Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Toujou fè Jewova konfyans!

Toujou fè Jewova konfyans!

“Nou menm pèp, mete konfyans nou nan li tout tan.” — SÒM 62:8, NW.

1-3. Ki jan Pòl te vin gen plis konfyans nan Jewova? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

EPÒK kretyen yo t ap viv nan vil Wòm nan te vrèman difisil pou yo. Nan ane 64 epòk nou an, disip Kris yo t ap fè fas ak gwo opozisyon. Yo te akize yo kòmkwa se yo menm ki te met yon gwo dife nan vil la e yo te fè konnen yo rayi moun. Si w te yon kretyen nan epòk sa a, se chak jou w t ap gen posiblite pou yo arete w epi pou yo maltrete w. Petèt gen kèk nan frè ak sè espirityèl ou yo bèt t ap fè fè miyèt moso, moun t ap kloure sou yon poto epi yo t ap kankannen tou vivan pou fè yo sèvi kòm flanbo lannuit.

2 Sandout se nan epòk sa a yo te met apot Pòl nan prizon nan vil Wòm yon dezyèm fwa. Èske gen lòt kretyen ki t ap vin ede l? Petèt Pòl dwe te fè fas ak kèk sitiyasyon konsa anvan sa paske men sa l te ekri Timote: “Lè m t ap defann mwen premye fwa a, pa t gen pèsonn bò kote m, tout moun te abandone m. Mwen swete pou Bondye pa konte sa pou yo.” Aktout sa, Pòl te rekonèt li pa t fin poukont li nèt. Men sa l te ekri ankò: “Men, Seyè a te kanpe toupre m e li te ban m pisans.” Vrèmanvre, Seyè Jezi te bay Pòl pisans li te bezwen an. Jis nan ki pwen èd sa a te itil li? Remake sa l te di: “Mwen te delivre anba bouch lyon an *.” — 2 Tim. 4:16, 17.

3 Lè Pòl te sonje eksperyans sa a, sa dwe te ba l plis fòs, sa dwe te fè l gen konfyans Jewova t ap ede l andire nan sitiyasyon l t ap viv la ak nenpòt lòt difikilte l ta ka jwenn pi devan. Anfèt, li te menm rive di: “Seyè a ap delivre m anba tout sa ki mal.” (2 Tim. 4:18). Vrèmanvre, Pòl te vin rann li kont menm nan sitiyasyon kote pèsonn pa t ka ede l yo, li te ka toujou konte sou èd Jewova ak Pitit Gason l lan.

OKAZYON W GENYEN POU W “METE KONFYANS OU NAN JEWOVA”

4, 5. a) Kiyès ki ka toujou ba w èd ou bezwen an? b) Ki jan w ka fè relasyon w gen ak Jewova a vin pi solid?

4 Èske sa konn rive w pafwa ou santi w poukont ou fas ak yon sitiyasyon difisil? Se gendwa akoz ou pèdi travay ou, akoz presyon w ap rankontre nan lekòl, akoz yon pwoblèm sante oswa kèk lòt eprèv ankò. Petèt ou te mande lòt moun ede w, men, ou te vin desi paske yo pa t ba w èd ou te bezwen an. Vrèmanvre, gen kèk pwoblèm yon senp imen pa ka rezoud. Nan sitiyasyon sa yo, èske konsèy Bib la bay pou w “mete konfyans ou nan Jewova” a se yon konsèy ki pa gen sans (Pwo. 3:5, 6, NW)? Èske konsèy sa a pa gen enpòtans? Non! Jan anpil istwa nou jwenn nan Bib la montre sa, Jewova konn ede moun toutbon.

5 Kidonk, olye w kenbe moun sou kè paske yo pa ba w èd ou te espere a, li pi bon pou w konsidere sitiyasyon sa yo menm jan apot Pòl te konsidere yo a, sa vle di kòm okazyon pou w met tout konfyans ou nan Jewova epi pou w wè jan Jewova ap pran swen w. Sa ap fè w vin gen plis konfyans nan li e relasyon w gen avè l la ap vin pi reyèl.

LI ENPÒTAN POU W FÈ BONDYE KONFYANS

6. Ki sa k fè l kapab vrèman pa fasil pou n met konfyans nou nan Jewova lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil?

6 Èske w ka priye Jewova sou yon pwoblèm k ap trakase w epi apre sa pou w santi w anpè paske w konnen w te fè tout sa w kapab konsènan sitiyasyon an epi w konnen Jewova ap fè rès la? Wi w ka fè sa! (Li Sòm 62:8; 1 Pyè 5:7.) Li bon pou w aprann fè sa paske sa enpòtan pou w vin gen yon relasyon ak Jewova. Sepandan, li kapab difisil pou w kwè Jewova ka ba w sa w bezwen. Sa k fè sa? Yon bagay ki kapab fè sa se paske Jewova pa toujou reponn tousuit. — Sòm 13:1, 2; 74:10; 89:46; 90:13; Aba. 1:2.

7. Ki sa k fè Jewova pa toujou reponn priyè nou yo menm kote a?

7 Ki sa k ka fè Jewova pa reponn chak priyè nou fè menm kote a? Sonje li konpare relasyon nou gen avè l la ak relasyon yon papa gen ak pitit li (Sòm 103:13). Yon timoun pa ka atann pou paran l ba l tout sa l mande oswa pou yo kouri ba l yon bagay li mande menm kote li mande l la. Yon timoun ka mande yon bagay alòske l gendwa pa bezwen l vre. Gen timoun menm ki gendwa bezwen tann bon moman an pou yo jwenn sa yo mande a. Epi gen kèk bagay se gendwa pa yo menm ki pi bon pou yon timoun oswa yo gendwa pap nan enterè lòt moun ki konsène yo. Anplis de sa, lè w kouri bay yon timoun tout sa l mande, sa ka fè w vin esklav timoun nan. Menm jan an tou, se pou byen nou Jewova gendwa kite tan pase anvan l reponn priyè nou yo yon fason ki klè. E li gen dwa pou l fè sa etandone se li menm ki kreye nou, li se Mèt ki renmen nou anpil la e l se Papa nou ki nan syèl la. Si Jewova ta kouri ban nou tout sa n mande menm kote nou mande yo a, sa t ap chanje relasyon nou gen avè l la. — Konpare ak Izayi 29:16; 45:9.

8. Ki pwomès Jewova fè nou anrapò ak limit nou?

8 Yon lòt bagay ankò sèke Jewova byen konnen limit nou (Sòm 103:14). Kidonk, li pa atann pou n andire ak pwòp fòs nou, men, antanke Papa, li ofri nou èd li. Se vre, pafwa, nou gendwa santi nou pa kapab ankò. Men, Jewova ban nou asirans li pap janm kite sèvitè l yo soufri depase sa yo ka sipòte. Wi, Jewova ap “ouvri yon chemen” pou nou. (Li 1 Korentyen 10:13.) Kidonk, nou gen bonjan rezon pou n kwè Jewova pa twonpe l lè l detèmine jis nan ki pwen nou ka andire.

9. Ki sa n bezwen fè lè Jewova pa reponn priyè nou fè pou n mande l èd yo tousuit?

9 Lè n priye Jewova pou n mande l èd e li pa reponn priyè nou yo tousuit, ann ret tann li piske l se Sila a ki konnen ki lè egzakteman pou l aji an favè nou. Sonje, li menm tou l ap tann piske l vrèman swaf pou l delivre nou. Bib la fè konnen: “Jewova ap kontinye tann pou l fè nou favè, e se poutèt sa li pral leve pou l fè nou mizèrikòd. Paske Jewova se yon Bondye jijman. Byennere tout moun k ap kontinye tann li.” — Iza. 30:18, NW.

“BOUCH LYON AN”

10-12. a) Ki jan sitiyasyon yon kretyen k ap pran swen yon moun nan fanmi l ki fè yon maladi ki pa gen tretman kapab vin difisil anpil? b) Ki jan lè yon moun met konfyans li nan Jewova nan moman difisil sa ka gen efè sou relasyon l gen ak Jewova a? Bay yon egzanp.

10 Lè w ap fè fas ak gwo eprèv, ou gendwa santi w menm jan ak Pòl, sa vle di w gendwa santi se kòmsi w nan “bouch lyon an” oubyen toupre bouch li. Moman sa yo se moman kote l pi difisil pou w met konfyans ou nan Jewova, men, se moman ki pi enpòtan pou w fè sa. Pa egzanp, ann imajine w ap pran swen yon moun nan fanmi w ou renmen anpil ki fè yon maladi ki pa gen tretman. Petèt ou priye Jewova pou l ba w sajès ak kouraj *. Toutpandan w ap fè tout sa w kapab nan sans sa a, èske w pap santi w plizoumwen anpè lefètke w konnen je Jewova sou ou e l ap ba w sa w bezwen pou w andire fidèlman? — Sòm 32:8.

11 Gen kèk sitiyasyon ki gendwa fè w panse Jewova pap ede w vre. Petèt doktè w konsilte yo gendwa pa fin wè bagay yo menm jan. Oswa moun nan fanmi w ou te espere ki t ap ba w rekonfò yo gendwa sanble fè sitiyasyon an vin pi difisil toujou. Nan ka sa yo, ou bezwen toujou konte sou Jewova pou w jwenn fòs. Kontinye pwoche bò kote l. (Li 1 Samyèl 30:3, 6.) Lè Jewova fè w jwenn konsolasyon, relasyon w gen avè l la ap vin pi solid.

12 Linda * te vin aprann verite ki nan pawòl sa yo apre l te fin fè kèk ane ap pran swen paran l yo ki te malad anvan yo mouri. Men sa Linda fè konnen: “Pandan nou te nan sitiyasyon sa a, byen souvan, mwen menm ak mari m ansanm ak frè m nan te konn twouve l difisil pou n konn sa pou n fè. Pafwa, nou te konn santi n about. Sepandan, lè n ap reflechi ak sitiyasyon sa a, nou vin pi byen wè jan Jewova te kanpe la avèk nou. Li te ban nou fòs e li te ban nou egzakteman sa n bezwen, menm lè sanble nou pa t wè ni devan ni dèyè.”

13. Lefètke yon sè te konte sou Jewova lè l t ap fè fas ak yon seri pwoblèm ki difisil anpil, ki jan sa te ede l?

13 Lè n mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman gwo eprèv yo, sa ap ede n tou. Nan moman yon sè ki rele Rhonda ki gen mari l ki pa Temwen t ap divòse avè l, gen yon frè l ki vin aprann li fè yon maladi grav ki rele lupus. Kèk mwa annapre, madanm frè l la te mouri. Lè Rhonda te santi l kòmanse rale yon ti souf anba tout move eksperyans sa yo li te pran sèvis pyonye pèmanan. Yon ti tan apre sa, manman l te vin mouri. Ki sa k te ede Rhonda fè fas ak tout kalamite sa yo? Men sa l fè konnen: “Mwen te konn pale ak Jewova chak jou menm lè m t ap pran ti desizyon. Sa te fè Jewova vin reyèl pou mwen. Sa te aprann mwen pou m konte sou Jewova olye m konte sou tèt mwen oswa sou lòt moun. Èd Jewova te ban m nan te reyèl pou mwen, li te ban m tout sa m bezwen. Kòm rezilta, m te vin aprann ki sa sa vle di pou m mache men nan men ak Jewova.”

Menm anndan fanmi nou nou ka jwenn pwoblèm k ap pase relasyon nou gen ak Jewova a anba eprèv. (Gade paragraf 14-16.)

14. Ki asirans yon kretyen ki fidèl ka genyen lè yon moun nan fanmi l eskominye?

14 Ann konsidere yon lòt sitiyasyon. Ann sipoze gen yon moun nan fanmi w ou renmen anpil ki eskominye. Selon sa w aprann nan Bib la, ou konnen ki jan pou w aji ak yon moun ki eskominye (1 Kor. 5:11; 2 Jan 10). Aktout sa, pafwa, li gendwa difisil anpil e l gendwa menm enposib pou w soutni dispozisyon sa a *. Èske w ka gen konfyans Papa w ki nan syèl la ap ba w fòs ou bezwen pou w pran detèminasyon pou w suiv lòd Bib la bay anrapò ak yon moun ki eskominye a? Èske w konsidere sitiyasyon sa a kòm yon okazyon w genyen pou w vin gen yon relasyon ki pi solid ak Jewova lè w vin pi pwòch avè l?

15. Ki sa k fè Adan te dezobeyi lòd Jewova te bay ann Edenn nan?

15 Anrapò ak kesyon sa a, pran yon ti tan pou w reflechi ak Adan, premye moun Bondye te kreye a. Èske Adan te kwè toutbon apre l fin dezobeyi Jewova li t ap kontinye viv? Non, piske Ekriti yo fè konnen “se pa Adan yo te twonpe”. (1 Tim. 2:14.) Kidonk, poukisa l te dezobeyi Jewova? Adan dwe te manje fwi Èv te ba li a paske l te vle fè madanm li plezi. Li te prefere koute vwa madanm li olye l koute vwa Jewova, Bondye l la. — Jen. 3:6, 17.

16. Kiyès nou dwe pi renmen, e poukisa?

16 Èske sa vle di nou pa ta dwe renmen fanmi nou anpil? Non. Men, nou dwe pi renmen Jewova pase yo. (Li Matye 22:37, 38.) Anfèt, sa pi bon lontan pou yo, kit yo toujou ap sèvi Jewova kit yo sispann sèvi l. Kidonk, kontinye fè lanmou w gen pou Jewova a ansanm ak konfyans ou gen nan li a vin pi fò toujou. Epi, si w santi w boulvèse anpil akoz gen yon moun nan fanmi w ki eskominye, ouvri kè w bay Jewova nan lapriyè * (Wom. 12:12; Flp. 4:6, 7). Sèvi ak sitiyasyon sa a k ap fann kè w la pou w fè relasyon w gen ak Jewova a vin pi reyèl. Kòm rezilta, sa ap ede w konte sou Jewova pou w jwenn pi bon solisyon an.

PANDAN N AP TANN NAN

Montre w fè Jewova konfyans lè w ret okipe nan travay li a. (Gade paragraf 17.)

17. Lè n rete okipe nan travay predikasyon Wayòm nan, ki jan sa montre nou met konfyans nou nan Jewova?

17 Nan ki objektif Jewova te ‘delivre Pòl anba bouch lyon an’? Men sa Pòl fè konnen: “Dekwa pou, grasa mwen, predikasyon an ka fèt totalman, e pou tout nasyon yo ka tande mesaj la.” (2 Tim. 4:17). Toutpandan nou ret okipe nan travay predikasyon an menm jan ak Pòl, nou gen konfyans Jewova ap “ajoute” tout lòt bagay yo pou nou (Mat. 6:33). Antanke pwoklamatè Wayòm nan, Jewova “konfye nou bon nouvèl la” e l konsidere nou kòm “konpayon travay” li (1 Tes. 2:4; 1 Kor. 3:9). Lè n rete aktif nan travay Bondye a toutotan sa posib, n ap twouve l pi fasil pou n tann Jewova delivre nou.

18. Ki jan nou ka vin gen konfyans nan Jewova epi pou n fè relasyon nou gen avè l la vin pi solid?

18 Kidonk, ann chèche vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye depi kounye a. Kèlkeswa sitiyasyon k ap trakase nou, sèvi avè l pou n vin pi pwòch Jewova. Toutpandan n ap fouye nan Pawòl Bondye a, n ap kontinye priye l e n ap kontinye ret okipe nan aktivite espirityèl yo, ann montre nou gen konfyans Jewova ap ede n fè fas ak kèlkeswa eprèv n ap jwenn kounye a ansanm ak tout sa k ap tann nou pi devan.

^ § 2 Petèt se nan yon sans literal oswa nan yon sans senbolik Pòl te delivre anba “bouch lyon an”.

^ § 10 Gen kèk atik yo pibliye pou ede kretyen yo fè fas ak maladi e ki montre yo ki jan pou yo ede moun k ap pran swen moun ki malad yo. Gade Réveillez-vous! 8 fevriye 1994; 8 fevriye 1997; 22 me 2000 ak 22 janvye 2001.

^ § 12 Yo chanje non moun yo.

^ § 14 Gade atik “Yon dispozisyon ki demontre lanmou” an ki parèt nan Toudegad sa a.

^ § 16 Yo pibliye anpil atik pou ede moun k ap sèvi Jewova fidèlman ki gen yon moun nan fanmi yo ki vire do bay Jewova. Gade Toudegad 1ye septanm 2006, paj 17-21, fransè, ak Toudegad 15 janvye 2007, paj 17-20, fransè.