Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w kwè toutbonvre ou nan laverite? Sa k fè sa?

Èske w kwè toutbonvre ou nan laverite? Sa k fè sa?

“Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” — WOM. 12:2.

1. Ki fason chèf legliz lakretyente yo konn aji lè gen lagè?

ÈSKE se volonte Bondye pou vrè kretyen yo al nan lagè epi pou yo touye moun ki soti nan lòt nasyon? Pandan 100 dènye ane ki sot pase yo, se sa k te rive souvan pami anpil moun ki swadizan di yo se kretyen. Reprezantan katolik yo konn beni gwoup moun ki pral goumen kont katolik ki nan lòt nasyon yo, e yo konn beni zam moun sa yo. Se menm bagay la tou ki te fèt pami reprezantan potestan yo. Dezyèm Gè mondyal la se pi gwo egzanp ki montre kantite san sa te fè koule.

2, 3. Ki pozisyon Temwen Jewova yo te pran pandan Dezyèm Gè mondyal la ansanm ak ane ki vin apre yo, e poukisa?

2 Ki jan Temwen Jewova yo konn aji nan epòk sa a, lè gen lagè? Listwa montre yo te toujou kenbe yon pozisyon net antanke kretyen. Sou ki sa yo baze pou yo pran pozisyon sa a? Yo sitou baze sou egzanp ak ansèyman Jezi yo. Men sa Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:35). Mete sou sa, se ak tout kè yo yo aplike rezònman Pòl te fè nan lèt li te ekri kretyen Korent yo. — Li 2 Korentyen 10:3, 4.

3 Kidonk, etandone konsyans vrè kretyen yo fòme grasa Labib, yo pa aprann fè lagè ni yo pa patisipe nan lagè. Kòm rezilta, lefètke Temwen yo pran pozisyon sa a, gen plizyè milye nan yo, jèn kou granmoun, gason kou fi, ki jwenn pèsekisyon. Gen anpil nan yo ki te soufri nan fè travay fòse kit se nan kan oswa nan prizon. Ann Almay, yo te menm touye kèk nan yo pandan rejim Nazi a. Malgre tout pèsekisyon terib Temwen yo te fè fas nan peyi Ewòp yo, yo pa t janm bliye misyon yo te genyen pou yo preche bon nouvèl Wayòm Jewova a. Avèk fidelite, yo te fè sa nan prizon, nan kan konsantrasyon e menm pandan yo ann egzil *. Pi devan, Temwen yo pa t patisipe nan masak etnik ki te fèt nan peyi Wannda nan ane 1994 la. Anplis de sa, yo te rete net tou nan konfli ki te gen nan zòn Balkan yo tou dènyèman la a nan epòk kote ansyen Yougoslavi a t ap tonbe a, yon konfli ki te lakòz anpil san koule.

4. Ki efè pozisyon net Temwen Jewova yo pran an genyen sou moun k ap gade yo?

4 Pozisyon fèm Temwen Jewova yo pran pou yo rete net la fè plizyè milye moun k ap gade toupatou sou tè a gen konviksyon se Temwen yo ki renmen Bondye ansanm ak pwochen yo toutbon. Sa vle di se yo menm k ap pratike vrè Krisyanis la. Sepandan, gen lòt bagay ankò nan fason n ap adore Jewova a ki fè anpil moun kwè Temwen Jewova yo se vrè kretyen.

PI GWO TRAVAY ANSÈYMAN NAN TOUT LISTWA

5. Ak ki chanjman premye disip Kris yo te fè fas?

5 Depi lè Jezi te fèk kòmanse ministè l, li te met anpil aksan sou enpòtans pou n pwoklame bon nouvèl Wayòm Bondye a. Li te chwazi 12 disip pou yo patisipe nan yon travay ki t apral tounen yon travay prediksyon mondyal, apre sa, li te fòme yon gwoup ki gen 70 disip (Lik 6:13; 10:1). Disip sa yo te jwenn fòmasyon pou yo preche lòt moun bon nouvèl la, men, yo t ap gen pou yo preche Juif yo anvan. Epi, kòm sipriz, yo t apral pote l bay moun lòt nasyon ki pa t sikonsi yo! Se pa ti chanjman sa dwe te ye pou disip Juif ki te zele yo! — Tra. 1:8.

6. Ki sa k te fè Pyè vin rann li kont Jewova pa gen patipri?

6 Bondye te voye apot Pyè al kay Kònèy, yon janti ki pa t sikonsi. Annapre, Pyè te rann li kont Bondye pa gen patipri. Kònèy ak tout moun lakay li te batize, epi, apati moman sa a, Krisyanis la te vin gaye nan yon nouvo tèritwa ki gwo anpil. Konsa, moun tout nasyon te ka tande verite a e yo te ka aksepte l (Tra. 10:9-48). Kounye a, se lemonnantye ki te vin tèritwa a.

7, 8. Ki inisyativ òganizasyon Jewova a pran? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Pandan istwa Temwen Jewova yo nan epòk nou an, moun ki pran latèt yo te montre yo zele nan travay predikasyon ak ansèyman bon nouvèl la toupatou sou tè a. Jodi a, gen prèske uit milyon Temwen zele k ap fè tout sa yo kapab pou yo simaye mesaj Kris la nan plis pase 600 lang, e gen plis lang toujou k ap ajoute! Temwen Jewova yo idantifye tèt yo byen klè grasa travay predikasyon kay an kay la ansanm ak travay predikasyon nan lari a kote pafwa yo konn sèvi ak tab ansanm ak charyo pou piblikasyon.

8 Gen plis pase 2 900 tradiktè ki resevwa fòmasyon espesyal pou yo tradui Bib la ansanm ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Se sèten, yo pa fè travay sa a sèlman nan lang moun plis pale yo. Efò y ap fè yo konsène plizyè santèn lang ki pa twò popilè, men, sepandan, gen plizyè milyon moun ki pale yo. Pa egzanp, nan peyi Espay, gen plizyè milyon Katalan ki pale lang manman yo ak papa yo ki se katalan, chak jou. Sitou nan ane ki sot pase yo, moun te kòmanse pale lang sa a ansanm ak plizyè varyasyon ki gen nan lang sa a nan zòn Andò, Alicante, nan zile Baléares yo ak nan Valence. Kounye a, Temwen Jewova yo pibliye piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang katalan an, e reyinyon ki fèt nan lang sa a touche kè pèp Katalan an.

9, 10. Ki sa k montre òganizasyon Jewova a enterese nan byennèt espirityèl tout pèp?

9 Yo itilize menm metòd tradiksyon ak ansèyman an nan anpil kilti. Meksik se yon peyi kote yo pale espayòl, men, nan peyi sa a gen plizyè gwoup endijèn ki pale anpil lòt lang. Pèp Maya a se youn nan gwoup sa yo. Filyal peyi Meksik la tabli biwo ekip tradiksyon lang maya a nan yon zòn nan peyi a kote tradiktè yo ka pale lang lan epi yo ka tande moun k ap pale l chak jou. Yon lòt egzanp ankò se lang nepali a ki se youn nan lang yo pale nan peyi Nepal, yon peyi ki gen plis pase 29 milyon moun. Yo pale anviwon 120 lang nan peyi a, men, gen plis pase 10 milyon moun ki pale lang nepali a e gen anpil lòt moun ki sèvi avè l kòm dezyèm lang. Nou pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang sa a tou.

10 Òganizasyon Jewova a pran misyon l genyen pou l preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a trèzoserye, e l montre sa nan fason l ap soutni plizyè ekip tradiksyon ki nan lemonnantye. Nou distribye plizyè milyon feyè, bwochi ak peryodik nan yon seri kanpay ki fèt toupatou sou tè a san nou pa mande moun yo senkòb pou sa. Nou rive kouvri depans sa yo grasa ofrann volontè Temwen Jewova yo fè, yo menm ki se moun k ap suiv konsèy sa a Jezi te bay la ki di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” — Mat. 10:8.

Yon ekip tradiksyon k ap prepare piblikasyon ann alman senplifye. (Gade paragraf 10.)

Piblikasyon ann alman senplifye yo itil anpil nan peyi Paragwe. (Gade foto ki nan kòmansman atik la tou.)

11, 12. Ki fason travay predikasyon Temwen Jewova yo ap fè sou tout tè a gen yon bon efè sou moun yo?

11 Antanke pwoklamatè ak anseyan ki vwe lavi yo bay Bondye, Temwen Jewova yo tèlman gen konviksyon yo jwenn laverite opwen yo fè anpil gwo sakrifis pou yo pataje mesaj la ak moun lòt nasyon ansanm ak moun tout ras. Gen anpil nan yo ki senplifye lavi yo, ki aprann yon lòt lang e ki adapte yo ak lòt kilti yon fason pou yo patisipe nan travay enpòtan sa a. Travay predikasyon ak ansèyman entènasyonal sa a se yon lòt bagay ankò ki fè anpil moun kwè Temwen Jewova yo se vrè disip Kris Jezi.

12 Temwen yo fè tout bagay sa yo paske yo gen konviksyon yo jwenn laverite. Men, ki lòt bagay ankò ki fè plizyè milyon moun kwè Temwen Jewova gen laverite? — Li Women 14:17, 18.

REZON KI FÈ YO KWÈ

13. Ki sa Temwen yo fè pou yo kenbe òganizasyon an pwòp?

13 Nou ka jwenn byenfè lè n tande sa kèk kretyen nan epòk nou an ki zele e ki gen konviksyon yo nan laverite, te di. Men sa yon moun ki gen lontan depi l ap sèvi Jewova te di pou l eksprime santiman l: “Gen anpil efò ki fèt pou kenbe òganizasyon Jewova a pwòp nan domèn moral e pou l rete san tach, kèlkeswa moun yo dwe bay konsèy oswa disiplin nan.” Ki jan yo rive atenn prensip moral wo nivo sa a? Yo fè sa lè yo suiv prensip ki nan Pawòl Bondye a ansanm ak metòd Jezi ak disip li yo te kite yo. Konsa, pandan istwa Temwen Jewova yo nan epòk nou an, se yon tikras moun sèlman yo te oblije met deyò nan kominote nou fòme antanke kretyen an paske yo pa t konfòme yo ak prensip Bondye yo. Pifò moun yo, sa ki gen ladan l kèk moun ki t ap viv yon fason Bondye pa apwouve men ki te vin chanje, se moun ki kontinye mennen yon vi pwòp e ki bay bon egzanp. — Li 1 Korentyen 6:9-11.

14. Ki sa anpil moun ki te eskominye te fè, e ki rezilta sa bay?

14 Ki sa n ka di konsènan moun yo met deyò nan kongregasyon an ann amoni ak konsèy nou jwenn nan Ekriti yo? Gen plizyè milye nan moun sa yo ki repanti akoz move aksyon yo te fè yo e ki retounen nan kongregasyon an. (Li 2 Korentyen 2:6-8.) Lefètke n respekte prensip wo nivo Bib la bay nan domèn konduit yo, sa fè kongregasyon kretyen an pwòp e sa fè moun yo gen konfyans nan li. Lefètke Temwen Jewova yo respekte prensip Bondye yo kontrèman ak anpil legliz ki gen abitid sitire moun, sa tou se yon lòt bagay ki fè anpil moun gen konviksyon Temwen yo se yon pèp k ap pratike laverite.

15. Ki sa k te konvenk yon frè li nan laverite?

15 Ki sa k fè anpil lòt Temwen, ki gen eksperyans, kwè yo jwenn laverite? Men sa yon frè ki nan senkantèn li fè konnen: “Depi lè m te adolesan, m te ret kwè lafwa m chita sou twa prensip: 1) Bondye egziste; 2) se li menm ki enspire Bib la; epi 3) jodi a, l ap sèvi ak kongregasyon Temwen Jewova yo e li beni kongregasyon sa a. Tank ane yo t ap pase, toutpandan m t ap etidye, mwen te toujou eseye teste prensip sa yo e m te konn mande tèt mwen si yo te chita sou yon bon fondasyon vre. Ane apre ane, prèv mwen te jwenn pou chak prensip sa yo te vin ogmante anpil, konsa, sa te fè lafwa m vin pi solid e sa te fè m vin gen plis konviksyon nou nan laverite toutbon.”

16. Ki bagay konsènan laverite ki te gen gwo efè sou yon sè?

16 Men sa yon sè marye k ap sèvi nan syèj mondyal la ki nan Nouyòk fè konnen konsènan òganizasyon Jewova a: “Se sèlman li menm ki pran rezolisyon pou l pwoklame non Jewova. Se yon bagay ki vrèman lojik lè n sonje non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan Bib la! Mwen apresye ankourajman nou jwenn nan 2 Kwonik 16:9 la ki di: ‘Kanta pou Jewova, je l ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li.’” Men sa sè a kontinye pou l di: “Laverite montre m kòman pou m gen yon kè konplè yon fason pou Jewova ka pran plezi pou l montre fòs li anvè m. Relasyon m gen ak Jewova a se bagay ki gen plis valè pou mwen. Mwen apresye wòl Jezi jwe nan ede m byen konnen Bondye a, e se konesans sa a k ap soutni m.”

17. Ki konviksyon yon moun ki pa t kwè nan Bondye te genyen, e poukisa?

17 Men sa yon moun ki pa t kwè nan Bondye fè konnen: “Kreyasyon an fè m gen konviksyon Bondye vle lèzòm jwenn plezi nan lavi a, e konsa, li pap kite soufrans rete la pou toutan. Mete sou sa, toutpandan moun nan monn nan ap montre yo pa gen respè pou Bondye plis toujou, pèp Jewova li menm ap vin gen plis lafwa, plis zèl ak plis lanmou. Se sèlman lespri Jewova ki ka fè yon kalite mirak konsa nan epòk nou an.” — Li 1 Pyè 4:1-4.

18. Ki jan w santi w konsènan sa de lòt frè fè konnen?

18 Men sa yon lòt Temwen ki gen lontan depi l ap sèvi Jewova fè konnen konsènan rezon ki fè l kwè se laverite n ap preche: “Etid mwen fè pandan plizyè ane ki pase yo konvenk mwen Temwen yo fè gwo efò pou yo suiv modèl Krisyanis ki te gen nan premye syèk la. Toutpandan m ap vwayaje nan monn nan, mwen wè inite ki gen nan mitan Temwen Jewova yo toupatou sou tè a. Verite mwen jwenn nan Bib la ban m satisfaksyon ak kè kontan.” Lè yo te mande yon frè ki gen plis pase 60 an ki sa k te fè l gen konviksyon li jwenn laverite, li te atire atansyon sou Jezi Kris. Men sa l te di: “Nou te byen pran san nou pou n etidye lavi Jezi ak ministè l e nou te vin apresye egzanp li bay. Nou te fè chanjman nan lavi nou yon fason pou n te ka pwoche bò kot Bondye pa mwayen Kris Jezi. Nou rekonèt sakrifis ranson Kris la kòm mwayen pou nou sove. E nou konnen li te leve sot nan lanmò paske n gen temwayaj moun nou fè konfyans ki te wè sa ak je yo.” — Li 1 Korentyen 15:3-8.

KI SA N DWE FÈ AK LAVERITE?

19, 20. a) Ki responsablite Pòl te fè frè nan kongregasyon Wòm nan konnen yo genyen? b) Antanke kretyen ki vwe lavi n bay Jewova, ki privilèj nou genyen?

19 Antanke kretyen ki renmen pwochen nou, nou pa ka kenbe bonjan konesans nou gen sou laverite a poukont nou. Men ki rezònman Pòl te fè ak frè l yo ki te nan kongregasyon Wòm nan: “Si w deklare ‘pawòl’ ki di Jezi se Seyè a ‘ak bouch ou’ an piblik, e si w gen lafwa nan kè w Bondye te leve l sot nan lanmò, w ap sove. Paske, se nan kè a yon moun gen lafwa pou l ka vin jis nan je Bondye, men se avèk bouch la yon moun fè deklarasyon piblik pou l ka sove.” — Wom. 10:9, 10.

20 Antanke Temwen ki vwe lavi n bay Jewova, nou gen konviksyon nou nan laverite, e nou konnen nou gen privilèj pou n anseye lòt moun bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a k ap dirije. Toutpandan n ap patisipe nan travay predikasyon nou an, nou swete pou n rive touche moun yo nonsèlman grasa sa n ap anseye yo nan Bib la, men tou, grasa kokennchenn konviksyon nou genyen an!

^ § 3 Gade liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, paj 191-198, 448-454.