TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Septanm 2014

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti semèn 27 oktòb pou rive semèn 30 novanm 2014.

Èske w ap “chèche”?

Ki jan w ka fè sa pi bon fason an?

Èske w kwè toutbonvre ou nan laverite? Sa k fè sa?

Atik sa a pral pale konsènan kèk rezon ki fè anpil moun dakò Temwen Jewova yo nan laverite. Nou pral pale tou konsènan kèk rezon ki fè Temwen yo gen konviksyon yo nan laverite.

Sèvi Bondye fidèlman malgre “anpil tribilasyon”

Etandone n ap viv nan monn Satan an, se nou tout k ap fè fas ak tribilasyon. Ki metòd Satan itilize pou l atake n? Ki jan n ka prepare n pou yo?

Paran: Pran swen pitit ou

Paran yo gen responsablite pou yo leve pitit yo ‘nan disiplin ak nan avètisman Jewova bay’. (Efezyen 6:4.) Atik sa a pale de twa fason paran yo ka pran swen pitit yo epi ede yo renmen Jewova.

Kesyon lektè yo poze

Èske sa Bib la di nan Sòm 37:25 ak Matye 6:33 a vle di Jewova pap janm kite yon kretyen grangou?

Lanmò, dènye ènmi an, pap la ankò

Lanmò ak tout sa k mennen ladan l yo lakòz anpil soufrans terib. Poukisa moun mouri? Ki fason ‘yo pral elimine lanmò, dènye ènmi an’? (1 Korentyen 15:26.) Gade ki jan repons kesyon sa yo met aksan sou jistis Jewova, sajès li e sitou sou lanmou li.

Pa bliye moun ki nan sèvis aplentan yo

Anpil moun k ap adore Jewova ap travay di nan sèvis aplentan. Ki sa n ka fè pou n montre nou pa bliye ‘travay y ap akonpli grasa lafwa yo’ ak ‘travay di y ap fè avèk amou’?— 1 Tesalonisyen 1:3.