Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te ‘konn chemen an’

Li te ‘konn chemen an’

GUY HOLLIS PIERCE, yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, te fini lavi l sou tè a nan jou ki te madi 18 mas 2014 la. Li te gen 79 an lè esperans li genyen pou l resisite antanke youn nan frè Kris yo te vin yon reyalite. — Ebre 2:10-12; 1 Pyè 3:18.

Guy Pierce te fèt nan dat 6 novanm 1934 nan vil Auburn, Kalifòni, Ozetazini e li te batize nan ane 1955. Nan ane 1977, li te marye ak Penny, madanm li te renmen anpil la, e yo te vin gen timoun. Eksperyans li te fè antanke chèf fanmi te ede l aji tankou yon papa pou lòt moun. Rive nan ane 1982, li menm ak Penny te okipe anpil nan sèvis pyonye a, epi nan ane 1986 li te kòmanse sèvi kòm siveyan sikonskripsyon nan peyi Etazini e l te fè 11 an nan sèvis la.

Nan ane 1997, Guy ak Penny Pierce te vin manm fanmi Betèl Etazini an. Frè Pierce te travay nan Biwo sèvis epi, nan ane 1998, yo te nome l pou l sèvi kòm èd Komite pou pèsonèl ki nan Kolèj santral la. Nan reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania ki te fèt nan dat 2 oktòb 1999 la, yo te fè konnen frè Pierce vin manm Kolèj santral la. Nan ane ki sot pase yo, li te travay nan Komite pou pèsonèl la, Komite redaksyon an, Komite edisyon an ak Komite kowòdonatè yo.

Moun ki soti nan divès kouch sosyal ak kilti te santi yo alèz pou yo pale ak frè Pierce paske l te gen yon bèl souri e l te renmen fè blag. Sepandan, kalite ki te sitou fè moun renmen l se te lanmou ak imilite l te genyen, respè l te genyen pou lwa ak prensip jis Jewova yo ansanm ak bonjan lafwa l te genyen nan Jewova. Pou Guy Pierce, te gen plis posiblite pou solèy la pa leve pase pou pwomès Jewova yo pa ta reyalize e li te vle fè lemonnantye konn verite sa a.

Frè Pierce pa t janm fatige nan sèvis Jewova a. Li te konn leve bonè nan maten, e byen souvan li te konn travay byen ta nan aswè. Li te konn vwayaje toupatou sou tè a pou l ankouraje frè ak sè l yo e l pa t janm twò okipe pou l pase tan ak manm fanmi Betèl la, ak moun ki te vle vin zanmi l, moun ki te konn mande l konsèy e ki te konn mande l èd. Menm apre plizyè ane, frè ak sè yo te toujou sonje fason l te konn akeyi yo, fason l te amikal ak fason l te konn ankouraje yo nan domèn espirityèl.

Frè nou renmen anpil la mouri kite madanm li ansanm ak sis pitit, li kite pitit pitit ak pitit pitit pitit. Mete sou sa, li te gen yon pakèt pitit espirityèl. Mark Sanderson, yon manm Kolèj santral la, te fè diskou antèman frè Pierce nan Betèl Bwouklin nan nan jou ki te samdi 22 mas 2014 la. Nan diskou sa a, li te pale konsènan esperans frè Pierce te genyen pou l al viv nan syèl la e l te li pawòl sa yo Jezi te di: “Lakay Papa m gen anpil plas. [...] Lè m ale e mwen prepare yon plas pou nou, m ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye se la nou ye tou. E nou konnen chemen kote m prale a.” — Jan 14:2-4.

Vrèmanvre, n ap sonje frè Pierce anpil. Sepandan, nou kontan dèske l te ‘konn chemen’ k ap mennen l kote l pral rete pou toutan an.