri sen. Poukisa se li menm Bondye te chwazi pou vin manman Jezi? Sandout, se paske li te gen kalite espirityèl ki te nesesè ki t ap pèmèt li pran swen pitit gason l lan, ki te pafè, depi lè l toupiti pou jis li vin gran. Mari te vin manman moun ki pi enpòtan ki te pase sou tè a, e sa se te yon gwo privilèj! — Mat. 1:18-25.

16. Bay yon egzanp ki montre fason Jezi te konn trete medam yo.

16 Jezi te konn trete medam yo avèk jantiyès. Ann pran egzanp yon fi ki te gen yon san k ap koule sou li depi 12 an. Pandan Jezi te nan mitan yon foul moun, fi a te fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi e li touche franj rad Jezi. Olye pou Jezi te reprimande fi a, li te di l avèk jantiyès: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè. Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.” — Mak 5:25-34.

17. Ki mirak Jewova te fè nan Pannkòt ane 33 epòk nou an?

17 Gen kèk medam ki te disip Jezi e ki te konn rann Jezi ak apot li yo sèvis (Lik 8:1-3). Anplis de sa, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, gen anviwon 120 moun, fi kou gason, ki te resevwa lespri Bondye yon fason espesyal. (Li Travay 2:1-4.) Jewova te gentan anonse sa k te rive a lè l te di: “M ap vide lespri m sou tout kalite moun, e pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize. [...] M ap vide yon pòsyon nan lespri m ata sou esklav mwen yo, gason kou fi.” (Yow. 2:28, 29, NW). Pa mwayen mirak sa a Bondye te fè nan jou Pannkòt la, li te montre l rejte Izrayèl aposta a e se “Izrayèl Bondye a”, ki te gen ni gason ni fi ladan l, li te bay apwobasyon l (Gal. 3:28; 6:15, 16). Kat pitit fi Filip evanjelizatè a te genyen yo te pami medam ki t ap preche nan premye syèk la. — Tra. 21:8, 9.

 MEDAM YO SE “YON GWO LAME”

18, 19. a) Anrapò ak vrè adorasyon an, ki privilèj Bondye bay ni fi ni gason? b) Ki sa yon salmis te di konsènan medam k ap pwoklame bon nouvèl la?

18 Nan fen ane 1800 yo, te gen kèk gason ak fi ki te montre bonjan enterè pou vrè adorasyon an. Se yo menm ki premye moun ki te kòmanse patisipe nan reyalizasyon pwofesi Jezi te bay n ap patisipe ladan l jodi a. Men sa Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Mat. 24:14.

19 Ti gwoup Etidyan Labib sa a vin anviwon 8 000 000 Temwen Jewova jodi a. Chak ane, gen plis pase 11 000 000 moun ki montre yo enterese nan Bib la ak nan travay n ap fè a lè yo asiste Memoryal lanmò Jezi. Nan pifò peyi, gen plis fi ki asiste evènman sa a. Anplis de sa, pami plis pase 1 000 000 moun k ap pwoklame Wayòm nan aplentan, nou jwenn plis fi. Vrèmanvre, Bondye bay medam fidèl yo privilèj pou yo patisipe nan akonplisman pawòl salmis la te di yo. Men sa l te di: “Jewova bay lòd la, medam k ap pwoklame bon nouvèl la se yon gwo lame.” — Sòm 68:11, NW.

Vrèmanvre, medam k ap pwoklame bon nouvèl la se “yon gwo lame”. (Gade paragraf 18 ak 19.)

GWO BENEDIKSYON K AP TANN MEDAM KI GEN LAKRENTIF POU BONDYE YO

20. Ki sijè li ta bon pou n etidye?

20 Atik sa a twò piti pou n ta pale konsènan plizyè medam fidèl yo pale de yo nan Bib la. Sepandan, nou chak ka li istwa yo nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon nou yo. Pa egzanp, nou ka medite sou fidelite Rit (Rit 1:16, 17). Lè n li liv ki pote non rèn Estè a e lè n li atik ki pale de Estè yo, sa ka fè lafwa n vin pi solid. Nou kapab jwenn byenfè tou lè n etidye istwa sa yo nan kad adorasyon an fanmi an. Si n ap viv poukont nou, nou kapab etidye sijè sa yo lè n ap fè etid pèsonèl.

21. Ki jan medam ki gen lakrentif pou Bondye yo te montre yo atache ak Jewova nan moman difisil?

21 Pa gen dout nan sa, Jewova beni travay predikasyon medam yo ap fè a e li ede yo nan moman difisil. Pa egzanp, Bondye te ede medam yo rete fidèl anba rejim Nazi ak rejim Kominis yo. Gen anpil nan medam sa yo ki te soufri anpil e gen kèk nan yo ki te menm pèdi lavi yo paske yo te chwazi obeyi Bondye (Tra. 5:29). Menm jan sa te konn fèt nan tan lontan, jodi a tou, sè nou yo ansanm ak tout lòt adoratè Jewova yo pran pozisyon pou Jewova antanke Moun ki gen dwa pou l dirije. Anfèt, menm jan Jewova te fè sa pou Izrayelit ki t ap viv nan tan lontan yo, li kenbe men dwat yo e l di yo: “Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!” — Eza. 41:10-13.

22. Ki privilèj n ap tann pou n jwenn?

22 Talè konsa, ni fi ni gason ki gen lakrentif pou Bondye yo pral travay pou yo fè tè a tounen yon paradi, e yo pral ede plizyè milyon moun ki pral resisite yo aprann konnen objektif Jewova. Annatandan, kit nou se fi kit nou se gason, annou tout kontinye bay privilèj nou genyen pou n sèvi Jewova “kòtakòt” la anpil valè! — Sef. 3:9, NW.