Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi Bondye fidèlman malgre “anpil tribilasyon”

Sèvi Bondye fidèlman malgre “anpil tribilasyon”

“Nou dwe antre nan wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon.” — TRA. 14:22.

1. Ki sa k fè sèvitè Bondye yo pa sezi lè yo jwenn tribilasyon?

ÈSKE sa fè w sezi dèske w konnen w ka fè fas ak “anpil tribilasyon” anvan w resevwa pri a ki se lavi etènèl? Sandout, ou pa sezi aprann sa. Kit ou fèk vin nan laverite, kit ou gen lontan depi w ap sèvi Jewova, ou konnen difikilte se youn nan bagay ki gen nan monn Satan an. — Rev. 12:12.

2. a) Apa de pwoblèm tout moun enpafè ap rankontre yo, ak ki kalite tribilasyon kretyen yo ap fè fas? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki moun ki kache dèyè tribilasyon sa yo, e ki jan n fè konn sa?

2 Apa de difikilte tout “moun [...] konn jwenn” yo, anpalan de pwoblèm tout moun enpafè ap rankontre, kretyen yo ap fè fas ak yon lòt kalite pwoblèm (1 Kor. 10:13). Ki pwoblèm sa a? Se gwo opozisyon y ap jwenn paske yo pran rezolisyon fèm pou yo obeyi lwa Bondye yo. Jezi te di disip li yo: “Yon esklav pa plis pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou.” (Jan 15:20). Ki moun ki kache dèyè opozisyon sa a? Pa gen dout, se Satan, li menm Bib la dekri kòm “yon lyon k ap gwonde” e k ap “chèche devore” pèp Bondye a (1 Pyè 5:8). Satan ap fè nenpòt sa l kapab pou l eseye kraze entegrite disip Jezi yo. Ann wè sa k te rive apot Pòl.

TRIBILASYON NAN VIL LIS

3-5. a) Ki tribilasyon Pòl te jwenn nan vil Lis? b) Nan ki sans sa Pòl te di konsènan plis tribilasyon an se yon mesaj ankourajan?

3 Pòl te jwenn pèsekisyon akoz lafwa l pandan plizyè fwa (2 Kor. 11:23-27). Youn nan fwa sa yo se te nan vil Lis. Apre Pòl te fin geri yon mesye ki te enfim nan pye depi l fèt, moun nan vil la te fè louwanj pou Pòl ansanm ak Banabas, konpayon Pòl la, e yo te pran yo pou dye. Yo toule de te sipliye foul la, ki te kontan anpil, pou yo pa t adore yo. Sepandan, tousuit apre, gen kèk opozan Juif ki te vin parèt, e yo te sèvi ak manti pou yo anpwazonnen lespri pèp la. Sitiyasyon an te vin chanje byen rapid! Konsa, pèp la te pran kalonnen Pòl ak kout wòch e yo te kite l pou l mouri. — Tra. 14:8-19.

4 Apre Pòl ak Banabas te fin vizite Dèbe, yo te “retounen Lis, Ikónyòm ak Antyòch. Lè yo rive nan vil sa yo, yo fòtifye disip yo, yo ankouraje yo pou yo rete nan lafwa. Yo di yo: ‘Nou dwe antre nan wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon.’” (Tra. 14:21, 22). Lè n fèk gade, deklarasyon sa a ka sanble etranj. Dayè, lide rankontre “anpil tribilasyon” an t ap parèt dekourajan pou yo, olye l ankouraje yo. Kidonk, nan ki sans mesaj Pòl ak Banabas la, yon mesaj ki met aksan sou plis tribilasyon, te “fòtifye disip yo”?

5 Nou ka jwenn repons lan lè n byen egzamine pawòl Pòl yo. Pòl pa t annik di: “Nou dwe andire anba anpil tribilasyon.” Olye de sa, li te di: “Nou dwe antre nan wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon.” Kidonk, Pòl te fòtifye disip yo lè l te atire atansyon yo sou bon rezilta yo t ap jwenn lè yo kontinye rete fidèl. Rekonpans lan pa t yon senp imajinasyon. Se sa k fè, Jezi te di: “Moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove.” — Mat. 10:22.

6. Ki rekonpans k ap tann moun ki andire yo?

6 Si n andire, n ap jwenn yon rekonpans. Pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, rekonpans lan se lavi imòtèl nan syèl la antanke moun ki pral dirije ak Jezi. Pou moun ki fè pati “lòt mouton” yo, rekonpans lan se lavi etènèl sou tè a kote “jistis ap abite”. (Jan 10:16; 2 Pyè 3:13.) Sepandan, jan Pòl te fè konn sa, annatandan, nou gen pou n fè fas ak anpil tribilasyon. Ann konsidere de kalite tribilasyon nou ka rankontre.

ATAK DIRÈK

7. Ki kalite tribilasyon nou ka dekri kòm atak dirèk?

7 Men sa Jezi te fè konnen: “Gen moun k ap livre nou nan tribinal pou yo jije nou, y ap bat nou nan sinagòg yo e y ap mennen nou devan gouvènè ak devan wa.” (Mak 13:9). Jan pawòl sa yo montre sa, gen kèk kretyen k ap fè fas ak tribilasyon ki parèt sou fòm pèsekisyon fizik, petèt akoz chèf relijye yo oswa chèf politik yo (Tra. 5:27, 28). Yon lòt fwa ankò, ann konsidere egzanp Pòl. Èske l te pè lè l t ap panse li ka fè fas ak yon kalite pèsekisyon konsa? Non, jamè! — Li Travay 20:22, 23.

8, 9. Ki fason Pòl te montre l pran detèminasyon pou l andire, e ki jan kèk moun nan epòk nou an montre yo pran menm detèminasyon sa a?

8 Avèk kouraj, Pòl te kanpe devan atak dirèk Satan t ap fè sou li yo e l te di: “Mwen pa bay vi m okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an, sètadi pou m bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.” (Tra. 20:24). Sa klè, malgre Pòl te konnen li te ka jwenn pèsekisyon, li pa t kite sa fè l tranble. Okontrè, li te pran detèminasyon pou l andire kèlkeswa jan sa ye. Sa k te pi enpòtan pou li se te “bay yon temwayaj konplè” malgre nenpòt tribilasyon.

9 Jodi a, gen anpil nan frè ak sè nou yo ki pran menm detèminasyon sa a. Pa egzanp, nan yon peyi, gen kèk Temwen ki prèske gen 20 an depi yo nan prizon akoz netralite yo. Ka yo a pa janm parèt devan tribinal paske nan peyi sa a yo pa pran okenn dispozisyon pou moun konsyans yo pa pèmèt yo fè sèvis militè. Pandan yo nan prizon, chèf yo pa kite menm manm fanmi yo vin wè yo, gen kèk nan prizonye yo yo bat e gen lòt k ap fè fas ak tout kalite vyolans.

10. Ki sa k fè n pa pè tribilasyon ki vini sanzatann yo?

10 Nan kèk lòt kote, frè nou yo ap andire tribilasyon ki rive sanzatann. Si sa ta rive w, pa kite laperèz anvayi w. Fè yon ti reflechi ak Jozèf. Yo te vann li kòm esklav, men, Jewova “te delivre l anba tout tribilasyon l yo”. (Tra. 7:9, 10.) Jewova kapab fè menm bagay la pou ou. Pa janm bliye sa, “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv”. (2 Pyè 2:9.) Èske w kontinye met konfyans ou nan Jewova, toutpandan w konnen li ka delivre w nan sistèm mechan sa a e l ka pèmèt ou jwi lavi etènèl anba dominasyon Wayòm li an? Ou gen tout rezon w pou w fè sa, e w gen tout rezon w pou w lite anba pèsekisyon yo avèk kouraj. — 1 Pyè 5:8, 9.

ATAK ANBA ANBA

11. Ki diferans ki genyen ant atak anba anba Satan yo ak atak dirèk li yo?

11 Yon lòt kalite tribilasyon nou ka rankontre se atak anba anba. Ki diferans ki gen ant kalite atak sa a ak atak dirèk la ki se pèsekisyon fizik? Nou ka konpare atak dirèk yo ak yon tònad ki frape yon zòn e ki detwi tout kay yo yon sèl kou. Atak anba anba yo plis sanble ak yon pakèt mit ki rantre lakay ou e k ap wonyen bwa ki fè kay la tikras pa tikras jiskaske kay la tonbe. Yon moun gendwa pa menm gentan rann li kont de danje sa a jiskaske l gentan twò ta.

12. a) Bay youn nan atak anba anba Satan itilize yo, e di ki sa k fè l efikas. b) Ki sa k te fè Pòl dekouraje?

12 Satan ta renmen kraze relasyon nou gen ak Jewova a, kit se pa mwayen pèsekisyon dirèk kit se pa mwayen atak anba anba k ap wonyen lafwa nou tikras pa tikras. Dekourajman se youn nan atak anba anba ki pi efikas Satan itilize. Apot Pòl te fè konnen pafwa li konn santi l dekouraje. (Li Women 7:21-24.) Men, ki sa k te fè Pòl, yon moun ki sanble te yon jeyan nan domèn espirityèl e ki petèt te yon manm kolèj santral premye syèk la, te di se ‘yon mizè pou li’? Pòl fè konnen se akoz enpèfeksyon l ki fè l te santi l konsa. Li te vrèman anvi fè sa ki dwat, men, li te santi gen yon lòt fòs k ap goumen kont li. Si yon lè w ta ap fè fas ak kèk santiman konsa, èske w pa t ap twouve sa rekonfòtan pou w konnen menm Pòl te fè fas ak menm difikilte sa a?

13, 14. a) Ki sa k lakòz kèk moun pami pèp Bondye vin dekouraje? b) Ki moun ki vle kraze lafwa nou, e poukisa?

13 Pafwa, gen anpil frè ak sè ki konn santi yo dekouraje, yo konn santi yo enkyè, e yo konn menm santi yo pa vo anyen. Pa egzanp, men sa yon pyonye zele, n ap bay non Deborah, te fè konnen: “Se tout tan m ap panse ak yon erè m te fè, e chak fwa sa yo, mwen santi m koupab. Lè m reflechi ak yon bagay mal mwen te fè, sa ka fè m santi pa gen pèsonn k ap renmen m nan okenn fason, menm Jewova.”

14 Ki sa k lakòz kèk sèvitè Jewova ki zele, tankou Deborah, vin dekouraje? Kapab gen plizyè rezon pou sa. Gen kèk moun ki kapab senpleman gen tandans wè tèt yo ak sitiyasyon yo nan lavi a yon fason ki mal (Pwo. 15:15). Pou kèk lòt moun, se kapab santiman negatif yo ki anrasinen lakay yo akoz yon pwoblèm fizik yo genyen ki gen efè sou emosyon yo. Kèlkeswa sa k lakòz dekourajman an, nou pa dwe bliye kiyès ki vle eksplwate santiman sa yo. An reyalite, ki moun ki vle pou n tèlman vin dekouraje opwen pou n bay legen? Ki moun ki vle w santi menm kondanasyon ki peze byen lou sou do l la (Rev. 20:10)? Se pa lòt moun, se Satan! Verite a sèke, kit se pa mwayen kèk atak dirèk kit se pa mwayen plizyè atak anba anba, Satan toujou gen menm objektif la ki se fè n vin enkyè, pou zèl nou vin febli epi pou n vire do bay Jewova. Pa gen dout nan sa, pèp Bondye a nan yon konba espirityèl!

15. Ki jan n ka montre n detèmine pou n pa kite dekourajman pote n ale?

15 Se pou w pran detèminasyon pou w pa janm sispann lite! Kontinye fikse lespri w sou rekonpans lan. Men sa Pòl te ekri kretyen nan kongregasyon Korent lan: “Nou pap abandone. Okontrè, menmsi kò nou ap depafini, se sèten, moun nou ye pa anndan an ap vin pi fre de jou an jou. Byenke tribilasyon an la pou yon ti tan e li lejè, rezilta li ban nou, se yon glwa k ap ogmante chak jou e ki la pou toutan.” — 2 Kor. 4:16, 17.

PREPARE N DEPI KOUNYE A POU N FÈ FAS AK TRIBILASYON

Tout kretyen, jèn kou granmoun, antrene tèt yo pou yo defann lafwa yo. (Gade paragraf 16.)

16. Ki sa k fè l enpòtan pou n prepare n depi kounye a pou tribilasyon?

16 Jan nou sot wè sa, Satan gen yon pakèt “manèv” li met sou pye (Efe. 6:11). Nou chak bezwen suiv konsèy nou jwenn nan 1 Pyè 5:9 la ki di: “Kenbe tèt ak li, rete fèm nan lafwa.” Pou n rive fè sa, nou bezwen prepare kè nou ak lespri nou, e n bezwen fòme tèt nou depi kounye a pou n fè sa ki byen. Ann pran yon egzanp pou n montre sa: Anvan menm yo ta menase yon lame, sòlda yo gen pou yo fè yon seri antrènman ki difisil anpil. Se menm bagay la tou pou lame espirityèl Jewova a. Nou pa konnen ki sa k ka gen nan gè nou an alavni. Kidonk, èske l pa t ap saj pou n ta fè kèk antrènman enpòtan pandan moman nou anpè toujou a? Men sa Pòl te ekri Korentyen yo: “Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye.” — 2 Kor. 13:5.

17-19. a) Nan ki domèn nou ka teste tèt nou? b) Ki jan n ka prepare jèn yo pou yo defann lafwa yo pandan yo lekòl?

17 Youn nan fason n ka montre n koute konsèy Bondye te pouse Pòl ekri a se lè n analize tèt nou seryezman. Poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske m konn pèsevere nan lapriyè? Lè m ap fè fas ak presyon lòt moun ap fè sou mwen, èske m obeyi Bondye antanke chèf olye m obeyi lèzòm? Èske m asiste reyinyon yo regilyèman? Èske lè m ap pale de kwayans mwen mwen fè sa avèk kran? Èske m vrèman eseye pase sou feblès kwayan parèy mwen yo menm jan yo menm yo fè sa pou mwen? Èske m soumèt mwen devan moun ki pran latèt nan kongregasyon kote m ye a ansanm ak moun k ap pran swen tout kongregasyon sou tè a?’

18 N ap remake gen de nan kesyon sa yo ki konsène defann kwayans nou avèk kran epi rete tennfas devan presyon lòt moun ap fè sou nou. Gen anpil nan jèn nou yo ki gen pou yo fè sa pandan yo lekòl. Yo aprann pou yo pa timid oswa pou yo pa santi yo jennen akoz kwayans yo. Se sa k fè, yo met kran sou yo pou yo pale. Nan sans sa a, nan peryodik nou yo, yo pibliye anpil sijesyon ki kapab ede yo. Pa egzanp, nan Réveillez-vous! jiyè 2009 la, yo montre si yon kamarad lekòl ou ta mande w: “Poukisa w pa kwè nan teyori evolisyon an?” ou te ka annik reponn li: “Poukisa pou m ta kwè nan teyori evolisyon an? Menm syantifik yo ki se swadizan espè pa dakò avè l!” Ou menm paran, asire w ou fè kèk seyans pratik ak pitit ou yon fason pou l prepare l pou l fè fas ak kèk presyon konsa kamarad lekòl li ap fè sou li.

19 Vrèmanvre, li pa toujou fasil pou yon moun swa pale de lòt bagay Jewova mande nou yo oswa pou l fè yo. Apre n fin pase yon jounen byen long ap travay, nou gendwa bezwen rele sou kò nou pou n al nan reyinyon. Leve lè maten pou n al nan predikasyon gendwa mande pou n goumen paske matla ki sou kabann nou an twò dous. Men sonje sa: Lè pi gwo eprèv yo vin parèt alavni, w ap nan pi bon pozisyon pou w fè fas ak yo si, depi byen alavans, ou te gentan gen yon bon abitid nan domèn espirityèl.

20, 21. a) Ki jan lè n medite sou ranson an sa ka ede n konbat santiman negatif? b) Ki detèminasyon w dwe pran konsènan tribilasyon yo?

20 Ki sa n ka di konsènan atak anba anba yo? Pa egzanp, ki jan n ka goumen kont dekourajman? Youn nan pi bon fason nou ka rive fè sa se lè n medite sou ranson an. Se sa apot Pòl te fè. Li te konn ki jan l te konn santi l pafwa, sa vle di, li te santi se yon mizè pou li. Men tou, li te konnen Kris pa t mouri pou moun ki pafè, men, se pou pechè l te mouri. E Pòl te youn nan pechè sa yo. Anfèt, men sa l te ekri: “M ap viv [...] grasa lafwa mwen genyen nan Pitit Bondye a ki renmen m e ki livre tèt li pou mwen.” (Gal. 2:20). Vrèmanvre, Pòl te aksepte ranson an. Li te rekonèt yo te bay ranson an pou li menm pèsonèlman.

21 Lè w gen menm pwennvi sa a, sa vle di, lè w konsidere ranson an kòm yon kado Jewova fè w pèsonèlman, sa ka ede w anpil. Sa pa vle di dekourajman w yo ap annik rete konsa yo disparèt. Nan yon sans, gen kèk nan nou ki kapab gen pou l goumen kont atak anba anba sa a jiskaske n rive nan monn nouvo a. Men pa bliye: Se moun ki pa bay legen yo k ap resevwa pri a. Nou vrèman toupre gran jou kote Wayòm Bondye a pral tabli lapè epi l pral fè moun fidèl yo vin pafè a. Kidonk, se pou w pran detèminasyon pou w antre nan Wayòm sa a menmsi se anba anpil tribilasyon!