Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa bliye moun ki nan sèvis aplentan yo

Pa bliye moun ki nan sèvis aplentan yo

“Nou pa janm bliye travay nou akonpli grasa lafwa nou, travay di nou fè avèk amou.” — 1 TES. 1:3.

1. Ki santiman Pòl te genyen anvè moun ki te fè bonjan efò pou yo sèvi Jewova yo?

APOT Pòl pa t bliye moun ki te travay di pou yo te kapab preche bon nouvèl la. Men sa apot la te ekri: “Nou pa janm bliye travay nou akonpli grasa lafwa nou, travay di nou fè avèk amou, ak andirans nou genyen grasa esperans nou nan Jezi Kris, Seyè nou an, devan Bondye nou an ki Papa nou.” (1 Tes. 1:3). Vrèmanvre, Jewova sonje bèl travay tout moun k ap sèvi l fidèlman yo ap fè a, kit sitiyasyon moun sa yo pèmèt yo fè anpil nan sèvis li a kit sitiyasyon yo pa pèmèt yo fè sa. — Ebre 6:10.

2. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

2 Kit se nan tan lontan kit se jounen jodi a, gen anpil moun k ap sèvi Jewova menm jan avèk nou ki fè gwo sakrifis pou yo ka sèvi Jewova aplentan. Ann fè yon ti pale sou fason kèk nan yo te sèvi Jewova nan premye syèk la. N ap fè yon ti pale tou konsènan kèk fòm sèvis aplentan nan epòk nou an, e nou pral wè kòman nou kapab montre nou sonje moun sa yo nou renmen anpil ki ofri tèt yo volontèman pou yo sèvi Jewova yon fason espesyal.

KRETYEN PREMYE SYÈK YO

3, 4. a) Ki sa kèk moun nan premye syèk la te konn fè nan sèvis y ap bay Jewova a? b) Ki jan yo te rive jwenn sa yo bezwen nan domèn materyèl?

3 Yon ti tan apre Jezi te fin batize, li te kòmanse yon travay ki t apral fèt sou tout tè a (Lik 3:21-23; 4:14, 15, 43). Apre lanmò Jezi, apot li yo te pran latèt nan travay predikasyon ki t apral fèt toupatou sou tè a (Tra. 5:42; 6:7). Gen kèk kretyen tankou Filip ki te sèvi kòm evanjelizatè e kòm misyonè nan peyi Palestin (Tra. 8:5, 40; 21:8). Pòl ak kèk lòt kretyen te vwayaje pi lwen toujou (Tra. 13:2-4; 14:26; 2 Kor. 1:19). Pa egzanp, te gen kèk kretyen tankou Silven (Silas), Mak ak Lik ki te sèvi swa kòm moun ki te konn rekopye Bib la swa kòm ekriven (1 Pyè 5:12). Kretyèn yo te travay kòtakòt ansanm ak frè sa yo ki te fidèl (Tra. 18:26; Wom. 16:1, 2). Bèl eksperyans moun sa yo te fè, fè l vrèman enteresan pou moun li Liv ki te ekri an grèk yo, e eksperyans sa yo montre jan Jewova sonje sèvitè l yo toutpandan l ap pran swen yo.

4 Ki jan sèvitè aplentan nan premye syèk yo te konn jwenn sa yo bezwen nan domèn materyèl? Pafwa, lòt kretyen parèy yo te konn demontre ospitalite anvè yo e yo te konn ede yo lòt fason ankò. Men, yo pa t konn fòse yo fè sa (1 Kor. 9:11-15). Gen kèk moun ak kèk kongregasyon ki te konn kontan ede yo. (Li Travay 16:14, 15; Filipyen 4:15-18.) Pòl ansanm ak moun ki te konn vwayaje avè l yo te konn travay amitan yon fason pou yo te ka kouvri pwòp depans yo.

SÈVITÈ APLENTAN NAN EPÒK NOU AN

5. Ki sa yon koup marye te di konsènan lavi yo nan sèvis aplentan?

5 Menm jan an tou, jodi a, gen anpil moun k ap bay tout yo menm nan divès fòm sèvis aplentan. (Gade kare ki gen tit “ Kèk fòm sèvis aplentan” an.) Lefètke yo chwazi fè karyè nan sèvis aplentan, ki jan yo santi yo? Sa se youn nan kesyon ou kapab poze yo, e se sèten w ap kontan tande sa y ap di w la. Ann pran egzanp yon frè ki te sèvi kòm pyonye pèmanan, kòm pyonye espesyal, kòm misyonè e kòm manm fanmi Betèl nan yon lòt peyi. Men sa frè a fè konnen: “Mwen santi chwa m te fè pou m antre nan sèvis aplentan an, se youn nan pi bon chwa mwen te ka fè. Lè m te gen 18 an, mwen te gen anpil difikilte pou m chwazi ant pran fòmasyon nan plizyè inivèsite ki te ofri m sa, fè karyè nan yon travay aplentan ak sèvis pyonye. Eksperyans mwen fè yo fè m wè Jewova pa bliye sakrifis yon moun fè pou l ka sèvi l aplentan. Mwen jwenn posiblite pou m itilize kèlkeswa talan ak kapasite Jewova ban mwen yon fason mwen pa t ap janm ka fè sa si m te chwazi fè karyè nan monn nan.” Men sa madanm li di: “Chak asiyasyon mwen resevwa ede m pwogrese. Nou santi pwoteksyon Jewova ak direksyon l plizyè fwa yon fason sa pa t ap janm ka fèt si nou te rete nan ti konfò nou. Se chak jou mwen di Jewova mèsi dèske nou itilize lavi n pou n sèvi l aplentan.” Èske se pa konsa w ta renmen viv?

6. Ki asirans nou tout kapab genyen konsènan Jewova?

6 Nòmalman, jiska prezan, gen kèk moun sitiyasyon yo pa pèmèt yo antre nan sèvis aplentan. Nou kapab gen asirans Jewova bay efò nou fè ak tout kè nou yo anpil valè. Fè yon ti reflechi ak moun Pòl te site non yo nan Filemon 1-3, san wete moun ki te fè pati kongregasyon Kolòs la. (Li vèsè yo.) Pòl te apresye yo e Jewova te apresye yo tou. Menm jan an tou, Papa nou ki nan syèl la apresye sèvis n ap ba li a. Kidonk, ki jan w ka ede moun ki nan sèvis aplentan yo jodi a?

EDE PYONYE YO

7, 8. Ki obligasyon yon pyonye genyen, e ki jan lòt moun nan kongregasyon an ka ede yo?

7 Menm jan ak moun ki te konn evanjelize nan premye syèk la, pyonye ki zele yo vrèman ankouraje kongregasyon yo. Anpil nan yo fè anpil efò pou yo pase 70 èdtan chak mwa nan ministè a. Ki jan w ka ede yo?

8 Men sa yon sè ki rele Shari e ki pyonye remake: “Etandone pyonye yo preche chak jou, yo parèt djanm. Sepandan, yo bezwen ankourajman.” (Wom. 1:11, 12). Men sa yon lòt sè ki te pyonye pandan kèk ane te di konsènan pyonye ki nan kongregasyon l lan: “Yo travay di e yo travay san pran souf. Yo vrèman kontan lè lòt moun mande yo pou yo depoze yo kote yo pral preche a, lè yo envite yo manje avèk yo, lè yo ba yo yon ti kòb pou yo met gaz nan machin yo oswa lè yo ede yo pou yo fè kèk lòt depans. Sa montre w vrèman gen sousi pou yo.”

9, 10. Ki sa kèk moun te fè pou yo te ka ede pyonye ki nan kongregasyon yo?

9 Èske w pa ta renmen ede pyonye yo nan travay predikasyon an? Men sa yon pyonye yo rele Bobbi te di: “Nou bezwen plis èd lasemèn.” Men sa yon lòt pyonye ki nan menm kongregasyon an te ajoute: “Li difisil anpil pou n jwenn moun preche avèk nou nan aprèmidi.” Gen yon sè k ap travay nan Betèl Bwouklin kounye a ki sonje èd yo te konn ba li lè l te pyonye. Men sa l di: “Gen yon sè ki te gen yon machin ki te di m, ‘nenpòt lè w pa ta jwenn moun al preche avè w rele m, e m pral avè w’, li te vrèman ede m ret nan sèvis la.” Men sa Shari te di: “Lè pyonye ki selibatè yo fin preche, byen souvan yo konn poukont yo. Detanzantan, nou kapab envite frè ak sè ki selibatè yo lè n ap fè adorasyon an fanmi an. Lè nou envite yo pou yo patisipe avèk nou nan lòt aktivite n ap fè yo, sa ede yo kontinye rete djanm tou.”

10 Men sa yon sè ki prèske gen 50 an nan sèvis aplentan sonje lè l ap reflechi ak epòk li menm ak plizyè lòt sè selibatè te pyonye: “Ansyen nou yo te konn vizite pyonye yo chak de mwa. Yo te konn mande n kòman sante nou ye ak kòman sa ye nan travay pwofàn nou, e yo te konn chèche konnen si gen kèk ti bagay k ap trakase nou. Yo te fè sa ak tout kè yo. Yo te konn vizite apatman nou yo pou yo konnen si wi ou non nou bezwen èd.” Petèt, sa fè n panse ak fason Pòl te montre l apresye èd yon chèf fanmi ki t ap viv nan vil Efèz te ba li. — 2 Tim. 1:18.

11. Ki obligasyon yon pyonye espesyal genyen?

11 Se yon benediksyon sa ye pou kèk kongregasyon lè yo gen pyonye espesyal ladan yo. Anpil nan frè ak sè sa yo fè anpil efò pou yo pase 130 èdtan chak mwa nan travay predikasyon an. Etandone yo fè anpil tan nan ministè a e yo bay èd yo lòt fason ankò, yo konn fè yon travay pwofàn ki pa pran twòp tan oswa yo konn pa travay ditou. Filyal la ba yo yon ti kòb chak mwa yon fason pou yo ka konsantre yo nan travay predikasyon an.

12. Ki jan ansyen yo ak lòt moun ankò ka ede pyonye espesyal yo?

12 Ki jan nou ka ede pyonye espesyal yo? Men sa yon ansyen k ap travay nan yon biwo filyal e ki gen kontak ak anpil pyonye espesyal fè konnen: “Ansyen yo bezwen pale ansanm ak yo, yo bezwen chèche konnen sitiyasyon yo, epi yo bezwen chèche wè ki fason yo ka ede yo. Gen kèk Temwen ki panse etandone pyonye espesyal yo jwenn yon ti kòb, yo gen tout sa yo bezwen. Men, gen plizyè fason frè ki nan tèritwa kote yo ye a ka ede yo.” Menm jan ak pyonye pèmanan yo, pyonye espesyal yo apresye lè lòt moun akonpaye yo nan travay predikasyon an. Èske w ka ede yo nan sans sa a?

EDE SIVEYAN ITINERAN YO

13, 14. a) Ki sa nou dwe sonje konsènan siveyan sikonskripsyon yo? b) Ki sa w panse w ka fè pou w ede moun ki nan sèvis itineran yo?

13 Byen souvan, yo konsidere siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo kòm moun ki djanm nan domèn espirityèl. E yo djanm vre! Sepandan, yo bezwen ankourajman tou, yo bezwen moun akonpaye yo nan travay predikasyon an, epi yo bezwen pran yon ti detant yon fason ekilibre. E si sa ta rive yo malad, yo entène lopital, e petèt yo bezwen fè yon operasyon oswa suiv yon terapi? Se pa ti ankouraje sa ankouraje yo lè frè ak sè nan tèritwa kote yo ye a ede yo e yo montre yo enterese nan yo. Nou ka imajine jan Lik, “doktè byenneme a” e ki te ekri liv Travay la, dwe te pran ka Pòl ansanm ak lòt moun ki t ap vwayaje avèk Pòl yo. — Kol. 4:14; Tra. 20:5–21:18.

14 Siveyan itineran yo ak madanm yo bezwen gen bon zanmi e yo ancheri amitye sa yo. Men sa yon siveyan sikonskripsyon fè konnen: “Sanble zanmi m yo konnen lè m bezwen ankourajman. Yo konn ki kesyon pou yo poze m e sa ede m pale konsènan sa k ap trakase m. Lefètke yo annik koute m avèk atansyon sa ede m anpil.” Siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo vrèman apresye bonjan sousi frè ak sè yo gen pou yo.

EDE MANM FANMI BETÈL YO

15, 16. Ki èd moun k ap sèvi nan Betèl ak nan Sal asanble yo bay, e ki jan nou ka ede yo?

15 Toupatou sou tè a, moun k ap sèvi nan Betèl ak nan Sal asanble yo bay yon gwo èd nan travay k ap fèt pou soutni Wayòm nan nan peyi filyal kote yo ye a ap sipèvize yo. Si gen Betelit nan kongregasyon w lan oswa nan sikonskripsyon w lan, ki jan w ka montre w sonje yo?

16 Lè yo te fèk rive nan Betèl, petèt yo te sonje lakay yo, paske sa te mande pou yo te kite fanmi ak zanmi yo renmen anpil. Se pa ti kontan yo kontan lè lòt Betelit ansanm ak lòt frè ak sè ki nan nouvo kongregasyon yo ye a byen akeyi yo (Mak 10:29, 30)! Orè travay yo pèmèt yo asiste reyinyon yo epi patisipe nan travay predikasyon an chak semèn. Sepandan, pafwa, yo konn mande Betelit yo fè kèk lòt travay anplis. Lè frè ak sè nan kongregasyon yo montre yo konprann sa e yo montre yo apresye Betelit yo ansanm ak travay y ap fè a, sa pwofitab pou tout moun. — Li 1 Tesalonisyen 2:9.

EDE SÈVITÈ APLENTAN K AP SÈVI NAN LÒT PEYI YO

17, 18. Ki asiyasyon sèvitè aplentan yo genyen lè y al sèvi nan lòt peyi?

17 Moun ki aksepte asiyasyon pou y al sèvi nan yon lòt peyi kapab rankontre kèk difikilte ki gen rapò ak kesyon manje, lang, koutim ak kondisyon kote y ap viv la ki vrèman diferan parapò ak kondisyon yo te konn ap viv. Poukisa yo aksepte leve defi chanjman sa yo pote?

18 Gen nan moun sa yo ki misyonè e ki plis bay tan yo nan travay predikasyon an, sa ki pèmèt anpil moun benefisye fòmasyon espesyal misyonè sa yo te resevwa. Biwo filyal la bay misyonè yo yon kote ki senp pou yo rete e yo ba yo yon ti kòb pou yo ka achte sa yo bezwen. Gen lòt k ap sèvi nan lòt peyi k ap travay nan yon biwo filyal oswa k ap bay èd nan konstwi filyal, biwo tradiksyon, Sal asanble ak Sal Wayòm. Yo bay moun sa yo manje pou yo manje, yon kote senp pou yo rete, ak lòt bagay ankò. Menm jan ak manm fanmi Betèl yo, yo asiste reyinyon regilyèman e yo patisipe nan travay predikasyon nan zòn kote yo ye a, konsa, yo se yon benediksyon nan plizyè sans.

19. Ki sa nou bezwen sonje konsènan moun k ap sèvi nan lòt peyi?

19 Ki jan w ka montre w sonje sèvitè aplentan sa yo? Ou bezwen sonje, lè yo fèk rive nan peyi yo vin sèvi a yo gendwa pa abitye ak manje moun yo konn fè nan peyi sa a. Ou kapab panse ak sa lè w envite yo vin manje avè w. Ou kapab mande yo alavans ki manje yo t ap santi yo alèz pou yo manje oswa ki manje yo ta renmen eseye. Montre w pasyan ak yo toutpandan y ap aprann konnen lang ak koutim peyi a. Sa gendwa pran tan pou yo rive konprann tout sa w ap di, e lè y ap pale, avèk jantiyès, ou kapab ede yo byen pwononse mo yo. Yo vle aprann!

20. Ki bon fason nou ka montre nou sonje sèvitè aplentan yo ak paran yo?

20 Sèvitè aplentan yo ap antre nan laj, e se menm bagay la tou pou paran yo. Lè paran yo se Temwen, se sèten tout sa yo ta renmen se pou pitit yo rete nan asiyasyon yo (3 Jan 4). Nòmalman, si paran moun ki nan sèvis aplentan yo ta bezwen swen moun sa yo ap fè tout sa yo kapab pou yo vin ede yo otank posib. Sepandan, moun ki abite nan zòn kote paran yo rete a kapab ede sèvitè aplentan yo lè yo dispoze pran swen paran moun sa yo ki aje lè sa nesesè. Toujou sonje sèvitè aplentan yo gen gwo responsablite nan travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a (Mat. 28:19, 20). Èske ou menm oswa moun nan kongregasyon w lan ka ede paran moun ki nan sèvis aplentan yo si yo ta bezwen èd?

21. Ki jan sèvitè aplentan yo santi yo konsènan èd ak ankourajman yo jwenn nan men lòt moun?

21 Moun ki chwazi antre nan sèvis aplentan yo fè sa paske yo vle bay Jewova ansanm ak lòt moun, men, se pa paske y ap chèche jwenn avantaj ekonomik. Yo vrèman apresye kèlkeswa èd ou ka ba yo. Gen yon sè k ap sèvi nan yon peyi etranje ki te di yon bagay ki montre kòman anpil sèvitè aplentan santi yo. Men sa l te di: “Menm yon senp ti nòt lòt moun ekri pou montre apresyasyon yo, montre y ap panse avè w e yo apresye travay w ap fè a.”

22. Ki jan w konsidere sèvis aplentan?

22 Vrèmanvre, sèvi Jewova aplentan se pi bon fason yon moun ka itilize lavi l. Sèvis la gen difikilte pa l, men, li bay fòmasyon e li bay anpil satisfaksyon. E se yon bon fason pou tout sèvitè fidèl Jewova yo prepare yo pou travay yo pral fè ki pral ba yo kè kontan pou toutan lè Wayòm Bondye a pral dirije a. Kidonk, annou “pa janm bliye travay” moun ki nan sèvis aplentan yo ap fè “grasa lafwa” yo, ‘e annou pa janm bliye travay di moun sa yo ap fè avèk amou’! — 1 Tes. 1:3.