Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann fè fas ak fen vye monn sa a ansanm

Ann fè fas ak fen vye monn sa a ansanm

“Nou se manm yon sèl kò.” — EFE. 4:25.

1, 2. Ki sa Bondye vle pou moun k ap adore l yo kit yo jèn kit yo granmoun?

ÈSKE W se yon jèn? Si se wi, ou mèt gen asirans ou vrèman gen anpil valè antanke moun ki fè pati kongregasyon Jewova a ki nan lemonnantye. Nan anpil peyi, pifò moun ki batize yo se jèn. Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou n wè tout jèn sa yo k ap vin fè pati moun ki deside sèvi Jewova yo!

2 Antanke jèn, èske w renmen pase tan ak lòt jèn parèy ou? Sandout ou renmen sa. Lè yon moun ap pase bèl ti moman ak moun ki gen menm laj avè l, sa fè kè l kontan anpil. Sepandan, kit nou jèn kit nou granmoun e kèlkeswa fason nou te leve a, Bondye vle pou n vin fè yon sèl nan adorasyon n ap ba li a. Apot Pòl te fè konnen Bondye vle pou “tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:3, 4.) Nan Revelasyon 7:9, yo pale de moun k ap adore Bondye yo kòm yon seri moun ki soti nan “tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”.

3, 4. a) Ki etadespri anpil jèn jodi a genyen? b) Ki atitid ki ann amoni ak Efezyen 4:25?

3 Se pa ti diferans ki genyen ant jèn k ap sèvi Jewova yo ak jèn ki nan monn sa a! Anpil nan jèn ki pap sèvi Jewova yo ap mennen yon vi egoyis, yo konsantre yo sèlman sou sa yo vle. Gen kèk moun k ap fè rechèch ki pale de jèn sa yo kòm yon jenerasyon ki wè tèt yo sèlman. Kit se nan fason yo pale kit se nan fason yo abiye, yo montre aklè yo meprize jenerasyon ki te la anvan yo e yo konsidere yo kòm moun ki pa alamòd.

4 Etadespri sa a gaye toupatou. Se sa k fè jèn k ap sèvi Jewova yo rann yo kont yo dwe fè anpil efò pou yo pa aji konsa e pou yo aksepte pwennvi Bondye. Nan premye syèk la, Pòl te wè l nesesè pou l ankouraje kwayan parèy li yo pou yo evite “lespri k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo”, yon lespri yo ‘t ap mache ladan l nan yon epòk’. (Li Efezyen 2:1-3.) Nou felisite tout jèn ki wè l enpòtan pou yo evite lespri sa a e ki wè l nesesè pou yo travay ansanm ak tout frè yo. Yon atitid konsa ann amoni ak sa Pòl te fè konnen lè l te di “nou se manm yon sèl kò” a (Efe. 4:25). Tank n ap pwoche pi pre fen vye monn sa a, li vin pi enpòtan toujou pou n travay ansanm nan inite. Ann konsidere kèk egzanp biblik k ap ede n wè jan l enpòtan pou n rete soude youn ak lòt, pou n rete ini.

YO SOUDE YOUN AK LÒT

5, 6. Ki leson nou aprann nan istwa Lòt ak pitit fi l yo ki montre jan l enpòtan pou n ret soude youn ak lòt?

5 Nan tan lontan, Jewova te kontan pwoteje pèp li a lè yo te met tèt yo ansanm pou ede youn lòt fè fas ak moman difisil yo. Sèvitè Bondye nan epòk nou an, jèn kou granmoun, ka aprann nan egzanp nou jwenn nan Bib la. Egzanp Lòt se youn nan yo.

6 Lòt ak fanmi l te nan yon sitiyasyon ki difisil anpil paske Jewova t apral detwi Sodòm, vil kote yo t ap viv la. Zanj Bondye yo te ankouraje Lòt pou l kite vil la yon fason pou l al chèche refij nan mòn yo e yo te di l: “Chape pou w sove nanm ou!” (Jen. 19:12-22, NW). Lòt te obeyi e de pitit fi l yo te kolabore avè l pou yo kite vil la. Malerezman, gen lòt moun ki te pwòch avè l ki pa t fè sa. Nan je jèn gason ki te fiyanse ak pitit fi Lòt yo, Lòt te “sanble yon moun k ap jwe”. Sa te lakòz yo pèdi lavi yo (Jen. 19:14, NW). Se sèlman Lòt ansanm ak pitit fi l yo ki te rive chape paske yo te ret soude youn ak lòt.

7. Lè Izrayelit yo t ap kite peyi Ejip la, ki fason Jewova te ede moun ki te met tèt yo ansanm yo?

7 Ann pran yon lòt egzanp. Lè Izrayelit yo t ap kite peyi Ejip, yo pa t kite peyi a tankou plizyè gwoup apa kote chak gwoup ap suiv wout pa yo. Epitou, apre Moyiz te fin “lonje men l sou lanmè a” epi Jewova te fann lanmè a an de, Moyiz pa t annik antre nan mitan lanmè a poukont li oswa l pa t annik antre ak kèk Izrayelit sèlman. Olye de sa, grasa pwoteksyon Jewova, tout pèp la te pase nan mitan lanmè a (Egz. 14:21, 22, 29, 30, NW). Yo te met tèt yo ansanm e gen “yon pakèt lòt moun” ki pa t Izrayelit ki te akonpaye yo e ki te pran pozisyon bò kote yo (Egz. 12:38, NW). Li difisil pou n ta imajine kèk moun, petèt yon gwoup jèn, k ap fè sa yo pito oswa k ap suiv wout yo konsidere ki pi bon pou yo a. Èske yo pa t ap montre yon manke bonsans si yo ta fè sa? Èske sa pa t ap fè yo pa jwenn pwoteksyon Jewova? — 1 Kor. 10:1.

8. Nan epòk Yewochafat la, ki fason pèp Bondye a te montre yo gen tèt ansanm?

8 Nan epòk wa Yewochafat la, pèp Bondye a te fè fas ak yon kokennchenn ènmi, anpalan de “yon gwo lame” moun ki te soti nan zòn ki ozalantou yo (2 Kwo. 20:1, 2). Sèvitè Bondye yo pa t konte sou pwòp fòs yo pou yo eseye konbat ènmi an, e yo merite felisitasyon pou sa. Olye de sa, yo te chèche èd nan men Jewova. (Li 2 Kwonik 20:3, 4.) Mete sou sa, se pa chak moun ki te chèche èd sa a poukont yo kòmkwa yo chak te fè sa yo vle oswa jan yo pito. Bib la fè n konnen: “Tout moun Jida [yo] te kanpe devan Jewova, menm timoun yo, medam yo, ak pitit yo.” (2 Kwo. 20:13, NW). Ni jèn ni granmoun te met tèt yo ansanm pou yo suiv konsèy Jewova yo, e Jewova te pwoteje yo kont ènmi yo (2 Kwo. 20:20-27). Èske se pa yon bèl egzanp ki montre fason n ka fè fas ak difikilte antanke pèp Bondye?

9. Ki sa n ka aprann konsènan inite nan fason premye kretyen yo te konn aji?

9 Yo te rekonèt premye kretyen yo kòm moun ki te konn travay ansanm tou. Pa egzanp, apre anpil Juif ak anpil moun ki konvèti nan relijyon Juif yo te vin kretyen, yo te konsantre yo pou yo “koute ansèyman apot yo ak anpil atansyon, yo te pataje tout sa yo genyen, yo te manje ansanm, e yo te pèsevere nan lapriyè”. (Tra. 2:42.) Inite sa a te parèt aklè plis toujou sitou nan peryòd pèsekisyon yo kote yo te plis bezwen youn lòt (Tra. 4:23, 24). Èske w pa dakò l enpòtan pou n travay ansanm nan moman difisil yo?

ANN MET TÈT NOU ANSANM TANK JOU JEWOVA A AP PWOCHE

10. Ki lè sitou l ap enpòtan anpil pou pèp Bondye a met tèt yo ansanm?

10 Youn nan peryòd ki pral pi makawon nan tout listwa limanite prèt pou rive. Pwofèt Yowèl te pale de moman sa a kòm “yon jou tenèb ak fènwa”. (Yow. 2:1, 2 NW; Sef. 1:14.) Se pral yon moman pou pèp Bondye a met tèt yo ansanm. Pa bliye pawòl sa yo Jezi te di: “Tout wayòm k ap lite ak pwòp tèt li ap detwi.” — Mat. 12:25.

11. Ki konparezon nou jwenn nan Sòm 122:3, 4 nou kapab aplike ak pèp Bondye a jodi a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 Pandan peryòd difisil ki pral frape sistèm sa a, nou pral bezwen ini toutbon. Nou kapab konpare inite espirityèl nou pral bezwen nan mitan nou an ak distans ki te genyen ant kay yo nan Jerizalèm tan lontan an. Yo te bati kay sa yo tèlman kole youn ak lòt opwen salmis la te pale de Jerizalèm kòm yon “vil ki [...] byen ranje ansanm” (NW). Sa te pèmèt pèp la ede youn lòt epi pwoteje youn lòt. Mete sou sa, fason yo te bati kay yo kole youn ak lòt la te ka byen reprezante inite espirityèl ki te gen nan mitan tout nasyon an lè “tribi Ja yo” (NW) te rasanble pou adore Bondye. (Li Sòm 122:3, 4.) Menm jan an tou, nou bezwen ‘met tèt nou ansanm’ ni jodi a ni nan jou difisil ki gen pou vini yo.

12. Ki sa k pral ede n chape nan atak yo pral fè kont pèp Bondye a?

12 Ki sa k fè l pral enpòtan anpil pou n ‘met tèt nou ansanm’ nan moman sa a? Pwofesi ki nan chapit 38 liv Ezekyèl la pale de yon atak “Gòg [ki sot nan] peyi Magòg” la pral fè kont pèp Bondye a. Lè sa a, se pap yon moman pou n kite anyen met divizyon nan mitan nou. Se sèten nou pa pral anvi al chèche èd nan monn nan. Olye de sa, nou pral bezwen ret soude ak frè nou yo. Nòmalman, nou pa pral chape senpleman paske n fè pati yon gwoup. Jewova ak Pitit gason l lan pral pwoteje moun ki envoke non Jewova yo nan moman terib sa a (Yowèl 2:32; Mat. 28:20). Sepandan, èske l rezonab pou n ta panse moun ki pa kontinye ret atache ak twoupo Bondye a, sa vle di moun ki chwazi pran pwòp chemen pa yo, pral ka sove? — Mika 2:12.

13. Ki leson jèn ki gen lakrentif pou Bondye yo ka aprann nan sa n sot egzamine la a?

13 Kidonk, èske lè yon moun ap imite jèn ki izole tèt yo pou yo viv jan yo pito yo, sa pa montre byen klè li se yon moun ki manke sajès? N ap pwoche toupre yon moman kote nou pral vrèman bezwen youn lòt e sa konsène nou tout, kit nou jèn kit nou granmoun! Vrèmanvre, kounye a se moman pou n aprann travay ansanm epi pou n chèche gen tèt ansanm paske sa pral vrèman enpòtan nan jou k ap vini yo.

“NOU SE MANM YON SÈL KÒ”

14, 15. a) Nan ki objektif Jewova bay ni jèn ni granmoun fòmasyon jodi a? b) Ki konsèy Jewova ban nou pou l ankouraje n gen inite nan mitan nou?

14 Jewova ap ede n “sèvi l kòtakòt”. (Sef. 3:8, 9, NW.) Li ban nou fòmasyon pou n viv ann amoni ak objektif li a ki la pou toutan. Ki objektif li genyen? Li gen objektif pou l “reyini tout bagay ansanm ankò nan Kris”. (Li Efezyen 1:9, 10.) Vrèmanvre, li vle pou tout kreyati ki nan linivè yo ini e li pral fè sa. Antanke jèn, èske sa pa ede w wè jan l enpòtan pou w travay ansanm ak òganizasyon Jewova a?

15 Jewova anseye nou pou n rive gen inite nan mitan nou depi kounye a nan objektif pou n ini pou toutan. Se pa ni de ni twa fwa Ekriti yo mande n pou n gen “sousi youn pou lòt”, pou n gen “afeksyon ki pwofon [...] youn pou lòt”, pou n kontinye “konsole [...] youn lòt”, e pou “youn kontinye fòtifye lòt”. (1 Kor. 12:25; Wom. 12:10; 1 Tes. 4:18; 5:11.) Jewova konnen kretyen yo se moun ki enpafè epi l konnen sa kapab difisil anpil pou yo viv nan tèt ansanm. Se sa k fè n bezwen travay pou “youn padone lòt ak tout kè l”. — Efe. 4:32.

16, 17. a) Bay youn nan objektif reyinyon kretyen yo. b) Ki sa jèn yo ka aprann nan egzanp Jezi lè l te jèn?

16 Jewova ban nou reyinyon kretyen yo tou pou ede n aprann kòman pou n ret soude youn ak lòt. Byen souvan, nou konn li ankourajman nou jwenn nan Ebre 10:24, 25 yo. Youn nan objektif reyinyon sa yo se ede n “voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. Sepandan, sa vrèman enpòtan lefètke n gen reyinyon sa yo piske yo ede nou “youn ankouraje lòt, e [pou n] fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche”.

17 Lè Jezi te jèn, li te kite yon bèl egzanp antanke moun ki te apresye dispozisyon sa yo. Lè l te gen 12 an, li menm ak paran l yo t al nan yon gwo rasanbleman espirityèl. Rive yon lè, yo t ap chèche l e yo pa t wè l. Men, se pa paske l t ap pran plezi l ak lòt jèn yo. Olye de sa, Jozèf ak Mari te jwenn li nan yon gwo konvèsasyon espirityèl ak anseyan yo nan tanp lan. — Lik 2:45-47.

18. Ki fason priyè w fè yo ka kontribye pou gen inite?

18 Anplis de chèche gen lanmou youn pou lòt epi sèvi ak reyinyon kretyen yo pou fè chenn ki ini nou an vin pi solid, nou kapab priye youn pou lòt tou. Lè n presi nan sa n ap mande Jewova pou frè nou yo, sa fè n sonje jan n gen sousi youn pou lòt. Se pa granmoun yo sèlman ki kapab fè aksyon sa yo e ki dwe fè yo. Si w se yon jèn, èske w pwofite dispozisyon sa yo pou w chèche ini ak fanmi espirityèl ou a? Lè w fè sa, sa kapab ba w asirans ou pa gen okenn lyen ak vye monn sa a ki pral detwi.

Nou tout ka priye pou frè nou yo. (Gade paragraf 18.)

ANN MONTRE “NOU SE [MANM] YON SÈL KÒ”

19-21. a) Ki pi bon fason nou montre “nou se [manm] yon sèl kò”? Bay kèk egzanp. b) Ki leson w aprann nan egzanp kèk frè ki te byen reyaji lè gen katastwòf natirèl?

19 Pèp Jewova a deja ap viv ann amoni ak prensip nou jwenn nan Women 12:5 lan ki di: “Nou se [manm] yon sèl kò.” Nou kapab wè prèv ki montre sa lè gen katastwòf natirèl. Nan mwa desanm 2011, gen yon tanpèt twopikal ki te lakòz gwo inondasyon sou yon zile nan peyi Filipin ki rele Mindanao. Nan yon sèl nuit, gen plis pase 40 000 kay ki te inonde, sa ki gen ladan l anpil nan kay frè nou yo. Sepandan, biwo filyal la te fè konnen “anvan menm komite sekou yo te kòmanse fonksyone, frè ki nan lòt zòn yo te gentan ap voye èd”.

20 Menm jan an tou, gen frè ak sè ki te pèdi anpil bagay lè yon gwo tranblemanntè te frape nan lès peyi Japon e l te lakòz yon sounami. Gen kèk nan yo ki te pèdi tout sa yo posede. Yoshiko, yon sè ki te pèdi kay li, t ap viv a anviwon 40 kilomèt parapò ak Sal Wayòm nan. Men sa l fè konnen: “Annapre, nou te sezi lè siveyan sikonskripsyon an ak yon lòt frè te vin chèche n jou apre tranblemanntè a.” Toutpandan sè a t ap souri, li te di: “Nou vrèman kontan dèske kongregasyon an ede n konble bezwen espirityèl nou yo anpil. Anplis de sa, nou resevwa chanday, soulye, valiz ak pijama.” Men sa youn nan manm komite sekou a fè konnen: “Frè ki soti toupatou nan peyi Japon te met tèt ansanm pou yo aji, yo te eseye ede youn lòt. Gen frè ki te menm soti Ozetazini pou vin ede. Lè yo te mande yo poukisa yo sot byen lwen konsa, yo te reponn: ‘Nou menm ak frè nan peyi Japon yo nou fè yon sèl, e yo bezwen èd.’” Èske w pa santi w fyè dèske w fè pati yon òganizasyon ki gen anpil sousi pou moun ki ladan l yo? Ou kapab gen asirans Jewova kontan anpil lè l wè n ini konsa.

21 Lè n demontre etadespri sa a depi kounye a, sa ap ede n met tèt nou ansanm pou n fè fas ak difikilte ki gen pou vini yo menmsi n ta separe ak frè nou yo k ap viv nan lòt pati nan monn nan. Anfèt, etadespri sa a ap sèvi n kòm fòmasyon pou ede n andire anba difikilte sandout n ap rankontre toutpandan vye sistèm sa a ap rive nan bout li. Men sa yon sè ki rele Fumiko ki te viktim nan yon tifon ki te frape peyi Japon fè konnen: “Lafen an vrèman pre. Nou bezwen kontinye ede kwayan parèy nou yo toutpandan n ap tann moman kote pap gen katastwòf natirèl ankò.”

22. Lefètke n ini antanke kretyen, ki byenfè sa ka fè n jwenn?

22 Moun ki jèn ak moun ki aje k ap fè efò pou aprann met tèt yo ansanm se moun k ap prepare yo depi kounye a pou yo chape nan destriksyon monn mechan sa a ki pa gen tèt ansanm. Menm jan Bondye nou an te fè sa nan tan lontan, li pral delivre pèp li a (Iza. 52:9, 10). Se pou w toujou sonje ou kapab pami moun ki pral delivre yo si w travay antanke moun ki fè pati pèp Bondye a ki gen inite. Yon lòt bagay ki pral ede n se lè n vin gen plis apresyasyon pou sa n deja resevwa. Atik ki vin apre a pral pale de sa.