Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ap “kontinye veye”?

Èske w ap “kontinye veye”?

“Se sa k fè, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” — MAT. 25:13.

1, 2. a) Ki sa Jezi te fè konnen konsènan dènye jou yo? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

SA DWE te vrèman enteresan pou disip yo chita sou tèt mòn Oliv toutpandan y ap gade tanp Jerizalèm nan lè Jezi t ap bay youn nan pwofesi ki plis kapte atansyon moun. Pyè, Andre, Jak ak Jan t ap koute ak anpil atansyon pandan Jezi t ap bay yon pwofesi ki t ap gen pou l akonpli plizyè ane annapre. Li te di yo anpil bagay konsènan dènye jou sistèm mechan sa a ki se epòk kote l t ap gen pou l dirije nan Wayòm Bondye a. Li te fè yo konnen pandan epòk enpòtan sa a “esklav fidèl ki prevwayan an” t ap gen pou l reprezante l sou tè a e esklav sa a t ap gen pou l bay sèvitè l yo manje espirityèl nan bon moman. — Mat. 24:45-47.

2 Apre sa, Jezi te bay parabòl dis fi vyèj yo nan menm pwofesi sa a. (Li Matye 25:1-13.) Ann egzamine kesyon sa yo: 1) Ki mesaj ki gen nan parabòl sa a? 2) Ki fason moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl yo aplike mesaj ki gen nan parabòl la, e ki rezilta sa bay? 3) Jodi a, ki jan nou chak ka jwenn byenfè nan parabòl Jezi a?

KI MESAJ KI GEN NAN PARABÒL LA?

3. Ki esplikasyon piblikasyon nou yo te konn bay konsènan parabòl dis fi vyèj yo anvan sa, e ki sa petèt sa te lakòz?

3 Nan atik ki vin anvan an nou te aprann pandan plizyè dizèn ane ki sot pase yo, tikras pa tikras, esklav fidèl la te kòmanse pa met twòp aksan sou aspè senbolik ki gen nan istwa biblik yo lè l ap esplike Ekriti yo, men, li te met plis aksan sou aspè pratik ki gen nan istwa sa yo. Anvan sa, pafwa, piblikasyon nou yo te konn bay kèk esplikasyon senbolik byen presi pou tout ti detay ki gen nan parabòl Jezi te bay konsènan dis fi vyèj yo, sa ki gen ladan l lanp yo, luil la, veso yo elatriye. Sepandan, lefètke n te ret konsantre twòp sou tout ti detay ki gen nan parabòl la, èske l posib pou n pa t rive wè jan mesaj ki nan parabòl la senp epi l ijan? Jan nou pral wè sa, repons kesyon sa a gen anpil enpòtans.

4. Nan parabòl la, ki jan n ka idantifye a) lemarye a? b) fi vyèj yo?

4 Ann egzamine mesaj ki gen nan parabòl sa a Jezi te bay la. Premyèman, ann konsidere pèsonaj prensipal yo. Kiyès ki reprezante lemarye ki nan parabòl la? Sa klè, Jezi t ap pale de pwòp tèt li. Rezon an se paske nan yon lòt okazyon, li te menm pale de tèt li kòm lemarye a (Lik 5:34, 35)! Ki sa n ka di konsènan fi vyèj yo? Nan parabòl la, Jezi fè konnen fi vyèj yo gen responsablite pou yo montre yo pare e pou yo gen lanp yo limen lè lemarye a rive. Remake jan Jezi te bay moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki fè pati “ti twoupo” l la menm konsèy sa a lè l te di yo: “Mare ren nou, epi limen lanp nou. Se pou nou tankou esklav k ap tann mèt yo tounen sot marye.” (Lik 12:32, 35, 36). Anplis de sa, Bondye te enspire ni apot Pòl ni apot Jan pou yo pale de disip Kris Bondye chwazi pou al nan syèl la antanke vyèj k ap mennen yon vi pwòp (2 Kor. 11:2; Rev. 14:4). Kidonk, li klè, Jezi te bay parabòl nou jwenn nan Matye 25:1-13 yo kòm yon konsèy ak yon avètisman pou disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la.

5. Ki jan Jezi bay yon ide konsènan epòk parabòl li a t ap gen pou l reyalize?

5 Dezyèmman, ann konsidere epòk la. Ak ki epòk konsèy Jezi a fè referans? Nan fen parabòl la Jezi ban nou yon ide byen klè konsènan epòk la lè l di: “Lemarye [a] rive.” (Mat. 25:10). Jan n te fè konn sa nan Toudegad 15 jiyè 2013 la, pwofesi Jezi te bay nou jwenn nan Matye chapit 24 ak chapit 25 lan gen ladan l uit referans ki gen rapò ak “vini” Jezi ap vini an e yo itilize menm mo grèk la nan chak referans yo. Nan toule uit referans yo Jezi t ap pale konsènan moman l pral vin fè jijman an pandan gwo tribilasyon an epi pou l detwi monn sa a annapre. Kidonk, sa klè, parabòl sa a gen rapò ak dènye jou yo, men, dènye faz parabòl la ap reyalize pandan gwo tribilasyon an.

6. Dapre kontèks parabòl la, ki mesaj ki gen ladan l?

6 Ki mesaj ki gen nan parabòl la? Sonje kontèks la. Jezi te fèk sot pale konsènan “esklav fidèl ki prevwayan” l lan. Esklav sa a t ap yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki t ap gen pou pran latèt pami disip Kris yo pandan dènye jou yo. Jezi te fè mesye sa yo konnen yo dwe rete fidèl. Annapre, li te bay parabòl sa a pou l ankouraje tout disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl k ap viv nan dènye jou yo pou yo “kontinye veye” yon fason pou yo pa pèdi rekonpans yo a ki gen anpil valè (Mat. 25:13). Kounye a, ann konsidere parabòl la pou n wè kòman moun Bondye chwazi pou al nan syèl la suiv konsèy ki ladan l lan.

KI FASON MOUN BONDYE CHWAZI POU AL NAN SYÈL YO APLIKE KONSÈY KI NAN PARABÒL LA?

7, 8. a) Ki bagay fi vyèj ki prevwayan yo te fè ki te montre yo pare? b) Ki fason moun Bondye chwazi pou al nan syèl la montre yo pare?

7 Parabòl Jezi a montre fi vyèj ki te prevwayan yo te pare pou lemarye a ki t ap vini alòske fi vyèj ki sòt yo pa t pare. Sa k fè yo te pare? Se paske yo te fè de bagay: Yo te prepare yo e yo t ap veye. Toule dis fi vyèj ki te jwenn asiyasyon pou yo veye pandan tout nuit la pou jis lè lemarye a vini an te bezwen kite lanp yo limen e yo te dwe rete veyatif pandan plizyè èdtan jiskaske bèl evènman an rive. Sepandan, kontrèman ak fi vyèj ki sòt yo, gen senk fi vyèj ki te prepare yo toutbon, yo te vin ak lanp yo e yo te pote enpe luil anplis. Èske moun Bondye chwazi pou al nan syèl la montre yo pare menm jan an tou?

8 Wi, yo montre pare! Pandan tout dènye jou yo kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ap aji menm jan ak fi vyèj ki prevwayan sa yo, yo pare pou yo ranpli asiyasyon yo a fidèlman jiskaske lafen an rive. Yo konnen ki sa sa koute pou yo rete fidèl nan sèvis yo a paske depi lè yo fèk kòmanse asiyasyon yo a yo rann yo kont sa pral vle di pou yo vire do bay anpil bagay materyèl yo te ka genyen nan monn Satan an. Yo bay Jewova yon atachman san pataj e y ap sèvi l. Yo pa fè sa paske yo panse lafen an prèske rive, men, yo fè sa paske yo renmen Jewova ak Pitit Gason l lan e yo vle rete fidèl anvè yo. Yo kontinye kenbe entegrite yo, yo pa kite lespri ki nan monn mechan sa a kòwonp yo e yo pa adopte tandans materyalis, imoral, egoyis ki nan monn nan. Konsa, yo montre yo pare, lanp yo kontinye ap briye e yo pa bay tèt yo pwoblèm menmsi yo ta wè Lemarye a sanble pran tan pou l vini. — Flp. 2:15.

9. a) Ki avètisman Jezi te bay konsènan tandans moun genyen pou dòmi pran yo a? b) Ki fason moun Bondye chwazi pou al nan syèl la te reyaji lè yo te tande yon rèl ki di “men lemarye” a? (Gade nòt anba paj la tou.)

9 Dezyèm bagay ki te ede fi vyèj sa yo montre yo pare se paske yo te kontinye veye. Èske l posib pou dòmi ta pran yon moun Bondye chwazi pou al nan syèl pandan l ap veye nan yon nuit ki byen long? Wi, sa posib! Remake Jezi te fè konnen toule dis fi vyèj yo te “tonbe kabicha, epi dòmi [t] ale avèk yo” paske lemarye a sanble te pran tan pou l vini. Jezi te byen konnen feblès ki gen nan lachè te ka gen efè menm sou lespri ki djanm e ki pi byen dispoze a. Moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl yo byen konnen avètisman sa a e yo kontinye travay pi di pou yo kontinye veye. Nan parabòl la, toule dis fi vyèj yo te reyaji lè yo te tande yon rèl nan mitan nuit la ki di: “Men lemarye!” Sepandan, se fi vyèj ki prevwayan yo sèlman ki te kontinye veye (Mat. 25:5, 6; 26:41). Ki sa n ka di konsènan moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl k ap viv nan epòk nou an? Pandan dènye jou yo, yo kontinye reyaji devan bonjan prèv yo jwenn ki tankou yon rèl k ap di byen fò “men lemarye” a ap vini. Anplis de sa, yo kontinye veye e yo kontinye montre yo pare toutbon pou lè Lemarye a vini *. Sepandan, fen parabòl la atire atansyon sou yon peryòd tan byen presi. Kòman sa?

YO REKONPANSE FI VYÈJ PREVWAYAN YO E YO PINI FI VYÈJ SÒT YO

10. Ki kesyon difisil konvèsasyon ki genyen ant fi vyèj ki prevwayan yo ak fi vyèj ki sòt yo soulve?

10 Sanble se lè n prèske rive nan fen parabòl la nou jwenn pati ki pi difisil pou konprann nan ki se kote fi vyèj ki sòt yo ap pale ak fi vyèj ki prevwayan yo. (Li Matye 25:8, 9.) Men ki kesyon konvèsasyon sa a soulve: “Nan ki moman nan istwa pèp Bondye a moun fidèl yo t ap refize ede moun ki mande èd?” N ap rive konprann pati difisil sa a lè n konsidere epòk la ankò. Pa bliye nou vin byen konprann Jezi ki se Lemarye a ap vin egzekite jijman l prèske nan fen gwo tribilasyon an. Kidonk, èske sa vle di petèt pati sa a nan parabòl la met aksan sou sa k pral rive yon ti tan anvan jijman enpòtan sa a? Ta sanble se sa, paske nan moman sa a moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap resevwa dènye so yo a.

11. a) Ki sa k ap rive yon ti tan anvan gwo tribilasyon an kòmanse? b) Ki sa fi vyèj ki prevwayan yo te vle di lè yo di fi vyèj ki sòt yo pou y al achte luil nan men machann yo?

11 Kidonk, anvan gwo tribilasyon an kòmanse, tout moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl k ap vivan sou tè a toujou pral resevwa dènye so yo a (Rev. 7:1-4). Apati moman sa a, y ap gen garanti yo pral nan syèl. Men, fè yon ti reflechi ak kantite ane ki vin anvan gwo tribilasyon an. Ki sa k ap rive moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki pa kontinye veye e ki pèdi entegrite yo? Y ap pèdi rekonpans selès yo a. Sa klè, yo pap resevwa okenn dènye so anvan gwo tribilasyon an. Nan moman sa a, Bondye ap gentan chwazi lòt moun fidèl pou al nan syèl. Lè tribilasyon an kòmanse, sanble moun sòt yo ap sezi lè yo wè destriksyon Gran Babilòn nan. Sanble se sèlman nan moman sa a y ap rann yo kont yo pa t pare pou vini Lemarye a ap vini an. Nan moman sa a kote l ap deja twò ta, ki sa k ap rive si yo vin dezespere e yo tonbe mande èd? Parabòl Jezi a ban nou yon repons ki tris. Fi vyèj ki prevwayan yo pap vle bay fi vyèj ki sòt yo nan luil yo a, olye de sa, y ap di yo al achte nan men machann yo pito. Sepandan, pa bliye se “nan mitan nuit lan” yo ye. Èske y ap ka jwenn machann luil nan lè sa a? Non. L ap gentan twò ta.

12. a) Pandan gwo tribilasyon an, ki bagay tris ki pral rive nenpòt moun Bondye te chwazi pou al nan syèl yon lè men ki pa kenbe entegrite l anvan dènye so a? b) Ki jan bagay yo ap fini pou moun ki montre yo menm jan ak fi vyèj ki sòt yo?

12 Menm jan an tou, pandan gwo tribilasyon an, moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki rete fidèl yo pap ka ede moun ki vin enfidèl yo. Pap gen posiblite pou yo jwenn èd ditou. L ap gentan twò ta. Donk, ki sa k pral rive moun sa yo? Jezi te esplike sa k rive lè fi vyèj ki sòt yo te kouri al chèche luil alòske yo pap jwenn. Men sa l te di: “Lemarye rive, e fi vyèj ki te pare yo antre ansanm avèk li nan resepsyon maryaj la, epi yo fèmen pòt la.” Lè Kris vini nan glwa li prèske nan fen tribilasyon an, l ap rasanble moun Bondye chwazi ki fidèl yo pou y al nan syèl (Mat. 24:31; 25:10; Jan 14:1-3; 1 Tes. 4:17). Vrèmanvre, y ap fèmen pòt la dèyè do moun ki pa fidèl yo, moun ki montre yo tankou fi vyèj ki sòt yo. Anfèt, yo ka pran rele byen fò e y ap di: “Mesye, mesye, ouvè pou nou!” Sepandan, y ap jwenn yon repons ki menm jan ak repons moun ki sanble ak kabrit yo te jwenn nan jijman k ap gen nan moman sa a. Men sa y ap di yo: “Franchman m ap di nou sa: Mwen pa konnen nou.” Ala tris! — Mat. 7:21-23; 25:11, 12.

13. a) Ki sa k fè n pa bezwen kouri panse ap gen anpil nan disip Kris Bondye chwazi pou al nan syèl la k ap vin enfidèl? b) Ki sa k fè n ka di n jwenn yon bèl asirans nan avètisman Jezi te bay la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

13 Lè n konsidere sa k gen pou rive yo, ki sa n ka di? Èske Jezi te fè konnen ap gen anpil nan sèvitè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl k ap vin enfidèl e y ap ranplase yo? Non. Sonje Jezi te fèk sot avèti “esklav fidèl ki prevwayan” l lan pou l pa janm vin tounen yon esklav ki mechan. Sa pa vle di Jezi te atann sa ap rive. Menm jan an tou, nou jwenn yon avètisman ki pisan nan parabòl la. Menm jan te gen senk fi vyèj ki sòt e te gen senk lòt ki prevwayan, chak moun Bondye chwazi pou al nan syèl gen tout kapasite yo pou yo chwazi si y ap kontinye montre yo pare epi y ap kontinye veye oswa si y ap aji tankou moun sòt epi y ap vin enfidèl. Bondye te enspire apot Pòl pou l bay yon avètisman menm jan an lè l t ap pale ak kretyen parèy li yo Bondye te chwazi pou al nan syèl la. (Li Ebre 6:4-9; konpare ak Detewonòm 30:19.) N ap remake Pòl te bay yon avètisman ki byen fèm, men l te ajoute yon ekspresyon ki chaje lanmou pou l montre jan l gen asirans gen ‘bagay ki pi bon’ k ap tann frè ak sè l yo. Menm jan an tou, nou jwenn yon bèl asirans nan avètisman Jezi te bay nan parabòl la. Kris konnen chak sèvitè l Bondye chwazi pou al nan syèl ka kontinye rete fidèl pou l resevwa bèl rekonpans li an!

KI JAN “LÒT MOUTON” KRIS YO KA JWENN BYENFÈ?

14. Ki sa k fè moun ki fè pati “lòt mouton” yo jwenn byenfè nan parabòl dis fi vyèj yo tou?

14 Etandone Jezi te bay parabòl dis fi vyèj la dirèkteman pou disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la, èske n ta dwe panse “lòt mouton” Kris yo pap jwenn okenn byenfè nan parabòl sa a (Jan 10:16)? Okontrè! Pa bliye parabòl la gen yon mesaj ki byen senp ki mande pou n “kontinye veye”. Èske mesaj sa a konsène moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo sèlman? Men sa Jezi te di yon lè: “Sa m di nou la a, se tout moun mwen di l: Kontinye veye.” (Mak 13:37). Jezi atann pou tout disip li yo prepare kè yo pou yo sèvi Jewova fidèlman e pou yo suiv menm prensip ki mande pou n kontinye veye a. Kidonk, se tout kretyen yo k ap suiv direksyon moun Bondye chwazi pou al nan syèl la bay nan sans sa a, yo imite bon egzanp yo bay e yo bay travay predikasyon an premye plas nan lavi yo. Anplis de sa, nou bezwen sonje fi vyèj ki sòt yo te mande fi vyèj ki prevwayan yo enpe nan luil yo a. Mande yo te mande anven an fè n sonje pèsonn pa ka ret fidèl pou nou, pèsonn pa ka ret nan laverite pou nou epi pèsonn pa ka kontinye veye pou nou. Se nou chak k ap gen pou n rann kont pou tèt nou devan Jij ki jis Jewova nome a. Nou dwe montre nou pare. E l ap vini talè konsa!

Mande vyèj sòt yo te mande enpe luil la fè n sonje pèsonn pa ka kontinye veye oswa ret fidèl pou nou.

15. Ki sa k fè marye Kris pral marye ak lamarye l la se yon bèl evènman pou tout vrè kretyen yo?

15 Tout kretyen nèt kapab jwenn byenfè nan evènman prensipal ki nan parabòl Jezi a tou. Dayè, kiyès nan nou ki pa chofe pou maryaj sa a ki pral fèt la? Moun Bondye chwazi yo ap nan syèl la e apre gè Amagedòn nan yo pral vin tounen lamarye Kris (Rev. 19:7-9). Konsa, tout moun ki sou tè a pral jwenn byenfè grasa maryaj sa a k ap fèt nan syèl la paske l bay yon garanti ap gen yon gouvènman pafè ki pral dirije tout moun. Kèlkeswa esperans nou genyen pou lavni an, kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl kit nou gen esperans pou n viv sou tè a, ann pran detèminasyon pou n aprann leson enpòtan ki nan parabòl dis fi vyèj yo. Ann montre nou pare lè n prepare kè nou, lè n kontinye rete djanm ak lè n kontinye veye yon fason pou n ka pwofite bèl avni sa a Jewova sere pou nou an!

^ § 9 Nan parabòl la, gen yon kantite tan byen klè ki pase ant lè rèl la di “men lemarye” a (vèsè 6) ak lè lemarye a vini oswa rive a (vèsè 10). Pandan dènye jou yo, moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki kontinye veye yo rive wè siy prezans Jezi a. Konsa, yo konnen li la e l ap dirije nan yon Wayòm ki pisan. Yo kontinye ap fè fas ak defi pou yo kontinye veye a jiskaske l vini oswa rive.