Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di”

“Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di”

“Si yon moun pa janm li jounal, li se yon moun ki sòt. Men, moun ki kwè tout sa l li nan yon jounal pi sòt toujou.” — August von Schlözer, yon istoryen alman ki fè piblisite tou (1735-1809).

SI YON moun pa t ka kwè tout sa k ekri nan jounal sa gen 200 an alewè pou pakèt enfòmasyon n ap jwenn sou Entènèt nan 21yèm syèk la. Jodi a, gen yon pakèt enfòmasyon ki vin disponib grasa teknoloji. Genyen ki laverite, genyen ki pa laverite, genyen ki itil, genyen ki pa itil, genyen ki pa gen okenn danje e genyen ki chaje ak danje. Nou dwe byen chwazi enfòmasyon nou panse ki enpòtan yo. Moun ki pa fin abitye ak Entènèt yo gendwa panse yon nouvèl oswa yon rapò se laverite tou senpleman paske l sou Entènèt oswa paske se yon zanmi ki voye l ba yo nan imel, menm lè nouvèl sa a oswa rapò sa a dwòl oswa l choke moun. Bib la gen bonjan rezon lè l di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwo. 14:15, NW.

Ki jan n ka montre nou se “moun ki gen lespri” epi pou n idantifye blòf, lejann, manti moun bay ansanm ak lòt enfòmasyon yo tòde ki ka parèt sou ekran òdinatè nou? Toudabò, mande tèt ou: ‘Èske enfòmasyon sa a soti nan yon sit ofisyèl yon moun ka fè konfyans, nan yon blòg oswa nan yon sit moun pa konnen? Èske gen lòt sit Entènèt ki deja montre enfòmasyon sa a se blòf *?’ Apre sa, nou bezwen aji ak “bonsans”. (Pwo. 7:7, NW.) Si yon nouvèl sanble parèt twò bèl pou moun kwè, petèt nou pa dwe kwè l. Mete sou sa, lè se yon enfòmasyon k ap sal repitasyon lòt moun, reflechi ak kiyès k ap jwenn byenfè si yon enfòmasyon konsa gaye, epi reflechi ak rezon ki ta ka pouse yon moun gaye enfòmasyon sa a.

MOUN K AP FÈ MESAJ SIKILE SAN KONTWÒL

Byen souvan, gen kèk moun ki vle atire atansyon sou yo ki konn chofe pou se yo menm an premye ki pou gaye yon nouvèl epi k ap voye l bay tout kontak yo san yo pa menm verifye si se laverite oswa san yo pa menm panse ak konsekans sa ka genyen (2 Sam. 13:28-33). Sepandan, si n se “moun ki gen lespri”, n ap reflechi ak pwoblèm sa ka lakòz, petèt jan sa ka sal repitasyon yon moun oswa yon òganizasyon.

Sa mande anpil efò pou n verifye yon enfòmasyon. Se rezon sa a ki fè gen kèk moun ki kite tou senpleman pou se moun k ap resevwa enfòmasyon an ki pou chèche konnen si enfòmasyon an bon oswa si l pa bon. Men, konbyen tan sa ap pran pou moun nan verifye enfòmasyon an? Tan nou enpòtan anpil (Efe. 5:15, 16). Olye pou n di “si n gen dout, voye l ale”, li t ap pi bon pou n di “si n gen dout, voye l jete.”

Mande tèt ou: ‘Èske m vin yon moun k ap fè imel sikile san kontwòl? Èske m deja ekri kontak mwen yo pou m mande yo eskiz lefètke m te voye yon mesaj pou yo ki pa t verite oswa ki te yon manti kri? Èske gen moun ki deja mande m sispann voye imel pou yo?’ Pa bliye, kontak nou yo gen aksè ak Entènèt tou, konsa, yo ka fè rechèch sou enfòmasyon ki enterese yo san yo pa bezwen èd nou. Yo pa bezwen pou w ap plede voye blag, videyo klip oswa foto bay yo. Anplis de sa, li pa bon pou n ap voye anrejistreman diskou ki baze sou Bib la oswa nòt nou pran sou diskou sa yo bay moun *. Epitou, lè yon moun ap plede voye rechèch, lis vèsè yo pral li oswa repons yo pral bay nan reyinyon kongregasyon an bay lòt moun, sa ka anpeche moun yo wè enpòtans pou yo prepare reyinyon yo.

Èske m dwe voye yon imel ki dwòl bay lòt moun?

Bon, ki sa n dwe fè si n jwenn enfòmasyon sou Entènèt k ap pale òganizasyon Jewova a mal? Nou dwe pran detèminasyon pou n rejte enfòmasyon sa yo. Gen kèk moun ki panse yo dwe fè lòt moun konnen enfòmasyon sa yo pou yo ka di sa yo panse. Men, lè yo fè sa se gaye y ap gaye move enfòmasyon. Si n ta santi n twouble akoz yon bagay nou wè sou Entènèt, nou ta dwe priye Jewova pou n mande l sajès epi n dwe pale sou sa ak frè ki gen matirite (Jak 1:5, 6; Jid 22, 23). Jezi, yon moun yo te konn bay manti sou li, te fè disip li yo konnen ènmi yo t apral pèsekite yo e yo t apral “di tout kalite move bagay ki pa vre sou [yo]”. (Mat. 5:11; 11:19; Jan 10:19-21.) Nou bezwen “aprann reflechi” epi chèche gen “bon konprann” pou n ka rive idantifye “moun k ap pale vye pawòl” yo ak “moun ki kite chemen ki dwat la”. — Pwo. 2:10-16, NW.

SE POU N RESPEKTE DWA LÒT MOUN

Nou bezwen pran prekosyon tou ak nouvèl oswa eksperyans yo voye ban nou ki gen rapò ak òganizasyon nou an. Menm lè sa yo di a se laverite, sa pa vle di nou dwe gaye enfòmasyon sa a. Pafwa, li gendwa pa saj pou n rakonte bagay ki pase toutbonvre yo, e sa ka pa gen okenn lanmou ladan l (Mat. 7:12). Pa egzanp, nou pap montre n gen lanmou e n pap ankouraje lòt moun si n ap plede pale zafè moun, menmsi sa n ap di a se laverite (2 Tes. 3:11; 1 Tim. 5:13). Gen kèk enfòmasyon ki konfidansyèl, e n dwe respekte dwa lòt moun genyen pou yo bay enfòmasyon sa yo lè yo dwe fè sa ak jan yo vle fè sa. Lè yon moun gaye yon enfòmasyon anvan lè, sa ka lakòz anpil pwoblèm.

Jodi a, li posib pou moun yo gaye tout kalite enfòmasyon nan yon bat je, kit enfòmasyon sa yo se laverite, kit yo pa laverite, kit yo itil, kit yo pa itil, kit yo gen danje, kit yo pa gen danje. Nenpòt moun ki voye yon imel oswa yon tèks bay yon lòt moun dwe rann li kont, kit li vle, kit li pa vle, sa k nan imel la oswa nan tèks la ka rive gaye toupatou sou tè a byen vit. Kidonk, nou dwe veye pou n pa kouri gaye enfòmasyon pasipala. Lè n li enfòmasyon ki dwòl, nou dwe sonje lanmou pa gen dout ni l pa kouri kwè tout bagay. Sa k pi enpòtan an, lanmou refize kwè move bagay yo di sou òganizasyon Jewova a oswa manti moun ki esklav Satan Ledyab ki se “papa manti” a, ap bay sou frè n yo (Jan 8:44; 1 Kor. 13:7). Lè n aprann reflechi e n chèche gen bon konprann, sa ap ede n vin “moun ki gen lespri” e n ap konn ki jan pou n jere pakèt enfòmasyon n ap jwenn chak jou yo. Jan Bib la fè konn sa a: “Moun ki pa konprann anyen yo ap vin sòt, men, konesans se yon kouwòn pou moun ki gen lespri yo.” — Pwo. 14:18, NW.

^ § 4 Nou bezwen fè atansyon, paske blòf ak lejann moun bay yo ka reparèt detanzantan e pafwa yo konn fè ti chanjman ladan yo pou yo sanble ak laverite.

^ § 8 Gade “Repons kesyon w yo” nan Ministè Wayòm avril 2010.