TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Avril 2015

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti semèn 1ye jen pou rive semèn 28 jen 2015.

Ansyen, ki jan w konsidere kesyon bay fòmasyon an?

Chèche jwenn sèt metòd ansyen ki jwenn bon rezilta lè y ap fòme lòt moun yo bay.

Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye

Ansyen yo ka jwenn byenfè lè yo suiv fason Jezi te konn bay fòmasyon alòske moun y ap bay fòmasyon yo ka suiv egzanp Elicha.

BYOGRAFI

Benediksyon “ni nan tan favorab, ni nan tan difisil”

Byografi Trophim Nsomba ki te andire pèsekisyon ki terib nan peyi Malawi akoz lafwa l ka ede w pran plis detèminasyon pou w rete fidèl.

Jis nan ki pwen relasyon w gen ak Jewova a reyèl?

Kominikasyon pèmèt nenpòt relasyon vin pi solid. Ki fason n ka aplike prensip sa a nan kad relasyon nou gen ak Bondye a?

Toujou fè Jewova konfyans!

Ou kapab rive fè fas ak youn nan pi gwo eprèv ou ka jwenn pou w vin gen yon relasyon ak Bondye.

Yon dispozisyon ki demontre lanmou

Nan ki sans yon bagay ki pote anpil lapenn ka fè bon pou tout moun?

Èske yon pyebwa yo koupe ka boujonnen ankò?

Repons lan gen efè sou esperans ou genyen pou lavni an.