Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w “konprann” sans lan?

Èske w “konprann” sans lan?

“Li ouvri lespri yo nèt pou yo konprann Ekriti yo.” — LIK 24:45.

1, 2. Ki fason Jezi te fòtifye disip li yo jou l te resisite a?

NAN jou Jezi te resisite a, gen de nan disip li yo ki te nan wout pou y al nan yon bouk ki twouve l a anviwon 11,2 kilomèt parapò ak Jerizalèm. Etandone yo potko konnen si Jezi resisite, yo te nan anpil lapenn akoz evènman ki te fèk sot pase yo. Sanzatann, Jezi vin parèt epi l kòmanse mache avèk yo. Li te anmezi pou l rekonfòte disip sa yo. Ki jan l te fè sa? Bib la di: “Li te entèprete tout bagay ki te gen rapò avè l nan tout Ekriti yo pou yo, kòmanse depi sou Moyiz ak tout Pwofèt yo.” (Lik 24:13-15, 27). Nan moman sa a, yo te kòmanse santi se tankou yon dife k ap boule nan kè yo paske Jezi te “byen esplike” yo Ekriti yo. — Lik 24:32.

2 De disip sa yo te retounen Jerizalèm nan menm sware a. Lè yo jwenn apot yo, yo esplike yo sa k te rive a. Pandan yo t ap pale, Jezi te vin parèt devan yo tout. Sepandan, apot li yo te vin panike. Dout te kòmanse anvayi kè yo. Ki fason Jezi te fòtifye yo? Bib la di nou: “Li ouvri lespri yo nèt pou yo konprann Ekriti yo.” — Lik 24:45.

3. Ak ki difikilte nou kapab fè fas, e ki sa k ka ede n vin gen yon pwennvi ekilibre sou travay predikasyon nou an?

3 Menm jan ak disip sa yo, pafwa, nou kapab ap fè fas ak anpil lapenn. Petèt nou okipe anpil nan travay Seyè a e n vin dekouraje paske n poko wè rezilta (1 Kor. 15:58). Oswa moun n ap etidye Labib avèk yo ka sanble pa fè anpil pwogrè. Gen lòt moun n ap ede ki kapab menm vire do bay Jewova. Ki sa n ka fè pou n rive gen yon pwennvi ekilibre sou travay predikasyon nou an? Yon bagay ki kapab ede n se lè n chèche byen konprann sans egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Ekriti sakre yo. Ann konsidere twa nan egzanp sa yo epi ann wè ki leson nou ka aprann nan yo.

MESYE KI FIN SIMEN E KI AL DÒMI AN

4. Ki sa egzanp Jezi te bay konsènan mesye ki fin simen e ki al dòmi an vle di?

4 Li Mak 4:26-29. Ki sa egzanp Jezi te bay konsènan mesye ki fin simen e ki al dòmi an vle di? Mesye ki nan egzanp lan reprezante chak pwoklamatè Wayòm nan. Semans lan se mesaj Wayòm nan n ap preche moun ki gen kè sensè yo. Menm jan sa abitye fèt chak jou, mesye ki fin simen an “dòmi lannuit, [e] li leve chak maten”. Pwosesis pou semans lan grandi a fèt sou yon kantite tan soti lè yo te fèk simen l lan pou rive nan fen rekòt la. Pandan tan sa a, “semans lan leve, [e] li grandi”. Tikras pa tikras, semans lan grandi “poukont li” e li pase plizyè etap. Nan menm sans lan, se tikras pa tikras yon moun rive grandi nan domèn espirityèl e li pase plizyè etap. Lè yon moun rive pwogrese nan pwen pou l vle sèvi Bondye, li bay fwi nan sans li vwe lavi l bay Jewova epi l batize.

5. Poukisa Jezi te bay egzanp mesye ki fin simen e ki al dòmi an?

5 Poukisa Jezi te bay egzanp sa a? Jezi te vle n konprann se Jewova ki fè verite a grandi nan kè moun ki nan “bon dispozisyon” yo (Tra. 13:48; 1 Kor. 3:7). Nou plante e nou wouze, men, nou pa gen kontwòl sou fason plant lan grandi. Nou pa ka fòse l grandi ni nou pa ka fè l grandi vit. Menm jan ak mesye ki nan egzanp lan, nou pa konnen kòman plant lan rive grandi. Byen souvan, sa fèt san nou pa menm rann nou kont toutpandan n ap mennen aktivite n chak jou. Sepandan, rive yon lè, semans Wayòm nan ka bay fwi. Konsa, nouvo disip yo vin patisipe avè n nan travay rekòt la e n jwenn byenfè nan èd yo ban nou. — Jan 4:36-38.

6. Ki sa n dwe rekonèt anrapò ak fason yon moun pwogrese nan domèn espirityèl?

6 Ki sa n ka aprann nan egzanp sa a? Toudabò, nou dwe admèt nou pa gen kontwòl sou fason yon etidyan Labib pwogrese nan domèn espirityèl. Lè n montre n kont limit nou nan sans sa a, sa ap fè n evite gen tandans fè presyon sou li oswa fòse l batize. Nou fè tout sa n kapab pou n ede l epi pou n soutni l, men, avèk imilite, nou rekonèt se li menm sèlman ki gen dwa pou l deside si l ap vwe lavi l bay Bondye. Ve yon moun fè dwe sot nan yon kè ki byen dispoze e se lanmou li gen pou Bondye ki dwe pouse l fè sa. Se sèlman nan kondisyon sa a Jewova ap aksepte ve a. — Sòm 51:12; 54:6; 110:3.

7, 8. a) Ki lòt leson nou aprann nan egzanp Jezi te bay konsènan mesye ki fin simen e ki al dòmi an? Bay yon egzanp. b) Ki sa egzanp sa a aprann nou sou Jewova ak Jezi?

7 Dezyèmman, lè n rive konprann leson ki kache dèyè egzanp sa a, sa ap ede n pou n pa dekouraje si n wè n pa jwenn rezilta nan travay la okòmansman. Nou bezwen gen pasyans (Jak 5:7, 8). Menm lè semans lan pa ta bay fwi, si n fè tout sa n kapab pou n ede etidyan an, n ap rann nou kont sa k rive a pa yon siy ki montre nou pa fidèl. Se sèlman nan kè moun ki gen imilite e ki dispoze fè chanjman Jewova ap kite semans verite a grandi (Mat. 13:23). Kidonk, nou pa dwe janm gade sou rezilta nou jwenn nan travay predikasyon an pou n konnen si wi ou non nou maton nan travay la. Pou Jewova, se pa fason moun n ap anseye yo reyaji k ap montre si n reyisi nan travay predikasyon an. Olye de sa, Jewova bay efò n kontinye ap fè yo anpil valè, kèlkeswa rezilta nou jwenn. — Li Lik 10:17-20; 1 Korentyen 3:8.

8 Twazyèmman, nou ka pa toujou rive wè chanjman k ap fèt lakay yon moun. Pa egzanp, gen yon koup ki t ap etidye ak yon misyonè ki te vin kot misyonè a e yo te di l yo vle vin pwoklamatè ki poko batize. Misyonè a te fè koup la sonje si yo vle vin kalifye pou yo preche, yo ta dwe sispann fimen. Se pa ti sezi l te sezi lè yo te di l yo gen plizyè mwa depi yo sispann fimen. Ki sa k te fè yo sispann fimen? Yo te vin rann yo kont Jewova kapab wè yo k ap fimen e Jewova rayi moun ki ipokrit. Konsa, kè yo te pouse yo pran yon desizyon, swa yo te fimen devan misyonè a swa yo te sispann fimen nèt. Lanmou ki te fèk kòmanse devlope nan kè yo pou Jewova a te ede yo pran bon desizyon an. Yo te kòmanse fè pwogrè nan domèn espirityèl menm lè misyonè a pa t menm remake chanjman k ap fèt la.

FILÈ A

9. Ki sa egzanp filè a vle di?

9 Li Matye 13:47-50. Ki sa egzanp Jezi te bay konsènan filè a vle di? Jezi te konpare predikasyon mesaj Wayòm nan k ap fèt toupatou sou tè a ak lè yo lage yon gwo filè nan lanmè. Menm jan yon filè konsa rive pran yon gwo kantite pwason “tout kalite”, konsa tou, travay predikasyon nou an atire plizyè milyon moun tout kalite (Iza. 60:5). Gwo kantite moun k ap asiste kongrè ak Memoryal nou fè chak ane yo se yon prèv ki montre sa. Gen kèk nan pwason senbolik sa yo ki se “bon” pwason e yo rasanble yo nan kongregasyon kretyen an. Sepandan, gen lòt menm yo konsidere ki “pa bon”, sa ki montre se pa tout moun yo rasanble yo Jewova ap aksepte.

Apre w fin li Matye 13:47-50, gade pou w wè jan sa ap fèt nan epòk nou an.

Gen kèk nan moun laverite atire yo k ap pran pozisyon pou Jewova. (Gade paragraf 9-12.)

10. Poukisa Jezi te bay egzanp filè a?

10 Poukisa Jezi te bay egzanp sa a? Fason senbolik yo separe pwason yo pa gen anyen pou l wè ak jijman final ki gen pou fèt pandan gwo tribilasyon an. Olye de sa, separasyon sa a atire atansyon nou sou sa k t ap gen pou rive pandan dènye jou sistèm mechan sa a. Jezi te montre se pa tout moun laverite atire yo ki t ap pran pozisyon pou Jewova. Gen anpil nan yo ki asiste reyinyon avè n. Gen lòt ki dispoze etidye Labib avè n men ki pa vle angaje yo (1 Wa 18:21). Gen lòt ankò ki kite kongregasyon kretyen an. Gen kèk jèn ki te leve nan yon fanmi kretyen men ki pa janm renmen prensip Jewova yo. Kèlkeswa sitiyasyon an, Jezi te montre se chak moun ki gen pou pran pwòp desizyon yo. Li konsidere moun ki pran bon desizyon yo kòm moun “ki gen valè” oswa “bon bagay” ki soti nan “tout nasyon yo”. — Aga. 2:7, nòt, NW.

11, 12. a) Ki jan n ka jwenn byenfè nan egzanp filè a? b) Ki sa egzanp sa a aprann nou sou Jewova ak Jezi?

11 Ki jan n ka jwenn byenfè nan egzanp filè a? Lè n konprann leson ki nan egzanp sa a, sa ap ede n evite bay tèt nou twòp pwoblèm oswa vin desi depase limit si yon etidyan Labib oubyen youn nan pitit nou yo pa ta aksepte laverite. Sa ka rive menm lè n ta fè tout sa n kapab. Lè yon moun aksepte fè yon etid Labib oswa l te plizoumwen aprann laverite pandan l ap grandi, sa pa vle di otomatikman l ap vin gen yon relasyon solid ak Jewova. Rive yon lè, y ap oblije retire moun ki pa dispoze soumèt anba direksyon Jewova yo nan mitan pèp Bondye a.

12 Èske sa vle di moun ki kite laverite yo pap janm gen posiblite retounen nan kongregasyon an? Oswa, si yon moun pa rive vwe lavi l bay Jewova, èske y ap toujou konsidere l kòm yon moun ki “pa bon”? Non. Moun sa yo toujou gen opòtinite devan yo anvan gwo tribilasyon an deklannche. Se kòmsi Jewova te di yo: “Retounen vin jwenn mwen e m a retounen vin jwenn nou.” (Mal. 3:7, NW). Egzanp tigason gaspiyè a se yon lòt egzanp Jezi te bay ki montre sa. — Li Lik 15:11-32.

TIGASON GASPIYÈ A

13. Ki sa egzanp tigason gaspiyè a vle di?

13 Ki sa egzanp Jezi te bay konsènan tigason gaspiyè a vle di? Papa ki gen konpasyon ki nan egzanp sa a reprezante Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou an. Pitit gason ki mande eritaj pa l epi ki gaspiye l annapre a reprezante moun ki kite kongregasyon an. Lè yo kite kongregasyon an se kòmsi yo te vwayaje al nan “yon peyi byen lwen”, anpalan de monn Satan an, yon monn ki lwen Jewova (Efe. 4:18; Kol. 1:21). Sepandan, annapre gen kèk nan yo ki retounen nan bonsans yo epi ki pran wout pou retounen nan òganizasyon Jewova a aktout sa difisil pou yo. Papa nou ki konn padone a kontan akeyi moun sa yo ki gen imilite e ki repanti. — Iza. 44:22; 1 Pyè 2:25.

14. Poukisa Jezi te bay egzanp tigason gaspiyè a?

14 Poukisa Jezi te bay egzanp sa a? Jezi te pran yon bèl imaj pou l montre jan Jewova vle pou moun ki te vire do ba li yo retounen vin jwenn li. Papa ki nan egzanp lan pa t janm pèdi espwa pitit gason l lan t ap retounen. Menm lè pitit gason an “te nan yon bèl distans”, lè papa a wè l k ap vini, li kouri al akeyi l. Se pa ti ankouraje egzanp sa a ankouraje moun ki te kite laverite yo pou yo retounen vin jwenn Jewova san pèdi tan! Yo kapab vin fèb anpil nan domèn espirityèl, epi chemen pou yo retounen an kapab sanble gen anpil obstak epi l ka difisil. Men, sa vo lapenn pou yo fè efò paske menm syèl la ap kontan lè yo retounen. — Lik 15:7.

15, 16. a) Ki leson nou aprann nan egzanp Jezi te bay konsènan tigason gaspiyè a? Bay kèk egzanp. b) Ki sa egzanp sa a aprann nou sou Jewova ak Jezi?

15 Ki jan n ka jwenn byenfè nan egzanp tigason gaspiyè a? Nou dwe suiv egzanp Jewova. Nou pa dwe janm vin tèlman “jis depase limit” opwen pou n refize akeyi moun ki te peche men ki repanti yo. Sa ap sèlman fè w “fè tèt ou mal” nan domèn espirityèl (Ekl. 7:16NW). Nou ka aprann yon lòt leson nan sa. Nou ta dwe konsidere yon moun ki kite kongregasyon an tankou “yon mouton ki pèdi”, men pa tankou yon ka pèdi (Sòm 119:176, NW). Si n rankontre yon moun ki te kite kongregasyon an, èske n ap ede l ak tout kè n yon fason pou l retounen? Èske n ap fè ansyen yo konn sa san pèdi tan yon fason pou yo ba l èd ki apwopriye? N ap fè sa si n montre nou saj lè n aplike leson nou aprann nan egzanp Jezi te bay konsènan tigason gaspiyè a.

16 Ann wè kòman kèk moun nan epòk nou an ki te aji tankou tigason gaspiyè a te montre jan yo kontan lefètke Jewova te fè yo mizèrikòd e lefètke moun nan kongregasyon an te demontre lanmou pou yo e yo te soutni yo. Men sa yon frè ki te fè 25 an eskominye te di: “Tank Jewova ap fè m jwenn ‘tan soulajman an’ se tank jwa m genyen depi lè m fin reyentegre a kontinye ap vin pi plis (Tra. 3:19). Se pa ti ede frè ak sè yo ede m e se pa ti lanmou yo demontre pou mwen! Kounye a, mwen gen yon bèl fanmi espirityèl.” Men sa yon jèn sè ki te kite Jewova e ki te fè senkan deyò te fè konnen apre l retounen: “M pa gen mo pou m esplike w kòman m santi m lè m wè jan lanmou Jezi te pale de li a parèt byen klè nan ka pa m. Se pa ti privilèj sa ye pou yon moun fè pati òganizasyon Jewova a!”

17, 18. a) Ki leson nou aprann nan twa egzanp nou sot konsidere yo? b) Ki detèminasyon nou dwe pran?

17 Ki leson nou te aprann nan twa egzanp sa yo? Premyèman, nou dwe rekonèt nou pa gen kontwòl sou fason moun pwogrese nan domèn espirityèl. Se nan men Jewova sa ye. Dezyèmman, nou dwe montre nou reyalis lè n pa atann pou tout moun k ap etidye Labib ak tout moun k ap asiste reyinyon yo vin pran pozisyon pou laverite. Pou fini, menm lè kèk moun ka kite laverite epi vire do bay Jewova, nou pa dwe janm pèdi espwa y ap retounen. Epi, si yo retounen, ann akeyi yo yon fason ki montre nou wè yo menm jan Jewova wè yo.

18 Annou chak kontinye chèche vin gen konesans, bon konprann ak sajès. Toutpandan n ap li egzanp Jezi yo, mande tèt nou ki sa yo vle di, poukisa Jewova te fè ekri yo nan Bib la, ki jan n ka aplike leson ki ladan yo, epi, ki sa yo ka aprann nou sou Jewova ak Jezi. Anfèt, lè n fè sa n ap montre nou konprann sans pawòl Jezi yo.