Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Nou te jwenn yon pi bon karyè

Nou te jwenn yon pi bon karyè

MWEN menm ak Gwen te kòmanse aprann danse lè n te gen senkan e nou youn potko konn lòt. Men, toutpandan nou t ap grandi nou toule de te pran detèminasyon pou n fè karyè nan danse balè. Lè n te prèske rive nan nivo ki pi wo nan dans balè a, nou te abandone karyè sa a. Ki sa k te fè n pran desizyon sa a?

David: Mwen te fèt nan ane 1945 nan yon zòn nan peyi Angletè ki rele Shropshire. Papa m te posede yon fèm nan zòn pezib sa a. Mwen te renmen bay poul yo manje apre m sot lekòl, mwen te renmen ranmase ze poul yo e m te renmen pran swen bèf yo ak mouton yo. Nan peryòd vakans, mwen te konn bay èd lè gen rekòt e pafwa mwen te konn kondui traktè nou yo.

Sepandan, gen yon lòt bagay enteresan ki te kòmanse gen anpil enpòtans nan lavi m. Papa m te remake depi m te toupiti, lè m tande mizik m vle danse. Konsa, lè m te gen senkan li te mande manman m pou l mete m nan yon lekòl kote yo aprann moun danse klakèt. Pwofesè m nan te panse m te gen kapasite pou m danse balè e li te ban m fòmasyon nan sans sa a tou. Lè m te gen 15 an, mwen te jwenn yon bous pou m al nan yon gwo lekòl balè nan vil Lonn ki rele Royal Ballet School. Se la mwen te rankontre Gwen ki te vin patnè dans mwen.

Gwen: Mwen te fèt nan ane 1944 nan vil Lonn, yon vil ki chaje ak aktivite. Lè m te piti mwen te gen bonjan lafwa nan Bondye. Mwen te eseye li Bib mwen an men m te twouve l difisil pou m konprann li. Anvan sa, mwen t al nan kou dans lè m te gen senkan. Sizan annapre, mwen te genyen yon konkou dans ki te fèt nan tout peyi Grann Bretay ki t ap pèmèt moun ki genyen an jwenn yon plas nan kategori timoun nan lekòl balè ki rele Royal Ballet School la. Lekòl la te nan yon gwo bèl kay ki rele White Lodge ki twouve l nan Richmond Park andeyò vil Lonn. Se la m t al lekòl e se la m te tou jwenn fòmasyon pou m aprann danse balè nan men yon seri pwofesè ki gen gwo renome. Lè m te gen 16 an, mwen te vin yon etidyan nan dènye ane nan Royal Ballet School ki nan mitan vil Lonn nan e se la m te rankontre David. Nan kèk mwa, nou te kòmanse danse balè ansanm sou sèn nan konsè opera ki te konn fèt nan Royal Opera House ki twouve l nan yon katye nan vil Lonn ki rele Covent Garden.

Antanke pwofesyonèl nan danse balè nou te vwayaje toupatou sou tè a.

David: Vrèmanvre, jan Gwen fè konn sa, karyè nou te pèmèt n al danse nan opera ki rele Royal Opera House la ansanm ak nan konpayi balè ki rele London Festival Ballet (kounye a yo rele l English National Ballet). Youn nan koregraf ki te nan Royal Ballet la te mete yon konpayi entènasyonal sou pye nan vil Wuppertal ann Almay e l te chwazi nou de a pou n al ansanm avè l kòm dansè an solo. Pandan karyè nou, nou te danse nan plizyè teyat toupatou nan monn nan e nou te danse ak yon pakèt moun selèb tankou Dame Margot Fonteyn ak Rudolf Nureyev. Kalite lavi sa a te gen anpil konpetisyon ladan l, li te fè moun pran tèt yo pou yon pakèt afè e sa te fè nou vin bay tout nou menm nan travay sa a.

Gwen: Tout panse m ak tout kò m se te pou dans. David avè m te gen anbisyon pou n rive nan nivo ki pi wo a. M te renmen bay moun otograf, resevwa flè epi tande piblik la k ap bat bravo pou mwen. Nan monn teyat la, mwen te antoure ak moun imoral, moun k ap fimen ak bwasonyè epi, menm jan ak lòt moun nan pwofesyon sa a, mwen te met espwa m sou chans.

LAVI N TE VIN CHANJE NÈT

Jou maryaj nou.

David: Apre m te fin fè plizyè ane ap danse mwen te vin bouke ak zafè plede vwayaje toutan an. Etandone m te grandi nan yon fèm, mwen te sonje lavi senp mwen te konn viv nan pwovens lan anpil. Se sa k fè nan ane 1967 mwen te abandone karyè dans lan e m te kòmanse travay nan yon gwo fèm ki toupre kay paran m yo. Moun ki te responsab fèm nan te lwe m yon ti kay. Annapre, mwen te telefone Gwen nan teyat la e m te mande l si l vle marye avè m. Li te jwenn pwomosyon pou l danse an solo sou sèn e l te gen yon bèl karyè devan l. Konsa, desizyon l te gen pou l pran an pa t fasil ditou. Aktout sa, li te aksepte pwopozisyon m nan e l te vin viv avè m an pwovens, yon vi li pa t abitye avè l.

Gwen: Vrèmanvre, li te difisil pou m adapte m ak lavi nan kanpay la. Mwen pa t abitye ak zafè tire lèt bèf epi bay kochon ak poul manje nan tout sezon yo. David te kòmanse pran yon kou ki dire nèf mwa nan yon lekòl agwonomi yon fason pou l te ka aprann dènye metòd ki te genyen nan domèn nan. Lè konsa, mwen te konn santi m poukont mwen pou jis li retounen nan aswè. Antretan, nou te vin gen Gilly premye pitit fi nou an. David te ankouraje m aprann kondui e m te fè sa vre. Yon jou, pandan m t ap vizite yon zòn ki pa twò lwen kote n rete a mwen te wè Gael, yon dam mwen te rankontre pandan l t ap travay nan youn nan makèt ki nan zòn nan.

Premye ane maryaj nou nan fèm nan.

Avèk jantiyès, Gael te envite m lakay li pou m bwè yon ti te. Li te montre m foto maryaj li e nan youn nan foto yo, mwen te wè yon gwoup moun ki kanpe devan yon kote ki ekri Sal Wayòm. Mwen te mande l ki jan de legliz legliz sa ye. Lè l te fè m konnen li menm ak mari l se Temwen Jewova mwen te kontan anpil. M te sonje gen youn nan matant mwen yo ki te Temwen e m te sonje jan papa m pa t vle wè l ak jan l te konn jete piblikasyon l yo nan poubèl. Mwen te konn ap mande tèt mwen poukisa yon moun ki vrèman amikal tankou papa m te vin fache kont yon moun konsa ki byen janti.

Finalman, m te vin anmezi pou m rive wè kòman sa matant mwen te kwè yo te diferan ak sa yo anseye nan legliz yo. Gael te montre m ki sa Bib la anseye toutbon. Mwen te sezi wè jan anpil doktrin tankou Trinite ak nanm ki pa ka mouri te depaman ak Ekriti yo (Ekl. 9:5, 10; Jan 14:28; 17:3). Anplis de sa, se premye fwa m te wè non Bondye, Jewova, nan Bib la. — Egz. 6:3.

David: Gwen te pataje sa l te aprann yo avè m. Mwen sonje lè m te piti papa m te konn ankouraje m li Labib. Konsa, mwen menm ak Gwen te dakò pou Gael ak Derrick, mari l, etidye Labib avèk nou. Apre simwa, nou te deplase al viv nan vil Oswestry ki nan menm pwovens ak Shropshire paske n te gen posiblite lwe pwòp fèm pa nou. Pandan nou te nan vil sa a, avèk pasyans, Deirdre, yon Temwen ki t ap viv nan zòn nan, te kontinye etidye Labib avèk nou. Okòmansman, nou te lan pou n pwogrese. Nou te toujou okipe anpil nan pran swen twoupo a. Aktout sa, verite a te pran rasin nan kè nou tikras pa tikras.

Gwen: Yon gwo obstak mwen te gen pou m fè fas avè l se te sipèstisyon. Izayi 65:11 (NW) te ede m wè jan Jewova konsidere ‘moun k ap ranje tab pou dye Chans lan’. Sa te mande anpil tan ak anpil priyè pou m te debarase m ak tout bagay ki pote chans mwen te genyen yo ansanm ak gad yo. Lè m te vin aprann “nenpòt moun ki glorifye tèt li, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap glorifye l” sa te ede m wè ki kalite moun Jewova ap chèche (Mat. 23:12). M te vle sèvi Bondye sa a ki tèlman renmen nou opwen li bay sèl Pitit Gason li renmen anpil la kòm ranson. Antretan, nou te vin gen yon lòt pitit fi e nou te kontan anpil lè n te aprann fanmi nou gen posiblite viv nan yon paradi sou tè a.

David: Lè m te vin konprann fason yon seri bèl pwofesi reyalize, pa egzanp pwofesi nou jwenn nan Matye chapit 24 la ak nan liv Dànyèl la, mwen te vin gen konviksyon mwen jwenn laverite. Mwen te vin konprann pa gen anyen nan sistèm sa a ki gen plis enpòtans pase relasyon nou ak Jewova. Se sa k fè, tank ane yo t ap pase mwen te vin gen mwens anbisyon. M te vin konprann tou madanm mwen ak pitit fi m yo gen menm enpòtans avè m. Filipyen 2:4 te konvenk mwen pou m pa ret konsantre sou tèt mwen ansanm ak anvi m te genyen pou m gen yon pi gwo fèm nan. Olye de sa, Mwen te dwe bay Jewova premye plas nan lavi m. Mwen te sispann fimen. Sepandan, li pa t fasil pou n te fè yon distans 10 kilomèt pou n al asiste reyinyon ki te konn fèt chak samdi swa yo paske se nan moman sa a nou te dwe tire lèt bèf. Sepandan, grasa èd Gwen nou pa t janm rate yon reyinyon e nou te toujou soti nan predikasyon ak pitit fi nou yo chak dimanch maten apre nou fin tire lèt bèf yo.

Fanmi nou pa t kontan chwa nou te fè a. Papa Gwen te fè sizan l pa t pale avè l. Paran m yo te eseye anpeche nou vin Temwen tou.

Gwen: Jewova te ede n andire sitiyasyon difisil sa yo. Tank ane yo t ap pase, frè ak sè nan kongregasyon Oswestry a te vin tankou yon fanmi pou nou e avèk lanmou yo te ede n fè fas ak pwoblèm nou yo (Lik 18:29, 30). Nan ane 1972, nou te vwe lavi nou bay Jewova e nou te batize. Mwen te vle travay di pou m ede plis moun posib vin konn laverite, se sa k fè m te vin pyonye.

YON NOUVO KARYÈ KI FÈ N JWENN BENEDIKSYON

David: Ane nou te fè ap travay nan fèm nan te di anpil pou nou nan domèn fizik. Sepandan, nou te fè efò pou n bay pitit fi nou yo bèl egzanp nan domèn espirityèl. Rive yon lè, lefètke gouvènman an pa t ban nou èd ankò nou te oblije abandone fèm nou an. Etandone nou pa t gen ni kay ni travay epi twazyèm pitit nou an te fèk gen ennan, nou te priye Jewova pou l ban nou èd ak direksyon. Nou te deside sèvi ak talan nou pou n ouvri yon ti lekòl pou n aprann moun danse pou n te ka pran swen fanmi nou. Detèminasyon nou te pran pou n mete bagay espirityèl yo an premye a te pote bon rezilta. Nou te kontan anpil lè toule twa pitit fi nou yo te vin pyonye apre yo te fini lekòl. Gwen te pran sèvis pyonye tou, konsa li te anmezi pou l ede pitit fi nou yo chak jou.

Nou te fèmen ti lekòl la apre Gilly ak Denise, de pi gran pitit fi nou yo, te marye. Nou te ekri biwo filyal la yon fason pou n te ka konnen ki kote nou te ka bay èd nou. Yo te rekòmande nou plizyè vil nan sidès peyi Angletè. Etandone se sèl Debbie ki te nan kay la avèk nou, mwen te vin pyonye tou. Senkan annapre, yo te mande n al sèvi nan lòt kongregasyon ki pi lwen nan zòn nò yo. Apre maryaj Debbie, nou te gen privilèj pase dizan nan pwojè konstriksyon entènasyonal nan peyi Zimbabwe, Moldovi, Ongri ak Kotdivwa. Apre sa, nou te retounen nan peyi Angletè pou n te ede nan konstriksyon Betèl Lonn nan. Etandone m te gen eksperyans nan domèn agrikilti, yo te mande m pou m ede nan fèm ki te nan Betèl la lè sa a. Kounye a, n ap sèvi antanke pyonye nan nòdwès peyi Angletè.

Nou te renmen patisipe nan pwojè konstriksyon entènasyonal yo.

Gwen: Premye ve nou te fè pou n aprann danse balè a te bay anpil jwa, men, li pa t la pou toutan. Dezyèm ve a, ki se ve ki pi enpòtan an, se ve nou fè bay Jewova a. Li ban nou anpil jwa e l ap la pou toutan. Nou toujou ap travay ansanm, men, fwa sa a olye nou sèvi ak pye nou pou n danse nou sèvi avèk yo nan sèvis pyonye a pito. Etandone n ap ede anpil moun konnen bèl verite sa yo ki kapab sove lavi yo sa fè nou jwenn yon jwa ki san parèy. “Lèt rekòmandasyon” sa yo pi bon lontan pase kèlkeswa renome yon moun te ka genyen nan monn nan (2 Kor. 3:1, 2). Si nou pa t jwenn laverite, jodi a nou t ap sèlman gen anpil souvni, anpil foto ak pwogram teyat sou ansyen karyè nou.

David: Karyè nou fè nan sèvis Jewova a chanje lavi nou nèt. Li ede m pwogrese antanke mari e antanke papa. Labib fè n konnen Miryam, wa David ak lòt moun ankò te pran danse pou yo te montre jan yo kontan. E nou menm ansanm ak anpil lòt moun ankò ap tann moman kote nou pral danse nan monn nouvo Jewova a pou n montre jan nou kontan. — Egz. 15:20; 2 Sam. 6:14.