Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 1ye pati

Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 1ye pati

“Se pou non w vin sen.” — MAT. 6:9.

1. Ki fason nou ka itilize priyè nou jwenn nan Matye 6:9-13 la nan travay predikasyon an?

ANPIL moun ka resite priyè Nòtrepè a pa kè. Byen souvan, nan travay predikasyon kay an kay la, nou konn fè referans ak priyè sa a pou n ede moun yo konprann Wayòm Bondye a se yon gouvènman reyèl ki pral pote anpil bèl chanjman sou tè a. Oswa, nou kapab fè referans ak premye demann ki nan priyè a pou n montre moun yo non Bondye, yon non ki dwe vin sen. — Mat. 6:9.

2. Ki jan n fè konnen entansyon Jezi se pa t pou n repete priyè modèl la motamo chak fwa n ap priye?

2 Èske entansyon Jezi se te pou n repete priyè sa a motamo chak fwa n ap priye menm jan anpil moun nan lakretyente gen abitid fè sa? Non. Men sa Jezi te di yon ti tan anvan l te bay priyè sa a kòm yon modèl: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” (Mat. 6:7). Nan yon lòt okazyon, li te redi menm priyè sa a, men, li te sèvi ak lòt mo (Lik 11:1-4). Konsa, Jezi te ede n konnen ki kalite bagay nou bezwen mande nan priyè nou ak nan lòd nou dwe mande yo. Kidonk, li toutafè nòmal pou n rele priyè sa a priyè modèl la.

3. Sou ki kesyon nou kapab medite toutpandan n ap egzamine priyè modèl la?

3 Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine demann ki gen nan priyè modèl la. Toutpandan n ap fè sa, mande tèt ou: ‘Ki fason priyè modèl sa a ka ede m amelyore kalite priyè m yo? Epi, sa k pi enpòtan an, èske m ap viv ann amoni ak priyè sa a?’

“PAPA NOU KI NAN SYÈL LA”

4. Ki sa ekspresyon “Papa nou” an fè n sonje, e nan ki sans Jewova se “Papa” kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a?

4 Lefètke Jezi di “Papa nou” e l pa di “Papa m”, sa fè n sonje nou fè pati yon kominote “frè” ki vrèman renmen youn lòt (1 Pyè 2:17). Ala yon gwo privilèj nou genyen! Li toutafè nòmal pou kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l pou vin pitit li yo e ki gen posiblite pou y al viv nan syèl la rele Jewova “Papa” nan tout sans mo a (Wom. 8:15-17). Kretyen ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a ka pale de Jewova antanke “Papa” yo tou. Rezon an se paske l se Sila a ki ba yo lavi epi, avèk lanmou, li fè tout vrè adoratè l yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral kapab vin pitit Bondye nan tout sans mo a apre yo fin atenn lapèfeksyon epi yo fin demontre fidelite yo anvè Jewova nan eprèv final la. — Wom. 8:21; Rev. 20:7, 8.

5, 6. Ki bèl kado paran yo ka bay pitit yo, e ki sa chak timoun ta dwe fè ak kado sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Se yon bèl kado paran yo bay pitit yo lè yo aprann yo priye epi yo ede yo konsidere Jewova antanke Papa yo ki nan syèl la ki gen sousi pou yo. Men sa yon frè k ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon kounye a ann Afrik Disid sonje: “Depi jou pitit fi nou yo te fèt, m te konn priye avè yo chak swa pou jis yo kite kay la. Byen souvan, pitit fi nou yo te konn di yo pa sonje egzakteman ki pawòl m te konn di nan priyè sa yo. Sepandan, yo sonje bèl anbyans ki te genyen an, jan se yon bagay ki sakre pou yo pale ak Jewova, Papa nou, ansanm ak fason yo te santi yo kalm e yo an sekirite. Yonfwa yo te vin ka priye poukont yo, m te ankouraje yo pou yo priye awotvwa yon fason pou m te ka tande yo k ap eksprime panse yo ak santiman yo bay Jewova. Se te yon bèl opòtinite m te genyen pou m te ka konn sa k ap pase nan kè yo. Annapre, avèk dousè, m te ka aprann yo kòman pou yo antre bagay ki enpòtan nan priyè modèl la nan priyè y ap fè yo yon fason pou yo ka bay priyè yo a yon bon baz.”

6 Nou pa sezi dèske ti pitit fi frè sa a te genyen yo kontinye fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl. Kounye a, yo gen kè kontan nan maryaj yo epi yo menm ansanm ak mari yo ap fè volonte Bondye antanke sèvitè aplentan. Pa gen pi gwo kado paran yo ka bay pitit yo pase ede yo vin gen yon relasyon sere sere ak Jewova. Nòmalman, se yo chak ki dwe kontinye kenbe relasyon sa a ki gen anpil valè. Pou yo fè sa, yo bezwen aprann renmen non Bondye epi demontre gwo respè pou non sa a. — Sòm 5:11, 12; 91:14.

“SE POU NON W VIN SEN”

7. Ki privilèj pèp Bondye a genyen, men, ki sa sa mande pou n fè?

7 Se pa ti privilèj nou genyen dèske nonsèlman nou konn non Bondye, men tou, nou pote non sa a antanke “yon pèp pou non l”. (Tra. 15:14; Iza. 43:10.) Nou sipliye Papa nou ki nan syèl la lè n di l: “Se pou non w vin sen.” Lè w fè yon demann konsa, sa ka pouse w mande Jewova pou l ede w evite fè oswa di nenpòt bagay ki kapab lage vèni sou non l ki sen. Nou pa vle vin menm jan ak kèk moun ki t ap viv nan premye syèk la ki pa t pratike sa yo t ap anseye yo. Men sa apot Pòl te ekri yo: “Non Bondye sal nan mitan nasyon yo akoz nou menm.” — Wom. 2:21-24.

8, 9. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova beni moun ki vle pou non l vin sen.

8 Nou vle pou non Bondye vin sen. Gen yon sè nan peyi Nòvèj ki te rete poukont li ak pitit gason l ki gen dezan apre mari l te fin mouri sanzatann. Men sa l esplike: “Se te yon moman ki te vrèman difisil nan lavi m. M te konn priye prèske chak inèdtan pou m jwenn fòs pou m kontinye rete ekilibre nan domèn afektif yon fason pou m pa bay Satan rezon pou l pwovoke Jewova akoz nenpòt desizyon ki pa saj oswa nenpòt aksyon ki montre m pa fidèl. M te vle kontribye pou non Bondye vin sen e m te vle pou tigason m nan wè papa l nan Paradi a.” — Pwo. 27:11.

9 Èske Jewova te reponn priyè sa yo? Wi. Lefètke sè sa a te toujou ansanm ak kwayan parèy li yo ki gen sousi pou li, li te jwenn èd ki nesesè. Senkan annapre li te vin marye ak yon ansyen. Kounye a, pitit gason l lan gen 20 an e l se yon frè batize. Men sa sè a di: “M tèlman kontan dèske mari m te ede m leve l.”

10. Ki sa k dwe fèt pou non Bondye vin sen nèt?

10 Ki sa k dwe fèt pou non Bondye vin sen nèt epi pou l pa gen okenn repwòch sou li? Pou sa rive fèt, Jewova dwe detwi tout moun ki chwazi rejte dwa l genyen pou l dirije a. (Li Ezekyèl 38:22, 23.) Lèzòm pral atenn lapèfeksyon tikras pa tikras. Se pa ti tann n ap tann moman kote tout kreyati ki gen entèlijans yo pral trete non Jewova yon fason ki sen! Epi, pou fini, Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou pral vin “tout bagay pou tout moun”. — 1 Kor. 15:28.

“SE POU WAYÒM OU AN VINI”

11, 12. Ki sa Jewova te ede vrè kretyen yo konprann nan fen 19yèm syèk la?

11 Anvan Jezi te monte nan syèl la, apot li yo te mande l: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” Repons Jezi te ba yo a te montre l potko lè pou apot yo konnen moman Wayòm Bondye a t apral kòmanse dirije. Li te mande disip li yo pou yo konsantre yo sou travay enpòtan yo te dwe fè a ki se travay bay temwayaj la. (Li Travay 1:6-8.) Sepandan, Jezi te anseye disip li yo pou yo ret tann Wayòm Bondye a ki gen pou vini an tou. Konsa, depi nan epòk apot yo, kretyen yo kontinye ap priye pou Wayòm nan vini.

12 Lè moman an t ap pwoche pou Jezi kòmanse dirije nan Wayòm Bondye a depi nan syèl la, Jewova te ede pèp li a konprann ki lè evènman sa yo t ap rive. Nan ane 1876, yo te pibliye yon atik Charles Taze Russell te ekri nan yon jounal ki rele Etidyan Labib la (anglè). Atik sa a ki te gen tit “Tan nasyon yo: Ki lè y ap fini?” te pale de ane 1914 la kòm yon ane ki enpòtan anpil. Atik la te fè yon lyen ant “sèt tan” yo pale de li nan pwofesi Dànyèl la ak “tan ki fikse pou nasyon yo” Jezi te pale de li a *. — Dàn. 4:16, NW; Lik 21:24.

13. Ki sa k te rive nan ane 1914, e ki sa evènman k ap rive nan monn nan depi lè sa a pwouve?

13 Nan ane 1914, lagè te eklate nan mitan nasyon Ewòp yo, e gè sa a te vin gaye toupatou nan monn nan. Rive nan moman gè sa a te fini nan ane 1918 la, te vin gen gwo rate manje epi te vin gen yon gwo epidemi ki te touye plis moun pase kantite moun ki te mouri nan gè a. Konsa, “siy” Jezi te bay pou n idantifye moman prezans li antanke nouvo Chèf tè a te kòmanse reyalize (Mat. 24:3-8; Lik 21:10, 11). Gen anpil prèv ki montre se nan ane 1914 ‘yo te bay Seyè Jezi Kris kouwòn nan’. Nan ane sa a, li te “derape pou l konbat ènmi l yo e pou l fin ranpòte laviktwa sou yo”. (Rev. 6:2.) Li te netwaye syèl la nan yon gè l te fè kont Satan ak demon Satan yo epi l te pimpe yo ozalantou tè a. Depi lè sa a, lèzòm ap viv verite ki gen nan pawòl sa yo Bondye te fè ekri ki di: “Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” — Rev. 12:7-12.

14. a) Ki sa k fè l toujou enpòtan pou n priye pou Wayòm Bondye a vini? b) Ki travay nou gen privilèj pou n fè?

14 Pwofesi nou jwenn nan Revelasyon 12:7-12 la esplike rezon ki fè tabli Wayòm Bondye a tabli a gen rapò ak kòmansman kokennchenn evènman ki kontinye ap sakaje limanite yo. Jezi, Wa nan Wayòm Bondye a, te kòmanse dirije nan mitan ènmi l yo. N ap kontinye priye pou Wayòm Bondye a vini jiskaske Jezi fin ranpòte laviktwa sou ènmi l yo epi l met yon fen nan mechanste sou tè a. Anmenmtan tou, nou dwe viv ann amoni ak priyè sa yo lè n patisipe nan akonplisman youn nan pi bèl aspè ki gen nan “siy” Jezi te bay la. Men sa Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Mat. 24:14.

“SE POU VOLONTE W FÈT SOU TÈ A”

15, 16. Ki jan n ka viv ann amoni ak demann nou fè pou volonte Bondye fèt sou tè a?

15 Sa gen anviwon 6 000 an, volonte Bondye te fèt sou tè a yon fason ki pafè. Se rezon sa a ki fè Jewova te ka gade bèl fason l te pèmèt limanite derape a epi l te di sa l fè yo “bon anpil”. (Jen. 1:31, NW.) Annapre, Satan te rebele kont Bondye e depi lè sa a, se yon tikras moun ki t ap fè volonte Bondye sou tè a. Men, jodi a, nou gen privilèj pou n viv nan moman kote gen anviwon uit milyon Temwen Jewova ki nonsèlman ap priye pou volonte Bondye fèt sou tè a, men tou, k ap fè gwo efò pou yo viv ann amoni ak priyè sa a. Yo fè sa nan fason y ap viv ak nan fason y ap patisipe avèk zèl nan travay fè disip la.

Èske w ede pitit ou viv ann amoni ak demann nou fè pou volonte Bondye fèt sou tè a? (Gade paragraf 16.)

16 Pa egzanp, men sa yon sè ki te batize nan ane 1948 e ki te sèvi kòm misyonè ann Afrik fè konnen: “Ann amoni ak pati sa a nan priyè modèl la, byen souvan, m konn priye pou n rive jwenn tout moun ki tankou mouton yo epi pou n ede yo rive konnen Jewova anvan l twò ta. Anplis de sa, lè m pral bay yon moun temwayaj, m konn priye pou m jwenn sajès pou m rive touche kè moun nan. Epi, anrapò ak moun ki tankou mouton nou deja kontakte yo, m priye Jewova pou l beni efò n ap fè pou n ede yo.” Nou pa sezi dèske sè sa a ki gen 80 an te reyisi nan travay predikasyon an epi, grasa èd lòt moun, li te ede anpil moun vin Temwen Jewova. Pa gen dout nan sa, ou ka panse ak anpil lòt moun ki bay bèl egzanp nan fason yo bay tout yo menm pou yo fè volonte Bondye malgre yo limite akoz laj yo. — Li Filipyen 2:17.

17. Ki jan w santi w konsènan sa Jewova pral fè pou l reponn priyè n fè pou volonte l fèt sou tè a?

17 N ap kontinye priye pou volonte Bondye fèt sou tè a jiskaske Bondye fin elimine tout moun ki kanpe kont Wayòm li an. Apre sa, nou pral wè volonte Bondye fèt yon fason total lè plizyè milya moun pral resisite pou yo viv nan yon paradi sou tè a. Jezi te di: “Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [m] e y ap soti.” (Jan 5:28, 29). Se pa ti bèl sa ap bèl pou n la pou n akeyi moun nou renmen ki te mouri yo! Bondye pral “siye tout dlo nan je” nou (Rev. 21:4). Pifò moun ki pral resisite yo se ap “moun ki enjis” ki te mouri san yo pa t gentan aprann laverite sou Jewova Dye ak sou Pitit gason l lan. Nou pral gen privilèj pou n ede moun ki resisite yo konnen volonte Bondye ak objektif li yon fason pou n ede yo vin kalifye pou yo resevwa “lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 24:15; Jan 17:3.

18. Ki bagay limanite plis bezwen?

18 Pou gen lapè ak amoni nan tout linivè, li enpòtan pou Wayòm Bondye a fè non Jewova vin sen. Konsa, repons pou twa premye demann ki gen nan priyè modèl la pral konble pi gwo bezwen limanite genyen yo. Annatandan, gen kèk lòt bagay enpòtan ankò nou bezwen ki parèt nan kat lòt demann ki gen nan priyè modèl Jezi te bay la. Nou pral pale de yo nan atik ki vin apre a.

^ § 12 Pou n jwenn esplikasyon sou fason pwofesi sa a te akonpli nan ane 1914 lè Wayòm Mesi a te tabli a, gade liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a paj 215-218.