Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Marye ‘sèlman nan Seyè a’ — Èske sa toujou rezonab?

Marye ‘sèlman nan Seyè a’ — Èske sa toujou rezonab?

“M pa ka jwenn yon moun nan kongregasyon an pou m marye e m pè pou m pa vin granmoun poukont mwen.”

“Gen kèk gason nan monn nan ki janti, ki emab e ki konn bay atansyon. Yo pa gen pwoblèm ak relijyon m e yo sanble pi enteresan pase kèk frè.”

Gen kèk sèvitè Bondye k ap chèche yon moun pou yo marye ki konn fè kèk kòmantè konsa. Sepandan, yo byen konnen konsèy apot Pòl te bay ki mande pou yo marye ‘sèlman nan Seyè a’, yon konsèy tout kretyen ta dwe suiv (1 Kor. 7:39). Donk, poukisa yo fè kòmantè sa yo?

REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT

Moun ki fè kòmantè sa yo gendwa santi gen plis sè pase frè. E se konsa sa ye vre nan anpil peyi. Ann pran de egzanp: Nan peyi Kore, an mwayèn, sou chak 100 Temwen ki selibatè n ap jwenn 57 sè ak 43 frè. Nan peyi Kolonbi, yo fè konnen sou chak 100 Temwen gen 66 sè ak 34 frè.

Yon lòt bagay ki konn fè sitiyasyon an vin pi difisil sèke nan kèk peyi paran ki pa kwayan yo kapab egzije pou frè yo bay yon dòt ki egzajere e konsa sa fè l vin difisil pou frè ki pa gen gwo mwayen yo rive marye. Akoz difikilte sa yo, yon sè gendwa santi l difisil anpil pou l rive jwenn yon moun ki “nan Seyè a” pou l marye. Konsa, li gendwa ap mande tèt li: “Èske l rezonab pou m panse m ka jwenn yon bon konjwen pami kretyen parèy mwen yo? *

LI ENPÒTAN POU W FÈ JEWOVA KONFYANS

Si ide sa yo konn pase nan tèt ou, ou mèt gen asirans Jewova konprann sitiyasyon w. Anfèt, li konn sa w santi konsènan sitiyasyon sa a. — 2 Kwo. 6:29, 30.

Sepandan, nan Pawòl li a, Jewova bay konsèy pou n marye sèlman nan Seyè a. Sa k fè sa? Se paske l konnen sa k bon pou pèp li a. Nonsèlman l vle pwoteje sèvitè l yo kont soufrans sa pote lè yo pran yon move desizyon, men tou, li vle pou yo gen kè kontan. Nan epòk Neyemya a, lè anpil Juif t ap marye ak moun ki te soti nan lòt nasyon ki pa t ap adore Jewova, Neyemya te atire atansyon yo sou move egzanp Salomon te kite a. Aktout ‘Bondye te renmen Salomon anpil, fi etranje Salomon te pran yo te fè l peche’. (Ney. 13:23-26, NW.) Kidonk, se pou byen sèvitè l yo Jewova bay lòd pou marye sèlman ak vrè adoratè yo (Sòm 19:7-10; Iza. 48:17, 18). Vrè kretyen yo rekonesan anvè Bondye pou bonjan sousi l gen pou yo e yo konte sou direksyon l ap bay. Konsa, lè yo kite Bondye dirije yo yo montre yo rekonèt li antanke Moun ki gen dwa pou dirije linivè. — Pwo. 1:5.

Se sèten w pa ta renmen met tèt ou anba menm jouk ak yon moun ki ta ka mennen w lwen Bondye paske se t ap yon ‘jouk miwomiba’. (2 Kor. 6:14.) Jodi a, gen anpil kretyen ki obeyi prensip sa a Bondye bay pou pwoteje yo a, yon prensip ki deja fè prèv li. E kretyen sa yo rann yo kont yo te fè yon bon chwa. Sepandan, gen kèk lòt ki chwazi fè lekontrè.

SA TOUJOU REZONAB

Men sa Maggy *, yon sè k ap viv nan peyi Ostrali fè konnen konsènan sa k te rive l lè l te kòmanse frekante yon moun ki pa kwayan: “Mwen te rate anpil reyinyon jis pou m te ka ansanm avè l. Espirityalite m te bese nèt.” Ratana k ap viv nan peyi End te vin renmen ak yon kamarad lekòl li ki te kòmanse etidye Labib. Sepandan, rive yon lè kamarad la te montre entansyon l se te kòmanse yon relasyon santimantal avè l. Finalman, Ratana te kite laverite e l te antre nan yon lòt relijyon pou l te ka marye ak kamarad la.

Ndenguè k ap viv nan peyi Kamewoun se yon lòt egzanp ankò. Li te marye lè l te gen 19 an. Fiyanse l la te pwomèt li li t ap lib pou l pratike relijyon l. Men de semèn apre maryaj la, mari l te entèdi l asiste reyinyon yo. Men sa Ndenguè fè konnen: “Mwen te santi m poukont mwen e m te kriye anpil. Mwen te rann mwen kont mwen pa t gen kontwòl sou vi m. Mwen toujou regrèt.”

Nòmalman, se pa tout konjwen ki pa kwayan ki konn mal reyaji konsa e ki montre yo pa rezonab. Sepandan, menm lè w pa ta jwenn soufrans si w ta marye ak yon moun ki pa kwayan, ki efè sa t ap genyen sou relasyon w gen ak bon Papa w ki nan syèl la? Ki jan w t ap santi w lefètke w konnen ou pa t koute konsèy li ba w pou byen w lan? E sa k pi enpòtan an, ki jan w t ap santi w konsènan desizyon w pran an? — Pwo. 1:33.

Toupatou nan monn nan, frè ak sè ki marye ak ‘yon moun ki nan Seyè a’ kapab di se pi bon desizyon yo te ka pran. Frè ak sè ki selibatè yo detèmine pou yo fè kè Bondye kontan lè yo chwazi yon moun pami adoratè Jewova yo pou yo marye. Michiko se yon sè selibatè k ap viv nan peyi Japon e fanmi l te eseye konvenk li pou l marye ak yon moun ki pa kwayan. Anplis de presyon l t ap jwenn yo, li te wè kèk nan zanmi l yo ak kèk lòt moun nan kongregasyon an ki te jwenn yon moun nan kongregasyon an pou yo marye. Men sa l di: “Mwen pa t sispann di tèt mwen piske Jewova se ‘Bondye ki gen kè kontan an’ lajwa n pa depann de si n marye oubyen n pa marye. Mwen ret kwè tou li ban nou sa kè n mande. Kidonk, si n vle marye e n pa ka jwenn yon moun pou n marye, li pi bon pou n ret selibatè annatandan.” (1 Tim. 1:11). Finalman, Michiko te marye ak yon bon frè e l kontan dèske l te ret tann.

Menm jan an tou, gen kèk frè ki ret tann pou yo jwenn yon bon madanm. Bill k ap viv nan peyi Ostrali se youn ladan yo. Li rekonèt, pafwa, li te konn santi yon atirans pou kèk medam ki pap sèvi Jewova. Sepandan, li te pran bonjan detèminasyon pou l pa vin twò amikal avèk yo. Sa k fè sa? Li pa t vle fè premye pa ki t ap fè l ‘met tèt li anba menm jouk’ ak yon moun ki pa kwayan. Tank ane yo t ap pase, li te vin enterese nan kèk sè, men sè sa yo pa t enterese nan li. Bill te ret tann 30 an anvan l te resi jwenn yon sè ki ale ansanm avè l. Men sa Bill fè konnen: “Mwen pa regrèt anyen.” Men sa l fè konnen ankò: “Mwen santi se yon benediksyon sa ye pou mwen piske n ap patisipe nan travay predikasyon an ansanm, nou etidye ansanm e nou adore Jewova ansanm. Mwen kontan rankontre zanmi madanm mwen yo e m kontan fè zanmi avèk yo paske yo tout ap adore Jewova menm jan avè n. Nou sèvi ak prensip ki nan Bib la pou n fè maryaj nou byen mache.”

PANDAN W AP TANN JEWOVA

Ki sa w ka fè toutpandan w kite bagay yo nan men Jewova? Yon bagay ou ka fè se reflechi sou rezon ki fè w poko marye a. Si w santi rezon prensipal ki fè w poko marye a se paske w vle suiv konsèy Bib la bay pou w marye ‘sèlman nan Seyè a’ konnen w merite felisitasyon dèske w respekte lòd sa a Bondye bay la. Ou mèt gen asirans Jewova kontan dèske w pran bonjan detèminasyon pou w obeyi Pawòl li a (1 Sam. 15:22; Pwo. 27:11). Ou kapab kontinye ‘ouvri kè w’ bay Bondye nan lapriyè (Sòm 62:8, NW). Tank w ap sipliye l e tank w ap fè sa san rete se tank priyè w yo ap vin gen plis sans. Relasyon w ak Bondye ap vin pi solid chak jou toutpandan w ap kenbe fèm malgre w ap fè fas ak presyon w jwenn ni lakay ou ni nan men lòt moun. Ou mèt gen asirans Trèwo a pran plezi nan tout moun k ap sèvi l fidèlman e w mèt gen asirans ou gen anpil valè nan je l. Sa w bezwen ak sa w vrèman anvi gen enpòtans pou li. Li pa pwomèt pèsonn l ap fè l jwenn yon moun pou l marye. Sepandan, si w vrèman anvi jwenn yon moun pou w marye, Bondye konn pi bon fason pou l satisfè dezi w genyen. — Sòm 145:16; Mat. 6:32.

Pafwa, ou gendwa santi w menm jan ak David ki te di: “Senyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen.” (Sòm 143:5-7, 10). Nan moman sa yo, bay Papa w ki nan syèl la tan pou l montre w sa l vle pou ou. W ap rive fè sa lè w pran tan pou w li Pawòl li a e pou w medite sou sa w li a. W ap vin konnen kòmandman l yo e w ap vin konnen ki jan l te aji anvè pèp li a nan tan lontan. Lè w koute l, w ap vin fè l plis konfyans paske w ap wè jan sa saj pou w kontinye obeyi l.

Frè ak sè selibatè yo gen anpil valè nan kongregasyon an e byen souvan yo ede fanmi yo ak jèn yo.

Ki sa k ka pèmèt ou jwenn lajwa e ki sa k ka ede w rete okipe pandan w selibatè a? Ou kapab pwofite moman sa a pou w travay yon seri kalite espirityèl tankou bon konprann, pou w renmen bay, pou w travay di, pou w aprann antann ou ak lòt moun, pou w gen atachman pou Bondye ansanm ak bon repitasyon paske kalite sa yo enpòtan anpil pou gen kè kontan nan yon fanmi (Jen. 24:16-21; Rit 1:16, 17; 2:6, 7, 11; Pwo. 31:10-27). Chèche Wayòm nan an premye lè w ret okipe nan travay predikasyon an ansanm ak lòt aktivite kretyen yo paske sa ap pwoteje w lè w fè sa. Men sa Bill, frè nou te pale de li pi wo a, fè konnen konsènan ane l te anvi marye yo: “Yo te pase byen vit! Mwen te itilize tan sa a nan sèvis Jewova a antanke pyonye.”

Vrèmanvre, li toujou rezonab pou yon moun marye ‘sèlman nan Seyè a’. Lè w obeyi lòd sa a sa kapab ede w onore Jewova e sa ap fè w jwenn satisfaksyon pou toutan. Men sa nou li nan Bib la: “Byennere moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki pran tout plezi yo nan kòmandman l yo. Lakay li, gen bagay ki gen anpil valè e gen richès. E jistis li ap la pou toutan.” (Sòm 112:1, 3, NW). Kidonk, se pou w detèmine pou w toujou obeyi kòmandman Bondye bay ki mande pou w marye ‘sèlman nan Seyè a’.

^ § 7 Nan atik sa a, n ap konsidere sitiyasyon an selon pwennvi sè yo, sepandan menm prensip yo valab pou frè yo tou.

^ § 13 Gen non moun yo chanje.