Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jis nan ki pwen relasyon w gen ak Jewova a reyèl?

Jis nan ki pwen relasyon w gen ak Jewova a reyèl?

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — JAK 4:8.

1. Ki sa k fè relasyon nou gen ak Jewova a dwe toujou ret solid?

ÈSKE W se yon Temwen Jewova ki vwe e ki batize? Si se wi, konnen w posede yon bagay ki gen anpil valè anpalan de relasyon w gen ak Bondye a. Sepandan, nonsèlman relasyon sa a ap fè fas ak presyon nan monn Satan an, men, l ap fè fas ak pwòp enpèfeksyon nou tou. Se tout kretyen nèt k ap fè fas ak sitiyasyon difisil sa a. Se sa k fè, relasyon nou gen ak Jewova a dwe vin pi solid otank posib.

2. a) Ki sa yon relasyon ye? (Gade nòt anba paj la.) b) Ki sa n ka fè pou n fè relasyon nou gen ak Jewova a vin pi solid?

2 Jis nan ki pwen relasyon w gen ak Jewova a reyèl pou ou? Èske w ta renmen fè l vin pi solid? Jak 4:8 montre fason w ka fè sa. Men sa l di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” W ap remake aksyon sa a mande yon echanj *. Tank n ap fè efò pou n pwoche bò kote Bondye se tank l ap pwoche bò kote n tou. Echanj sa a k ap fèt detanzantan an ap pèmèt relasyon nou gen ak Jewova a vin pi solid tikras pa tikras. Kòm rezilta, relasyon sa a ap vin vrèman reyèl pou nou. Sa ap fè n vin gen kalite konfyans Jezi te genyen lè l te di: “Moun ki voye m nan egziste reyèlman, e [...] mwen konnen l.” (Jan 7:28, 29). Sepandan, ki bagay an patikilye ou ka fè pou w vin pi pwòch ak Jewova?

Ki jan w ka kominike ak Bondye? (Gade paragraf 3.))

3. Ki sa k fè l posib pou n kominike ak Jewova?

3 Si w vle vin pwòch ak Jewova, li enpòtan pou w kominike avè l regilyèman. Ki jan w ka kominike ak Bondye? Ebyen, ki sa w konn fè pou w kominike ak yon zanmi w genyen k ap viv lwen w? Petèt, youn konn ekri lòt souvan epi youn konn pale ak lòt nan telefòn souvan. Ou pale ak Jewova chak fwa w priye l. (Li Sòm 142:2.) Epi, lè w li Pawòl li te fè ekri a regilyèman epi w medite sou li, se kòmsi w te kite Jewova pale avè w. (Li Izayi 30:20, 21.) Kidonk, ann wè kòman fason sa a pou n kominike ak Jewova a kapab fè n vin gen yon lyen ki pi solid avè l ak fason l ka fè relasyon pèsonèl nou gen avè l la vin pi reyèl.

LÈ W AP ETIDYE LABIB, SE PALE JEWOVA AP PALE AVÈ W

4, 5. Ki fason Jewova pale avè w pèsonèlman pa mwayen Pawòl li te fè ekri a? Bay yon egzanp.

4 Se sèten w ap dakò nan Bib la nou jwenn mesaj Bondye te fè ekri pou tout moun an jeneral. Men, èske Bib la montre ki fason w ka vin pi pwòch ak Jewova tou? Se sèten l montre sa. Ki jan? Toutpandan w ap li Bib la epi w ap etidye l regilyèman, reflechi ak fason w konsidere sa Bib la di a epi gade pou w wè kòman w ka aplike sa l di a nan ka pa w. Lè w fè sa, se kite w kite Jewova pale avè w pa mwayen Pawòl li a. Sa ap pèmèt ou vin gen yon relasyon sere sere avè l. — Ebre 4:12; Jak 1:23-25.

5 Pa egzanp, li pawòl kote Jezi te di pou n “sispann anpile trezò sou tè a” epi medite sou yo. Si w santi w te gentan santre lavi w sou enterè Wayòm nan, konnen Jewova felisite w. Yon lòt bò, si w santi l nesesè pou w senplifye lavi w epi pou w konsantre w plis sou enterè Wayòm nan, konnen se Jewova k ap montre w yon bagay ou bezwen fè pou w vin pi pwòch avè l. — Mat. 6:19, 20.

6, 7. a) Ki efè yon etid Labib genyen sou lanmou nou gen pou Jewova ak lanmou li gen pou nou an? b) Ki objektif nou ta dwe fikse lè n ap fè etid pèsonèl?

6 Yon etid nan Ekriti yo ap ede n fè plis pase annik wè ki kote n bezwen amelyore nan domèn espirityèl. L ap ede n vin gen plis apresyasyon tou pou bèl kalite Jewova yo e sa ap fè n vin gen plis lanmou pou li. Epi, tank n ap gen plis lanmou pou Jewova se tank lanmou l gen pou nou an ap vin pi plis e konsa, relasyon nou gen avè l la ap vin pi solid. — Li 1 Korentyen 8:3.

7 Sepandan, pou n pwoche bò kote Jewova, li enpòtan pou n gen bonjan objektif lè n ap etidye. Jan 17:3 fè konnen: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” Kidonk, nou pa ta dwe etidye nan objektif pou n annik vin gen konesans, men, nou dwe fè sa nan objektif pou n vin pi byen “konnen” ki kalite Moun Jewova ye. — Li Egzòd 33:13; Sòm 25:4.

8. a) Ki sa k te ka ban nou pwoblèm anrapò ak fason Jewova te aji ak wa Azarya a jan sa parèt nan 2 Wa 15:1-5 yo? b) Ki jan lè n konnen Jewova sa ap fè n pa gen okenn dout sou fason l konn aji?

8 Toutpandan n ap aprann konnen Jewova pi byen, nou pap plede ap bay tèt nou pwoblèm si ta gen kèk istwa biblik ki fè n mande poukisa Jewova te aji jan l aji a. Pa egzanp, ki jan w konsidere fason Jewova te aji ak wa peyi Jida ki te rele Azarya a (2 Wa 15:1-5, NW)? W ap remake aktout “moun yo te kontinye ofri sakrifis epi boule lansan kote [ki wo yo]”, Azarya li menm “te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova”. Sepandan, “Jewova te frape wa a, e wa a te vin gen lèp jiskaske l mouri”. Pou ki rezon? Istwa a pa di anyen sou sa. Èske sa ta dwe ban n pwoblèm oswa èske n ta dwe ap chèche konnen si wi ou non Jewova te pini Azarya san okenn rezon valab? Nou pap fè sa si n byen konnen fason Jewova konn aji. Si n gen konesans sa a, n ap konnen Jewova toujou bay disiplin nan “yon mezi ki apwopriye”. (Jer. 30:11, NW.) Yon konesans konsa ap fè n gen asirans menmsi n pa konn rezon ki fè Jewova te aji jan l te aji ak Azarya a nou kapab gen konfyans jijman L te fè a jis.

9. Ki enfòmasyon ki fè n vin konprann rezon ki fè Jewova te lage lèp sou Azarya a?

9 Sepandan, nou jwenn lòt enfòmasyon nan Bib la konsènan istwa sa a. Bib la fè konnen yo te konn rele Azarya Ouziya tou (2 Wa 15:7, 32). Nan yon lòt istwa nou jwenn nan 2 Kwonik 26:3-5, 16-21, nou aprann byenke Ouziya te konn fè sa ki dwat nan je Jewova pandan yon tan, rive yon lè, “li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li”. Lefètke Ouziya te gen ògèy, li t al dèyè fè travay prèt yo, yon seri travay ki pa t anba otorite l. Gen 81 prèt ki te vle anpeche l fè aksyon sa a. Ki fason Ouziya te reyaji? Li te montre jis nan ki pwen l te vin gen ògèy. Bib la di l te “vin fache anpil” kont prèt yo. Kidonk, nou pa sezi dèske Jewova te lage lèp sou li!

10. Ki sa k fè n pa dwe toujou bezwen jwenn yon esplikasyon sou fason Jewova aji yo, epi, ki jan nou ka vin gen plis konfyans Jewova toujou aji avèk jistis?

10 Ki leson nou aprann? Ann sipoze n pa ta jwenn detay byen klè nan Pawòl Bondye a konsènan kèk lòt istwa nan Bib la. Èske w t ap kouri gen dout sou jistis Bondye? Oswa, èske w t ap di tèt ou nou jwenn ase enfòmasyon nan Bib la ki ban nou asirans Jewova toujou fè sa ki dwat epi se li menm menm ki etabli bonjan prensip konsènan sa ki byen ak sa ki mal (Det. 32:4)? Tank n ap vin pi byen konnen ki kalite Moun Jewova ye se tank lanmou ak apresyasyon nou gen pou fason l konn aji a ap vin pi plis opwen nou pap bezwen jwenn yon esplikasyon konsènan tout aksyon l fè. Ou mèt gen asirans tank w ap fè efò pou w etidye epi medite sou fason Bondye kominike avè n pa mwayen Pawòl li te fè ekri a se tank apresyasyon sa a ap vin pi plis (Sòm 77:12, 13). Kòm rezilta, sa ap fè relasyon w gen ak Jewova a vin pi solid epi relasyon sa a ap vin pi reyèl toujou.

LÈ W AP LAPRIYÈ, SE PALE W AP PALE AK JEWOVA

11-13. Ki jan w fè konnen Jewova konn koute priyè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 Lè n ap lapriyè, nou pwoche bò kote Jewova, nou fè louwanj pou li, nou di l mèsi epi n chèche direksyon nan men l (Sòm 32:8). Sepandan, pou relasyon w gen ak Jewova vin reyèl pou ou, ou dwe gen konviksyon Jewova koute priyè w.

12 Gen kèk moun ki panse se sèlman yon byenfè sikolojik yon moun jwenn lè l ap lapriyè. Moun sa yo fè konnen si w panse w ap jwenn yon repons pou priyè w se tou senpleman paske w eksprime santiman w, ou idantifye pwoblèm ou epi w fikse lespri w sou chèche jwenn yon solisyon. Apa de byenfè sa yo, ki jan w ka rive konnen si Jewova koute priyè sensè w fè yo?

13 Fè yon ti reflechi. Anvan Jezi te vin sou tè a, li te nan yon bon pozisyon pou l wè fason Jewova reponn priyè sèvitè l yo ki sou tè a. Annapre, pandan ministè l sou tè a, li te sèvi ak lapriyè kòm mwayen pou l fè Papa l ki nan syèl la konnen sa l santi. Si l te panse Jewova pap koute l vre, èske l t ap fè sa? Èske l t ap menm rive fè tout yon nuit ap lapriyè (Lik 6:12; 22:40-46)? Èske l t ap anseye disip li yo pou yo priye si l te panse lapriyè te sèlman gen yon efè sikolojik? Sa klè, Jezi te konnen lapriyè se bonjan kominikasyon ak Jewova. Men sa Jezi te di yon lè: “Papa, mwen remèsye w poutèt ou tande m. Se vre, mwen konnen ou toujou tande m.” Nou menm tou nou kapab gen konfyans Jewova se Sila a ki “konn tande priyè” a. — Jan 11:41, 42; Sòm 65:2, NW.

14, 15. a) Ki byenfè n ap jwenn lè n presi nan priyè nou yo? b) Ki jan priyè yon sè te fè te ede l fè relasyon l gen ak Jewova a vin pi solid?

14 Lè w presi nan sa w ap di nan priyè w yo, w ap vin pi konsyan Jewova reponn priyè sa yo menmsi repons yo pa fin parèt twò klè. Lè w konsyan Jewova reponn priyè w sa ap fè l vin pi reyèl pou ou. Anplis de sa, plis ou di Jewova sa w santi toutbon se plis l ap vin pwòch avè w.

15 Ann pran egzanp Kathy  *. Byenke l te konn patisipe nan travay predikasyon an regilyèman, li pa t renmen sa. Men sa l fè konnen: “Mwen pa t renmen preche. Anfèt, m pa t renmen sa ditou. Apre m te fin pran retrèt, gen yon ansyen ki te di m li espere m ap vin pyonye pèmanan e l te menm ban m yon fòmilè. M te deside vin pyonye, men m te kòmanse priye Jewova chak jou tou pou l te ka ede m renmen travay predikasyon an.” Èske Jewova te reponn priyè l yo? Men sa l di: “Kounye a, m gen twazan depi m pyonye. Lefètke m pase anpil tan nan travay predikasyon an epi m aprann nan men lòt sè yo, sa fè m vin pi efikas nan travay bay temwayaj la tikras pa tikras. Jodi a, m pa jis apresye travay predikasyon an, men, m renmen l. Sa k pi bèl la, relasyon m gen ak Jewova a vin pi solid pase jan l te ye anvan sa.” Vrèmanvre, priyè Kathy yo te ede l fè relasyon l gen ak Jewova vin reyèl.

JWE WÒL PA NOU

16, 17. a) Ki sa n dwe fè pou n kontinye gen yon relasyon ak Jewova epi pou relasyon sa a vin pi solid? b) Konsènan ki pwoblèm nou pral pale nan atik ki vin apre a?

16 Se pandan tout vi n n ap bezwen travay pou n gen yon relasyon sere ak Jewova. Nou dwe fè efò pou n pwoche bò kote Bondye si n vle l pwoche bò kote nou tou. Kidonk, ann pran detèminasyon pou n kominike regilyèman ak Bondye pa mwayen etid nou fè nan Bib la ansanm ak lapriyè. Kòm rezilta, relasyon nou gen ak Jewova a k ap vin pi solid ap pèmèt nou andire anba eprèv.

Se pandan tout vi n n ap bezwen travay pou n gen yon relasyon sere ak Jewova. (Gade paragraf 16, 17.)

17 Sepandan, lè n kontinye jwenn pwoblèm malgre nou priye ak tout kè nou, sa ka fè n fè fas ak yon lòt pwoblèm ankò. Nan moman sa yo, nou kapab kòmanse pèdi konfyans nan Jewova. Nou kapab kòmanse ap mande tèt nou si Jewova koute priyè nou yo toutbon oswa si l menm konsidere nou kòm zanmi l. Ki jan n ka rive fè fas ak difikilte sa yo toutpandan nou gen konfyans relasyon nou gen ak Bondye a reyèl? Atik ki vin apre a pral pale de sa.

^ § 2 Yo defini yon relasyon kòm santiman de moun gen youn anvè lòt ak fason youn aji anvè lòt. Kidonk, se toule de moun yo ki konsène.

^ § 15 Yo chanje non moun nan.