Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 2yèm pati

Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 2yèm pati

“Bondye, Papa nou, konnen ki sa nou bezwen.” — MAT. 6:8.

1-3. Ki sa k te fè yon sè gen asirans Jewova konnen sa n bezwen?

LANA pap janm bliye sa k te pase nan peyi Almay yon jou nan sezon ete ane 2012. Li te santi Jewova reponn de nan priyè l te fè kote l te di egzakteman sa l bezwen. Li te fè premye priyè a pandan l te nan yon vwayaj byen long nan yon tren pou l al ayewopò. Li te mande Jewova pou l fè l jwenn posiblite pou l bay yon temwayaj. Li te fè dezyèm priyè a apre l te fin rive nan ayewopò a epi l te aprann yo te ranvwaye vòl li a pou demen. Etandone Lana te fin depanse pifò kòb li te genyen epi l pa t gen kote pou l rete, li te priye Jewova sou sa.

2 Tousuit apre Lana te fin fè dezyèm priyè a, li te tande yon moun ki di l: “Ey, Lana, sa w ap fè la a?” Jèn gason ki te di l sa a te yon ansyen kamarad lekòl li. Li te ansanm ak manman l ak grann li ki te vin kondui l paske l t apral pran avyon pou l al Afrik disid. Lè Elke, manman an, te aprann pwoblèm Lana, li te kontan envite Lana ret ansanm avè yo lakay yo. Elke ak manman l te byen akeyi Lana epi yo te pran poze l kesyon sou kwayans li ak travay l ap fè antanke sèvitè aplentan.

3 Nan demen, apre yo te fin pran yon bon dejene, Lana te reponn plis kesyon biblik toujou epi l te pran enfòmasyon pou l te ka kontakte yo yon fason pou l te ka pousuiv enterè yo te demontre a. Lana te retounen lakay li sennesòf epi l te kontinye sèvi kòm pyonye pèmanan. Li santi se Sila a ki “tande lapriyè” a ki te dirije bagay yo. — Sòm 65:2, NW.

4. Ki sa n pral egzamine?

4 Lè n ap fè fas ak yon pwoblèm ki parèt sanzatann, nou ka santi n alèz pou n priye Jewova pou n mande l èd e Jewova kontan tande priyè sa yo sèvitè fidèl li yo fè (Sòm 34:15; Pwo. 15:8). Sepandan, si n medite sou priyè modèl la, nou kapab rann nou kont gen lòt bagay ladan l ki pi enpòtan toujou nou gendwa neglije. Pa egzanp, ann wè kòman bezwen espirityèl nou yo parèt nan twa dènye demann ki gen nan priyè sa a. Epitou, èske gen plis bagay nou ka fè pou n viv ann amoni ak katriyèm demann nan ki gen rapò ak pen nou bezwen pou jounen an? — Li Matye 6:11-13.

“BAN NOU PEN NOU BEZWEN POU JOUNEN AN”

5, 6. Ki sa k fè l enpòtan pou n priye pou pen nou bezwen pou jounen an menmsi n gen sa n bezwen nan domèn materyèl?

5 N ap remake byenke se yon demann pèsonèl, nou pa di pen “mwen” bezwen pou jounen an, men, nou di pen “nou” bezwen pou jounen an. Men sa Victor, yon siveyan sikonskripsyon k ap viv ann Afrik fè konnen: “Byen souvan, m konn remèsye Jewova ak tout kè m dèske mwen menm ak madanm mwen pa bezwen ap enkyete n twòp pou n konnen ki kote pwochen repa nou ap soti, ni nou pa bezwen ap bay tèt nou pwoblèm pou n konnen kiyès ki pral peye lwaye kay la. Avèk jantiyès, frè nou yo toujou pran swen nou chak jou. Men, nou priye pou moun k ap ede n yo rive fè fas ak presyon y ap rankontre nan domèn ekonomik.”

6 Si n gen ase manje nou bezwen pou plizyè jou, nou kapab panse ak frè k ap viv nan peyi ki pòv yo oswa frè ki te fè fas ak katastwòf natirèl yo. Nou ta dwe nonsèlman priye pou yo, men, nou dwe aji ann amoni ak priyè nou fè yo tou. Pa egzanp, nou ka pataje sa n genyen ak adoratè parèy nou yo ki nan bezwen. Nou ka fè ofrann regilyèman pou travay mondyal la tou paske n konnen y ap byen sèvi ak ofrann sa yo. — 1 Jan 3:17.

7. Ki egzanp Jezi te bay pou l te montre rezon ki fè n pa dwe “janm bay tèt nou pwoblèm pou demen”?

7 Lè Jezi te fè referans ak pen nou bezwen pou jounen an, sanble l te vle pale konsènan sa n bezwen nan moman an. Se sa k fè, apre l te montre jan Bondye abiye flè ki nan savann yo, li te di: “Nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa a? Se sa k fè, pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: [...] ‘Ki sa n ap met sou nou?’” Pou l te fini, li te repete konsèy enpòtan sa a: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen.” (Mat. 6:30-34). Pawòl sa yo montre olye pou n vin materyalis nou ta dwe kontante nou ak sa n bezwen pou jounen an. Bezwen sa yo kapab gen rapò ak kay pou n rete, travay pou n pran swen fanmi nou ak fason pou n fè fas ak pwoblèm sante nou yo avèk sajès. Sepandan, si se pou sa n bezwen nan domèn fizik sèlman nou priye, n ap montre nou pa ekilibre. Bezwen nou genyen nan domèn espirityèl yo pi enpòtan toujou.

8. Lefètke Jezi te fè referans ak pen nou bezwen pou jounen an, ki bezwen enpòtan nou genyen sa ta dwe fè n sonje? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Lefètke Jezi te fè referans ak pen nou bezwen pou jounen an, sa ta dwe fè n sonje nou bezwen manje nan domèn espirityèl. Men sa Mèt nou an te di: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Mat. 4:4). Donk, nou dwe kontinye priye pou Jewova pa janm sispann ban nou manje espirityèl nan moman apwopriye.

‘PADONE DÈT NOU YO’

9. Nan ki sans peche nou yo se “dèt”?

9 Poukisa Jezi te sèvi ak mo “dèt” la alòske nan yon lòt okazyon li te sèvi ak mo “peche” a (Mat. 6:12, nòt; Lik 11:4)? Sa gen plis pase 60 an depi Toudegad te bay bèl esplikasyon sa a: “Lè n peche kont lwa Bondye yo, sa fè n vin gen yon dèt anvè l [...]. Bondye te ka menm reklame lavi nou akoz peche nou fè yo [...]. Li te ka fè n pèdi lapè li bay la epi l te ka kraze relasyon pezib nou gen avè l la. [...] Nou gen obligasyon pou n renmen l epi pou n montre sa lè n obeyi l; epi, lè n fè yon peche nou pa respekte dèt nou gen anvè l pou n renmen l lan paske peche se yon mank lanmou pou Bondye.” — 1 Jan 5:3.

10. Sou ki baz Jewova kapab padone peche nou, e ki jan n ta dwe konsidere sa?

10 Lefètke n bezwen pou Bondye padone nou chak jou, sa montre Bondye kapab efase peche nou yo sou yon sèl baz legal anpalan de sakrifis ranson Jezi a. Byenke sa gen prèske 2 000 an depi yo te peye ranson sa a, nou ta dwe ancheri l kòm yon kado yo ban nou jodi a. “Ranson” yo te bay pou lavi nou an “tèlman gen anpil valè” opwen pa t gen anyen okenn moun enpafè te kapab fè pou l ta rive peye menm yon tikal ladan l pou nou. (Li Sòm 49:7-9; 1 Pyè 1:18, 19.) Se sa k fè n pa ta dwe janm sispann di Jewova mèsi pou kokennchenn kado sa a. Anplis de sa, lefètke Jezi te di “peche nou” yo men l pa t di “peche m” yo, sa ta dwe fè n sonje se tout moun k ap adore Jewova ki bezwen dispozisyon sa a Jewova pran ki demontre mizèrikòd. Sa klè, Jewova vle pou n sousye n nonsèlman pou byennèt espirityèl nou, men tou, pou byennèt espirityèl lòt moun san wete moun ki gendwa peche kont nou yo. An jeneral, peche sa yo pa konn grav epi yo ban nou opòtinite pou n montre jan n renmen frè ak sè nou yo toutbon epi n dispoze padone yo menm jan Bondye demontre mizèrikòd anvè nou lè l padone nou. — Kol. 3:13.

Si w vle pou Bondye padone w, ou dwe padone lòt moun. (Gade paragraf 11.)

11. Ki sa k fè l enpòtan pou n aprann padone?

11 Malerezman, antanke moun enpafè, pafwa, nou ka gen rankin nan kè n pou lòt moun (Lev. 19:18). Si n pale sa ak lòt moun, yo ka pran pati pou nou epi sa ka lakòz vin gen divizyon nan kongregasyon an. Si n kite sitiyasyon an kontinye konsa, sa ap montre n manke apresyasyon pou mizèrikòd Bondye fè n e n ap montre n manke apresyasyon pou ranson an. Papa nou ap sispann aplike valè sakrifis Pitit gason l lan anvè nou si n pa renmen padone (Mat. 18:35). Jezi te di sa tousuit apre l te fin bay priyè modèl la. (Li Matye 6:14, 15.) Finalman, si n vle Bondye padone nou nou dwe fè efò pou n pa tonbe nan fè peche ki grav. Anvi nou genyen pou n pa fè peche a mennen n nan lòt demann nan. — 1 Jan 3:4, 6.

“PA KITE NOU TONBE ANBA TANTASYON”

12, 13. a) Ki sa k te rive Jezi yon ti tan apre l te fin batize? b) Ki sa k fè n dwe rekonèt tò nou si n tonbe anba tantasyon? c) Ki sa Jezi te montre lefètke l te rete fidèl pou jis li mouri?

12 Lè n konsidere sa k te rive Jezi yon ti tan apre l te fin batize, sa ka ede n konprann enpòtans demann sa a ki di: “Pa kite nou tonbe anba tantasyon.” Lespri Bondye te mennen Jezi nan dezè a. Poukisa? Bib la di: “Pou Dyab la tante l.” (Mat. 4:1; 6:13). Èske sa ta dwe fè n sezi? Non, nou pap sezi si n rive konprann rezon prensipal ki fè Bondye te voye Pitit gason l lan sou tè a. Se te pou l vin bay repons pou kesyon ki te vin soulve lè Adan ak Èv te rejte dwa Bondye genyen pou l dirije a. Kesyon sa yo te bezwen tan pou yo reponn yo. Pa egzanp, èske te gen yon bagay mal nan fason Bondye te kreye lèzòm nan? Èske l te posib pou yon moun pafè rive soutni dwa Bondye genyen pou l dirije a aktout “Mechan an” ap fè presyon sou li? Epi, èske lèzòm t ap viv pi byen si yo pa t anba otorite Bondye jan Satan te fè konn sa (Jen. 3:4, 5)? Te dwe gen tan ki pase pou kesyon sa yo jwenn repons, men, sa t apral pèmèt tout kreyati entèlijan yo konprann se fason Jewova ap dirije a ki pi bon.

13 Jewova sen, kidonk, li pa janm tante pèsonn pou yo fè sa k mal. Okontrè, se Dyab la ki Sila k ap “tante” nou an (Mat. 4:3). Dyab la kapab met sitiyasyon devan nou pou l tante nou. Sepandan, se chak moun ki pou deside si l ap tonbe anba tantasyon oswa si l pap tonbe anba tantasyon. (Li Jak 1:13-15.) Jezi li menm te rejte chak tantasyon Satan yo san pèdi tan lè l te fè referans ak Pawòl Bondye a. Konsa, Jezi te defann dwa Bondye genyen pou l dirije a, yon dwa ki jis. Sepandan, Satan pa t bay legen. Li te ret tann “yon lòt bon okazyon”. (Lik 4:13.) Jezi te kontinye reziste kont tout efò Satan t ap fè pou l kraze entegrite l. Kris te defann dwa Jewova genyen pou l dirije a e l te montre yon moun pafè kapab rete fidèl anvè Jewova aktout l ap fè fas ak eprèv ki pi terib la. Sepandan, Satan ap eseye pran disip Jezi yo nan pyèj san wete ou menm.

14. Ki sa n dwe fè pou n pa tonbe anba tantasyon?

14 Etandone kesyon ki gen rapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije a toujou bezwen jwenn yon repons, Jewova pèmèt Sila ki konn tante moun nan sèvi ak monn sa a pou l tante nou. Bondye pap kite n tonbe anba tantasyon. Okontrè, li fè n konfyans e l vle ede n. Sepandan, etandone l respekte libète nou genyen pou n deside a, li pa anpeche n tonbe anba tantasyon yon fason ki otomatik. Nou dwe fè de bagay ki se: kontinye veye nan domèn espirityèl epi pèsevere nan lapriyè. Ki fason Jewova reponn priyè nou yo?

Kenbe espirityalite w epi rete zele nan ministè a. (Gade paragraf 15.)

15, 16. a) Bay kèk tantasyon nou kapab reziste kont yo. b) Si yon moun tonbe anba tantasyon, ki moun ki responsab?

15 Jewova ban nou lespri sen l ki se yon fòs ki pisan anpil e lespri sa a ka ban nou fòs ak èd pou n reziste anba tantasyon. Anplis de sa, pa mwayen Pawòl li a ak kongregasyon an, Bondye gentan fè n konnen ki sitiyasyon nou dwe evite. Sitiyasyon sa yo se kapab gaspiye tan, lajan ak enèji nan kouri dèyè bagay materyèl ki pa nesesè. Espen ak Janne ap viv nan yon peyi ann Ewòp ki rich anpil. Yo te fè plizyè ane ap sèvi kòm pyonye pèmanan nan yon zòn nan peyi yo ki gen anpil bezwen. Yo te oblije kanpe sou sèvis pyonye a lè yo te vin gen premye pitit yo, e kounye a, yo gen yon dezyèm. Men sa Espen fè konnen: “Se toutan n ap priye Jewova pou l pa kite n tonbe anba tantasyon etandone kounye a nou pa ka pase menm kantite tan nou te konn pase nan aktivite teyokratik yo. Nou mande Jewova pou l ede n kenbe espirityalite nou epi pou l ede n rete zele nan travay predikasyon an.”

16 Pònografi se yon lòt tantasyon ki gaye pasipala nan epòk nou an. Si n ta tonbe nan tantasyon sa a, nou pap ka akize Satan. Sa k fè sa? Se paske Satan ak monn li an pa ka fòse n fè anyen san se pa nou menm ki vle. Gen kèk moun ki tonbe nan tantasyon sa a paske yo kontinye ap panse ak bagay ki mal. Sepandan, nou kapab reziste anba tantasyon sa a menm jan gen plizyè milye frè ak sè ki fè sa. — 1 Kor. 10:12, 13.

“DELIVRE NOU ANBA MECHAN AN”

17. a) Ki jan n ka viv ann amoni ak demann nou fè Bondye pou l delivre n anba Mechan an? b) Ki soulajman ki pa twò lwen rive?

17 Pou n viv ann amoni ak demann nou fè Bondye pou l “delivre nou anba Mechan an”, nou dwe fè gwo efò pou n “pa fè pati monn [Satan an]”. Anplis de sa, nou pa dwe “renmen monn [Satan an], ni bagay ki nan monn nan”. (Jan 15:19; 1 Jan 2:15-17.) Pou n fè sa, nou bezwen kontinye lite. Se pa ti soulaje n ap santi n soulaje lè Jewova reponn demann sa a kote l pral detwi Satan ansanm ak monn mechan Satan an! Sepandan, nou dwe sonje lè yo te met Satan deyò nan syèl la li te konnen se yon ti kras tan li rete. Etandone l an kòlè anpil, l ap fè tout sa l kapab pou l kraze entegrite nou. Pou rezon sa a, nou bezwen kontinye priye Bondye pou l delivre n anba Mechan an. — Rev. 12:12, 17.

18. Ki sa n dwe kontinye fè pou n ka chape nan destriksyon monn Satan an?

18 Èske w anvi wè bèl avni k ap tann nou an? Ebyen, kontinye priye pou Wayòm Bondye a fè non Bondye vin sen epi pou l vin fè volonte Bondye fèt sou tè a. Konte sou Jewova pou w jwenn sa w bezwen nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik. Wi, se pou w pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak priyè modèl la.