Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Di Jewova mèsi e w ap jwenn benediksyon

Di Jewova mèsi e w ap jwenn benediksyon

“Di Jewova mèsi paske li bon.” — SÒM 106:1, NW.

1. Ki sa k fè Jewova merite pou nou di l mèsi?

JEWOVA, Sila a ki ban nou “tout bèl don ak tout kado pafè” a, merite pou n di l mèsi (Jak 1:17). Antanke Bèje nou ki gen lanmou, avèk tandrès li ban nou tout sa n bezwen nan domèn fizik ak nan domèn espirityèl (Sòm 23:1-3). Li montre l se “yon refij ak yon fòs pou nou” sitou nan moman eprèv yo (Sòm 46:1, NW). Pa gen dout nan sa, nou gen anpil rezon pou n dakò ak tout kè n ak pawòl sa yo yon salmis te ekri lè l te di: “Di Jewova mèsi paske li bon, paske lanmou l ak fidelite l ap la pou toutan.” — Sòm 106:1, NW.

Men tèks pou ane 2015 lan: “Di Jewova mèsi paske li bon.” — Sòm 106:1, NW.

2, 3. a) Lè n pa bay benediksyon nou resevwa yo okenn enpòtans, ki danje ki gen nan sa? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Ki sa k fè l enpòtan pou n pale konsènan rekonesans? Jan sa te deja predi, nan dènye jou sa yo moun yo vin engra anpil (2 Tim. 3:2). Gen anpil moun ki pa bay benediksyon yo resevwa yo okenn enpòtans. Akoz enfliyans monn komèsyal la ansanm ak piblisite ki nan monn nan, gen plizyè milyon moun k ap kraze kò yo pou yo gen plis bagay toujou pase pou yo kontante yo ak sa yo genyen. Mantalite engra sa a moun yo genyen an kapab gen efè sou  nou tou. Menm jan ak Izrayelit nan tan lontan yo, nou ka vin engra, nou ka vin pa apresye bèl relasyon nou gen ak Jewova a e nou ka vin pa apresye benediksyon li fè n jwenn yo. — Sòm 106:7, 11-13.

3 Anplis de sa, nou pa dwe bliye sa k ka rive lè n ap fè fas ak eprèv ki difisil anpil. Nan moman sa yo, nou ka vin dekouraje byen fasil epi n ka bliye benediksyon nou te jwenn yo (Sòm 116:3). Nan ka sa a, ki jan n ka chèche gen yon kè ki rekonesan epi pou n kontinye demontre rekonesans? Epitou, ki sa k ap ede n rete pozitif menm lè n ap fè fas ak eprèv ki difisil anpil? Ann gade.

OU FÈ ANPIL BAGAY POU NOU, O JEWOVA

4. Ki jan n ka kontinye gen yon kè ki rekonesan?

4 Si n vle vin gen yon kè ki rekonesan epi pou n kontinye demontre rekonesans, nou dwe konnen benediksyon nou resevwa nan men Jewova yo, nou dwe medite avèk rekonesans sou yo epi n dwe pran san n pou n chèche konnen aksyon Jewova fè ki montre l gen bonte ki plen lanmou. Lè salmis la te fè sa, li te sezi pou l wè kantite bèl bagay Jewova fè. — Li Sòm 40:5; 107:43.

5. Ki sa n ka aprann nan egzanp apot Pòl konsènan fason n ka demontre rekonesans?

5 Nou ka aprann anpil bagay nan egzanp apot Pòl konsènan fason n ka demontre rekonesans. Se sèten, li te medite sou benediksyon l te resevwa yo paske, byen souvan, li te konn di Bondye mèsi ak tout kè l. Pòl te byen konnen l te “yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan”. Sepandan, byenke l te konn fè peche anvan sa, li te di Bondye ak Kris mèsi paske yo te fè l mizèrikòd e yo te konfye l yon travay. (Li 1 Timote 1:12-14.) Mete sou sa, Pòl te vrèman renmen kretyen parèy li yo e byen souvan li te konn di Jewova mèsi pou bèl kalite yo genyen yo ansanm ak fason y ap sèvi Jewova fidèlman (Flp. 1:3-5, 7; 1 Tes. 1:2, 3). Epi, lè Pòl t ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, san pèdi tan, li te konn di Jewova mèsi pou èd frè espirityèl li yo te ba li nan bon moman (Tra. 28:15; 2 Kor. 7:5-7). Kidonk, nou pa dwe sezi dèske nan pawòl Pòl te ekri yo, li te ankouraje kretyen yo lè l te di yo: “Montre nou gen rekonesans, [...] ankouraje lòt ak sòm, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante byen.” — Kol. 3:15-17.

MEDITASYON AK LAPRIYÈ ENPÒTAN POU N KONTINYE GEN REKONESANS

6. Pou ki bagay an patikilye ou gen rekonesans anvè Jewova?

6 Ki jan n ka imite bèl egzanp Pòl kite pou nou an nan fason l te montre l gen rekonesans? Menm jan ak Pòl, nou bezwen medite sou sa Jewova fè pou nou pèsonèlman (Sòm 116:12). Ki sa w t ap reponn si yo ta mande w: ‘Ki benediksyon Jewova te ba w ou rekonesan anvè l pou sa?’ Èske w t ap met bèl relasyon w gen ak Jewova a nan repons w ap bay la? Oswa èske w t ap met padon w resevwa lefètke w gen lafwa nan sakrifis ranson Kris la? Èske w t ap site non frè ak sè ki te kanpe la avè w nan tout kalite eprèv difisil ou te fè fas yo? Nòmalman, ou pa t ap bliye konjwen w renmen anpil la oswa pitit ou yo ki gen anpil valè pou ou. Lè w pran tan pou w medite sou bèl benediksyon sa yo Jewova Papa ki renmen w lan fè w jwenn, sa ap fè w gen anpil rekonesans nan kè w e sa ap pouse w di l mèsi chak jou. — Li Sòm 92:1, 2.

7. a) Ki sa k fè n dwe fè priyè remèsiman? b) Ki byenfè w ap jwenn lè w fè priyè remèsiman?

7 Lè benediksyon nou jwenn yo byen klè nan lespri nou ak nan kè n, n ap toujou anvi priye Jewova pou n di l mèsi (Sòm 95:2; 100:4, 5). Gen anpil moun ki  konsidere lapriyè kòm yon fason pou yo annik mande Bondye yon bagay. Sepandan, nou konnen Jewova kontan lè n di l mèsi pou sa l ban nou. Bib la gen yon pakèt priyè remèsiman moun fè ak tout kè yo, pami yo nou jwenn priyè Ana ak priyè Izkiya te fè yo (1 Sam. 2:1-10; Iza. 38:9-20). Kidonk, ann imite sèvitè fidèl sa yo ki te montre yo rekonesan. Wi, di Jewova mèsi nan lapriyè pou benediksyon w jwenn yo (1 Tes. 5:17, 18). Lè w aji konsa w ap jwenn anpil byenfè. W ap jwenn rekonfò, w ap vin gen plis lanmou pou Jewova, epi w ap vin pi pwòch avè l. — Jak 4:8.

Ki benediksyon Jewova te ba w ou rekonesan anvè l pou sa? (Gade paragraf 6, 7.)

8. Ki sa k ka fè n vin pèdi apresyasyon pou tout sa Jewova fè pou nou?

8 Ki sa k fè n dwe veye pou n pa vin pèdi apresyasyon pou bonte Jewova demontre anvè n? Se paske n fèt ak tandans pou n engra. Fè yon ti reflechi: Jewova te met Adan ak Èv, premye paran nou yo, nan yon jaden ki te yon paradi. Yo te jwenn tout sa yo bezwen e yo te gen posiblite pou yo viv anpè pou toutan (Jen. 1:28). Men, yo pa t apresye benediksyon yo te resevwa yo. Yo te montre yo gen anbisyon paske yo te vle gen plis bagay. Kòm rezilta, yo te pèdi ni sak ni krab (Jen. 3:6, 7, 17-19). Etandone n ap viv nan yon monn kote moun yo engra, nou menm tou nou kapab kòmanse bliye tout sa Jewova fè pou nou. Nou kapab kòmanse pa bay relasyon nou gen avè l la okenn enpòtans. Nou gendwa vin pèdi apresyasyon pou privilèj nou genyen dèske n fè pati kominote frè nou fòme a. Nou kapab vin konsantre nou sou bagay nan monn sa a ki pral pase talè konsa (1 Jan 2:15-17). Pou n pa tonbe nan pyèj sa a, nou bezwen medite sou benediksyon nou jwenn yo epi n dwe di Jewova mèsi regilyèman pou privilèj nou genyen dèske n fè pati pèp li a. — Li Sòm 27:4.

LÈ N AP FÈ FAS AK DIFIKILTE

9. Lè n ap fè fas ak eprèv ki difisil anpil, poukisa n ta dwe reflechi sou benediksyon n jwenn yo?

9 Lè n gen yon kè ki rekonesan sa ka ede n fè fas ak eprèv ki difisil anpil yo. Nou kapab santi n kraze si, sanzatann, nou oblije fè fas ak kèk sitiyasyon ki gen efè sou lavi n tankou lè yon konjwen pa fidèl, lè yon maladi met lavi n an danje, lè lanmò pase pran yon moun nou renmen oswa lè yon malè rive akoz katastwòf natirèl. Nan moman sa yo, n ap jwenn fòs ak rekonfò lè n medite sou benediksyon nou jwenn yo. Ann konsidere kèk eksperyans yon seri moun te fè.

10. Ki byenfè Irina jwenn lefètke l reflechi sou benediksyon l jwenn yo?

 10 Irina *, yon pyonye pèmanan k ap viv ann Amerik dinò, te marye ak yon ansyen ki te vin enfidèl e ki te abandone li menm ak pitit li yo. Ki sa k te ede Irina kontinye sèvi Jewova fidèlman? Men sa l fè konnen: “Mwen rekonesan anvè Jewova pou fason l pran swen m pèsonèlman. Etandone m chwazi reflechi chak jou sou benediksyon m jwenn yo m ka wè jan se yon privilèj sa ye pou mwen lefètke Papa nou ki nan syèl la e ki konn pwoteje moun nan konnen m e li renmen m. M konnen li pap janm abandone m.” Byenke Irina te jwenn anpil difikilte nan lavi l, lajwa l genyen an kontinye ba l fòs epi Irina se yon sous ankourajman pou lòt moun.

11. Ki sa k te ede Kyung-sook fè fas ak yon maladi grav?

11 Kyung-sook, yon sè k ap viv ann Azi, te fè plis pase 20 an ap sèvi kòm pyonye ansanm ak mari l. Sanzatann, doktè te fè l konnen li gen yon kansè nan poumon ki gentan avanse anpil e yo te di l li rete twa a simwa pou l viv. Byenke li menm ak mari l te konn fè fas ak anpil eprèv, piti kou gwo, yo te toujou kwè yo an sante. Men sa sè a di: “Pwoblèm sante sa a te boulvèse m anpil, m te santi se kòmsi m pèdi tout bagay nèt e sa te fè m pè anpil.” Ki sa k te ede Kyung-sook fè fas ak eprèv sa a? Men sa l di: “Chak swa anvan m al dòmi, mwen monte sou do kay la epi m priye Jewova awotvwa pou senk bagay mwen rekonesan dèske m te jwenn pandan jounen an. Apre sa, m santi m rekonfòte e sa pouse m di Jewova jan m renmen l.” Ki fason Kyung-sook te jwenn byenfè grasa priyè sa yo li te konn fè chak swa? Men sa l fè konnen: “Mwen vin rann mwen kont Jewova ap soutni nou nan moman difisil yo epi n jwenn plis benediksyon lontan nan lavi nou pase eprèv nou jwenn yo.”

Ansanm ak John, frè l la ki te soti vivan. (Gade paragraf 13.)

12. Ki fason Jason te jwenn rekonfò apre l te fin pèdi madanm li?

12 Jason, yon frè k ap sèvi nan yon biwo filyal ann Afrik, gen plis pase 30 an nan sèvis aplentan. Men sa l fè konnen: “Sa gen setan depi madanm mwen mouri e pafwa doulè a konn vrèman difisil pou m sipòte. Lè m konn ap panse ak tout sa l te andire pandan l t ap goumen ak kansè a sa konn vrèman dekouraje m.” Ki sa k ede Jason fè fas ak eprèv sa a? Men sa l fè konnen: “Yon lè, mwen te sonje yon bèl ti moman mwen te pase ak madanm mwen e m te priye Jewova pou m remèsye l pou souvni sa a. Mwen te santi m soulaje epi, annapre, mwen te kòmanse di Jewova mèsi regilyèman pou bèl souvni sa yo. Lefètke m gen rekonesans sa te fè yon gwo diferans nan fason m wè bagay yo. Mwen toujou santi m tris akoz lanmò sa a, men, rekonesans mwen gen anvè Jewova lefètke m te gen yon bon maryaj epi l te ban m privilèj pou m sèvi l ansanm ak yon moun ki te renmen l anpil fè m vin pi byen wè bagay yo.”

“Mwen vrèman rekonesan dèske Jewova se Bondye m.” — Sheryl

13. Ki sa k te ede Sheryl fè fas ak lanmò pifò moun nan fanmi l?

13 Apre yon gwo siklòn te fin frape mitan peyi Filipin nan fen ane 2013 la, Sheryl, ki te gen 13 an sèlman lè sa a, te prèske pèdi tout sa l te genyen. Men sa l te di: “Mwen te pèdi kay mwen e m te pèdi pifò moun nan fanmi m.” Ni papa l, ni manman l ansanm ak yon frè l ak de sè l te mouri nan gwo inondasyon ki te genyen an. Ki sa k te ede Sheryl fè fas ak trajedi sa a san l pa fache? Li te gen yon kè ki rekonesan e l pa t janm sispann panse ak pakèt benediksyon l te kontinye ap jwenn yo. Men sa l di: “Mwen te wè tout sa frè ak sè yo te fè pou yo te pote moun ki te bezwen èd yo sekou e pou yo te ankouraje yo. Mwen te konnen frè yo t ap priye pou  mwen toupatou nan monn nan.” Men sa l ajoute: “Mwen vrèman rekonesan dèske Jewova se Bondye m. Li toujou ban nou sa n bezwen.” Vrèmanvre, lè n toujou panse ak benediksyon nou jwenn yo sa se yon gwo medikaman ki kapab anpeche n kite tristès pote n ale. Lè n gen yon kè ki rekonesan sa ap ede n kontinye vanse nan kèlkeswa moman difisil nou kapab ap fè fas. — Efe. 5:20; li Filipyen 4:6, 7.

“MWEN MENM M AP TOUJOU KONTAN POUTÈT JEWOVA”

14. Ki moman ki bay kè kontan k ap tann nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

14 Pandan tout listwa, pèp Jewova a te toujou kontan poutèt yo te jwenn benediksyon. Pa egzanp, apre Jewova te fin delivre Izrayelit yo anba men Farawon ak lame Farawon an nan lanmè Wouj, Izrayelit yo te chante yon chan louwanj ak remèsiman pou Jewova pou yo te montre jan yo kontan (Egz. 15:1-21). Jodi a, esperans nou genyen pou n delivre anba tout bagay ki lakòz nou soufri e ki lakòz nou nan lapenn yo se youn pami benediksyon ki gen plis valè nou resevwa (Sòm 37:9-11; Iza. 25:8; 33:24). Imajine ki jan n pral santi n lè Jewova fin detwi tout ènmi l yo epi l pral akeyi nou nan monn nouvo a kote lapè ak lajistis pral blayi! Ala rekonesan nou pral montre nou rekonesan nan jou sa a! — Rev. 20:1-3; 21:3, 4.

15. Ki sa w detèmine pou w fè pandan ane 2015 lan?

15 Nou pa ka tann pou n resevwa tout benediksyon espirityèl Jewova pral fè n jwenn pandan ane 2015 lan. Nòmalman, nou kapab rankontre kèk eprèv tou. Men, kèlkeswa eprèv nou kapab rankontre nou konnen Jewova pap janm abandone nou (Det. 31:8; Sòm 9:9, 10). L ap kontinye fè n jwenn tout sa n bezwen pou n sèvi l fidèlman. Kidonk, ann pran detèminasyon pou n kontinye gen menm etadespri ak pwofèt Abakouk ki te di: “Menmsi pye fig frans lan pa ta fleri, menmsi pye rezen yo pa ta bay rezen, menmsi pye oliv yo pa ta donnen, menmsi jaden yo pa ta bay okenn manje, menmsi pa ta gen mouton ankò nan pak yo e menmsi pa ta gen bèf nan pak yo, mwen menm m ap toujou kontan poutèt Jewova, m ap toujou kontan poutèt Bondye delivrans mwen an.” (Aba. 3:17, 18, NW). Vrèmanvre, toutolon ane k ap vini an, ann pa janm sispann pran plezi pou n reflechi sou tout benediksyon nou jwenn yo epi ann montre n chofe pou n suiv konsèy nou jwenn nan tèks pou ane 2015 lan ki se: “Di Jewova mèsi paske li bon.” — Sòm 106:1, NW.

^ § 10 Gen non moun yo chanje nan atik sa a.