Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske yon pyebwa yo koupe ka boujonnen ankò?

Èske yon pyebwa yo koupe ka boujonnen ankò?

YON pye oliv gendwa pa parèt enpresyonan an konparezon ak gwo pyebwa ki rele sèd Liban an. Sepandan, pye oliv yo gen yon kapasite ki bèl anpil anpalan de kapasite yo genyen pou yo kontinye viv menm nan kondisyon ki difisil. Gen kèk nan yo yo panse ki gen 1 000 an. Etandone rasin yon pye oliv antre byen fon nan tè a, menmsi yo ta koupe l l ap boujonnen ankò toutotan rasin nan kontinye ap viv.

Patriyach Jòb te gen konviksyon menmsi l ta mouri li t ap retounen viv ankò (Jòb 14:13-15). Li te sèvi ak egzanp yon pyebwa, petèt yon pye oliv, pou l te montre jan l gen konfyans nan kapasite Bondye genyen pou l resisite l la. Men sa Jòb te di: “Gen espwa menm pou yon pyebwa. Si yo koupe l, chouk la ap boujonnen ankò.” Lè vin gen lapli apre yon gwo sechrès, chouk yon pye oliv ki sèch kapab boujonnen ankò, e konsa, li ka fè “branch menm jan ak yon plant ki fèk ap pouse”. — Jòb 14:7-9, NW.

Menm jan ak yon kiltivatè ki swaf pou l wè yon pye oliv yo te koupe boujonnen ankò, se konsa tou Jewova Dye swaf pou l fè sèvitè l yo ansanm ak anpil lòt moun ki te mouri retounen viv ankò (Mat. 22:31, 32; Jan 5:28, 29; Tra. 24:15). Se pa ti kontan nou pral kontan akeyi moun ki te mouri yo e se pa ti kontan nou pral kontan wè yo k ap pwofite bèl bagay ki gen nan lavi a yon lòt fwa ankò!