Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye tann!

Kontinye tann!

“Menmsi l ta fè reta, kontinye tann li!” — ABA. 2:3, NW.

KANTIK: 128, 45

1, 2. Ki atitid adoratè Jewova yo genyen depi lontan?

ADORATÈ Jewova yo te toujou konn tann akonplisman pwofesi yo. Pa egzanp, Jeremi te pwofetize Jida t ap gen pou l pa gen pèsonn abite ladan l e sa te rive fèt lè Babilonyen yo te anvayi Jida nan ane 607 anvan epòk nou an (Jer. 25:8-11). Jewova te enspire Izayi pou l pale konsènan fason l t apral fè bagay yo tounen jan yo te ye a. Men sa l te di: “Byennere tout moun ki kontinye ret tann li.” (Iza. 30:18, NW). Mika, ki te pwofetize konsènan pèp Bondye nan tan lontan an tou, te pran detèminasyon pou l “kontinye ret tann Jewova”. (Mika 7:7, NW.) Anplis de sa, pandan plizyè syèk, sèvitè Bondye yo t ap tann akonplisman pwofesi ki gen rapò ak Mesi a oswa Kris la. — Lik 3:15; 1 Pyè 1:10-12 *.

2 Sèvitè Bondye yo nan epòk nou an kontinye ap tann tou paske pwofesi ki gen rapò ak Mesi a toujou ap akonpli. Pa mwayen Wayòm Mesi a, talè konsa, Jewova pral fini ak tout soufrans lèzòm ap sibi yo lè l detwi mechan an ak lè l delivre pèp li a nan monn tèt anba sa a Satan ap dirije a (1 Jan 5:19). Kidonk, ann pa janm sispann montre nou vijilan epi ann pa janm sispann montre nou vrèman konsyan sistèm sa a pral detwi talè konsa.

3. Ki kesyon nou gendwa poze tèt nou si n gen plizyè ane depi n ap tann pou lafen an vini?

3 Antanke sèvitè Bondye, nou swaf pou n wè volonte Bondye “fèt sou tè a kou nan syèl la”. (Mat. 6:10.) Sepandan, gen kèk moun k ap tann destriksyon sistèm sa a e ki ka wè l sanble pran tan e yo ka ap mande tèt yo: ‘Èske n toujou gen bonjan rezon pou n kontinye tann?’ Ann gade pou n wè.

POUKISA N DWE KONTINYE TANN?

4. Ki pi gwo rezon nou genyen pou n kontinye veye?

4 Grasa Bib la, nou pa gen okenn dout konsènan fason nou dwe konpòte n nan sistèm sa a ki pral detwi. Jezi te di disip li yo pou yo “kontinye veye” epi pou yo “rete je klè”. (Mat. 24:42; Lik 21:34-36.) Lefètke Jezi mande n pou n fè sa, se deja yon bon rezon pou n kontinye veye. Nan sans sa a, òganizasyon Jewova a ban nou bon egzanp. Nan piblikasyon yo, yo pa janm sispann ankouraje n pou n ‘tann jou Jewova a, pou n toujou kenbe l nan lespri n’ epi pou n met espwa nou nan monn nouvo Bondye pwomèt la. — Li 2 Pyè 3:11-13.

5. Ki sa k fè l vrèman enpòtan pou n kontinye veye nan epòk nou an?

5 Byenke l te apwopriye pou kretyen ki t ap viv sa gen plizyè syèk yo kontinye veye, li sitou enpòtan pou nou. Sa k fè sa? Se paske n ap viv pandan prezans Kris la. Siy ki montre Jezi prezan an parèt aklè depi 1914. Epi siy sa a ki gen plizyè aspè tankou kondisyon monn nan k ap vin pi mal ansanm ak predikasyon Wayòm nan k ap fèt nan lemonnantye, montre n ap viv nan “fen sistèm nan”. (Mat. 24:3, 7-14.) Etandone Jezi pa t di konbyen tan peryòd sa a t ap dire anvan lafen an rive, nou bezwen sitou montre nou vijilan pou n kontinye veye.

6. Ki sa k fè n ka atann pou kondisyon monn nan vin pi mal tank n ap pwoche pi pre lafen an?

6 Nou gendwa ap mande tèt nou: Èske “fen sistèm nan” pa fè referans ak yon tan ki gen pou vini kote kondisyon monn nan pral vin pi mal toujou? Bib la montre mechanste t ap gen pou l ogmante anpil “nan dènye jou yo”. (2 Tim. 3:1, 13; Mat. 24:21; Rev. 12:12.) Donk, nou ka atann pou kondisyon monn nan kontinye vin pi mal aktout li deja pa bon depi kounye a.

7. Ki sa Matye 24:37-39 aprann nou sou kondisyon monn nan nan dènye jou yo?

7 Men, jis nan ki pwen w atann pou kondisyon yo vin pi mal anvan “gwo tribilasyon an” rive (Rev. 7:14)? Pa egzanp, èske w atann pral gen yon gè nan chak peyi, pou pèsonn pa gen manje sou tab yo epi pou gen moun malad nan chak kay? Nan yon kondisyon konsa, petèt menm moun ki gen dout yo te gendwa admèt pwofesi biblik yo ap akonpli. Sepandan, Jezi te fè konnen pifò moun pa t ap “remake” siy ki montre li prezan an, yo t ap kontinye mennen aktivite nòmal yo nan lavi a jiskaske l vin twò ta. (Li Matye 24:37-39.) Konsa, Ekriti yo montre nan dènye jou yo, kondisyon monn nan pa t ap gen pou l vin tèlman mal opwen pou moun yo ta oblije kwè lafen an toupre. — Lik 17:20; 2 Pyè 3:3, 4.

8. Ki sa k parèt byen klè pou moun ki koute konsèy Jezi te bay pou n “kontinye veye” a?

8 Yon lòt bò, pou siy ki gen plizyè aspè a atenn objektif li, fason l ap akonpli a ta dwe parèt byen klè opwen pou l atire atansyon moun k ap obeyi konsèy Jezi te bay pou n “kontinye veye” a (Mat. 24:27, 42). E se konsa sa ye vre depi 1914. Depi ane sa a rive jis kounye a, evènman ki gen nan siy nan kontinye ap akonpli. Vrèmanvre, kounye a, n ap viv nan “fen sistèm nan” ki se yon kantite tan limite ki pral mennen nan destriksyon sistèm mechan sa a e ki gen ladan l destriksyon sistèm nan.

9. Ki rezon nou genyen ki fè n dwe kontinye tann fen sistèm sa a?

9 Nan ka sa a, poukisa kretyen yo dwe kontinye tann jodi a? Nou kontinye tann yon fason pou n obeyi Jezi Kris. Anplis de sa, nou rekonèt siy ki montre li prezan an. Tann n ap tann nan pa baze sou yon etadespri ki fè n kwè nenpòt bagay san n pa konprann anyen, men, li baze sou bonjan prèv nou jwenn nan Ekriti yo ki pouse n rete vijilan, je klè, pou n kontinye veye, wi, pou n ret tann fen sistèm mechan sa a.

POU KONBYEN TAN?

10, 11. a) Pou ki kalite bagay Jezi te prepare disip li yo? b) Ki sa Jezi te di disip li yo pou yo fè si yo ta wè lafen an pran plis tan pou l rive pase sa yo te panse a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

10 Gen anpil nan nou ki gen plizyè dizèn ane depi n kontinye rete je klè nan domèn espirityèl. Sepandan, ann pa janm kite tan k ap pase a febli detèminasyon nou pran pou n kontinye tann nan. Nou bezwen montre nou pare pou lè Jezi vini antanke Moun ki vin detwi sistèm sa a. Pa bliye egzòtasyon sa a Jezi te bay disip li yo lè l te di yo: “Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive. Se tankou yon mesye k ap vwayaje al nan peyi etranje, li kite kay li, e se esklav li yo li bay responsab li. Li ba yo chak travay pa yo e li bay moun k ap veye pòt la lòd pou l kontinye veye. Se sa k fè, kontinye veye, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la ap vini, si se byen ta nan jou a, si se a minui, si se avanjou oubyen si se granmmaten, dekwa pou lè l vini sanzatann li pa jwenn nou ap dòmi. Men, sa m di nou an, se tout moun mwen di l: Kontinye veye.” — Mak 13:33-37.

11 Piske disip Jezi yo rann yo kont prezans Kris la kòmanse an 1914, se avèk rezon yo prepare yo pou si lafen an ta rive sanzatann. Yo fè sa lè yo patisipe plis nan travay predikasyon Wayòm nan. Jezi te fè konnen li ka vin byen ta, sètadi “avanjou oubyen [...] granmmaten”. Si sa ta rive, ki jan disip li yo t ap reyaji? Li te di: “Kontinye veye.” Donk, menmsi n gen lontan depi n ap tann, nou pa gen okenn rezon pou n ta panse lafen an poko prèt pou rive oswa pou n ta sispann tann li.

12. Ki sa Abakouk te mande Jewova, e ki jan Bondye te reponn li?

12 Ann konsidere egzanp pwofèt Abakouk ki te jwenn misyon pou l pwofetize konsènan destriksyon Jerizalèm. Nan epòk li te kòmanse pwofetize a te gentan gen plizyè ane ki pase depi yo t ap anonse destriksyon vil sa a. Vil la te rive nan yon pwen kote ‘mechan yo te antoure moun ki jis yo epi pa t gen jistis ankò’ ditou. Donk, nou pa sezi dèske Abakouk te di: “O Jewova, konbyen tan pou m fè ap rele w pou m mande w sekou?” (NW). Olye pou Jewova te reponn kesyon sa a dirèkteman, li te bay pwofèt fidèl li a asirans destriksyon l te predi a “pap anreta”. (NW.) Bondye te mande Abakouk pou l “kontinye tann”. — Li Abakouk 1:1-4; 2:3.

13. Ki atitid Abakouk te ka genyen, e poukisa l t ap montre l pa saj si l te aji konsa?

13 Ann sipoze Abakouk ta vin dekouraje epi l ta kòmanse panse konsa: ‘M gen plizyè ane depi m tande y ap pale konsènan destriksyon Jerizalèm. E si destriksyon sa a lwen toujou? Sanble l pa reyalis pou m kontinye ap pwofetize kòmsi vil la pral detwi bridsoukou. Ban m kite travay sa a nan men lòt moun.’ Si Abakouk te konn reflechi konsa li t ap pèdi pozisyon l te gen devan Jewova a, e petèt, li te ka pèdi lavi l lè Babilonyen yo te detwi Jerizalèm.

14. Ki sa k fè n ka gen asirans nou pap desi lefètke n kontinye tann?

14 Nan monn nouvo a, nou pral gen rezon pou n reflechi ak reyalite sa a: Tout evènman yo te predi ki gen rapò ak fen sistèm nan te rive vre. Lè n medite sou fason bagay yo ap fèt kounye a, sa ap fè n vin gen plis konfyans nan Jewova ansanm ak pwomès li fè ki poko reyalize yo. (Li Jozye 23:14.) Se sèten nou pral kontan dèske Bondye ki ‘met tan oswa epòk anba otorite l’ la te ankouraje n viv toutpandan nou konsyan “lafen tout bagay vin pi pre”. — Tra. 1:7; 1 Pyè 4:7.

TANN VLE DI AJI!

Èske w preche bon nouvèl la avèk zèl? (Gade paragraf 15.)

15, 16. Ki sa k fè lè n ogmante patisipasyon nou nan travay predikasyon an se pi bon fason nou kapab reyaji nan epòk n ap viv la?

15 Nou ka atann pou òganizasyon Jewova a kontinye fè n sonje nou dwe sèvi Bondye toutpandan n sonje gen ijans. Yo pa fè n rapèl sa yo tou senpleman pou ede n ret okipe nan sèvis Bondye a, men, se pou n toujou sonje siy ki montre Kris prezan an ap akonpli kounye a. Ki pi bon fason nou ka reyaji nan epòk n ap viv la? Ebyen, li bon pou n kontinye chèche Wayòm nan an premye epi pou n kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye lè n patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl la avèk zèl! — Mat. 6:33; Mak 13:10.

16 Men sa yon sè fè konnen: “Lè n preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, nou [...] ka patisipe nan ede moun yo chape anba lanmò yo te ka jwenn san mank nan katastwòf ki pral frape monn nan.” Sè sa a konprann sa sa vle di lè yon moun sove paske li menm ak mari l te chape vivan nan youn nan pi gwo nofraj batiman ki te fèt nan listwa, anpalan de nofraj bato liks ki te rele Wilhelm Gustloff la nan ane 1945. Menm nan yon katastwòf konsa, yon moun ka gen yon move pwennvi sou sa k vrèman enpòtan. Sè a sonje gen yon dam ki pa t janm sispann di: “Valiz mwen yo! Valiz mwen yo! Bijou m yo! Tout bijou m yo rete nan kabin nan. M pèdi tout sa m genyen!” Kontrèman ak dam sa a, gen plizyè pasaje ki te riske lavi yo e ki te travay di pou sove kèk moun ki te tonbe nan lanmè a ki te jele anpil. Menm jan ak pasaje sa yo ki pa t wè tèt yo sèlman, nou fè tout sa n kapab pou n ede moun yo. Nou toujou sonje jan travay predikasyon nou an ijan epi n ede lòt moun pou yo vin fè pati moun ki pral chape nan katastwòf ki pral frape monn nan anvan l twò ta.

Èske w pran desizyon ki saj yon fason pou w pa kite distraksyon fè w bliye si gen ijans? (Gade paragraf 17.)

17. Ki rezon ki fè n kwè lafen an ka rive nenpòt ki lè?

17 Evènman k ap rive nan monn nan montre aklè pwofesi biblik yo ap akonpli kounye a epi fen sistèm mechan sa a pa twò lwen. Donk, nou pa dwe panse fòk gen plis tan ki pase pou kondisyon monn sa a vin tèlman mal opwen pou “dis kòn” yo ansanm ak “bèt sovaj” yo pale de yo nan Revelasyon 17:16 la detwi Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon. Ann toujou sonje se Bondye ki pral “mete lide l nan kè yo” pou yo fè sa epi aksyon sa a ka rive byen rapid e nenpòt ki lè (Rev. 17:17)! Lafen tout sistèm sa a pa twò lwen. Avèk bonjan rezon, nou ta dwe koute avètisman Jezi te bay la lè l te di: “Veye kò nou pou manje twòp, bwè twòp ak tètchaje ki gen nan lavi a pa tounen yon chay ki lou sou kè nou, e pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann, tankou yon pyèj.” (Lik 21:34, 35; Rev. 16:15). Ann pran detèminasyon pou n sèvi Jewova toutpandan n sonje gen ijans epi n gen konfyans l ap “aji byen ak moun ki ret tann li yo”. — Iza. 64:4, NW.

18. Ki kesyon nou pral analize nan atik ki vin apre a?

18 Toutpandan n ap tann destriksyon sistèm mechan sa a, ann koute konsèy Bondye te pouse disip Jak ekri a lè l te di: “Byenneme, fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil, e priye avèk lespri sen, yon fason pou nou rete nan lanmou Bondye, pandan n ap tann mizèrikòd Jezi Kris, Seyè nou an, avèk je nou fikse sou lavi ki pap janm fini an.” (Jid 20, 21). Men, ki jan n ka montre n ap viv toutpandan n ap tann monn nouvo Bondye pwomèt la epi n vrèman swaf pou n wè l? Se sou sa nou pral pale nan atik ki vin apre a.

^ § 1 Pou n jwenn yon lis pwofesi biblik ki gen rapò ak Mesi a ansanm ak akonplisman pwofesi sa yo, gade paj 200 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.