Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w apresye sa w te resevwa yo?

Èske w apresye sa w te resevwa yo?

“Nou menm, [...] nou te aksepte [...] lespri ki soti nan Bondye a, yon fason pou nou ka konnen bagay Bondye ban nou ak tout kè li.” — 1 KOR. 2:12.

1. Ki tandans anpil moun konn genyen pafwa?

GEN anpil moun ki konn tande pawòl sa yo: ‘Se lè w pèdi yon bagay ou konn valè l.’ Èske w konn santi w konsa pafwa? Lè yon moun te resevwa yon bagay pandan l timoun, li konn gen tandans pa apresye bagay sa a nèt. Pa egzanp, yon moun ki te grandi nan yon fanmi ki rich gendwa pa bay anpil nan bagay li te resevwa yo twòp enpòtans. Sa ka rive nan ka jèn yo. Etandone yo manke eksperyans, yo ka poko fin byen konprann ki bagay nan lavi a ki vrèman gen enpòtans.

2, 3. a) Ki sa jèn kretyen yo bezwen fè atansyon pou yo pa fè? b) Ki sa k ka ede n apresye sa n genyen?

2 Si w se yon jèn, petèt ki nan adolesans oswa nan kòmansman ventèn, ki sa k enpòtan pou ou? Pou anpil moun nan monn nan, lavi a depann de bagay yo posede, tankou yon djòb ki byen peye, yon bèl kay oswa aparèy elektwonik dènye kri yo. Sepandan, si se sèlman pou bagay sa yo nou enkyete nou, nou mèt konnen nou pa gen bagay ki pi enpòtan an, anpalan de richès espirityèl yo. Malerezman, gen plizyè milyon moun k ap viv jodi a ki pa menm eseye chèche richès sa yo. Ou menm jèn ki te leve nan yon fanmi kretyen, ou dwe fè atansyon pou w pa bliye jan eritaj espirityèl ou te resevwa a se yon bagay ki gen anpil valè (Mat. 5:3). Si w ta manke apresyasyon pou eritaj sa a, sa ka lage w nan anpil pwoblèm ki ka gen efè sou tout rès vi w.

3 Sepandan, ou ka evite sa. Ki sa k ap ede w ancheri eritaj espirityèl ou a? Ann konsidere kèk egzanp nan Bib la ki kapab ede n wè rezon ki fè l saj pou n bay eritaj espirityèl nou an anpil valè. Nonsèlman egzanp nou pral konsidere yo ka ede jèn yo pou yo bay sa yo genyen nan domèn espirityèl yo anpil valè, men, y ap ede tout kretyen yo tou.

YO TE MANKE APRESYASYON

4. Ki sa 1 Samyèl 8:1-5 aprann nou konsènan pitit gason Samyèl yo?

4 Nan Bib la, nou ka jwenn egzanp kèk moun ki te resevwa yon bèl eritaj espirityèl men ki pa t apresye l. Sa te rive nan fanmi pwofèt Samyèl, yon pwofèt ki te sèvi Jewova depi l toupiti e ki te gen yon bèl relasyon ak Jewova (1 Sam. 12:1-5). Yowèl ak Abiya, de pitit gason Samyèl yo, t ap byen fè si yo te suiv egzanp Samyèl te kite a. Sepandan, yo pa t apresye eritaj sa a e yo te kòmanse fè sa k mal. Bib la fè konnen kontrèman ak papa yo, yo te konn “fè magouy lè y ap jije” (NW). — Li 1 Samyèl 8:1-5.

5, 6. Ki jan bagay yo te fini pou pitit gason Yochiya yo ak pitit pitit li a?

5 Se te menm bagay la tou pou pitit gason wa Yochiya yo. Yochiya te kite yon bèl egzanp nan fason l te adore Jewova. Lè yo te jwenn liv Lalwa Bondye a epi yo te li l pou Yochiya, li te fè yon gwo efò pou l suiv enstriksyon Jewova yo. Li te travay pou l retire idolatri ak pratik ki gen rapò ak movèzespri nan peyi a e l te ankouraje pèp la pou yo obeyi Jewova (2 Wa 22:8; 23:2, 3, 12-15, 24, 25). Se pa ti eritaj espirityèl pitit gason l yo te resevwa! Rive yon lè, gen twa nan pitit gason l yo ansanm ak yon pitit pitit li ki te vin wa, men, yo youn pa t montre yo apresye eritaj yo te resevwa a.

6 Yewoahaz, yon pitit gason Yochiya, te ranplase papa l kòm wa, men, li te “fè sa ki mal nan je Jewova”. Li te fè sèlman twa mwa ap dirije anvan yon Farawon ejipsyen te mete l nan prizon, e se la li te mouri (2 Wa 23:31-34NW). Annapre, Yewoyakim, frè l, te fè 11 an ap dirije. Li menm tou pa t montre l apresye sa l te resevwa nan men papa l la. Men sa Jeremi te pwofetize konsènan Yewoyakim etandone Yewoyakim t ap mennen yon move vi: “Y ap antere l menm jan ak yon bourik.” (Jer. 22:17-19NW). Lòt moun ankò ki te ranplase Yochiya sou twòn nan se te pitit gason l Sidkiya ansanm ak pitit pitit li Yewoyakin, e yo menm tou pa t byen aji. Okenn nan yo pa t chwazi suiv bon egzanp Yochiya te kite a. — 2 Wa 24:8, 9, 18, 19.

7, 8. a) Nan ki sans Salomon te vire do bay eritaj espirityèl li a? b) Ki leson nou ka aprann nan egzanp Bib la bay konsènan moun ki te vire do bay eritaj espirityèl yo a?

7 Salomon se yon wa ki te resevwa anpil bagay nan men David papa l. Byenke Salomon te grandi nan yon bèl anbyans espirityèl epi l te kòmanse aji byen, li pa t kontinye demontre lanmou pou sa ki dwat. Bib la fè konnen: “Lè Salomon te vin granmoun, madanm li yo te enfliyanse l, yo te fè l al sèvi lòt dye. Li pa t kontinye sèvi Jewova, Bondye l la, ak tout kè l, jan papa l, David, te sèvi Bondye ak tout kè l la.” (1 Wa 11:4, NW). Kòm konsekans, Salomon te pèdi favè Jewova.

8 Se pa ti tris sa tris pou n wè jan mesye sa yo ki te grandi nan yon bèl anbyans espirityèl e ki te gen opòtinite fè sa k dwat te vire do bay eritaj yo te resevwa a! Sepandan, se pa tout jèn nan epòk biblik yo ki te aji konsa, e se pa yo tout ki aji konsa jodi a. Ann konsidere kèk bèl egzanp jèn kretyen yo ka imite.

YO TE APRESYE SA YO TE RESEVWA A

9. Nan ki sans pitit gason Noye yo kite yon bèl egzanp pou nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 Pitit gason Noye yo kite yon bèl egzanp pou nou. Papa yo te resevwa lòd pou l bati yon lach epi pou l fè tout fanmi l antre nan lach la. Nòmalman, pitit gason Noye yo te konnen jan l enpòtan pou yo fè volonte Jewova. Konsa, yo dwe te kolabore ak papa yo. Pi devan, yo te ede Noye konstwi lach la, e annapre, yo te antre ladan l (Jen. 7:1, 7). Nan ki objektif yo te fè sa? Jenèz 7:3 (NW) fè konnen yo te fè bèt yo antre nan lach la “pou yo ka kontinye viv e pou pitit yo ka fè pitit sou tout tè a”. Yo te sove limanite tou. Piske pitit gason Noye yo te bay sa yo te resevwa nan men papa yo a anpil valè, yo te gen privilèj pou ede lèzòm kontinye viv e yo te kontribye pou pèmèt vrè adorasyon an retabli sou yon tè kote pa t gen mechanste ankò. — Jen. 8:20; 9:18, 19.

10. Ki fason kat jèn ebre ki t ap viv nan peyi Babilòn te montre yo apresye verite yo te aprann yo?

10 Plizyè syèk annapre, gen kat jèn ebre ki te montre yo konnen ki sa k vrèman enpòtan. Yo te mennen Anànya, Michayèl, Azarya ak Dànyèl kòm prizonye nan peyi Babilòn nan ane 617 anvan epòk nou an. Piske yo te bèl gason e yo te entèlijan, yo te ka annik adapte yo ak stil lavi babilonyen yo byen fasil. Men, yo pa t fè sa. Fason yo te aji a montre byen klè yo te sonje eritaj yo a, anpalan de sa yo te anseye yo. Lefètke toule kat mesye yo te ret atache ak sa yo te aprann nan domèn espirityèl pandan yo te jèn sa te fè yo jwenn anpil benediksyon. — Li Dànyèl 1:8, 11-15, 20.

11. Ki fason lòt moun te jwenn byenfè nan fòmasyon espirityèl Jezi te resevwa a?

11 Nou pa t ap ka pale de bèl egzanp san n pa pale de Jezi, Pitit gason Bondye a. Li te resevwa anpil bagay nan men Papa l e l te vrèman ba yo anpil valè. Fason l te konn pale te montre byen klè jan l te apresye sa l te aprann yo. Men sa l te di: “Se sa Papa a anseye m mwen di.” (Jan 8:28). Epi l te vle pou lòt moun jwenn byenfè nan sa l te resevwa a. Men sa l te di foul moun yo: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” (Lik 4:18, 43). Li te ede moun ki t ap koute l yo rann yo kont jan l enpòtan pou yo “pa fè pati monn” sa a kote pifò moun pa bay bagay espirityèl yo okenn valè. — Jan 15:19.

APRESYE SA W RESEVWA

12. a) Nan ki sans 2 Timote 3:14-17 konsène anpil jèn jodi a? b) Ki kesyon jèn kretyen yo ta dwe poze tèt yo?

12 Menm jan ak jèn nou sot pale de yo la a, petèt ou menm tou w te leve nan yon fanmi k ap sèvi Jewova Dye ak tout kè yo. Si se wi, sa Ekriti yo di konsènan Timote a kapab byen aplike nan sitiyasyon pa w. (Li 2 Timote 3:14-17.) Se paran w yo ki te anseye w “sa w te aprann” konsènan vrè Dye a e se yo ki te aprann ou kòman pou w fè l plezi. Petèt paran w yo te kòmanse anseye w depi lè w toupiti. Sandout, fòmasyon sa a yo te ba w la te ede w vin gen “sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi” a e l ede w “gen tout sa [w] bezwen” pou w fè sèvis Bondye a. Kounye a, kesyon enpòtan an se: Èske w montre w apresye sa w resevwa a? Sa ka mande pou w egzamine tèt ou. Ou ka poze kèk kesyon tankou: ‘Ki jan m santi m lefètke non m ekri nan lis temwen fidèl ki byen long nan? Ki jan m santi m lefètke m konnen m fè pati ti gwoup moun Bondye konnen sou tè a jodi a? Èske m rekonèt se yon privilèj san parèy sa ye lefètke m konn laverite?’

Ki jan w santi w lefètke non w ekri nan lis temwen fidèl ki byen long nan? (Gade paragraf 9, 10, 12.)

13, 14. Ak ki tantasyon kèk jèn kretyen ap fè fas, men, ki sa k fè l pa t ap saj pou yo tonbe ladan l? Bay yon egzanp.

13 Gen kèk jèn ki te grandi nan yon fanmi kretyen ki kapab pa wè gwo diferans ki genyen ant paradi espirityèl nou an ak fènwa pwès ki gen nan monn Satan an. Gen kèk nan yo ki menm anvi al gade ki jan lavi a ye nan monn nan. Men, èske w pral kanpe devan yon machin k ap kouri senpleman paske w vle konnen ki kalite doulè w ap santi, oswa petèt pou w konnen si w ap mouri? Se sèten w pap fè sa! Menm jan an tou, nou pa oblije al fè eksperyans nan “ma labou debòch” ki gen nan monn sa a tou senpleman paske n vle konnen jis nan ki pwen doulè a kapab rèd. — 1 Pyè 4:4.

14 Gener, yon frè k ap viv ann Azi, te grandi nan yon fanmi kretyen. Li te batize a 12 an. Sepandan, lè l te vin adolesan, bagay ki nan monn te kòmanse atire l. Men sa l fè konnen: “Mwen te anvi jwi swadizan libète monn nan ofri yo.” Gener te kòmanse mennen yon vi doub. Lè l te gen 15 an, li te vin adopte kèk nan konduit move zanmi l yo te genyen. Li te kòmanse nan bwè ak nan di betiz menm jan ak yo. Byen souvan, Gener te konn antre lakay li byen ta apre l fin jwe biya epi l fin jwe jwèt videyo vyolan ak zanmi l yo. Sepandan, tank tan t ap pase, li te kòmanse rann li kont plezi ki nan monn sa a pa t ba l satisfaksyon toutbon. Lavi nan monn sa a pa t gen okenn sans vre. Men sa l di lè l te retounen nan kongregasyon an: “Mwen toujou ap fè fas ak anpil difikilte, men, benediksyon m jwenn nan men Jewova yo pi plis lontan pase yo.”

15. Ak ki sa jèn ki pa grandi nan fanmi kretyen yo kapab reflechi?

15 Nòmalman, gen lòt jèn nan kongregasyon an ki pa t grandi nan yon fanmi kretyen. Si w se youn nan yo, fè yon ti reflechi ak kokenn privilèj ou genyen kounye a lefètke w konnen Kreyatè a epi w ap sèvi l! Gen plizyè milya moun sou tè a. Kidonk, se vrèman yon benediksyon sa ye dèske w fè pati moun Jewova atire vin jwenn li avèk dousè yo, moun li fè konnen verite ki nan Bib la (Jan 6:44, 45). Se sèlman yon moun sou chak 1 000 moun k ap viv jodi a ki gen yon konesans egzak sou laverite, e w se youn nan moun sa yo. Kèlkeswa fason n te aprann laverite a, èske nou tout pa ta dwe kontan pou sa? (Li 1 Korentyen 2:12.) Men sa Gener fè konnen: “Cheve nan tèt mwen kanpe lè m ap panse ak sa. Kiyès mwen ye pou Jewova, Moun ki mèt linivè a, konnen m?” (Sòm 8:4). Gen yon sè ki soti nan menm zòn nan ki fè konnen: “Gen etidyan ki santi yo fyè tou senpleman paske pwofesè yo konnen yo. Yon moun ta dwe pi fyè toujou lefètke l gen privilèj pou Jewova, Gran Pwofesè a, konnen l!”

KI SA W AP FÈ?

16. Ki chwa jèn kretyen k ap viv jodi a ka fè ki montre yo gen sajès?

16 Apre w fin reflechi ak kokenn privilèj ou genyen an, poukisa w pa pran plis detèminasyon pou w rete pami ti gwoup moun k ap mennen yon vi dwat yo? Konsa, non w ka ekri nan lis sèvitè fidèl Bondye ki byen long nan. Si w fè sa, w ap montre w pi saj lontan pase annik suiv pifò jèn k ap mache san yo pa menm rann yo kont ak monn sa a ki pral detwi. — 2 Kor. 4:3, 4.

17-19. Ki sa k ka ede w wè jan se yon bon bagay sa ye lefètke w diferan ak monn nan?

17 Nòmalman, sa pa vle di l ap toujou fasil pou n montre nou diferan parapò ak monn nan. Sepandan, si w ap reflechi ak sa, konnen nou montre n saj lè n diferan. Ann pran yon egzanp. Fè yon ti reflechi ak yon atlèt. Pa gen dout nan sa, li dwe montre l diferan pou l rive nan nivo l ye a. Petèt li te refize fè anpil bagay ki te ka pran tan l epi distrè l, sa ki te ka fè l pa antrene kantite fwa l dwe antrene a. Yon lòt bò, li te dispoze aji yon fason diferan parapò ak lòt atlèt yo e sa te pèmèt li antrene pi plis epi atenn objektif li.

18 Pwennvi monn nan genyen sou lavi a kout anpil. Si w chèche gen yon pwennvi ki pi long sou lavi, si w montre w diferan ak monn nan epi w pa patisipe nan aktivite imoral li yo ki kapab detwi espirityalite w, w ap rive “kenbe lavi toutbon an fèm”. (1 Tim. 6:19.) Men sa sè nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Si w pran pozisyon fèm pou sa w kwè a, nan fen jounen an w ap vrèman santi w djanm. Sa ap montre w te jwenn fòs pou w pa aji menm jan ak monn Satan an. Sa k pi enpòtan an, se kòmsi w ka wè jan Jewova Dye fyè de ou epi l ap souri ba ou! Se lè sa a w ap santi w byen lefètke w diferan!”

19 Si yon moun ret konsantre sèlman sou sa l ka jwenn depi kounye a lavi l pap gen okenn sans (Ekl. 9:2, 10). Si w se yon jèn epi w ap reflechi toutbon ak rezon ki fè w ap viv e ak kantite tan w ka viv, èske w pa wè l saj pou w pa “mache menm jan nasyon yo ap mache” a, men, depreferans, pou w chèche gen yon vrè sans nan lavi w? — Efe. 4:17; Mal. 3:18.

20, 21. Si n pran bon desizyon, ki posiblite n ap genyen, men, ki sa Jewova atann nan men nou?

20 Si n pran bon desizyon, nou kapab gen yon lavi ki bay satisfaksyon depi kounye a, n ap pami moun ‘Bondye pral bay tè a’ e ki pral jwenn lavi etènèl yo. Benediksyon k ap tann nou yo tèlman anpil e yo tèlman bèl opwen nou pa menm ka imajine yo tout (Mat. 5:5; 19:29; 25:34). Se vre Bondye pa ban nou anyen yon fason otomatik. Li egzije yon bagay nan men nou chak. (Li 1 Jan 5:3, 4.) Men, sa vo lapenn pou n sèvi l fidèlman depi kounye a!

21 Ala yon kokenn privilèj nou genyen dèske n resevwa tout bagay sa yo nan men Bondye! Nou gen yon konesans egzak sou Pawòl li a e n byen konprann laverite sou li ansanm ak objektif li. Nou gen privilèj pou n pote non l e pou n sèvi l kòm Temwen. Bondye pwomèt l ap avèk nou (Sòm 118:7). Kidonk, se pou nou tout, jèn kou granmoun, montre jan n apresye privilèj nou genyen yo lè n viv yon fason ki montre n gen gwo anvi pou n bay Jewova “glwa [...] pou toutan”! — Wom. 11:33-36; Sòm 33:12, NW.