Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Anvan sa, byen souvan, piblikasyon nou yo te konn pale konsènan lonbray ak reyalite, men, yo pa tèlman fè sa nan dènye ane ki sot pase yo. Sa k fè sa?

Men ki jan yo te defini “lonbray” ak “reyalite” nan Toudegad 15 septanm 1950 lan (anglè): “Yon lonbray se imaj oswa reprezantasyon yon bagay ki gen pou rive nan yon epòk alavni. Reyalite a se akonplisman bagay lonbray la reprezante a.”

Plizyè ane anvan sa, piblikasyon nou yo te fè konnen gen kèk gason ak fi fidèl tankou Debora, Eliyou, Yifta, Jòb, Rahab, Rebeka ansanm ak anpil lòt ankò ki te vrèman reprezante lonbray moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo oswa moun ki fè pati “gwo foul” la (Rev. 7:9). Pa egzanp, yo te panse Yifta, Jòb ak Rebeka te reprezante moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo alòske Debora ak Rahab te reprezante gwo foul la. Sepandan, nan dènye ane ki sot pase yo nou te sispann fè konparezon sa yo. Sa k fè sa?

LONBRAY

Ti mouton pak yo te sakrifye nan Izrayèl tan lontan an te yon lonbray. — Nonb 9:2.

REYALITE

Pòl te di Jezi se “Timouton fèt Pak nou an”. — 1 Kor. 5:7.

Ekriti yo fè konnen gen kèk moun yo pale de yo nan Bib la ki te sèvi kòm lonbray yon bagay ki pi enpòtan. Pa egzanp, jan sa parèt nan Galat 4:21-31 an, apot Pòl pale konsènan de medam nan “yon sans senbolik”. Aga, ki te esklav Abraram, te reprezante Izrayèl selon lachè a ki te vin pwopriyete Jewova grasa Lalwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz la. Men, Sara, “fi ki pa t esklav la”, te senbolize madanm Bondye a ki se pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la. Nan lèt Pòl te ekri kretyen Ebre yo, li te fè yon lyen ant Jezi ak Mèlkisedèk ki te prèt e ki te wa e l te met aksan sou anpil resanblans byen klè ki gen ant yo de a (Ebre 6:20; 7:1-3). Mete sou sa, Pòl te konpare Izayi ak pitit Izayi yo ak Jezi ansanm ak disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la (Ebre 2:13, 14). Etandone se Bondye ki te enspire Pòl pou l ekri pawòl sa yo, nou kontan aksepte sa l te di konsènan lonbray sa yo.

Sepandan, menm lè Bib la fè konnen yon moun se lonbray yon lòt moun, nou pa dwe kouri panse tout ti detay oswa evènman ki te rive nan lavi moun sa a se lonbray yon bagay ki pi enpòtan. Pa egzanp, byenke Pòl fè n konnen Mèlkisedèk te reprezante Jezi, Pòl pa di anyen konsènan rezon ki fè yon lè Mèlkisedèk te pote pen ak diven bay Abraram apre Abraram te sot batay ak kat wa yo. Kidonk, pa gen okenn kote nan Ekriti yo ki ban nou dwa pou n ta panse istwa sa a gen yon sans kache. — Jen. 14:1, 18.

Gen kèk ekriven ki t ap viv nan kèk syèk ki te vin apre lanmò Jezi a ki te tonbe nan yon pyèj: Tout sa yo te li te reprezante yon bagay pou yo. Men ki sa yon ansiklopedi (The International Standard Bible Encyclopaedia) fè konnen konsènan sa Orijèn, Anbrose ak Jewòm te anseye yo: “Yo te chèche lonbray nan tout evènman ak tout sitiyasyon ki pa enpòtan nou jwenn nan Ekriti yo e vrèmanvre yo te jwenn. Yo te panse menm sitiyasyon ki pi senp e ki konn rive tout moun yo gen yon verite [kache] ki enpòtan anpil ladan l. [...] Menm kantite pwason disip yo te pran jou swa Sovè a ki te resisite te parèt devan yo a te gen yon sans pou yo, e anpil nan yo te eseye di kantite a: 153!”

Ogisten, moun Ipo, te fè yon kòmantè egzajere konsènan istwa kote Jezi te sèvi ak senk pen lòj ak de pwason pou l te bay anviwon 5 000 gason manje a. Etandone yo te konsidere ble kòm yon bagay ki gen plis valè pase lòj, Ogisten te fè konnen senk pen lòj yo dwe te reprezante senk liv Moyiz yo (“lòj” la ki gen mwens valè te reprezante “Ansyen Testaman” an ki swadizan gen mwens valè). E de pwason yo menm? Pou kèk rezon, li te di yo reprezante yon wa ak yon prèt. Gen yon lòt biblis k ap chèche jwenn lonbray ak reyalite nan Bib la ki fè konnen achte Jakòb te achte dwa premye pitit la nan men Ezayi pou yon bòl bouyon wouj la te reprezante achte Jezi te achte yon eritaj nan syèl la pou limanite ak san l ki wouj!

Si esplikasyon sa yo sanble pa lojik nou ka konprann pwoblèm nan. Lèzòm pa ka rive konnen ki lè istwa biblik yo se lonbray kèk bagay ki gen pou rive ak ki lè yo pa sa. Sa k pi enpòtan an sèke: Depi Ekriti yo fè konnen yon moun, yon evènman oswa yon bagay se lonbray yon lòt bagay ki gen pou rive, n ap aksepte l jan Ekriti yo di l la. Kidonk, nou fè atansyon pou n pa di yon moun oswa yon istwa se lonbray yon lòt moun oswa yon lòt bagay ki gen pou vini si n pa jwenn bonjan rezon nan Ekriti yo pou n fè sa.

Nan ka sa a, ki jan n ka jwenn byenfè nan evènman ak egzanp nou jwenn nan Ekriti yo? Men sa Pòl te ekri nan Women 15:4: “Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo.” Pòl te fè konnen frè l yo Bondye te chwazi pou al nan syèl ki t ap viv nan premye syèk la te ka aprann bonjan leson nan evènman yo rapòte nan Ekriti yo. Sepandan, tout moun ki fè pati pèp Bondye a nan tout jenerasyon, kit yo se moun Bondye chwazi pou al nan syèl kit yo se “lòt mouton”, kit y ap viv nan “dènye jou yo” kit yo pap viv nan “dènye jou yo”, yo tout ka jwenn byenfè nan leson nou jwenn nan “tout bagay ki te ekri nan tan lontan” yo e yo jwenn byenfè ladan yo vre. — Jan 10:16; 2 Tim. 3:1.

Olye pou pèp Bondye a ta panse pifò istwa sa yo konsène yon sèl gwoup moun, swa moun Bondye chwazi pou al nan syèl swa moun ki fè pati gwo foul la, epi olye pou yo ta panse istwa sa yo ap reyalize nan yon sèl epòk, tout moun ki fè pati pèp Bondye a k ap viv nan kèlkeswa epòk la kapab aplike anpil nan leson yo jwenn nan istwa sa yo. Pa egzanp, nou pa dwe panse liv Jòb la gen rapò sèlman ak pwoblèm moun Bondye chwazi pou al nan syèl la t ap andire pandan Premye Gè mondyal la. Gen anpil sèvitè Bondye, fi kou gason, moun Bondye chwazi pou al nan syèl ak moun ki fè pati gwo foul la, k ap fè fas ak menm pwoblèm Jòb te rankontre yo e moun sa yo ‘wè ki jan Jewova fè bagay yo fini pou yo, sa ki montre Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd’. — Jak 5:11.

Fè yon ti reflechi: Jodi a, nan kongregasyon nou yo, èske n pa jwenn sè aje ki fidèl menm jan ak Debora? Èske n pa jwenn jèn ansyen ki montre yo saj menm jan ak Eliyou? Èske n pa jwenn pyonye ki gen kouraj e ki zele menm jan ak Yifta? Epi, èske n pa jwenn gason ak fi ki fidèl ki gen pasyans menm jan ak Jòb? Se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova dèske l fè n jwenn “tout bagay ki te ekri nan tan lontan” yo yon fason “pou nou ka gen esperans [...] grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”!

Kidonk, pou rezon sa yo, nan ane ki sot pase yo piblikasyon nou yo te plis pale konsènan leson nou ka aprann nan istwa biblik yo olye yo eseye chèche jwenn lonbray ak reyalite nan istwa sa yo.