Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ta dwe chanje ide?

Èske w ta dwe chanje ide?

GEN yon gwoup jèn kretyen ki te deside al gad yon fim. Yo te tande jan anpil jèn nan lekòl kote yo ye a te vrèman kontan gade fim nan. Lè yo rive nan sinema a, yo gade afich yo epi yo wè se gwo zam fannfwa ansanm fi ki prèske toutouni ki sou afich yo. Ki sa y ap fè? Èske y ap al gade fim nan kanmenm?

Sitiyasyon sa a montre jan n ap fè fas ak yon seri desizyon ki ka afekte espirityalite nou ak relasyon nou gen ak Jewova a swa an byen swa an mal. Pafwa, ou te gendwa vle fè yon bagay, men annapre, ou reflechi ak sitiyasyon an epi w chanje ide. Èske sa vle di w pa konn sa w vle, oswa èske l apwopriye pou w fè sa?

Lè zafè chanje ide a pa apwopriye

Se lanmou nou gen pou Jewova a ki te pouse n vwe lavi n ba li e ki te pouse n batize. Nou vrèman gen anvi pou n ret fidèl anvè Bondye. Sepandan, Satan Ledyab, ènmi nou an, detèmine pou l kraze entegrite nou (Rev. 12:17). Nou te pran desizyon pou n sèvi Jewova epi pou n obeyi kòmandman l yo. Ala tris sa t ap tris pou n ta chanje ide alòske n te fè ve pou n sèvi Jewova! Sa ka lakòz nou pèdi lavi nou.

Sa gen plis pase 26 syèk, Neboukadnetsa, wa Babilòn nan, te fè yon gwo imaj annò epi l te bay lòd pou tout moun pwostène pou adore imaj la. Kèlkeswa moun ki te refize a, yo t ap lage l nan yon founèz dife. Te gen twa moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman ki pa t obeyi. Moun sa yo se te Chadrak, Mechak ak Abednego. Lefètke yo pa t pwostène devan imaj la, yo te lage yo nan founèz dife a. Se vre Jewova te fè yon mirak pou l sove yo, men, yo te prefere riske lavi yo olye pou yo te fè konpwomi ak desizyon yo te pran pou yo sèvi Bondye a. — Dàn. 3:1-27.

Annapre, pwofèt Dànyèl te pèsevere nan lapriyè malgre l te konnen yo te ka lage l nan yon gwo twou lyon. Wi, li te toujou kenbe abitid li te genyen pou l priye Jewova twa fwa pa jou a. Dànyèl pa t chanje ide anrapò ak detèminasyon l te pran pou l sèvi vrè Dye a. Kòm rezilta, Bondye te sove pwofèt la “anba pat lyon yo”. — Dàn. 6:1-27, NW.

Jodi a, sèvitè Bondye yo kontinye viv ann amoni ak ve yo te fè l la. Nan yon lekòl ann Afrik, gen yon gwoup Temwen Jewova ki te refize patisipe nan yon seremoni pou adore anblèm nasyonal peyi a. Yo te di y ap mete yo deyò nan lekòl la si yo pa vle patisipe ak lòt elèv yo. Yon ti tan apre sa, minis edikasyon peyi a te vizite zòn nan e l te pale ak kèk nan etidyan ki Temwen yo. Jèn sa yo te met kran sou yo pou yo esplike rezon ki fè yo pran pozisyon sa a, e yo te fè sa avèk respè. Depi lè sa a, pèsonn pa t pale de sijè sa a ankò. Jèn frè ak sè yo te ka al lekòl san pèsonn pa fè presyon sou yo pou yo fè konpwomi ak relasyon yo gen ak Jewova a.

Ann pran egzanp Jozèf tou ki te gen madanm li ki fè kansè e ki te mouri sanzatann. Fanmi Jozèf te konprann sa l te vle ki pou fèt nan seremoni antèman an e yo te respekte sa. Sepandan, fanmi madanm li pa t nan laverite e yo te vle suiv kèk koutim ki gen rapò ak antèman, sa ki gen ladan l yon seri koutim ki pa fè Bondye plezi. Men sa Jozèf fè konnen: “Lè yo te wè m pa vle fè konpwomi, yo te fè tout sa yo kapab pou yo enfliyanse timoun mwen yo, men, timoun yo te rete fèm sou desizyon yo. Jan koutim nan mande sa, fanmi yo te eseye òganize yon vèy nan kay la tou, men, mwen te di yo si yo ensiste pou fè yon vèy, se pa nan kay mwen an y ap fè l. Yo te konnen yon vèy pa t ap ann amoni ak kwayans mwen yo ansanm ak kwayans madanm mwen te genyen yo, konsa, apre n te fin pale anpil sou sa, yo t al fè l yon lòt kote.”

Men sa Jozèf di ankò: “Pandan moman difisil sa a, mwen te sipliye Jewova pou l ede m yon fason pou fanmi m pa dezobeyi lwa l yo. Li te koute priyè m e l te ede m rete fèm malgre m t ap fè fas ak presyon.” Pou Jozèf ak pitit li yo, zafè chanje ide anrapò ak adorasyon yo t ap bay Bondye a pa t yon opsyon.

Lè zafè chanje ide a kapab yon opsyon

Yon ti tan apre fèt Pak ane 32 epòk nou an, gen yon dam ki se moun Fenisi nan peyi Siri ki te pwoche bò kot Jezi Kris pandan Jezi te nan zòn Sidon. Fi a pa t sispann mande Jezi pou l retire yon demon sou pitit fi l la. Okòmansman, Jezi pa t di dam nan yon mo. Men sa l te di disip li yo: “Yo pa t voye m pou lòt moun, eksepte pou mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la.” Lè dam nan te pèsiste, Jezi te di l: “Li pa bon pou yo pran pen timoun yo pou yo voye l bay ti chen.” Dam nan te montre l gen yon gwo lafwa lè l te di Jezi: “Wi, Seyè. Men, ti chen yo konn manje kras pen ki tonbe sot sou tab mèt yo.” Pou rezon sa a, Jezi te aksepte geri pitit fi dam nan. — Mat. 15:21-28.

Lè Jezi te fè aksyon sa a, li te montre l ap imite Jewova anrapò ak fason Jewova dispoze chanje ide lè yon sitiyasyon mande sa. Pa egzanp, lè Izrayelit yo te fè ti bèf annò a, entansyon Bondye se te pou l elimine Izrayelit yo, men, Moyiz te sipliye L pou l pran yon lòt desizyon. — Egz. 32:7-14.

Apot Pòl te imite Jewova ak Jezi. Pandan yon tan, Pòl te santi l pa apwopriye pou Jan Mak t al avè l nan vwayaj misyonè yo a paske Mak te abandone Pòl ak Banabas nan premye vwayaj misyonè yo a. Sepandan, annapre Pòl te vin rann li kont Mak te vin pran bagay yo oserye epi li t ap yon bon èd pou li. Se sa k fè Pòl te di Timote: “Pran Mak vin avè w, paske li itil mwen pou sèvis la.” — 2 Tim. 4:11.

E nou menm? Pou n imite Papa nou ki nan syèl la ki gen mizèrikòd, pasyans ak lanmou, nou gendwa wè l apwopriye pou n chanje ide. Pa egzanp, nou gendwa chanje opinyon nou genyen konsènan lòt moun. Kontrèman ak Jewova ak Jezi, nou se moun ki enpafè. Si Jewova ak Jezi konn dispoze chanje ide, èske n pa ta ka pran sitiyasyon lòt moun yo an konsiderasyon e petèt menm pou n ta chanje ide?

Lè n ap reflechi ak objektif nou kapab fikse nan domèn espirityèl, sa kapab yon bon okazyon pou n chanje ide. Gen kèk moun k ap etidye Labib e ki gen yon bon ti tan depi y ap asiste reyinyon nan kongregasyon an ki gendwa poko vle batize. Oswa, gen kèk frè ki gendwa renka pou yo pran sèvis pyonye menm lè yo nan kondisyon pou yo fè plis nan travay predikasyon an. E sanble gen kèk frè ki pa vle chèche vin gen responsablite nan kongregasyon an (1 Tim. 3:1). Èske w se youn nan moun sa yo? Avèk lanmou, Jewova mande w pou w chèche gen privilèj sa yo. Kidonk, sa w panse si w ta chanje ide epi pou w goute jwa ki genyen lè yon moun bay Bondye ak lòt moun?

Lè w chanje ide, sa ka fè w jwenn benediksyon.

Men sa Ella k ap travay nan yon biwo filyal Temwen Jewova ann Afrik fè konnen: “Lè m te fèk antre nan Betèl, m pa t konn si m te vle fè anpil tan. Se vre m te vle sèvi Jewova ak tout nanm mwen, men, m te vrèman atache ak fanmi m. Okòmansman, mwen te sonje fanmi m anpil! Men, sè ki te nan menm chanm avè m nan te ankouraje m, e sa te fè m pran desizyon pou m rete. Apre m fin fè dizan ap sèvi nan Betèl, m santi m vle kontinye sèvi frè ak sè m yo toutpandan m ap sèvi nan Betèl la toutotan sa posib.

Lè zafè chanje ide a se yon obligasyon

Èske w sonje sa k te rive Kayen lè l te vin jalou frè l la epi l te kite kòlè anvayi kè l? Bondye te fè mesye sa a ki te an kòlè konnen li t ap ka rejwenn favè l si l te annik fè sa ki byen. Bondye te bay Kayen konsèy pou l te gen kontwòl peche ki te “maske kò l [ap tann li] nan antre a”. Kayen te ka chwazi chanje konpòtman l ak fason l panse, men, li te pito chwazi meprize konsèy Bondye a. Malerezman, Kayen te touye frè l la e l te vin tounen premye asasen ki te egziste! — Jen. 4:2-8, NW.

E si Kayen te chanje ide?

Ann pran egzanp wa Ouziya tou. Okòmansman, li t ap fè sa ki dwat nan je Jewova e l te kontinye chèche Bondye. Malerezman, Ouziya te kite ògèy fè l sal bèl repitasyon l te genyen an. Aktout li pa t prèt, li te antre nan tanp lan pou l ofri lansan. Èske l te chanje ide lè prèt yo te eseye anpeche l komèt zak awogan sa a? Non. Ouziya, te “vin an kòlè anpil” e l te meprize avètisman yo te ba li a. Kòm rezilta, Jewova te lage lèp sou li. — 2 Kwo. 26:3-5, 16-20, NW.

Wi, gende moman kote nou bezwen vrèman chanje ide. Men yon egzanp nan epòk nou an. Joachim te batize an 1955 men l te eskominye an 1978. Apre plis pase 20 an, li te repanti e l te vin reyentegre antanke Temwen Jewova. Sa pa gen lontan, yon ansyen te mande l rezon ki fè l te pran tout tan sa a pou l retounen. Men sa Joachim te reponn: “Mwen te an kòlè anpil e m te santi m fyè de tèt mwen. M regrèt dèske m te pran tout tan sa a. Pandan m te eskominye a mwen te konnen se Temwen Jewova yo k ap anseye laverite.” Li te bezwen chanje atitid li e l te bezwen repanti.

Nou gendwa twouve n nan yon sitiyasyon ki mande pou n chanje ide e pou n chanje fason n ap viv. Se pou n dispoze fè sa yon fason pou n fè Jewova plezi! — Sòm 34:8.