Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Ban nou plis lafwa”

“Ban nou plis lafwa”

“Ede m gen plis lafwa toujou!” — MAK 9:24.

KANTIK: 81, 135

1. Ki enpòtans lafwa genyen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

ÈSKE W janm mande tèt ou: ‘Èske m se jan de moun Jewova vle sove pandan gwo tribilasyon an pou l fè l antre nan monn nouvo a?’ An reyalite, sa mande plizyè bagay pou yon moun sove, men, apot Pòl te pale de yon kondisyon ki enpòtan anpil lè l te di: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi.” (Ebre 11:6). Sa ka parèt vrèman senp, men an reyalite “lafwa se pa yon byen tout moun genyen”. (2 Tes. 3:2.) Vèsè sa yo ede nou konprann jan li enpòtan pou n chèche vin gen yon lafwa ki solid.

2, 3. a) Ki sa Pyè aprann nou sou enpòtans lafwa genyen? b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

2 Apot Pyè te montre jan sa enpòtan pou n gen lafwa lè l te pale de lafwa ki “pase anba eprèv” ki “ka bay louwanj, glwa ak onè kòm rezilta lè Jezi Kris ap parèt”. (Li 1 Pyè 1:7.) Etandone gwo tribilasyon an ap pwoche byen vit, èske n pa ta dwe asire nou kalite lafwa nou genyen an ap fè n vin pami moun k ap jwenn lwanj pou lafwa yo lè Wa nou an ki gen glwa vin parèt? Pa gen dout nan sa, nou vle vin “moun ki gen lafwa pou nanm nou ka ret vivan”. (Ebre 10:39.) Avèk objektif sa a nan lespri nou, nou ka vin menm jan ak yon mesye ki t ap sipliye Jezi e ki te di: “Ede m gen plis lafwa toujou!” (Mak 9:24). Oubyen nou ka anvi di pawòl apot Jezi yo te di a: “Ban nou plis lafwa.” — Lik 17:5.

3 Piske nou bezwen plis lafwa, sa pouse nou poze kèk kesyon: Ki jan nou kapab vin gen yon lafwa ki solid? Ki jan n ka montre n gen lafwa? Ki asirans nou genyen Bondye ap reponn priyè nou fè pou n mande l plis lafwa?

CHÈCHE GEN YON LAFWA KI FÈ BONDYE PLEZI

4. Egzanp ki moun ki ka pouse n vin gen yon lafwa ki pi solid?

4 Etandone “tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou”, nou kapab aprann anpil bagay nan egzanp nou jwenn nan Bib la (Wom. 15:4). Lè n li istwa moun tankou Abraram, Sara, Izarak, Jakòb, Moyiz, Rahab, Gideyòn, Barak ansanm ak anpil lòt moun, istwa sa yo ka pouse nou egzamine lafwa nou (Ebre 11:32-35). Anplis de sa, lè n li byografi frè ak sè nan epòk nou an ki gen yon lafwa ki solid, sa ka pouse n fè gwo efò pou lafwa nou vin pi solid *.

5. Ki jan Eliya te montre li gen yon lafwa ki solid, e ak ki sa egzanp li a fè n panse?

5 Yon lòt moun Bib la pale de li ki kite yon bon egzanp se pwofèt Eliya. Eseye imajine sitiyasyon ki vin apre yo ki montre kalite lafwa l te genyen nan Jewova. Lè Eliya t ap fè wa Akab konnen entansyon Jewova genyen pou l fè yon sechrès, avèk asirans, li te di l: “Menm jan li klè Jewova [...] vivan, [...] pap gen ni lawouze ni lapli toutotan m pa bay lòd pou sa fèt!” (1 Wa 17:1, NW). Eliya te gen konfyans Jewova t ap bay ni li menm ni lòt moun yo tout sa yo bezwen pandan sechrès la (1 Wa 17:4, 5, 13, 14). Li te gen konfyans Jewova te ka leve yon timoun ki mouri (1 Wa 17:21). Li pa t gen okenn dout Jewova t ap voye dife pou boule sakrifis li t ap fè sou mòn Kamèl la (1 Wa 18:24, 37). Apre sechrès la, menm lè pa t gen anyen ki te montre lapli t apral tonbe, Eliya te di Akab: “Monte, manje epi bwè, paske m tande bri yon gwo lapli.” (1 Wa 18:41, NW). Èske istwa sa yo pa fè n egzamine tèt nou pou n wè si n gen yon lafwa ki solid konsa?

KI SA N KA FÈ POU N BATI LAFWA NOU?

6. Ki sa n bezwen nan men Jewova pou n bati lafwa nou?

6 Nou pa ka vin gen yon lafwa ki solid ak pwòp fòs nou sèlman. Lafwa se yon fasèt nan fwi lespri sen Bondye a (Gal. 5:22). Donk, nou montre nou saj lè n suiv konsèy Jezi te bay pou n priye pou n jwenn plis lespri sen paske Jezi ban nou asirans Papa a ap ‘ban nou lespri sen si nou mande l li’. — Lik 11:13.

7. Bay yon egzanp pou montre sa n ka fè pou n toujou gen yon lafwa ki djanm.

7 Yon fwa nou vin gen lafwa, nou dwe kontinye fè l vin pi djanm. Nou ka konpare lafwa nou ak yon dife bwa. Lè n limen yon dife e l fin pran, flanm dife a ka monte men wotè. Sepandan, si n pa fè anyen pou dife a, flanm dife a ap kòmanse bese jiskaske l etenn nèt e se sann nan k ap rete. Men, si n toujou met bwa nan dife a, l ap ret limen. Menm jan an tou, lafwa nou ap toujou ret djanm si n toujou etidye Pawòl Bondye a. Lè n kontinye etidye Bib la, nou kapab vin gen plis lanmou ni pou Bib la ni pou Sila a ki te fè ekri l la, e sa ap vin yon baz pou n bati lafwa nou.

8. Ki bagay ki ka ede n bati lafwa nou epi toujou gen yon lafwa ki djanm?

8 Ki lòt bagay nou ka fè pou n bati lafwa nou e pou n kontinye gen yon lafwa ki djanm? Pinga n kontante nou sèlman ak sa nou te aprann anvan nou te batize (Ebre 6:1, 2). Pran tan pou n reflechi sou pwofesi biblik ki deja reyalize yo, paske sa ka ban nou bonjan rezon pou n gen lafwa. Anplis de sa, nou kapab itilize Pawòl Bondye a pou n wè ki kalite lafwa nou genyen, konsa n ap wè si n gen yon lafwa ki djanm menm jan ak lafwa Bib la mande pou moun genyen an. — Li Jak 1:25; 2:24, 26.

9, 10. Montre ki jan bagay ki vin apre yo ka ede n bati lafwa nou: a) bonjan frekantasyon, b) reyinyon yo, c) travay predikasyon an.

9 Apot Pòl te di kretyen parèy li yo “pou chak moun jwenn ankourajman nan lafwa lòt”. (Wom. 1:12.) Lè n ansanm ak kretyen parèy nou yo, nou ka ede youn lòt vin gen plis lafwa sitou lè nou ansanm ak moun ki deja demontre lafwa malgre yo “sibi eprèv”. (Jak 1:3.) Move frekantasyon detwi lafwa moun, men, bon frekantasyon bati lafwa (1 Kor. 15:33). Se pou rezon sa a nou jwenn konsèy nan Bib la pou n pa abandone “reyinyon nou” yo, men pou nou “youn [kontinye] ankouraje lòt”. (Li Ebre 10:24, 25.) Yon lòt rezon ki fè n dwe asiste reyinyon nou yo se paske ladan yo nou jwenn enstriksyon ki ka ede n bati lafwa nou. Sa ann amoni ak yon pawòl apot Pòl te di: “Yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la.” (Wom. 10:17). Èske n gen abitid byen pwofite tan nou pase ak kretyen parèy nou yo nan reyinyon yo?

10 Lè n patisipe nan travay predikasyon an, se pa lafwa pa lòt moun sèlman n ap bati, men, lafwa pa nou vin djanm tou. Menm jan ak kretyen nan premye syèk la, nou aprann pou n gen yon lafwa total nan Jewova e pou n pale avèk kran nan nenpòt sitiyasyon. — Tra. 4:17-20; 13:46.

11. Ki sa k fè Kalèb ak Jozye te gen yon lafwa ki djanm e ki jan n ka vin menm jan ak yo?

11 Tank nou vin pi byen konprann fason Jewova ap ede n nan lavi nou ak fason l reponn priyè nou, se tank lafwa n ap vin djanm. Se konsa sa te ye pou Kalèb ak Jozye. Yo te demontre lafwa nan Jewova lè yo t al espyone peyi Bondye te pwomèt yo a. Sepandan, tank yo te wè jan Jewova t ap gide yo nan chak sitiyasyon nan lavi yo, se tank yo te vin gen lafwa. Nou ka konprann rezon ki fè Jozye te di izrayelit yo byen klè: “Pa gen yon pawòl nan tout bèl pwomès Jewova, Bondye nou an, te di nou ki pa reyalize”. Apre sa, li te di: “Se sa k fè, se pou nou gen lakrentif pou Jewova e se pou nou sèvi l yon fason ki san repwòch e avèk fidelite. [...] Men, kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.” (Joz. 23:14; 24:14, 15, NW). Tank n ap goute bonte Jewova, se tank nou menm tou n ap ka gen menm konviksyon an. — Sòm 34:8.

MONTRE NOU GEN LAFWA

12. Ki sa disip Jak te di yon moun bezwen fè pou l montre l gen lafwa?

12 Ki jan n ka montre n gen yon lafwa k ap pouse n aji? Men ki repons disip Jak te bay pou kesyon sa a: “M ap montre w lafwa pa m grasa bon aksyon mwen fè.” (Jak 2:18). Se aksyon nou fè k ap montre si n gen lafwa toutbon. Ann pran kèk egzanp ki montre sa.

Moun ki dispoze fè plis nan travay predikasyon an montre yo gen yon lafwa ki djanm. (Gade paragraf 13.)

13. Sa k fè lè n patisipe nan travay predikasyon an se yon fason nou montre n gen lafwa?

13 Lè n patisipe nan travay predikasyon an se youn nan pi bon fason nou ka montre n gen lafwa. Sa k fè n di sa? Travay sa a mande pou nou kwè yon jou Bondye pral met fen nan sistèm sa a e jou sa a “pap anreta”. (Aba. 2:3, NW.) Yon fason nou ka konnen ki kalite lafwa nou genyen se lè n gade jis nan ki pwen nou dispoze fè plis nan travay predikasyon an. Èske n fè tout sa n kapab nan travay sa a, petèt lè n chèche plizyè fason pou n fè sa (2 Kor. 13:5)? An reyalite, lè n fè ‘deklarasyon piblik pou n ka sove’ se yon bèl fason nou montre n gen lafwa nan kè nou. — Li Women 10:10.

14, 15. a) Ki jan n ka montre n gen lafwa nan lavi n ap mennen chak jou? b) Rakonte eksperyans yon moun ki te montre l gen yon lafwa ki djanm.

14 Anplis de sa, nou kapab montre n gen lafwa lè n ap fè fas ak pwoblèm nou jwenn chak jou. Kit pwoblèm n ap rankontre yo se maladi, dekourajman, depresyon, povrete oswa lòt gwo pwoblèm ankò, nou gen konfyans Jewova ak Pitit Gason l lan ap “ede nou nan bon moman”. (Ebre 4:16.) Nou montre nou gen konfyans sa a lè n pa priye Bondye sèlman pou bagay espirityèl nou bezwen. Jezi te di nou kapab priye pou bagay materyèl tankou “pen nou bezwen pou jounen an”. (Lik 11:3.) Istwa nou jwenn nan Bib la konvenk nou Jewova kapab ban nou sa n bezwen. Pandan yon epòk kote te gen gwo sechrès ann Izrayèl, Jewova te bay Eliya manje ak dlo. Sou lòd Jewova, “kaw yo te konn pote pen ak vyann pou li ni nan maten ni nan aswè e li te konn bwè dlo nan kouran dlo a”. (1 Wa 17:3-6, NW.) Konsa tou, nou gen lafwa Jewova kapab dirije bagay yo pou n jwenn sa nou bezwen.

Nou montre n gen lafwa lè n ap fè fas ak pwoblèm nou jwenn chak jou. (Gade paragraf 14.)

15 Nou gen konfyans lè n suiv prensip ki nan Bib la, sa ka ede n jwenn manje pou n manje. Rebecca, yon sè marye k ap viv ann Azi, te fè eksperyans sa a nan fanmi pa l. Li menm ak mari l te suiv prensip ki nan Matye 6:33 ak Pwovèb 10:4 nan lavi yo lè yo te met Wayòm nan an premye nan lavi yo e lè yo te travay di. Rebecca fè konnen gen yon lè mari l te santi travay li ak presyon li te jwenn nan travay la ka met relasyon yo ak Bondye an danje, se sa k fè mari l te kite travay la. Men, yo te gen kat timoun pou yo pran swen. Men ki sa Rebecca rakonte: “Nou te kòmanse fè bagay dous pou vann. Apre plizyè ane nan ti degaje sa a, nou te santi Jewova pa t janm abandone nou. Nou te toujou gen manje pou n manje”. Èske ou menm tou ou montre w kwè Bib la bay pi bon konsèy moun ka jwenn jodi a?

16. Ki sa n ap jwenn si nou konte sou Bondye?

16 Nou pa dwe janm gen dout sou sa, depi n suiv enstriksyon Bondye bay, tout bagay ap mache byen pou nou. Apot Pòl te ekri pawòl ki vin apre yo, pawòl Bondye te pouse Abakouk di: “Moun ki jis la pral viv grasa lafwa.” (Gal. 3:11; Aba. 2:4). Se sa k fè l enpòtan pou n gen lafwa nan Sila a ki ka ede n toutbonvre a. Apot Pòl raple n Bondye, “selon pisans li k ap aji nan nou, ka vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. (Efe. 3:20.) Sèvitè Jewova yo fè tout sa yo kapab pou yo fè volonte Bondye, men, piske yo konnen yo gen limit, yo konte sou Jewova pou beni efò yo fè. Èske n pa kontan Bondye nou an ansanm avèk nou?

BONDYE BA YO PLIS LAFWA

17. a) Ki jan Bondye te reponn priyè apot yo te fè pou yo mande l plis lafwa a? b) Poukisa n ka atann pou Bondye reponn priyè n fè pou n mande l plis lafwa?

17 Kounye a, nou kapab santi n menm jan ak apot yo ki te di Seyè a: “Ban nou plis lafwa.” (Lik 17:5). Bondye te reponn priyè sa a sitou lè l te vide lespri sen l sou yo e yo te vin pi byen konprann objektif li nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Sa te fè lafwa yo vin pi solid. Kòm rezilta, yo te kòmanse pi gwo kanpay predikasyon nan epòk yo a (Kol. 1:23). Èske n ka atann pou Bondye ban n plis lafwa si n mande l sa? Bib la ban nou asirans Bondye ap ban nou plis lafwa lè “nou mande l selon volonte l”. — 1 Jan 5:14.

18. Ki jan Jewova beni moun ki fè efò pou yo bati lafwa yo?

18 Li klè, Jewova kontan lè l wè gen moun ki gen yon konfyans total nan li. Jewova ap reponn priyè n fè pou n mande l plis lafwa e lafwa nou ap grandi anpil, konsa n ap “diy pou nou rantre nan wayòm Bondye a”. — 2 Tes. 1:3, 5.

^ § 4 Pou n ka jwenn kèk lòt egzanp, gade byografi Lillian Gobitas Klose (Réveillez-vous! 22 jiyè 1993) Feliks Borys (Réveillez-vous! 22 fevriye 1994) ak Josephine Elias (Réveillez-vous! Septanm 2009).