Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Tande, epi pran sans sa ki di a’

‘Tande, epi pran sans sa ki di a’

“Nou tout, tande m, epi pran sans sa m pral di a.” — MAK 7:14.

1, 2. Ki sa k fè anpil nan moun ki t ap koute Jezi yo pa t rive konprann sans sa l t ap di yo?

YON moun ka tande vwa yon lòt moun k ap pale avè l. Li ka menm idantifye ton vwa moun nan. Men, ki sa sa ap sèvi l si l pa konprann sans sa moun nan ap di yo (1 Kor. 14:9)? Nan menm sans lan, gen plizyè milye moun ki te tande sa Jezi t ap di yo. Li te menm pale avè yo nan yon lang yo te ka konprann. Sepandan, se pa yo tout ki te konprann sans sa Jezi t ap di yo. Se rezon sa a ki fè Jezi te di moun ki t ap koute l yo: “Nou tout, tande m, epi pran sans sa m pral di a.” — Mak 7:14.

2 Ki sa k fè anpil moun pa t rive konprann sans sa Jezi t ap di yo? Se paske gen kèk nan yo ki te gentan gen yon seri ide tou fèt nan tèt yo e yo te gen vye mobil. Jezi te di moun sa yo: “Nou mete kòmandman Bondye sou kote avèk ladrès pou nou ka kenbe tradisyon pa nou.” (Mak 7:9). Moun sa yo pa t ap eseye konprann sans pawòl Jezi yo toutbon. Yo pa t vle chanje konpòtman yo ni yo pa t vle chanje pwennvi yo. Zòrèy yo te gendwa ouvè byen laj, men, kè yo te fèmen byen fèmen! (Li Matye 13:13-15.) Donk, ki jan n ka asire n kè n toujou ret ouvè yon fason pou n ka jwenn byenfè nan ansèyman Jezi yo?

FASON NOU KA JWENN BYENFÈ NAN ANSÈYMAN JEZI YO

3. Ki sa k fè disip yo te ka konprann pawòl Jezi yo?

3 Nou bezwen suiv egzanp disip Jezi yo ki te gen imilite. Men sa l te di yo: “Nou menm, nou byennere paske je nou ap gade, e zòrèy nou ap tande.” (Mat. 13:16). Poukisa yo menm yo te ka konprann alòske lòt moun yo pa t ka konprann? Premyèman, se paske yo te dispoze poze kesyon epi yo te dispoze chèche vrè sans pawòl Jezi yo (Mat. 13:36; Mak 7:17). Dezyèmman, yo te dispoze bati sou sa yo te gentan gen nan kè yo. (Li Matye 13:11, 12.) Twazyèmman, yo te dispoze aplike sa yo te tande ansanm ak sa yo te konprann yo nonsèlman nan lavi yo, men, yo te dispoze sèvi avè yo pou ede lòt moun tou. — Mat. 13:51, 52.

4. Pou n konprann egzanp Jezi yo, ki twa etap nou dwe suiv?

4 Si n vle konprann egzanp Jezi te pran yo, nou bezwen suiv egzanp disip fidèl li yo. Sa mande pou n suiv twa etap tou. Premyèman, nou dwe pran tan pou n etidye, pou n medite sou sa Jezi te di yo, pou n fè rechèch ki nesesè epi pou n poze kesyon ki apwopriye. Sa ap fè n vin gen konesans (Pwo. 2:4, 5). Apre sa, nou bezwen wè ki lyen konesans sa a genyen ak sa n te deja konnen yo epi n bezwen chèche disène byenfè l ap fè n jwenn pèsonèlman. Sa ap fè n vin gen bon konprann (Pwo. 2:2, 3). Pou fini, nou bezwen sèvi ak sa n aprann yo epi n dwe aplike yo nan lavi n. Sa ap montre nou gen sajès. — Pwo. 2:6, 7.

5. Bay yon egzanp pou w montre diferans ki genyen ant konesans, bon konprann ak sajès.

5 Ki diferans ki genyen ant konesans, bon konprann ak sajès? Nou ka pran yon egzanp pou n montre diferans lan. Imajine w kanpe nan mitan yon wout epi gen yon bis k ap vin sou ou. Toudabò, ou wè se yon bis. Sa se konesans. Apre sa, ou rann ou kont si w ret kanpe kote w kanpe a bis la ap frape w. Sa se bon konprann! Sa w fè, ou kouri sot devan bis la. Sa se sajès! Nou konprann rezon ki fè Bib la met aksan sou enpòtans pou n “toujou bat pou [n] gen sajès” la. Sa siyifi lavi pou nou! — Pwo. 3:21, 22, NW; 1 Tim. 4:16.

6. Bay kat kesyon nou pral poze toutpandan n ap konsidere sèt egzanp Jezi te bay. (Gade  kare ki mache ak atik la.)

6 Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral konsidere sèt egzanp Jezi te bay. Toutpandan n ap fè sa, n ap poze kesyon sa yo: Ki sa egzanp lan vle di? (Sa ap ede n vin gen konesans.) Poukisa Jezi te bay egzanp sa a? (Sa ap fè n vin gen bon konprann.) Ki jan n ka sèvi ak enfòmasyon sa a pou n ede tèt nou ak lòt moun? (Sa se sajès.) Pou fini, ki sa egzanp sa a aprann nou sou Jewova ak Jezi?

GRENN MOUTAD LA

7. Ki sa egzanp grenn moutad la vle di?

7 Li Matye 13:31, 32. Ki sa egzanp Jezi te bay konsènan grenn moutad la vle di? Grenn moutad la poukont pa l reprezante mesaj Wayòm nan ansanm ak kongregasyon kretyen an ki vin egziste grasa predikasyon mesaj sa a. Menm jan grenn moutad la se “grenn ki pi piti nan tout semans”, konsa tou, se toupiti kongregasyon kretyen an te kòmanse nan ane 33 epòk nou an. Sepandan, kèk dizèn ane annapre, kongregasyon an te vin grandi byen vit. Li te depase tout sa moun te atann (Kol. 1:23). Fason l te vin grandi a te fè moun jwenn byenfè paske Jezi te fè konnen “zwazo nan syèl la” t ap ka “jwenn kote pou yo abite nan branch li”. Zwazo senbolik sa yo reprezante moun sensè ki jwenn manje espirityèl, lonbray ak refij anndan kongregasyon kretyen an. — Konpare ak Ezekyèl 17:23.

8. Poukisa Jezi te bay egzanp grenn moutad la?

8 Poukisa Jezi te bay egzanp sa a? Li te sèvi ak fason yon grenn moutad grandi pou l te montre pouvwa Wayòm Bondye a genyen pou l etann li, pou l bay pwoteksyon epi pou l venk tout obstak. Depi 1914, akwasman k ap fèt nan pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a se yon bagay ki estrawòdinè (Iza. 60:22)! Moun ki vin fè pati òganizasyon sa a jwenn pwoteksyon nan domèn espirityèl (Pwo. 2:7; Iza. 32:1, 2). Mete sou sa, fason enterè Wayòm nan kontinye ap vanse a montre pa gen anyen ki ka kanpe l e sa montre l ap venk tout opozisyon. — Iza. 54:17.

9. a) Ki sa n ka aprann nan egzanp grenn moutad la? b) Ki sa egzanp sa a aprann nou sou Jewova ak Jezi?

9 Ki sa n ka aprann nan egzanp grenn moutad la? Petèt n ap viv nan yon zòn kote se kèk Temwen sèlman ki genyen oswa n ap viv nan yon zòn kote nou poko jwenn anpil rezilta byen rapid nan travay predikasyon an. Sepandan, n ap gen plis fòs pou n andire lè n sonje Wayòm nan kapab venk tout obstak. Pa egzanp, lè frè Edwin Skinner te rive nan peyi End nan ane 1926, se sèlman yon ti ponyen Temwen ki te gen nan peyi sa a. Okòmansman, pa t gen anpil pwogrè e yo te di l difisil pou fè travay la. Men, li te kontinye preche e l te wè jan mesaj Wayòm nan te venk anpil gwo obstak. Kounye a, gen plis pase 37 000 Temwen ki aktif nan peyi End e gen plis pase 108 000 moun ki te asiste Memoryal la ane pase. Ann pran yon lòt egzanp pou n montre jan mesaj Wayòm nan te etann li yon fason estrawòdinè. Nan menm ane frè Skinner te rive nan peyi End lan, travay predikasyon an te fèk derape nan peyi Zanbi. Kounye a, gen plis pase 170 000 pwoklamatè k ap preche nan peyi sa a, e gen 763 915 moun ki te asiste Memoryal la nan ane 2013. Sa vle di sou chak 18 moun nan peyi Zanbi gen youn ki te asiste Memoryal la. Ala yon bèl akwasman!

LEDVEN AN

10. Ki sa egzanp ledven an vle di?

10 Li Matye 13:33. Ki sa egzanp ledven an vle di? Egzanp sa a tou atire atansyon sou mesaj Wayòm ansanm ak rezilta mesaj la bay. “Tout pat” la reprezante tout nasyon yo, epi pwosesis pou pat la leve a reprezante fason mesaj Wayòm nan ap gaye grasa travay predikasyon an. Byenke tout moun ka wè aklè jan grenn moutad la ap grandi, men, okòmansman, pa gen pèsonn ki ka wè fason ledven an ap gaye nan pat la. Se jis kèk tan annapre yon moun ap ka wè efè ledven an.

11. Poukisa Jezi te bay egzanp ledven an?

11 Poukisa Jezi te bay egzanp sa a? Li t ap montre jan mesaj Wayòm nan gen pouvwa pou l gaye toupatou epi pou l lakòz chanjman. Yo rive preche mesaj Wayòm nan “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:8.) Sepandan, li pa toujou fasil pou n rive wè chanjman ki fèt grasa mesaj la. Okòmansman, nou gendwa pa menm wè kèk nan efè l pwodui yo. Men, gen chanjman ki fèt. Chanjman sa yo pa sèlman gen rapò ak kantite moun, men, gen chanjman ki fèt tou nan pèsonalite moun ki aksepte mesaj sa a k ap gaye toupatou a. — Wom. 12:2; Efe. 4:22, 23.

12, 13. Bay kèk egzanp ki montre efè travay predikasyon Wayòm nan genyen jan sa parèt nan egzanp ledven an.

12 Byen souvan, se plizyè ane apre n te fin kòmanse travay la nou konn wè rezilta travay predikasyon an. Pa egzanp, Franz ak Margit, yon koup k ap sèvi nan yon lòt biwo filyal kounye a, t ap sèvi nan filyal peyi Brezil la nan ane 1982. Yo te bay temwayaj nan yon ti vil pwovens. Pami etid Labib yo te genyen yo, gen youn yo t ap fè ak yon manman ansanm ak kat pitit li yo. Pi gran pitit gason an te gen 12 an sèlman lè sa a, li te timid anpil e byen souvan, li te menm konn eseye kache anvan etid la kòmanse. Lefètke koup la te vin jwenn yon lòt asiyasyon, yo pa t ka kontinye fè etid la. Sepandan, yo te gen posiblite vizite zòn nan 25 an annapre. Ki sa yo te jwenn? Yo te jwenn yon kongregasyon ki gen 69 pwoklamatè, 13 nan yo te pyonye pèmanan e tout reyinyon yo te fèt nan yon nouvo Sal Wayòm. E tigason ki te timid la? Kounye a, se li menm k ap sèvi kòm kowòdonatè gwoup ansyen an! Menm jan ak ledven ki nan egzanp Jezi te bay la, mesaj Wayòm nan te grandi nan kè anpil moun e l te chanje lavi yo. Tout sa te fè koup la kontan!

13 Pouvwa mesaj Wayòm nan genyen pou l chanje lavi moun nan parèt byen klè sitou nan peyi kote travay Wayòm nan anba entèdiksyon yo. Li difisil pou n konnen jis ki kote mesaj la rive nan peyi sa yo e byen souvan nou konn sezi wè rezilta yo. Ann pran Kiba pa egzanp. Mesaj Wayòm nan te rive nan peyi Kiba nan ane 1910, epi frè Russell te vizite peyi a nan ane 1913. Sepandan, okòmansman, pa t gen anpil pwogrè. Ki sa n wè kounye a nan peyi Kiba? Gen plis pase 96 000 pwoklamatè k ap preche bon nouvèl la nan peyi sa a, e gen 229 726 moun ki te asiste Memoryal la nan ane 2013, sa vle di, sou chak 48 moun k ap viv sou zile sa a gen yon moun ki te asiste. Menm nan peyi ki pa anba entèdiksyon yo mesaj Wayòm nan ka rive touche yon seri zòn kote Temwen ki nan peyi sa yo panse se yon ti temwayaj yo ka bay *. — Ekl. 8:7; 11:5.

14, 15. a) Ki jan nou chak ka jwenn byenfè nan leson nou aprann nan egzanp ledven an? b) Ki sa egzanp sa a aprann nou sou Jewova ak Jezi?

14 Ki jan n ka jwenn byenfè nan sa Jezi te anseye nan egzanp ledven? Lè n medite sou siyifikasyon egzanp Jezi a nou rann nou kont nou pa bezwen bay tèt nou twòp pwoblèm anrapò ak fason mesaj Wayòm nan pral rive touche plizyè milyon moun ki poko tande l yo. Jewova gen kontwòl tout bagay. Sepandan, ki travay nou gen pou n fè? Pawòl Bondye a di: “Simen semans ou nan maten, e pinga w bay men w repo pou jis li aswè, paske w pa konnen kiyès ladan yo k ap leve, si se sa a oswa lòt la, oubyen si toule de ap leve.” (Ekl. 11:6, NW). Nòmalman, anmenmtan tou nou pa dwe janm bliye priye pou n jwenn rezilta nan travay predikasyon an sitou nan peyi kote yo entèdi travay la. — Efe. 6:18-20.

15 Anplis de sa, nou pa dwe dekouraje si n poko jwenn rezilta nan travay n ap fè a. Nou pa dwe janm meprize “jou kote bagay yo te kòmanse toupiti a”. (Zek. 4:10, NW.) Finalman, nou ka vin jwenn plis rezilta e rezilta yo ka pi bèl pase sa n te ka imajine! — Sòm 40:5; Zek. 4:7.

KOMÈSAN K AP VWAYAJE A AK EGZANP TREZÒ YO SERE A

16. Ki sa egzanp komèsan k ap vwayaje a ak egzanp trezò yo sere a vle di?

16 Li Matye 13:44-46. Ki sa egzanp komèsan k ap vwayaje a ak egzanp trezò yo sere a vle di? Nan epòk Jezi a, gen kèk komèsan ki te konn vwayaje byen lwen sou oseyan Endyen an pou y al chèche pèl ki bèl anpil. Komèsan ki nan egzanp sa a reprezante moun sensè ki fè anpil efò pou yo satisfè bezwen yo genyen nan domèn espirityèl yo. “Pèl ki gen anpil valè” a reprezante verite Wayòm nan ki gen anpil valè. Lefètke komèsan an te rekonèt valè pèl sa a, li te dispoze vann tout sa l genyen “tousuit” yon fason pou l te ka achte l. Jezi te pale tou konsènan yon mesye ki t ap travay nan yon jaden e ki te jwenn yon “trezò” yo sere nan jaden an. Kontrèman ak komèsan an, mesye sa a pa t ap chèche trezò a. Men, menm jan ak komèsan an, li te dispoze vann “tout sa l genyen” pou l te ka gen trezò a.

17. Poukisa Jezi te bay egzanp komèsan k ap vwayaje a ak egzanp trezò yo sere a?

17 Poukisa Jezi te bay egzanp sa yo? Li t ap montre jan gen plizyè fason yon moun ka jwenn verite a. Gen kèk moun k ap chèche l e ki fè anpil gwo efò pou jwenn li. Gen lòt menm, byenke yo pa t ap chèche l, ki jwenn li petèt paske yo te pote l ba yo. Antouka, kèlkeswa jan yo te jwenn li an, chak mesye yo te rekonèt valè sa yo te jwenn nan e yo te dispoze fè anpil gwo sakrifis pou yo genyen l.

18. a) Ki jan n ka jwenn byenfè nan de egzanp sa yo? b) Ki sa egzanp sa yo aprann nou sou Jewova ak Jezi?

18 Ki jan n ka jwenn byenfè nan de egzanp sa yo? (Mat. 6:19-21.) Mande tèt ou: ‘Èske m gen menm atitid ak mesye sa yo? Èske m bay verite a anpil valè menm jan ak yo? Èske m dispoze fè sakrifis pou m genyen l, oswa, èske m kite lòt bagay tankou sousi m genyen chak jou nan lavi m fè m distrè?’ (Mat. 6:22-24, 33; Lik 5:27, 28; Fil. 3:8). Tank w ap vin gen plis jwa lefètke w jwenn verite a se tank w ap vin gen plis detèminasyon pou w kontinye bay verite a premye plas nan lavi w.

19. Ki sa n pral konsidere nan atik ki vin apre a?

19 Ann montre nou se moun ki tande e ki vrèman konprann sans egzanp sa yo Jezi te bay konsènan Wayòm nan. Pa bliye, se pa sèlman lè n konprann sans egzanp yo n ap montre sa, men, n ap montre sa lè n aplike leson n aprann nan egzanp yo tou. Nan atik ki vin apre a, nou pral konsidere twa lòt egzanp epi n pral wè ki leson nou ka aprann nan yo.

^ § 13 Gen eksperyans menm jan an ki te rive nan kèk peyi tankou Ajantin (Annuaire 2001, paj 186); Almay delès (Annuaire 1999, paj 83); Papwazi Nouvèl Gine (Annuaire 2005, paj 63); ak zile Robinson Crusoe (Toudegad 15 jen 2000, paj 9, fransè).