Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Benediksyon Jewova fè m rich anpil

Benediksyon Jewova fè m rich anpil

MWEN fèt an 1927 nan yon ti zòn nan Saskatchewan, nan peyi Kanada, ki rele Wakaw. Etandone papa m ak manman m te gen sèt pitit, kat gason ak twa fi, se depi byen bonè nan lavi a m te aprann sa sa vle di viv ak anpil moun.

Fanmi m te sibi efè kriz ekonomik ki te fèt an 1930 lan, yon kriz yo te rele Gwo kriz ekonomik la. Se vre nou pa t rich, men, nou pa t manke manje nonplis. Nou te gen kèk poul ak yon bèf, donk, nou pa t janm manke ze, lèt, krèm, fwomaj ak bè. Kòm nou ka imajine sa, tout moun nan fanmi an te gen anpil travay pou yo fè nan fèm nou te genyen an.

M gen anpil bèl souvni konsènan epòk sa a tankou bon sant pòm ki te konn gaye nan kay la. Anfèt, lè papa m te konn al nan vil la nan sezon otòn pou l vann sa n te pwodui nan fèm nan, byen souvan, li te konn retounen ak yon bwat chaje pòm byen fre. Se pa ti plezi nou tout te konn pran pou n bwè ji pòm chak jou!

FANMI NOU VIN ANPRANN LAVERITE

M te gen sizan sèlman lè paran m yo te vin aprann laverite. Johnny, premye pitit gason yo a te mouri yon ti tan apre l fin fèt. Sa te twouble paran m yo anpil e yo te mande prèt nan zòn nan: “Ki kote Johnny ye?” Prèt la te di etandone tibebe a pa t gentan batize, donk, li pa nan syèl. Olye de sa, li nan lenb lan. Prèt la te fè paran m yo konnen tou si yo peye l, l ap priye pou Johnny sot nan lenb lan pou l al nan syèl. Ki jan w t ap santi w lè w tande yon bagay konsa? Papa m ak manman te tèlman desi opwen yo pa t janm pale ak prèt sa a ankò. Sepandan, yo te toujou ap mande tèt yo ki sa Johnny tounen.

Yon jou, manman m te jwenn yon ti liv Temwen Jewova yo te pibliye ki rele Ki kote mò yo ye? Li pa t pran tan pou l li l. Lè papa m te rantre, li te chofe pou l di l: “Mwen konn ki kote Johnny ye! L ap dòmi kounye a, men, yon jou l ap leve.” Jou swa sa a papa m te li tout liv la nèt. Manman m ak papa m te santi yo rekonfòte lè yo te aprann Bib la fè konnen moun ki mouri yo ap dòmi epi pral gen yon rezirèksyon. — Ekl. 9:5, 10; Tra. 24:15.

Sa yo te aprann nan te amelyore lavi n paske l te pote ankourajman ak kè kontan pou nou. Yo te kòmanse etidye Labib ak Temwen yo epi yo te konn asiste reyinyon nan yon ti kongregasyon ki te nan Wakaw kote pifò moun te gen fanmi yo ki te sot nann peyi Ikrèn. San pèdi tan, manman m ak papa m te kòmanse patisipe nan travay predikasyon an.

Yon ti tan apre sa, nou t al viv nan British Columbia kote yon kongregasyon te kontan akeyi n. M toujou sonje preparasyon Toudegad nou te konn fè an fanmi pou reyinyon dimanch yo. Nou tout te vin gen gwo lanmou pou Jewova ak verite ki nan Bib la. M te ka wè jan lavi n te vin bèl ak jan Jewova te beni nou.

Nòmalman, antanke timoun, li pa t fasil ditou pou n te pale de kwayans nou ak lòt moun. Men, etandone Eva, ti sè m nan, avè m te konn prepare prezantasyon pou tèritwa a souvan e n te konn fè demonstrasyon an nan reyinyon sèvis la, sa te ede n anpil. Se te yon bèl fason pou n aprann pale sou Bib la ak lòt moun byenke n te timid. Mwen tèlman rekonesan sou fason n te aprann preche a!

Youn nan bèl moman nou te renmen lè n te timoun se lè sèvitè aplentan yo te konn vin lakay nou. Pa egzanp, nou te renmen lè Jack Nathan, siveyan sikonskripsyon nou an, te konn vizite kongregasyon nou an epi l ret lakay nou *. Nou te konn pran plezi koute istwa l te konn rakonte n yo epi bonjan felisitasyon l te konn ban nou te ankouraje n sèvi Jewova fidèlman.

M sonje m te konn di: “Lè m gran, m vle vin menm jan ak frè Nathan.” Nan moman sa a, m pa t konn jis nan ki pwen egzanp li t ap prepare m pou yon karyè nan sèvis aplentan. Lè m te vin gen 15 an, m te pran detèminasyon pou m sèvi Jewova. Eva avè m te batize an 1942.

LAFWA M PASE ANBA EPRÈV

Pandan Dezyèm Gè mondyal la, yon epòk kote kesyon patriyotik la t ap vale teren, matmwazèl Scott, yon pwofesè ki pa t tolere pèsonn, te met de sè m yo ak youn nan frè m yo deyò nan lekòl la. Pou ki rezon? Se paske yo pa t vle salye drapo a. Apre sa, li te rele pwofesè m nan epi l te mande l pou l mete m deyò. Men, pwofesè m nan te di: “N ap viv nan yon peyi lib e n gen dwa pou n pa patisipe nan seremoni patriyotik.” Aktout matmwazèl Scott te fè anpil presyon sou li, pwofesè m nan te di avèk kran: “Sa se desizyon m.”

Matmwazèl Scott te reponn: “Non, se pa desizyon w. M ap fè yon rapò pou ou si w pa met Melita deyò.” Pwofesè m nan te fè paran m yo konnen si l vle toujou kenbe djòb li, li pa gen lòt chwa sinon mete m deyò menm lè l kwè se yon move bagay. Sepandan, nou te jwenn matyè pou lekòl la e konsa n te ka etidye lakay nou. Yon ti tan apre sa, nou t al viv a anviwon 32 kilomèt parapò ak kote n te rete a e yo te aksepte n nan yon lòt lekòl.

Yo te met entèdiksyon sou piblikasyon nou yo pandan ane gè a, men, nou te konn al preche kay an kay ak bib nou. Kòm rezilta, nou te vin maton nan preche bon nouvèl Wayòm nan dirèkteman nan Ekriti yo. Anretou, sa te ede n grandi nan domèn espirityèl epi konte sou èd Jewova.

MWEN ANTRE NAN SÈVIS APLENTAN

M te gen don nan zafè kwafi e m te menm resevwa anpil rekonpans pou sa.

Yonfwa Eva avè m te fini lekòl, nou te pran sèvis pyonye. Kòm travay pwofàn, toudabò m te travay yon kote yo vann bagay pou fè manje. Rive yon lè, m te pran yon kou kosmetoloji pandan sis mwa, yon bagay m te renmen fè lakay mwen. M te vin jwenn yon travay nan yon salon kwafi kote m te konn travay de jou pa semèn epi m te konn anseye kosmetoloji de fwa pa mwa tou. Konsa, m te ka pran swen tèt mwen pandan m nan sèvis aplentan.

An 1955, m te vle al asiste seri asanble “Le Royaume triomphant” an nan vil Nouyòk, Ozetazini ak nan Nuremberg, ann Almay. Sepandan, anvan m t al Nouyòk, m te rankontre frè Nathan Knorr ki soti nan Syèj mondyal la. Li menm ak madanm li te vin asiste yon kongrè ki t ap fèt nan vil Vancouver, nan peyi Kanada. Pandan vizit yo a, yo te mande m pou m fè cheve sè Knorr. Frè Knorr te kontan pou travay mwen te fè a e l te mande pou l wè m. Pandan n t ap pale, m te di l mwen te planifye pou m al Nouyòk anvan m al nan peyi Almay. Konsa, li te mande m pou m travay nan Betèl Bwouklin nan pandan nèf jou.

Vwayaj sa a te chanje lavi m. Pandan m Nouyòk, m te rankontre yon jèn frè ki rele Theodore (Ted) Jaracz. Yon ti tan apre m te fin rankontre l, m te sezi lè l te mande m: “Ou pyonye?” M te reponn: “Non.” Lavonne, zanmi m nan, te tande sa epi l kouri di: “Wi, li pyonye.” Ted te yon ti jan twouble epi l te mande Lavonne: “Ebyen, kiyès ki pi byen konnen, ou menm oswa li menm?” M te fè l konnen m te pyonye yon lè e m te gen entansyon rekòmanse ankò yonfwa m fin sot asiste kongrè yo.

MOUN ESPIRITYÈL MWEN MARYE AVÈ L LA

Ted te fèt an 1925 nan Kentucky, Ozetazini e l te senbolize ve l te fè bay Jewova a lè l te gen 15 an. Aktout okenn moun nan fanmi l pa t vin nan laverite, li te pran sèvis pyonye pèmanan dezan apre batèm li. Konsa, li te fè sèvis aplentan vin tounen yon karyè pou li pou prèske 67 ane.

Nan mwa jiyè 1946, lè Ted te gen 20 an, li te gradye nan setyèm klas Lekòl Gileyad la. Apre sa, li te sèvi kòm siveyan itineran nan vil Cleveland, Owayo. Anviwon katran annapre, li te jwenn asiyasyon pou l vin sèvitè filyal peyi Ostrali a.

Ted t al nan kongrè ki te fèt Nuremberg, ann Almay la e n te pase anpil tan ansanm. Konsa, yon womans te kòmanse boujonnen. M te kontan dèske objektif li te konsantre sou sèvi Jewova ak tout nanm li. Li te yon moun ki vwe lavi l toutbon bay Jewova, li te serye nan atachman l men l te janti epi amikal tou. M te santi l met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Apre kongrè sa a, Ted te retounen ann Ostrali epi m te retounen Vancouver, men, nou te konn ekri lèt regilyèman.

Apre Ted te fin fè anviwon senkan nan peyi Ostrali, li te retounen Ozetazini epi l te vin sèvi kòm pyonye nan Vancouver. M te kontan pou m wè jan fanmi m te apresye l anpil. Michael, gran frè m nan, te konn pwoteje m anpil epi, byen souvan, li te konn fache si yon jèn frè ta montre l enterese avè m. Sepandan, Michael pa t pran tan pou l apresye Ted. Li te di m: “Melita, ou jwenn yon bon gason. W ap fè byen si w trete l avèk bonte epi w dwe montre w ase entèlijan pou w pa pèdi l.”

Apre n te fin marye an 1956, nou te pase anpil bèl ane nan sèvis aplentan ansanm.

Mwen menm tou m te vin renmen Ted anpil. Nou te marye 10 desanm 1956. Nou te sèvi kòm pyonye ansanm nan Vancouver, epi nan Kalifòni, e annapre, yo te asiyen nou nan travay sikonskripsyon an nan Misouri ak nan Akanzas. Pandan anviwon 18 an, chak semèn nou te nan yon kay diferan pandan n t ap sèvi nan travay itineran an toupatou nan yon gwo pati nan Etazini. Nou te fè anpil bèl eksperyans nan ministè a e n te kontan fè zanmi ak anpil frè ak sè. Byenke l pa t fasil pou n te deplase chak semèn, nou te renmen travay itineran an.

Youn nan bagay mwen te sitou respekte lakay Ted, sèke l pa t janm pran relasyon l te gen ak Jewova a alalejè. Li te renmen sèvis sakre l t ap bay Moun ki pi gran nan linivè a. Nou te renmen li epi etidye Bib la ansanm. Leswa, anvan n al dòmi, nou konn met ajenou bò kabann nan e l te konn priye pou nou. Apre sa, nou chak te konn fè pwòp priyè pa nou. M te toujou konnen lè gen yon pwoblèm grav k ap trakase Ted paske l te konn desann kabann nan, li met ajenou ankò epi l pran tan pou l priye an silans. Lefètke l te konn priye Jewova pou tout bagay piti kou gwo, sa te fè m apresye l anpil.

Kèk ane apre n te fin marye, Ted te fè m konnen li pral kòmanse pran nan pen an ak diven an pandan memoryal la. Li te di: “M priye anpil sou sa yon fason pou m ka vrèman sèten m pral fè sa Jewova vle m fè a.” Mwen pa t tèlman sezi dèske Bondye te chwazi l pa mwayen lespri sen l pou l al sèvi nan syèl la. M te vin konsidere sa kòm yon privilèj pou m ede youn nan frè Kris yo. — Mat. 25:35-40.

YON LÒT PRIVILÈJ NAN SÈVIS SAKRE A

An 1974, nou te sezi lè Ted te resevwa envitasyon pou l vin yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo. Pi devan, yo te rele n vin sèvi nan Betèl Bwouklin nan. Toutpandan Ted t ap ranpli responsablite l nan Kolèj santral la, m te konn travay kòm menajè oswa nan salon kwafi a.

Pami responsablite Ted te genyen yo, li te gen asiyasyon pou l vizite plizyè filyal. Li te sitou enterese nan travay predikasyon ki t ap fèt nan peyi ki te anba rido fè a. Men sa Ted te di m yon lè pandan n te an vakans nan peyi Lasyèd: “Melita, yo met entèdiksyon sou travay predikasyon an nan peyi Polòy e m ta renmen ede frè k ap viv nan peyi sa a.” Konsa, nou te chèche jwenn viza e n t al nan peyi Polòy. Ted te rankontre ak kèk frè ki t ap sipèvize travay nou an e yo te fè yon bon valè tan ap mache yon fason pou pèsonn pa t tande sa y ap di. Frè yo te fè kat jou ap reyini, men, m te kontan anpil pou m wè jan Ted te kontan ede fanmi espirityèl li a.

Pwochen fwa n te vizite peyi Polòy la se te nan mwa novanm 1977. F. W. Franz, Daniel Sydlik, ak Ted te fè premye vizit ofisyèl manm Kolèj santral la nan peyi sa a. Travay nou an te toujou anba entèdiksyon, men, twa manm Kolèj santral yo te ka pase nan anpil vil pou yo pale ak siveyan yo, pyonye yo ansanm ak Temwen ki gen anpil ane depi y ap sèvi Bondye.

Ted ak kèk lòt moun devan Ministè jistis peyi Polòy la apre gouvènman an te fin anrejistre travay nou an.

Ane ki te vin apre a, lè Milton Henschel ansanm ak Ted te vizite peyi Polòy, yo te rankontre ak ofisyèl nan gouvènman an ki te kòmanse tolere nou ak aktivite nou yo. Nan ane 1982, gouvènman peyi Polòy la te pèmèt frè nou yo fè yon asanble ki te dire yon jou. Ane ki te vin apre a, te gen pi gwo kongrè ki te fèt e pifò te fèt nan sal nou te lwe. Aktout entèdiksyon an te toujou la an 1985, yo te pèmèt nou fè kat kongrè nan yon gwo stad. Apre sa, nan mwa me 1989, pandan te gen planifikasyon k ap fèt pou kèk gwo kongrè, gouvènman peyi Polòy la te vin rekonèt Temwen Jewova yo legalman. Pa gen anpil evènman ki te fè Ted gen plis jwa pase sa.

Kongrè distri nan peyi Polòy.

FÈ FAS AK PWOBLÈM SANTE

Nan ane 2007, pandan n te sou wout pou n al asiste inogirasyon yon filyal ann Afrik Disid, Ted te vin gen pwoblèm tansyon pandan n ann Angletè. Pou rezon sa a, doktè te konseye l pou l repòte vwayaj la. Nou te retounen Ozetazini apre Ted te fin refè. Men, kèk semèn annapre, li te vin fè yon gwo stwok ki te paralize bò dwat li.

Ted te pran tan pou l refè e konsa, li pa t ka al nan biwo. Sepandan, nou te kontan dèske l te ka pale byen. Malgre limit li, li te eseye suiv menm woutin li te genyen an e l te menm konn patisipe nan reyinyon Kolèj santral la konn fè chak semèn yo grasa telefòn nan chanm nou an.

Ted te vrèman apresye bonjan terapi l te resevwa nan enfimri Betèl la. Tikras pa tikras, li te rejwenn pifò nan kapasite l. Li te ka ranpli kèk asiyasyon teyokratik e l te toujou gen kè kontan.

Twazan apre sa, li te fè yon lòt stwok epi l te mouri jou ki te mèkredi 9 jen 2010 la. Byenke m te toujou konnen Ted t ap gen pou l fini lavi l sou tè a, m pa ka esplike jis nan ki pwen m te nan lapenn lefètke l te mouri ak jis nan ki pwen m sonje l. Sepandan, se chak jou m di Jewova mèsi pou tout sa m te ka fè pou m ede Ted. Nou te pase anviwon 53 an nan sèvis aplentan ansanm. M di Jewova mèsi pou fason Ted te ede m vin pi pwòch Papa m ki nan syèl la. Kounye a, m pa gen okenn dout nouvo asiyasyon l genyen an fè l jwenn anpil jwa ak anpil satisfaksyon.

KÈK NOUVO DEFI NAN LAVI A

M kontan travay epi anseye lòt moun nan salon kwafi Betèl la.

Apre tout ane kè kontan sa yo m te pase nan sèvis la ak mari m, li pa t fasil ditou pou m te fè fas ak nouvo defi yo. Ted avè m te renmen rankontre moun ki vin vizite Betèl la e ki vin nan sal Wayòm nan. Piske kounye a Ted mwen an, mwen renmen anpil la, pa la epi m pa gen menm kouraj mwen te genyen an, m vin gen mwens zanmi. Sepandan, m toujou kontan lè m ansanm ak frè ak sè mwen renmen anpil yo nan Betèl la ak nan kongregasyon an. Woutin ki gen nan Betèl la pa fasil, men, yon moun ka jwenn anpil jwa lè l sèvi Bondye fason sa a. Epi, lanmou m gen pou travay predikasyon an pa janm diminye. Aktout mwen fatige epi m pa ka ret kanpe sou de pye m pandan anpil tan, mwen jwenn anpil satisfaksyon lè m ap bay temwayaj nan lari ak lè m ap kondui etid biblik.

Lè m ap gade tout move bagay k ap rive nan monn nan, se pa ti kontan m kontan dèske m te gen posiblite sèvi Jewova bò kot yon bon mari! Vrèmanvre, benediksyon Jewova fè m rich anpil. — Pwo. 10:22.

^ § 13 Nou ka li istwa lavi Jack Nathan nan Toudegad 1ye septanm 1990 paj 10-14, fransè.