Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova beni moun ki renmen bay

Jewova beni moun ki renmen bay

KREYATÈ nou an onore lèzòm grasa yon kado ki san parèy, anpalan de libète yo genyen pou yo deside a. Anplis de sa, li vide anpil benediksyon sou moun ki sèvi ak libète yo genyen an pou soutni vrè adorasyon an e l beni moun k ap patisipe nan fè non l vin sen e k ap soutni objektif li yo. Jewova pa vle yon moun obeyi L paske yo menase l oswa yo fòse l. Olye de sa, li renmen lè se bonjan lanmou ak bonjan apresyasyon nou gen pou li ki pouse n sèvi l ak tout kè n.

Pa egzanp, lè Izrayelit yo te nan dezè Sinayi a, Jewova te mande yo pou yo bati yon kote pou yo adore l. Men sa l te di yo: “Se pou nou bay yon kontribisyon pou Jewova. Se pou tout moun pote yon kontribisyon pou Jewova depi kè l pouse l fè sa.” (Egz. 35:5, NW). Chak Izrayelit te ka bay nenpòt sa yo kapab e yo t ap sèvi ak ofrann volontè sa yo, kèlkeswa sa l te ye oswa kantite l te ye a, yon fason ki apwopriye pou akonpli objektif Bondye. Ki jan Izrayelit yo te reyaji?

“Tout moun kè yo te pouse yo” e ki te “byen dispoze yo” te fè yon ofrann volontè. Ni gason ni fi te kontan bay yon bagay pou travay Jewova a. Yo te pote bwòch, zanno, bag, lò, ajan, kuiv, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif, bon fil len, plim kabrit, po mouton ki tenn ak tenti wouj, po fòk, bwa akasya, pyè presye ak luil. Finalman, “sa pèp la te pote yo te ase pou yo fè tout travay la. Yo te menm bay plis pase sa k te nesesè”. — Egz. 35:21-24, 27-29; 36:7, NW.

Se vre Jewova te apresye bagay materyèl yo te bay yo, men, li te pran plis plezi pou l wè jan moun ki te vle soutni adorasyon ki pwòp la te renmen bay. Moun sa yo te dispoze bay tan yo ak enèji yo tou. Istwa a fè konnen “tout fi ki te konn travay byen yo te file fil ak men yo”. Vrèmanvre, “tout fi ki te konn travay byen yo, e kè yo te pouse yo, te fè fil ak plim kabrit.” Anplis de sa, Jewova te bay Betsalèl “sajès, bon konprann ak konesans pou l [te] kapab fè tout kalite travay ak men l”. Anfèt, Bondye te bay Betsalèl ak Owolyab kapasite ki te nesesè pou yo te fè tout travay yo te ba yo fè yo. — Egz. 35:25, 26, 30-35, NW.

Lè Jewova te mande Izrayelit yo pou yo te fè ofrann nan, li te gen bonjan konfyans ‘tout moun kè yo te pouse yo fè sa’ t ap soutni vrè adorasyon an. Kòm rezilta, li te vide anpil benediksyon sou moun ki te bay ak tout kè yo lè l te ba yo direksyon e l te fè yo gen anpil jwa. Konsa, Jewova te montre lè l beni sèvitè ki renmen bay yo, li kapab asire l pap gen anyen ki manke pou volonte l fèt (Sòm 34:9). Toutpandan w ap sèvi Jewova ak tout kè w, ou mèt gen asirans l ap beni w paske w renmen bay.