Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Prepare w depi kounye a pou lavi nan monn nouvo a

Prepare w depi kounye a pou lavi nan monn nouvo a

“Di yo pou yo travay pou sa ki byen [...] dekwa pou yo ka kenbe lavi toutbon an fèm.” — 1 TIM. 6:18, 19.

KANTIK: 125, 40

1, 2. a) Ki byenfè nan domèn fizik w ap tann pou w jwi plis nan Paradi ki pral gen sou tè a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki benediksyon espirityèl ki pral gen nan monn nouvo a?

“LAVI TOUTBON AN.” Pou pifò nan nou, ekspresyon sa a fè n sonje esperans nou genyen pou n jwenn lavi ki pap janm fini an nan Paradi a sou tè a. Anfèt, apot Pòl te fè yon lyen ant “lavi ki pap janm fini an” ak “lavi toutbon an”. (Li 1 Timote 6:12, 19.) N ap tann lavi ki pap janm fini an, lavi ki pral bay satisfaksyon ak lajwa pou toutan an. Li difisil pou n imajine ki jan n pral santi n lè n leve chak jou an bòn sante fizik, mantal ak afektif (Iza. 35:5, 6). Imajine jan sa pral bèl pou n viv ak moun nou renmen yo ansanm ak zanmi n yo san wete moun ki resisite yo (Jan 5:28, 29; Tra. 24:15)! Mete sou sa, nou pral gen opòtinite pou n amelyore konesans nou nan domèn lasyans, mizik, achitekti ak kèk lòt bagay ankò.

2 Byenke n swaf pou n viv tout bèl bagay sa yo, pi gwo benediksyon nou pral jwi nan monn nouvo a se pral nan domèn espirityèl. Se pa ti satisfaksyon nou pral genyen lè n konnen non Jewova vin sen epi Jewova montre se li menm ki gen dwa pou l dirije (Mat. 6:9, 10)! Nou pral kontan anpil lè n wè objektif Jewova te gen okòmansman pou lèzòm ak tè a rive reyalize. Epi, eseye imajine jan l pral vin pi fasil pou n pwoche bò kot Jewova toutpandan n ap vin pafè pou jis nou rive atenn lapèfeksyon! — Sòm 73:28; Jak 4:8.

3. Pou ki bagay nou ta dwe prepare n depi kounye a?

3 Nou ka jwenn benediksyon sa yo paske Jezi ban nou asirans “pou Bondye, tout bagay posib”. (Mat. 19:25, 26.) Sepandan, si n ap tann pou n viv nan monn nouvo sa a epi pou n kontinye viv lontan apre Rèy mil an Kris la, nou dwe aji depi kounye a pou n ‘kenbe lavi ki pap janm fini an fèm’. Nou bezwen viv toutpandan n ap tann destriksyon monn mechan sa a epi n bezwen aji depi kounye a pou n prepare n pou lavi nan monn nouvo a. Ki jan n ka fè sa toutpandan n ap viv nan sistèm mechan sa a?

FASON POU N PREPARE NOU

4. Bay yon egzanp ki montre fason n ka prepare n depi kounye a pou lavi nan monn nouvo a.

4 Ki fason nou ka prepare n depi kounye a pou lavi nan monn nouvo a? Ebyen, ann sipoze n ap planifye pou n al viv nan yon lòt peyi. Ki fason n te ka prepare n pou chanjman sa a? Nou ta gendwa kòmanse aprann lang moun nan peyi a pale a. Chèche konn koutim moun yo t ap bon tou. Nou te ka goute kèk nan manje peyi a. Nan yon sans, nou t ap kòmanse viv kòmsi n te deja abite nan peyi sa a. Dayè, se konsa n atann nou pral viv yonfwa n rive nan peyi a. Menm jan an tou, nou kapab prepare n pou lavi nan monn nouvo a lè n fè tout sa n kapab pou n viv depi kounye a jan nou atann nou pral viv nan monn nouvo a. Nan sans sa a, ann konsidere kèk egzanp.

5, 6. Ki jan lè n aprann soumèt nou devan dispozisyon teyokratik yo sa ka ede n fòme tèt nou pou lavi nan monn nouvo a?

5 Nan monn nouvo a, dwa Bondye genyen pou l dirije a pral parèt aklè. Ala diferan sa pral diferan ak monn sa a Satan ap domine a kote moun k ap dirije yo wè tèt yo sèlman! Gen kèk moun ki gendwa met aksan sou endepandans yo e ki gendwa renmen ensiste sou preferans pèsonèl yo, men, ki rezilta sa bay? Lefètke yo pa aksepte direksyon Bondye, sa lakòz soufrans, mizè e menm katastwòf (Jer. 10:23). Se pa ti tann n ap tann moman kote tout moun pral soumèt yo anba direksyon plen lanmou Jewova ap bay la!

6 Se pral yon plezi pou n viv anba dispozisyon Jewova pral pran nan monn nouvo a toutpandan n ap travay pou n fè tè a vin bèl, pou n anseye moun ki resisite yo epi pou n fè sa Jewova vle pou limanite. Men, e si yo mande n fè yon bagay an patikilye nan travay la e n pa renmen l vre? Èske n ap soumèt nou devan moun ki mande n fè l la lè n fè tout sa n kapab pou n fè travay la epi pou n menm pran plezi fè l? Pifò nan nou t ap reponn wi! Nan ka sa a, èske n soumèt devan direksyon teyokratik yo depi kounye a? Si n fè sa, n ap prepare n pou n viv pou toutan anba dominasyon Jewova.

7, 8. a) Poukisa n dwe aprann kowopere? b) Ki jan sitiyasyon kèk kretyen te vin chanje? c) Ki asirans nou kapab genyen anrapò ak fason n pral viv nan monn nouvo a?

7 Nou ka prepare n depi kounye a pou lavi nan monn nouvo a nonsèlman lè n soumèt nou devan dispozisyon Jewova pran nan epòk nou an, men tou, lè n travay depi kounye a pou n aprann kontante n epi aprann kowopere. Si n aprann kowopere ak moun ki pran latèt nan epòk nou an, petèt lè n chèche jwenn lajwa nan nouvo asiyasyon yo ban nou epi n aprann kontante n ak sèvis sa yo, se sèten n ap gen menm atitid sa a nan monn nouvo a. (Li Ebre 13:17.) Nan Latè pwomiz, se tiraj osò yo te fè pou yo te separe tè a bay Izrayelit yo (Nonb 26:52-56; Joz. 14:1, 2). Nòmalman, jodi a, nou pa konn ki kote nou chak pral viv nan nouvo sistèm nan. Sepandan, lè n aprann kowopere sa pral pèmèt nou kontante n epi sa pral pèmèt nou jwenn anpil kè kontan toutpandan n ap fè volonte Jewova kèlkeswa kote n ap viv sou tè a nan moman sa a.

8 Privilèj nou genyen pou n viv anba dominasyon Wayòm nan merite pou n fè kèlkeswa efò a pou n kowopere ak òganizasyon Jewova a epi pou n ranpli asiyasyon teyokratik nou yo. Nòmalman, sitiyasyon nou ka vin chanje tank tan ap pase. Pa egzanp, gen kèk moun nan fanmi Betèl Etazini an yo te voye al sèvi nan tèritwa e kounye a moun sa yo ap jwi yon pakèt benediksyon nan lòt fòm sèvis aplentan. Akoz laj yo ansanm ak kèk lòt bagay, gen kèk moun ki te nan sèvis itineran an ki resevwa asiyasyon pou y al sèvi kòm pyonye espesyal kounye a. Si n aprann kontante n, nou priye Bondye pou l ede n epi n fè tout sa n kapab nan sèvis li a n ap jwenn anpil jwa ak anpil benediksyon menm nan dènye jou difisil n ap viv yo. (Li Pwovèb 10:22.) Ki sa n ka di konsènan sa n atann pou lavni? Nou kapab gen kèk ide konsènan ki kote n ta renmen viv nan monn nouvo a, sepandan, yo ka mande n al viv yon kote ki diferan nèt parapò ak sa n te panse. Kèlkeswa kote n pral sèvi lè sa a epi kèlkeswa sa n pral fè a, nou mèt gen asirans n ap gen rekonesans, n ap satisfè epi n ap kontan anpil. — Ney. 8:10.

9, 10. a) Nan ki domèn nou gendwa pral bezwen demontre pasyans nan monn nouvo a? b) Ki jan n ka montre nou pasyan?

9 Nan monn nouvo a, petèt pral gen moman kote n pral bezwen montre nou pasyan. Pa egzanp, nou gendwa aprann gen moun ki leve sot nan lanmò e sa fè manm fanmi yo ak zanmi yo kontan. Sepandan, nou menm nou ka bezwen ret tann pou moun nou renmen yo resisite. Si sa ta rive n, èske n pral rejwi ak lòt moun toutpandan nou pasyan (Wom. 12:15)? Lè n aprann ret tann akonplisman pwomès Jewova yo avèk pasyans depi kounye a, sa ap ede n demontre pasyans nan moman sa a. — Ekl. 7:8.

10 Nou ka prepare n tou pou lavi nan monn nouvo a lè n montre nou pasyan anrapò ak fason n konprann laverite. Èske n fè bonjan etid epi n montre nou pasyan toutpandan fason n konprann verite ki nan Bib la ap vin pi klè jodi a? Si se wi, se sèten nou pap twouve l difisil pou n montre nou pasyan nan monn nouvo a toutpandan Jewova pral fè lèzòm konn egzijans li yo. — Pwo. 4:18; Jan 16:12.

11. Ki sa Jewova ap anseye n depi kounye a konsènan relasyon ak lòt moun, e ki fason sa pral pwofitab pou nou nan monn nouvo a?

11 Yon lòt kalite ki kapab ede n prepare n pou lavi nan monn nouvo a se lè n aprann padone. Pandan Rèy mil an Kris la, sa kapab pran anpil tan pou moun ki jis ak moun ki enjis yo voye tout tras enpèfeksyon jete (Tra. 24:15). Èske n ap dispoze demontre lanmou youn pou lòt nan moman sa a? Si n aprann padone san grate tèt epi n evite gen pwoblèm youn ak lòt depi kounye a, l ap pi fasil pou n fè sa nan monn nouvo a. — Li Kolosyen 3:12-14.

12. Esplike ki lyen ki genyen ant sa n ap tann ki pou vini yo ak fason n ap viv kounye a.

12 Lavi nan monn nouvo a gendwa pa vle di nou pral toujou jwenn sa n vle nan lè n vle a. Olye de sa, vi sa a pral mande pou n apresye nenpòt sitiyasyon epi kontante n ak nenpòt sitiyasyon toutpandan n ap jwenn byenfè lefètke n soumèt nou anba otorite Jewova ki plen lanmou. Sa pral vle di pou n met tout bèl kalite Jewova ap aprann nou depi kounye a an pratik. Lè n aprann demontre kalite sa yo nan lavi n depi kounye a toutpandan n ap tann lavi nan monn nouvo a, se aprann n ap aprann devlope yon seri kalite nou pral bezwen demontre pou tout letènite. Se fè n ap fè lafwa n genyen nan “tè k ap vini an” vin pi solid (Ebre 2:5; 11:1). Anplis de sa, se montre n ap montre jis nan ki pwen nou swaf pou n viv bèl kondisyon ki pral egziste sou tè a nan moman sa a. Vrèmanvre, se prepare n ap prepare n pou n viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a.

FIKSE OBJEKTIF ESPIRITYÈL DEPI KOUNYE A

Patisipe nan ministè a avèk zèl.

13. Ki aktivite nou pral bay plis enpòtans nan monn nouvo a?

13 Ann konsidere yon lòt fason nou ka prepare n pou lavi toutbon k ap tann nou an. Byenke Bondye pwomèt pral gen manje agogo ak anpil lòt bagay ki nesesè sou tè a nan monn nouvo a, pi gwo plezi nou pral jwenn nan se lefètke bezwen espirityèl nou yo pral konble (Mat. 5:3). Se aktivite espirityèl yo ki pral gen plis enpòtans pou nou e n pral montre nou pran tout plezi n nan Jewova (Sòm 37:4). Lè n bay bagay espirityèl yo priyorite depi kounye a, se prepare n ap prepare n pou lavi toutbon an. — Li Matye 6:19-21.

14. Ki objektif espirityèl ki ka ede jèn yo kontinye kenbe lavi ki pap janm fini an nan lespri yo?

14 Ki jan n ka pran plis plezi nan aktivite teyokratik yo? Youn nan fason n ka fè sa se lè n fikse objektif espirityèl. Si w jèn epi w ap panse seryezman ak yon karyè nan sèvis Jewova a, poukisa w pa egzamine kèk sijè yo te pibliye konsènan plizyè posiblite pou moun antre nan sèvis aplentan epi w fikse youn nan yo kòm objektif *? Ou kapab pale ak kèk moun ki deja gen plizyè ane nan sèvis aplentan. Lè w fè travay prediksyon an vin yon karyè pou ou, se prepare w ap prepare w pou w kontinye sèvi Bondye nan monn nouvo a kote fòmasyon ak eksperyans ou genyen nan domèn teyokratik yo pral gen anpil enpòtans.

Patisipe nan aktivite teyokratik yo.

15. Ki objektif espirityèl pwoklamatè Wayòm nan ka fikse?

15 Antanke pwoklamatè Wayòm nan, ki objektif espirityèl nou ka fikse? Nou ka fikse objektif pou n vin pi maton nan yon fasèt nan ministè a. Oswa n ka fè bonjan efò pou n pi byen konprann prensip biblik yo ak fason pou n aplike yo. Ki sa n ka di anrapò ak posiblite pou n vin pi efikas toujou nan fè lekti ak nan pale an piblik oswa nan fè kòmantè nan reyinyon? Se sèten nou ka reflechi ak lòt posiblite. Sa n bezwen konprann sèke: lè n fikse objektif espirityèl, sa ap fè n pi chofe pou aktivite teyokratik yo e sa ap ede n prepare n pou lavi nan monn nouvo a.

NOU DEJA KÒMANSE JWENN BENEDIKSYON!

Montre w apresye manje espirityèl la.

16. Ki sa k fè sèvi Jewova se pi bon fason yon moun ka viv?

16 Lefètke n ap sèvi ak tan nou pou n prepare n pou monn nouvo Bondye a, èske sa vle di n fèmen je n sou pi bon fason pou n viv jodi a? Non, sa pa vle di sa! Sèvi Jewova se pi bèl fason yon moun te ka viv. Se pa annik yon sèvis n ap bay nan fòse yon fason pou n ka chape nan gwo tribilasyon an. Se fason Jewova kreye n pou n viv, fason ki bay plis jwa ki genyen. Suiv direksyon Jewova ap bay epi jwi lanmou fidèl li pi bon lontan pase annik viv san okenn relasyon avè l. (Li Sòm 63:1-3.) Nòmalman, nou pa bezwen ret tann monn nouvo a pou n jwi benediksyon espirityèl yon moun jwenn lefètke l ap sèvi Jewova ak tout kè l, bagay sa yo deja disponib! Anfèt, gen kèk nan nou ki gen plizyè dizèn ane depi y ap jwi benediksyon sa yo, e dapre eksperyans nou fè, nou konnen pa gen okenn lòt fason pou moun viv ki ka bay plis satisfaksyon. — Sòm 1:1-3; Iza. 58:13, 14.

Chèche jwenn konsèy ki baze sou Ekriti yo.

17. Ki plas enterè pèsonèl ak detant pral genyen nan Paradi a?

17 Enterè pèsonèl ak detant pral gen plas yo nan monn nouvo Bondye a. Dayè, pou ki rezon pou Jewova ta kreye n ak yon gwo anvi pou n akonpli kèk bagay pèsonèl epi pou n pran bonjan plezi si l pa t gen entansyon pou n byen satisfè anvi sa yo (Ekl. 2:24)? Jewova pral kontinye “bay tout sa k vivan sa yo bezwen” nan domèn sa a ansanm ak anpil lòt domèn ankò (Sòm 145:16, NW). Detant ak distraksyon gen plas yo, men, nou jwenn plis plezi nan yo lè n bay relasyon nou gen ak Jewova a premye plas. Se konsa sa pral ye tou nan Paradi ki pral gen sou tè a. Se pa ti saj nou montre n saj lè n aprann met enterè pèsonèl nou nan plas yo toutpandan n ap kontinye chèche Wayòm nan an premye epi n fikse lespri n sou benediksyon espirityèl pèp Jewova a ap jwi depi kounye a! — Mat. 6:33.

18. Ki jan n ka montre n ap prepare n pou n viv pou toutan nan Paradi a?

18 Nan Paradi ki pral genyen an, nou pral viv ak kè kontan nan yon nivo nou potko janm rive. Annou montre jis nan ki pwen nou swaf pou n gen lavi toutbon an lè n prepare n pou li depi kounye a. Ann chèche vin gen kalite ki soti nan Bondye yo epi ann chèche jwenn anpil jwa toutpandan n ap patisipe avèk zèl nan travay predikasyon Wayòm yo ban nou fè a. Ann pran tout plezi nou nan pousuiv objektif espirityèl. Epi, avèk bonjan lafwa nan pwomès Jewova yo, depi kounye a, annou viv toutpandan n ap tann lavi nan monn nouvo a!

^ § 14 Gade liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2 a, paj 311-318.