BYOGRAFI
“Se pou zile yo rejwi”
Se yon jou m pap janm bliye. M te ak yon pakèt frè ki soti plizyè kote nan monn nan e n te strese anpil toutpandan n t ap tann nan sal konferans Kolèj santral la. Frè nan Komite redaksyon an t apral antre nan sal la e n te gen pou n fè yon prezantasyon devan yo. Kèk semèn anvan sa, nou te egzamine kèk pwoblèm tradiktè yo konn jwenn, e kounye a, nou te gen pou n pwopoze kèk solisyon. Se te nan dat 22 me 2000. Men, ki sa k fè reyinyon sa a te enpòtan konsa? Anvan m esplike n rezon an, kite m rakonte n kèk bagay sou lavi m.
MWEN fèt Queensland, nan peyi Ostrali, nan ane 1955. Estelle, manman m, te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo yon ti apre m fin fèt. Li te batize nan ane ki te vin apre a, e Ron, papa m, te aksepte laverite 13 an annapre. An 1968, m te batize nan yon zòn andeyò Queensland.
Depi m te toupiti, m te toujou renmen li epi m te toujou renmen lang. Lè n te konn vwayaje an fanmi, petèt sa te konn deranje paran m yo lè yo wè m chita dèyè machin nan ap li yon liv olye m apresye bèl peyizaj yo. Men lefètke m te renmen li sa te ede m nan lekòl. Lè m te nan klas segondè nan Glenorchy, ki sou zile Tasmani, m te resevwa anpil prim nan lekòl la.
Sepandan, moman an te vin rive pou m pran yon desizyon ki enpòtan anpil. Èske m t ap aksepte yon bous pou m al nan inivèsite? Se vre m renmen liv e m renmen aprann, men, m vrèman rekonesan dèske manman m te ede m vin gen yon lanmou ki pi fò toujou, anpalan de lanmou pou Jewova (1 Kor. 3:18, 19). Konsa, lè m te gen 15 an epi m te fin resevwa sètifika ki te nesesè a, paran m yo te dakò pou m kite lekòl e pou m kòmanse sèvi kòman pyonye nan mwa janvye 1971.
Pandan uit ane ki te vin apre yo, m te gen privilèj sèvi kòm pyonye nan Tasmani. Pandan tan sa a, m te marye ak Jenny Alcock, yon bèl fi nan Tasmani, e nou te fè katran ap sèvi kòm pyonye espesyal nan Smithton ak Queenstown yon seri zòn ki lwen anpil.
NOU RIVE NAN ZILE PASIFIK YO
Nan ane 1978, nou t al asiste yon kongrè entènasyonal nan Port Moresby, Papwazi Nouvèl Gine pou premye fwa. M pa janm bliye yon misyonè ki t ap bay yon diskou nan lang irimotou. Menm lè m pa t ka konprann yon mo nan sa l t ap di a, diskou l la te ankouraje m vin misyonè, pou m aprann lòt lang e pou m rive fè diskou konsa tou. Finalman, m te vin wè yon fason pou m makònen lanmou m gen pou Jewova a ak lanmou m gen pou lang nan.
Lè n te retounen nan peyi Ostrali, nou te sezi lè n te jwenn envitasyon pou n al sèvi kòm misyonè sou zile Funafuti, ki nan Touvalou, yon zile yo te rele Ellice. Nou te rive nan asiyasyon nou nan mwa janvye 1979. Nou te jwenn twa pwoklamatè sèlman ki te batize nan Touvalou.
Li pa t fasil pou n aprann lang touvalou a. Se sèlman “Nouvo testaman” an ki te disponib kòm liv nan lang sa a. Etandone pa t gen diksyonè e yo pa t konn anseye lang nan, nou te deside eseye aprann 10 a 20 mo pa jou. Men, byen vit nou te vin rann kont nou pa t byen konprann vrè sans pifò nan mo nou te aprann yo. Olye pou n te di moun yo espiritis pa bon, nou te konn di yo pito pou yo evite sèvi ak bagay pou yo mezire epi pou yo pa sèvi ak beki! Sepandan, nou te bezwen aprann lang nan pou n te ka kondui pakèt etid nou te genyen yo. Donk, nou te kontinye eseye. Plizyè ane annapre, gen youn nan moun nou te etidye Labib avè l nan epòk nou te fèk ap kòmanse a ki te di n: “Nou kontan anpil dèske n ka pale lang nou an kounye a. Okòmansman, nou pa t konprann anyen nan sa n t ap eseye di yo!”
Yon lòt bò, nou te gen sa lòt moun te ka rele pi bon sitiyasyon pou yon moun aprann yon nouvo lang. Etandone pa t gen kay pou moun lwe, nou te oblije al viv ak yon fanmi Temwen Jewova ki te abite nan pi gwo vilaj la. Sa vle di nou te dwe konsantre n nèt sou aprann lang nan epi adapte n ak fason moun nan vilaj la ap viv. Apre n te fin fè plizyè ane san n pa pale anglè, se lang touvalou a ki te vin lang prensipal nou.
Sa pa t pran anpil tan pou anpil moun te kòmanse montre yo enterese nan laverite. Men, ak ki liv nou t apral etidye ak yo? Nou pa t gen okenn piblikasyon 1 Kor. 14:9)! Nou te mande tèt nou: ‘Èske yon lè ap gen piblikasyon nan lang touvalou, alòske se mwens pase 15 000 moun ki pale lang sa a?’ Jewova te reponn kesyon sa yo e sa te pwouve n de bagay: 1) Li vle pou yo preche Pawòl li a “nan tout zile ki byen lwen,” epi 2) li vle pou moun monn nan konsidere kòm moun ki “gen imilite e ki pa awogan” yo pran refij nan non l. — Jer. 31:10; Sef. 3:12, NW.
nan lang nan. Ki jan yo t apral fè etid pèsonèl yo? Lè yo kòmanse vin nan reyinyon, ki kantik yo t apral chante, ki liv yo t apral itilize epi ki jan yo t ap fè prepare reyinyon? Ki jan yo t ap fè pwogrese pou yo batize? Moun sa yo ki gen imilite te bezwen jwenn manje espirityèl la nan pwòp lang yo (TRADIKSYON MANJE ESPIRITYÈL LA
An 1980, biwo filyal la te asiyen n pou n travay kòm tradiktè, yon travay nou pa t santi n kalifye pou li ditou (1 Kor. 1:28, 29). Okòmansman, nou te ka achte yon ansyen machin fotokopi nan men gouvènman an e n te sèvi avè l pou n enprime piblikasyon pou reyinyon nou yo. Nou te menm tradui liv Laverite k ap mennen nan lavi etènèl la nan lang touvalou epi n te sèvi ak machin nan pou n enprime l. M toujou sonje jan sant lank lan te fò anpil e m sonje kokenn efò sa te mande pou n travay nan gwo chalè twopikal la pou n enprime tout piblikasyon sa yo alamen. Nan moman sa a, nou pa t gen kouran.
Li te difisil anpil pou n tradui nan lang touvalou etandone se apèn si n te gen kèk liv referans pou ede n. Men, pafwa, nou te konn jwenn èd kote nou pa t menm atann. Yon jou maten, pa erè, m te rele kay yon moun ki te opoze ak verite a. San pèdi tan, mèt kay la, yon mesye aje ki te yon pwofesè, te fè m sonje nou pa dwe rele lakay li. Apre sa, li te di: “M gen yon sèl bagay pou m di n. Nou sèvi ak fòm pasif nan tradiksyon nou yo twòp. Lang touvalou a pa sèvi ak fòm sa a souvan.” Mwen menm ak kèk lòt moun te tcheke sa epi n te wè l gen rezon. Konsa, nou te fè koreksyon ki te nesesè yo. Sepandan, m te sezi wè jan Jewova te sèvi ak yon opozan ki te konn li piblikasyon nou yo pou l ede n!
*!
Premye piblikasyon nou te enprime nan lang touvalou pou n distribye bay piblik la se te yon envitasyon Memoryal. Annapre, nou te enprime Nouvèl Wayòm no 30 lan ki te parèt anmenmtan ak sa ann anglè a. Se pa ti kontan n te kontan pou n bay moun yo yon bagay ki ekri nan pwòp lang yo! Tikras pa tikras, gen kèk bwochi e menm kèk liv ki te vin disponib nan lang touvalou. An 1983, filyal peyi Ostrali a te kòmanse enprime yon Toudegad 24 paj ki parèt chak twa mwa, sa ki te ba n posiblite pou n etidye an mwayèn sèt paragraf nan Toudegad sa a chak semèn. Ki fason moun nan zòn nan te reyaji? Etandone pèp touvalou a renmen li, piblikasyon nou yo te vin popilè anpil. Chak fwa gen yon nouvo piblikasyon ki te parèt, yo te anonse sa nan yon bilten nouvèl yo te konn pase nan stasyon radyo gouvènman an, e pafwa, yo te menm konn mete yo nan gwo tit jounal yoTravay tradiksyon an te kòmanse ak plim ak papye. Pi devan, nou te konn tape epi retape maniskri yo plizyè fwa anvan n voye yo al enprime nan enprimri filyal peyi Ostrali a. Rive yon lè, filyal la te sèvi ak de sè pou antre tout maniskri yo sou òdinatè menm lè sè sa yo pa t konprann anyen nan lang touvalou. Sistèm sa a pou antre tèks yo de fwa a epi pou konpare diferans yo sou òdinatè a te pèmèt nou fè mwens erè. Yo te voye paj yo konpoze yo ban nou pa mwayen lapòs pou n tcheke yo epi, annapre, nou te voye yo nan filyal la pou yo enprime yo.
Se pa ti chanje bagay yo vin chanje! Kounye a, se ekip tradiksyon yo ki antre tèks yo dirèkteman nan òdinatè. Nan pifò ka, se ekip yo ki konpoze tèks ki kòrèk la, sa ki pèmèt vin gen yon fichye yo ka voye pa mwayen Entènèt pou enprime nan filyal yo. Pa gen zafè plede kouri lapòs pou voye maniskri ankò.
LÒT ASIYASYON
Tank ane yo t ap pase, mwen ak Jenny te resevwa plizyè asiyasyon toupatou nan zòn pasifik la. An 1985, nou te jwenn asiyasyon pou n kite Touvalou pou n al sèvi nan filyal Samowa a. Nan filyal sa a, nou t ap travay nan tradiksyon lang samowan, tonjyen ak tokelau san wete travay nou te deja ap fè nan lang touvalou *. Epi, an 1996, nou te jwenn menm asiyasyon an nan filyal Fiji a kote n te gen posiblite ede nan travay tradiksyon ki t ap fèt nan lang fidjyen, kiribati, nauru, wotoumann ak touvalou.
M pa janm sispann enpresyone lè m wè zèl moun k ap tradui piblikasyon nou yo demontre. Travay la ka pa fin enteresan e l ka fatigan. Sepandan, sèvitè fidèl sa yo eseye reflete anvi Jewova genyen pou “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp” tande bon nouvèl la (Rev. 14:6). Pa egzanp, lè n t ap planifye pou n tradui premye Toudegad nan lang tonjyen an, m te reyini ak tout ansyen nan Tonga yo epi m te mande yo kiyès ki ta renmen jwenn fòmasyon pou l vin tradiktè. Gen youn nan ansyen yo ki te gen yon bon djòb antanke mekanisyen, li te demisyone nan demen epi l te kòmanse sèvi kòm tradiktè menm kote a. Sa te vrèman touchan etandone frè sa a te yon chèf fanmi epi l pa t gen okenn ide sou kote l t apral jwenn mwayen pou l nouri fanmi l. Men, Jewova te pran swen l ak fanmi l e l te kontinye sèvi nan tradiksyon pandan plizyè ane.
Tradiktè devwe sa yo reflete menm pwennvi ak manm Kolèj santral la k ap veye sou bezwen espirityèl moun ki pale lang ki pa tèlman popilè yo. Pa egzanp, gen yon kesyon ki te soulve pou konnen si l vrèman nesesè pou fè tout efò sa yo pou pwodui piblikasyon nan lang touvalou. M te santi m ankouraje anpil lè m te li repons Kolèj santral la ki te di: “Nou pa wè okenn rezon ki fè w ta dwe sispann tradui nan lang touvalou. Menm lè tèritwa touvalou a gendwa parèt piti lè w konpare l ak lòt gwoup lang yo, li toujou enpòtan pou n preche pèp touvalou a bon nouvèl la nan pwòp lang yo.”
Nan ane 2003, mwen menm ak Jenny te jwenn asiyasyon pou n kite Depatman tradiksyon filyal Fiji a pou n al travay nan Sèvis tradiksyon nan Patèsonn, Nouyòk. Sa te sanble yon rèv ki vin reyalite! Nou te vin fè pati yon ekip k ap travay pou pèmèt piblikasyon nou yo tradui nan plis lang toujou. Pandan de ane ki te vin annapre yo, nou te gen privilèj vizite plizyè peyi pou n patisipe nan fòmasyon ekip tradiksyon yo.
KÈK DESIZYON KI GEN RAPÒ AK ISTWA NOU
Kounye a, kite m retounen sou prezantasyon m te pale de li nan kòmansman an. Rive nan ane 2000, Kolèj santral la te wè l nesesè pou fòme ekip tradiksyon yo nan lemonnantye. Nan moman sa a, pifò tradiktè te jwenn yon ti fòmasyon. Apre n te fin fè prezantasyon an devan Komite redaksyon an, Kolèj santral la te dakò pou gen yon pwogram fòmasyon pou tout tradiktè yo nan lemonnantye. Pwogram nan te gen ladan l yon fòmasyon pou konprann anglè, fòmasyon sou teknik tradiksyon ak fason pou travay ann ekip.
Ki rezilta tout aksan yo te met sou kesyon tradiksyon an te pote? Toudabò, kalite tradiksyon an te amelyore. Anplis de sa, kantite lang nou pibliye piblikasyon nou yo kounye a vin ogmante anpil. Lè n te rive nan premye afektasyon nou antanke misyonè nan ane 1979, Toudegad la te disponib sèlman nan 82 lang. Pifò edisyon ki te parèt nan lòt lang yo te konn soti plizyè mwa apre edisyon anglè a. Sepandan, kounye a, n ap distribye Toudegad la nan plis pase 240 lang e pifò nan edisyon sa yo parèt anmenmtan ak anglè a. Jodi a, manje espirityèl la disponib sou yon fòm oswa yon lòt nan plis pase 700 lang. Sa gen kèk ane, se sèlman reve n te ka reve yon bagay konsa.
Nan ane 2004, Kolèj santral la te pran yon lòt gwo desizyon ki se dispozisyon pou yo tradui Bib la pi rapid. Kèk mwa apre desizyon sa a, tradiksyon Bib la te vin fè pati yon travay tradiksyon nòmal, e konsa, sa te fè l vin posib pou Tradiksyon monn nouvo a disponib nan plis lang toujou. Nan ane 2014, yo te enprime Bib sa a ann antye
oswa an pati nan 128 lang, sa ki gen ladan l yon bon valè lang yo pale nan zòn Pasifik Sid la.Youn nan gwo evènman ki make lavi m se privilèj m te genyen pou m asiste kongrè ki te fèt nan lang touvalou nan ane 2011 lan. Pandan plizyè mwa, tout peyi a t ap fè fas ak yon gwo sechrès e sanble yo t ap anile kongrè a. Sepandan, jou swa nou te rive a, gen yon gwo lapli ki te kanpe sechrès la epi kongrè a te fèt finalman. M te gen privilèj prezante Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo nan lang touvalou ki se gwoup lang ki pi piti ki te resevwa bèl kado sa a. Nan fen kongrè a, gen yon lòt gwo lapli ki te tonbe. Konsa, nan fen pwogram nan, chak moun te resevwa anpil dlo espirityèl ak anpil dlo literal tou.
Malerezman, Jenny, konpayon fidèl mwen an pandan plis pase 35 an, pa t viv ase lontan pou l wè kokenn evènman sa a. Li te mouri nan ane 2009 apre l te fin fè dizan ap lite ak yon kansè nan tete. Pa gen dout nan sa, lè l resisite l ap kontan pou l tande Bib la te parèt nan lang touvalou.
Annapre, Jewova beni m paske l ban m yon lòt bèl madanm anpalan de Loraini Sikivou. Loraini ak Jenny te konn travay ansanm nan Betèl Fiji a epi Loraini te sèvi kòm tradiktè nan lang fidjyen tou. Konsa, kounye a m gen yon lòt madanm fidèl k ap travay ansanm avè m nan sèvis Jewova a e ki renmen lang menm jan avè m!
Lè m ap reflechi ak tout ane ki pase yo, se pa ti ankouraje m santi m ankouraje lè m wè jis nan ki pwen Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an, kontinye konble bezwen gwoup lang yo, ni piti ni gwo (Sòm 49:1-3). M te wè jan lanmou l reflete nan lajwa ki parèt sou vizaj moun yo lè yo fèk wè kèk nan piblikasyon nou yo nan pwòp lang yo oswa lè y ap chante louwanj pou Jewova nan lang manman yo (Tra. 2:8, 11). M toujou sonje pawòl Saulo Teasi, yon frè aje nan peyi Touvalou te di yo. Apre n te fin chante yon kantik Wayòm pou premye fwa nan lang li, li te di: “M panse w ta dwe di Kolèj santral la kantik sa yo pi bèl nan lang touvalou pase lang anglè.”
Depi mwa septanm 2005, m te jwenn privilèj pou m vin yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo. Byenke m pa ka sèvi kòm tradiktè ankò, m remèsye Jewova dèske l pèmèt mwen kontinye bay èd nan travay tradiksyon an nan lemonnantye. Se pa ti kontan m kontan lefètke m konnen Jewova ap konble bezwen espirityèl tout pèp li a, menm pèp k ap viv sou zile izole ki nan mitan Oseyan Pasifik la! Vrèmanvre, jan salmis la te di sa a, “Jewova vin Wa! Se pou tè a kontan. Se pou zile yo rejwi”. — Sòm 97:1, NW.
^ § 18 Pou n jwenn kèk egzanp sou fason moun yo te reyaji devan piblikasyon nou yo, gade Toudegad 15 desanm 2000, paj 32 (fransè); 1ye out 1988, paj 22 (fransè) ak Réveillez-vous! 22 desanm 2000, paj 9.
^ § 22 Pou n jwenn plis detay konsènan travay tradiksyon k ap fèt sou zile Samowa a, gade Annuaire 2009 la, paj 120-121, 123-124.