Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Èske kretyen yo dwe priye Jezi Kris?

Non. Se Jezi menm ki te anseye nou pou nou priye Jewova, e l kite egzanp pou nou lè l te konn priye Papa l (Mat. 6:6-9; Jan 11:41; 16:23). Ann amoni ak sa, premye disip li yo te konn priye Bondye, men, yo pa t konn priye Jezi (Tra. 4:24, 30; Kol. 1:3). — 1/1, paj 14.

Ki sa n ka fè chak ane pou n prepare n pou komemore lanmò Jezi?

Yon bagay nou ka fè se suiv pwogram lekti Labib ki pale konsènan evènman sa a. Nou kapab planifye pou n patisipe plis nan ministè a pandan epòk la. Nou ka reflechi sou esperans Bondye ban nou an epi n ka priye l sou sa tou. — 15/1, paj 14-16.

Ki fason bagay yo te fini pou de prizonye ejipsyen ki te rakonte Jozèf yon rèv yo chak te fè ki te twouble yo?

Jozèf te di sèvè bwason Farawon an yo t ap etabli l nan pozisyon l te ye anvan an. Kanta pou chèf boulanje a, rèv li a te vle di Farawon t apral touye l epi l t ap fè pann li nan yon pyebwa. Toude esplikasyon l te bay yo te rive vre (Jen. 40:1-22). — 1/2, paj 12-14.

Ki sipriz frè nan peyi Japon yo te resevwa?

Yo te resevwa yon ti liv ki gen Levanjil Matye a yo tradui apati Tradiksyon monn nouvo a. Li fèt pou yo ofri l nan ministè a e gen anpil moun ki pa twò fin abitye ak Bib la ki te aksepte l. — 15/2, paj 3.

Ki sikonstans ki te ede yo gaye bon nouvèl la nan premye syèk la?

Pax Romana a te pèmèt gen mwens rebelyon. Premye disip yo te ka vwayaje byen fasil sou yon pakèt bon wout. Yo te konn sèvi ak lang grèk la toupatou sa ki te fè l fasil pou yo preche e yo te ka preche menm Juif ki te gaye nan anpi women an. Epi disip yo te ka sèvi ak lwa women an pou yo defann bon nouvèl la. — 15/2, paj 20-23.

Poukisa vrè kretyen yo pa selebre fèt Pak?

Jezi te mande disip li yo pou yo komemore lanmò l, men l pa t di yo komemore rezirèksyon l (Lik 22:19, 20). — 1/3, paj 8.

Nan dènye ane ki sot pase yo, poukisa yo pa t tèlman pale konsènan lonbray ak reyalite nan piblikasyon nou yo?

Bib la fè konnen gen kèk moun ki te sèvi kòm lonbray pou yon seri bagay ki pi enpòtan. Nou jwenn yon egzanp konsa nan Galat 4:21-31. Sepandan, yon lòt bò, li pi bon pou n pa imajine oswa chèche bay yon aplikasyon pou kèk istwa. Men, nou ka chèche aprann kèk leson nan istwa konsènan moun ak evènman yo rakonte nan Bib la (Wom. 15:4). — 15/3, paj 17-18.

Ki sa k fè yo bay yon moso papiris yo te jwenn bò yon ansyen pil fatra nan peyi Ejip yon enterè espesyal?

Nan syèk ki sot pase a, gen yon moso papiris yo te jwenn ki gen kèk pati nan Evanjil Jan an ladan l. Petèt yo te ekri l kèk dizèn ane apre Jan te fin ekri liv li a, e sa ki ekri ladan l lan bay prèv Bib la se yon liv ki fyab. — 1/4, paj 10-11.

Poukisa eskominye yon moun ki peche e ki pa repanti se yon dispozisyon ki demontre lanmou?

Bib la met aksan sou yon seri bagay enpòtan lè yo eskominye yon moun ki ka pote anpil byenfè (1 Kor. 5:11-13). Dispozisyon sa a onore non Bondye, li pèmèt kongregasyon an rete pwòp epi l ka ede moun ki peche a retounen nan bonsans li. — 15/4, paj 29-30.