Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa nou ka fè pou n ede frè ak sè ki pa ka pran sant pwodui ki santi bon yo?

Moun ki pa ka pran sant pwodui ki santi bon yo ap fè fas ak yon gwo pwoblèm. Vrèmanvre, moun sa yo pa ka fè anyen pou anpeche yo pran sant pwodui ki santi bon ki sou moun yo rankontre chak jou yo. Sepandan, gen kèk moun k ap mande èske l posib pou yo ta mande frè ak sè yo pou yo pa met pafen ak lòt losyon ki santi bon lè yo vin nan reyinyon, asanble ak kongrè.

Se sèten, pa gen okenn kretyen ki t ap chwazi fè l difisil pou lòt moun asiste reyinyon yo. Se nou tout ki bezwen ankourajman nou jwenn nan reyinyon yo (Ebre 10:24, 25). Kidonk, si yon moun tèlman alèji ak pwodui ki santi bon opwen l pa menm ka asiste reyinyon, li ka pale de sa ak ansyen yo si l vle. Byenke l pa biblik oswa l pa apwopriye pou n fè yon seri règ sou fason moun k ap asiste reyinyon yo dwe sèvi ak pwodui ki santi bon, ansyen yo kapab bay kèk enfòmasyon pou ede moun nan kongregasyon an konprann ak ki pwoblèm lòt moun yo ap fè fas. Selon sikonstans yo, ansyen yo kapab chwazi fè yon bezwen kongregasyon nan reyinyon sèvis la pou bay kèk enfòmasyon nou jwenn nan piblikasyon yo oswa yo ka chwazi fè yon anons sou sijè a yon fason ki pa anbarase pèsonn *. Sepandan, ansyen yo pa ka ap plede fè anons sou sa. Ap toujou gen moun ki fèk enterese nan laverite ansanm ak vizitè nan reyinyon yo ki pa t okouran de pwoblèm nan e nou vle pou moun sa yo santi yo alèz nan reyinyon yo. Pèsonn pa dwe santi l malalèz paske l itilize pwodui ki santi bon avèk moderasyon.

Nan kongregasyon ki gen pwoblèm sa a, si sikonstans lan pèmèt sa, ansyen yo ka pran dispozisyon pou moun sa yo chita yon kote apa nan Sal Wayòm nan. Pa egzanp, kapab gen yon lòt pyès nan Sal la ki gen son kote moun ki gen pwoblèm sa yo kapab chita pou yo pwofite reyinyon yo. Si yo pa kapab rezoud pwoblèm nan yon fason ki rezonab e gen kèk moun ki kontinye ap soufri anpil akoz pwoblèm sa a, kongregasyon an kapab pran dispozisyon pou anrejistre reyinyon yo pou moun sa yo oubyen yo kapab fè aranjman pou yo suiv reyinyon yo pa mwayen telefòn pandan yo lakay yo jan yo konn fè sa pou moun ki oblije ret lakay yo akoz yon pwoblèm.

Nan dènye ane ki sot pase yo, nan Ministè Wayòm nan yo te ankouraje frè ak sè yo pou yo montre bonjan konsiderasyon nan sans sa a pandan y ap asiste kongrè rejyonal yo. Etandone yo fè pifò kongrè nan lokal ki fèmen nèt kote se sistèm vantilasyon mekanik ki genyen, yo te ankouraje moun k ap asiste yo pou yo pa met twòp pwodui ki santi bon nan evènman sa yo. Yo te ankouraje yo pou yo montre bonjan konsiderasyon sitou pandan kongrè rejyonal yo paske, an jeneral, li pa posib pou yo jwenn yon kote apa nan lokal nou itilize yo pou moun ki met pwodui santi bon yo chita. Sepandan, yo pa t bay enfòmasyon sa yo nan entansyon pou fè yo tounen yon règ pou reyinyon kongregasyon yo e pèsonn pa dwe entèprete yo nan sans sa a.

Toutpandan n ap viv nan sistèm sa a, se nou tout k ap soufri akoz konsekans enpèfeksyon nou eritye a. Se pa ti apresye nou apresye efò lòt moun fè pou soulaje soufrans nou! Sa ka mande pou kèk moun fè sakrifis pou yo pa met pafen oswa lòt losyon ki santi bon yon fason pou l ka pi fasil pou frè ak sè yo asiste reyinyon yo. Sepandan, lanmou ta dwe pouse n fè sa.

Èske gen enfòmasyon pwofàn ki pwouve Pons Pilat te egziste?

Wòch plat sa a gen non Pilat ekri sou li an laten.

Moun ki gen abitid li Labib konn Pons Pilat akoz wòl li te jwe nan jijman ak egzekisyon Jezi a (Mat. 27:1, 2, 24-26). Sepandan, non Pilat parèt anpil fwa tou nan kèk dokiman istorik yo te ekri nan epòk li a. Selon sa yon diksyonè biblik fè konnen dokiman istorik pwofàn ki pale konsènan Pilat yo “bay plis enfòmasyon [sou Pilat] pase nenpòt lòt gouvènè women ki t ap dirije Jide”. — The Anchor Bible Dictionary.

Non Pilat parèt souvan nan sa istoryen juif ki rele Jozèf la te ekri kote l te pale konsènan twa evènman byen presi ki gen rapò ak pwoblèm Pilat te rankontre pandan l t ap dirije Jide. Istoryen juif ki rele Filon an te vin ak yon katriyèm evènman. Tasit, ekriven women ki te ekri konsènan istwa anperè women yo, fè konnen Pons Pilat te bay lòd pou fè touye Jezi pandan rèy Tibè a.

Nan ane 1961, gen kèk akeyològ ki t ap travay nan ansyen teyat women ki nan vil Sezare a, ann Izrayèl, ki te jwenn yon wòch plat ki gen non Pilat ekri byen klè sou li an laten. Byenke se yon pati sèlman nan sa ki ekri sou wòch la (jan foto a montre sa) moun ka li, yo panse se pawòl ki vin annapre yo ki te ekri sou li: “Pons Pilat, Prefè Jide a, dedye Tiberieum (sa a) pou dye ki pi onorab yo.” Sanble Tiberieum nan se yon tanp Pilat te fè konstwi pou onore anperè women ki rele Tibè a.

Èske yon pwoklamatris bezwen kouvri tèt li lè l ap kondui yon etid an prezans yon pwoklamatè?

Nan ribrik “Kesyon lektè yo poze” ki te parèt nan Toudegad 15 jiyè 2002 (fransè) yo te fè konnen yon sè ta dwe kouvri tèt li lè l ap kondui yon etid biblik an prezans yon pwoklamatè, kit pwoklamatè a batize kit li poko batize. Apre nou te fin pi byen egzamine kesyon an, nou vin rann nou kont l ap bon pou n fè yon ajisteman nan sans sa a.

Si yon pwoklamatè ki se yon frè batize akonpaye yon sè pandan sè a ap kondui yon etid ki fin byen etabli, se sèten sè a ap twouve l nòmal pou l kouvri tèt li. Konsa, sè a ap montre l gen respè pou prensip otorite Jewova etabli nan kongregasyon an etandone l ap jwe yon wòl ki nòmalman se responsablite frè yo (1 Kor. 11:5, 6, 10). Oswa sè a kapab mande frè a pou l kondui etid la nan plas li si frè a kalifye pou sa epi l anmezi pou l fè sa.

Yon lòt bò, si yon sè al fè yon etid ki fin byen etabli ak yon pwoklamatè ki poko batize e ki pa mari sè a, pa gen okenn kote nan Ekriti yo ki montre sè a oblije kouvri tèt li. Sepandan, gen kèk sè ki gendwa vle kouvri tèt yo kanmenm nan sitiyasyon sa yo poutèt konsyans yo.

^ § 2 Pou n pi byen konprann sijè sa a, gade atik “Aider les malades” ki te parèt nan Réveillez-vous! 8 out 2000, paj 8-10.