Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Veye sou frekantasyon w nan dènye jou sa yo

Veye sou frekantasyon w nan dènye jou sa yo

“Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — 1 KOR. 15:33.

KANTIK: 73, 119

1. Nan ki tan n ap viv kounye a?

N AP viv nan yon tan ki difisil anpil. Labib rele epòk ki te kòmanse nan ane 1914 la, “dènye jou yo”. Nan ‘tan sa yo ki di e ki difisil pou moun sipòte’, sitiyasyon monn nan vin pi mal lontan pase tout vye eksperyans limanite te fè anvan sa (2 Tim. 3:1-5). Anplis de sa, monn nan ap kontinye vin pi mal paske pwofesi ki nan Bib la te gentan fè konnen “moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam [t] ap vin pi mal toujou”. — 2 Tim. 3:13.

2. Ki kalite divètisman ki gen nan monn sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Nan kesyon divètisman, gen anpil moun ki pran plezi nan gade epi pratike sa Bib la konsidere kòm bagay ki vyolan, ki gen rapò ak imoralite seksyèl, movèzespri oswa lòt move bagay. Pa egzanp, kit se sou Entènèt, pwogram televizyon, fim, liv woman ak jounal, byen souvan, yo prezante vyolans ak imoralite kòm bagay ki akseptab. Kounye a, gen kèk kote yo legalize kèk konduit moun te konsidere kòm bagay ki pa t akseptab yon lè. Sepandan, sa pa vle di konduit sa yo akseptab nan je Bondye. — Li Women 1:28-32.

3. Byen souvan, ki jan yo konsidere moun k ap viv ann amoni ak prensip Bondye yo?

3 Nan premye syèk la, disip Jezi yo te rejte divètisman ki pa pwòp. Rezon sa a met ansanm ak konduit yo te genyen antanke kretyen te fè moun pale yo mal e yo te pèsekite yo. Men sa apot Pyè te ekri: “Etandone nou pa kontinye kouri avèk yo nan chemen ki mennen nan menm ma labou debòch la, sa boulvèse yo, e yo pale nou mal.” (1 Pyè 4:4). Menm jan an tou, jodi a, monn nan konsidere moun k ap viv ann amoni ak prensip Bondye yo kòm moun ki etranj. Mete sou sa, “tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon”. — 2 Tim. 3:12.

“MOVE FREKANTASYON FÈ MOUN PÈDI BON ABITID YO GENYEN”

4. Anrapò ak monn sa a, ki konsèy nou jwenn nan Ekriti yo?

4 Ekriti yo bay moun ki vle fè volonte Bondye yo konsèy pou yo pa renmen monn nan ak pratik li yo. (Li 1 Jan 2:15, 16.) Kit se relijyon, politik ak komès ki gen nan monn sa a, san wete mwayen yo itilize pou bay enfòmasyon yo, yo tout anba pouvwa Satan Ledyab ki se “dye sistèm sa a”. (2 Kor. 4:4; 1 Jan 5:19.) Kidonk, antanke kretyen, nou bezwen veye sou frekantasyon nou. Men ki verite enpòtan nou jwenn nan Pawòl Bondye te fè ekri a: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — 1 Kor. 15:33.

5, 6. Ak ki moun nou dwe evite fè zanmi, e poukisa?

5 Pou n pa pèdi bon abitid nou, nou pa dwe nan zanmitay ak moun k ap pratike bagay ki pa bon. Sa aplikab nonsèlman nan ka moun ki pa kwayan k ap fè bagay ki mal, men tou, nan ka moun ki pretann y ap adore Jewova e ki pran plezi pase lwa l yo anba pye. Si swadizan kretyen sa yo lage kò yo nan fè peche ki grav e yo pa repanti, nou pa dwe kontinye gen amitye ak yo. — Wom. 16:17, 18.

6 Si n nan fè zanmi ak moun ki pap obeyi lwa Bondye yo, nou gendwa vin gen tandans fè menm bagay ak yo nan entansyon pou yo aksepte n. Pa egzanp, si n nan fè zanmi ak moun k ap pratike imoralite seksyèl, nou ka vin gen tandans pratike imoralite tou. Sa te rive kèk kretyen ki te vwe lavi yo bay Jewova, e gen kèk nan yo ki te eskominye paske yo pa t repanti (1 Kor. 5:11-13). Si yo pa repanti, sitiyasyon yo ka vin menm jan ak sa Pyè te di a. — Li 2 Pyè 2:20-22.

7. Ki moun nou dwe chwazi kòm zanmi?

7 Byenke nou vle aji ak jantiyès menm anvè moun ki pap obeyi lwa Bondye yo, nou pa dwe vin gen yon amitye sere sere ak yo. Donk, sa t ap mal anpil pou yon Temwen Jewova ki selibatè ta renmen ak yon moun ki pa batize, ki pap sèvi Bondye fidèlman e ki pa respekte prensip Bondye yo ki wo nivo. Kenbe entegrite nou antanke kretyen pi enpòtan lontan pase vin popilè nan je moun ki pap viv ann amoni ak lwa Jewova yo. Nou dwe fè zanmi ak moun k ap fè volonte Bondye. Jezi te di: “Kèlkeswa moun ki fè volonte Bondye, se moun sa a ki frè m, ki sè m, ki manman m.” — Mak 3:35.

8. Ki efè move frekantasyon te gen sou pèp Izrayèl tan lontan an?

8 Izrayelit yo te konnen move konsekans sa pote lè yon moun gen move frekantasyon. Men sa Jewova te di yo konsènan fason yo te dwe aji ak moun ki te abite toutotou yo apre l te fin delivre yo anba esklavaj nan peyi Ejip e l te mennen yo nan Latè pwomiz: “Nou pa dwe pwostène devan dye moun sa yo ni nou pa dwe kite yo fè n sèvi dye sa yo. Epitou, nou pa dwe fè sa y ap fè. Se pou n detwi dye sa yo e se pou n kraze poto sakre yo genyen ki fèt an wòch yo. Se pou nou sèvi Jewova, Bondye nou an.” (Egz. 23:24, 25, NW). Malerezman, pifò Izrayelit pa t obeyi enstriksyon Bondye te ba yo a (Sòm 106:35-39). Etandone yo pa t ret fidèl anvè Bondye, Jezi te di yo: “Gade! Bondye kite kay nou an ban nou.” (Mat. 23:38). Jewova te rejte nasyon Izrayèl la e l te vin vide benediksyon l sou kongregasyon kretyen an ki te fèk fòme. — Tra. 2:1-4.

BYEN EGZAMINE SA W AP LI AK SA W AP GADE

9. Poukisa medya nan monn nan kapab reprezante yon danje pou nou?

9 Pifò bagay medya nan monn nan ap pwodui yo se bagay ki ka reprezante yon danje pou kretyen yo nan domèn espirityèl. Yo pa fè bagay sa yo nan entansyon pou ede n vin gen plis lafwa nan Jewova ak nan pwomès li yo. Okontrè, bagay sa yo reflete monn mechan Satan an ansanm ak objektif li. Se sa k fè n bezwen pran anpil prekosyon pou n pa chwazi bagay ki ka fè n vin gen “dezi ki nan monn nan”. — Tit 2:12.

10. Ki sa k pral rive tout vye bagay yo fè pou li oswa pou gade ki gen nan monn sa a?

10 Talè konsa, tout vye bagay yo fè pou li oswa pou gade yo pap egziste ankò. Tout bagay sa yo pral disparèt lè yo detwi monn Satan an. Pawòl Bondye a di: “Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” (1 Jan 2:17). Menm jan an tou, gen yon salmis ki te di nan yon chante: “Moun k ap fè mechanste yo ap disparèt, men moun ki mete espwa yo nan Jewova ap posede tè a.” Li te di tou: “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” Pou konbyen tan? Bib la di: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan”. — Sòm 37:9, 11, 29, NW.

11. Ki fason Bondye fè pèp li a jwenn bonjan manje espirityèl?

11 Kontrèman ak monn nan, sa òganizasyon Jewova a pwodui nan dènye jou sa yo ankouraje n viv yon fason k ap fè n jwenn lavi ki pap janm fini an. Men sa Jezi te di pandan l t ap priye Jewova: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Pa mwayen òganizasyon l lan, Papa nou ki nan syèl ban nou manje espirityèl ann abondans pou ede n rete djanm. Se pa ti beni nou beni dèske n gen peryodik, bwochi, liv, videyo, ak sit Entènèt ki ede n pratike vrè adorasyon an! Anplis de sa, òganizasyon Bondye a pèmèt nou reyini regilyèman nan plis pase 110 000 kongregasyon sou tout tè a. Nan reyinyon sa yo, asanble yo ak kongrè yo, nou egzamine sijè ki baze sou Bib la ki fè n vin gen plis lafwa nan Bondye ak nan pwomès li yo. — Ebre 10:24, 25.

MARYE ‘SÈLMAN AK MOUN KI NAN SEYÈ A’

12. Fè yon ti pale sou konsèy Bib la bay pou n marye ‘sèlman ak moun ki nan Seyè a’.

12 Li sitou enpòtan pou kretyen selibatè ki vle marye yo veye sou frekantasyon yo. Men ki konsèy Pawòl Bondye a bay yon fason klè: “Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan, piske jouk sa a t ap miwomiba. Paske, ki relasyon ki genyen ant sa ki jis ak sa lalwa kondane? Oubyen ki rapò ki genyen ant limyè ak fènwa?” (2 Kor. 6:14). Bib la ankouraje sèvitè Bondye k ap chèche konjwen yo pou yo marye ‘sèlman ak moun ki nan Seyè a’, sa vle di, pou yo marye sèlman ak yon adoratè Jewova ki vwe lavi l bay Jewova, ki batize e k ap viv ann amoni ak sa Bib la anseye (1 Kor. 7:39). Lè kretyen yo marye ak kwayan parèy yo, sa pèmèt yo vin gen yon konpayon ki vwe lavi l bay Jewova e k ap ede yo kenbe entegrite yo.

13. Ki kòmandman ki gen rapò ak maryaj Bondye te bay Izrayelit yo?

13 Jewova konn sa k pi bon pou sèvitè l yo e l pa janm sispann fè yo konn pwennvi l sou kesyon maryaj. Remake ki kòmandman byen klè li te bay Izrayelit yo pa mwayen Moyiz. Anrapò ak moun ki t ap viv nan nasyon ki te ozalantou yo, yon seri moun ki pa t ap sèvi Jewova, Moyiz te di Izrayelit yo: “Nou pa dwe marye avèk yo. Pinga nou bay pitit fi nou yo pou yo marye ak pitit gason yo, ni pinga nou pran pitit fi yo pou nou marye yo ak pitit gason nou. Paske, y ap detounen pitit nou yo, y ap fè yo sispann suiv mwen pou y al sèvi lòt dye. Lè sa a, Jewova ap an kòlè anpil kont nou e l ap detwi nou san pèdi tan.” — Det. 7:3, 4, NW.

14, 15. Lefètke Salomon te meprize kòmandman Jewova te ba li a, ki efè sa te gen sou li?

14 Nan kòmansman rèy Salomon, pitit gason David la, jèn gason sa a te priye Jewova pou l gen sajès e Bondye te ba l anpil sajès. Konsa, tout moun te vin konnen wa Salomon antanke yon moun ki saj ki t ap dirije yon peyi rich. Anfèt, lè rèn Cheba a te vin vizite Salomon, li te di: “Mwen pa t ka kwè sa m te tande a toutotan m pa t vin wè ak je m. Sa m te tande a pa ka parèt devan sa m wè a. Ou gen plis sajès ak plis richès lontan pase sa m te tande.” (1 Wa 10:7, NW). Sepandan, Salomon te vin bay yon move egzanp ki montre sa k ka rive lè yon moun pa aplike kòmandman Bondye bay pou n pa marye ak moun ki pa kwayan. — Ekl. 4:13.

15 Malgre tout sa Bondye te fè pou Salomon, li te meprize kòmandman Bondye te bay pou sèvitè l yo pa marye ak fi ki sot nan nasyon ki te ozalantou yo, yon seri moun ki pa t ap adore Jewova. Salomon “te renmen yon pakèt fi etranje” e l te vin gen 700 madanm ak 300 fi sou kote. Ki rezilta sa te bay? Lè Salomon te vin granmoun, madanm li yo ki pa t ap sèvi Bondye te “pran tèt li, yo te fè l al sèvi lòt dye. [...] Salomon te fè sa ki mal devan je Jewova”. (1 Wa 11:1-6, NW.) Move frekantasyon te fè Salomon pèdi sajès li a e sa te lakòz li sispann pratike vrè adorasyon an. Se pa ti avètisman sa ye pou kretyen ki ta gendwa ap panse ak posiblite pou yo marye ak yon moun ki pa renmen Jewova!

16. Ki konsèy Ekriti yo bay yon sèvitè Jewova ki deja marye ak yon moun ki pa kwayan?

16 E si yon moun ta vin adore Jewova toutpandan l marye ak yon moun ki pa kwayan? Bib la di: “Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou, konsa, si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou.” (1 Pyè 3:1). Yo te ekri pawòl sa yo pou medam kretyen yo, men, menm pawòl sa yo aplikab pou yon mari ki vin adore Jewova toutpandan l marye ak yon moun ki pa kwayan. Konsèy Bib la bay la klè: Se pou l yon bon konjwen, e se pou l viv ann amoni ak prensip wo nivo Bondye bay pou moun marye yo. Gen anpil konjwen ki pa kwayan ki vin aksepte laverite paske yo wè chanjman mari yo oswa madanm yo fè apre yo fin soumèt yo anba egzijans Bondye yo.

FÈ ZANMI AK MOUN KI RENMEN JEWOVA

17, 18. Ki sa k te pèmèt Noye ak kretyen nan premye syèk yo chape nan destriksyon sistèm yo t ap viv ladan l lan?

17 Se vre move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid, sepandan, bon frekantasyon bay bon rezilta. Reflechi ak Noye ki t ap viv nan yon monn mechan e ki pa t janm anvi antre nan zanmitay ak moun ki t ap viv nan epòk li a. Nan epòk sa a, “Jewova te wè lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a, e tout tandans ki te nan kè yo se fè sa ki mal toutan”. (Jen. 6:5, NW.) Kidonk, Bondye te deside fè yon delij detwi sistèm mechan sa a ansanm ak moun ki t ap soutni l yo. Sepandan, “Noye se te yon moun ki jis. Li te yon moun ki te san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a. Noye t ap mache avèk vrè Dye a”. — Jen 6:7-9, NW.

18 Se sèten Noye pa t chèche fè zanmi ak moun sa yo ki pa t ap sèvi Bondye. Li menm ak sèt lòt moun ki te nan fanmi l yo te okipe nan fè travay Bondye te ba yo fè a, san wete konstriksyon lach la. Pandan tan sa a, Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis” tou (2 Pyè 2:5). Travay predikasyon an, travay konstriksyon lach la ak bon amitye Noye te genyen ak fanmi l te fè l rete okipe nan fè bon bagay ki fè Bondye plezi. Kòm rezilta, Noye ansanm ak fanmi l te chape nan delij la. Nou tout k ap viv jodi a dwe montre nou rekonesan anvè Noye, madanm li, pitit gason l yo ak madanm pitit gason l yo ki t ap sèvi Jewova fidèlman paske nou tout se desandan yo. Menm jan an tou, lefètke kretyen premye syèk yo te montre yo fidèl, yo te obeyisan e yo pa t nan fè zanmi ak moun ki pa t ap sèvi Bondye, sa te pèmèt yo chape nan destriksyon Jerizalèm ak sistèm juif la nan ane 70 epòk nou an. — Lik 21:20-22.

Bon relasyon n gen ak lòt kretyen yo se yon avangou sou lavi nan monn nouvo a. (Gade paragraf 19.)

19. Ki sa n dwe fè pou n gen favè Bondye?

19 Antanke adoratè Jewova nou dwe imite Noye, fanmi l ak kretyen obeyisan ki t ap viv nan premye syèk la. Nou dwe toujou ret separe ak sistèm mechan sa a epi n dwe chèche fè bonjan zanmi pami plizyè milyon frè ak sè n yo. Lè n ret atache ak moun ki gen sajès Bondye bay la sa ka ede n “kenbe fèm nan lafwa” pandan tan sa yo ki difisil anpil (1 Kor. 16:13; Pwo. 13:20). Epi fè yon ti reflechi ak bèl bagay k ap tann nou yo! Si n veye sou frekantasyon nou nan dènye jou sa yo, sa ap ede n rive chape nan destriksyon sistèm mechan sa a epi pou n antre nan monn nouvo jis Bondye pwomèt la ki toupre rive.