Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi Jewova san nou pa distrè

Sèvi Jewova san nou pa distrè

“Mari [...] t ap koute [Jezi] k ap pale. Mat li menm te okipe nan [pakèt] travay li t ap fè.” — Lik 10:39, 40.

KANTIK: 94, 134

1, 2. Poukisa Jezi te renmen Mat, men, ki sa k montre Mat pa t pafè?

KI SA K vin nan lespri w lè w panse ak Mat, yon moun Bib la pale de li? Se vre Mat se sèl fi Bib la bay non l kòm moun Jezi te renmen san l pa t ap chèche okenn enterè, men, Jezi te gen menm kalite lanmou sa a pou Mari, manman l, ak sè Mat la ki te rele Mari tou, yon seri medam ki te gen lakrentif pou Bondye (Jan 11:5; 19:25-27). Poukisa se konsa Bib la pale de Mat?

2 Jezi pa t renmen Mat sèlman paske Mat te renmen akeyi moun e l te konn travay di, men, sandout se paske Mat te gen bon relasyon ak Bondye. Mat te yon moun ki te vrèman kwè nan ansèyman Jezi yo. Li te gen anpil lafwa nan Jezi, Mesi Bondye te pwomèt la (Jan 11:21-27). Anmenmtan tou, menm jan ak nou, Mat pa t pafè. Yon lè, pandan Mat t ap resevwa Jezi lakay li, Mat te panse l gen dwa di Jezi sa l dwe fè pou l korije yon sitiyasyon l te panse ki merite korije. Men sa l te di Jezi: “Seyè, sè m nan kite m poukont mwen ap travay, epi sa pa di w anyen? Di l pou l vin ede m non.” (Li Lik 10:38-42.) Ki leson nou ka aprann nan istwa sa a?

MAT TE OKIPE NAN YON PAKÈT TRAVAY

3, 4. Nan ki sans Mari te chwazi “bon pati a”, e sandout ki leson Mat te aprann? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Lefètke Mat ak Mari te kontan akeyi Jezi, sa te pouse Jezi ede yo vin pi byen konnen Bondye. Mari te pwofite okazyon an pou l aprann plis bagay nan men gran Anseyan an e l te chita “nan pye Seyè a [...] ap koute l k ap pale”. Mat te ka fè menm bagay la tou. Se sèten Jezi t ap felisite Mat si Mat te ba l tout atansyon li.

4 Sepandan, Mat te okipe anpil nan prepare yon repa espesyal e l t ap fè lòt travay nan kay la pou moman Jezi t ap pase lakay li a te ka pi bèl toujou. Men, tout travay sa yo te fè l vin ap enkyete l pou granmesi e l te vin fache ak Mari. Piske Jezi te wè jan Mat t ap eseye fè twòp travay, avèk jantiyès, li te di Mat: “Mat, Mat, w ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w pou w fè anpil bagay.” Epi, li fè l konnen yon sèl kalite manje t ap sifi. Apre sa, Jezi vire gade Mari e l fè konnen Mari pa fè anyen ki mal, li di: “Mari, bò kote pa l, chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.” Sa te ka pa pran anpil tan pou Mari bliye ki manje l te manje nan okazyon espesyal sa a, men l pa t ap janm bliye felisitasyon Jezi te ba li ansanm ak bon manje espirityèl li te jwenn paske l te ret ap koute Jezi san l pa distrè. Plis pase 60 an annapre, men sa apot Jan te ekri: “Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la.” (Jan 11:5). Sandout, pawòl sa yo Bondye te pouse Jan ekri yo montre Mat te pran konsèy Jezi te ba li avèk amou an oserye e l te fè efò pou l sèvi Jewova fidèlman pandan tout rès vi l.

5. Ki diferans ki genyen ant epòk nou an ak epòk yo te ekri Bib la, e ki kesyon sa soulve?

5 Anrapò ak distraksyon, ki jan epòk n ap viv ladan l jodi a diferan ak epòk yo te ekri Bib la? Men kèk pawòl yo te di yon gwoup etidyan nan peyi Etazini sa gen plis pase 60 an: “Nan istwa lèzòm, moun pa t janm fè lwanj dèske yo gen mwayen kominikasyon ki wo nivo, enprimri ki fonksyone byen rapid, jounal ki chaje ak bèl foto, radyo, fim, televizyon. [...] Yo bonbade nou chak jou ak nouvo bagay pou distrè nou. [...] Sa pa gen twò lontan, moun te panse epòk nou an se yon epòk limyè. De jou an jou, epòk sa a vin tounen yon epòk distraksyon.” Men sa n li nan Toudegad 15 septanm 1958 lan ki te parèt ann anglè: “Tank fen monn sa a ap vin pi pre, se tank ap vin gen plis distraksyon”. Sa a se vre! Sa soulve yon kesyon ki enpòtan: Ki sa n ka fè pou n evite distraksyon ki pa twò enpòtan e pou n ret konsantre sou bagay espirityèl yo menm jan ak Mari?

SÈVI AK MONN NAN MEN PA SÈVI AVÈ L NÈT

6. Ki jan òganizasyon Jewova a byen itilize teknoloji ki egziste jodi a?

6 Pou pèmèt plis moun vin nan vrè adorasyon an, pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a te toujou byen itilize teknoloji monn nan. Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou “Fotodram kreyasyon an” ki se yon seri foto yo te pase ansanm ak yon seri fim ki gen koulè ak son yo anrejistre. Anvan premye Gè mondyal la e pandan gè sa a, plizyè milyon moun nan monn nan te jwenn konsolasyon grasa prezantasyon sa a ki te fini ak kèk sèn ki montre fason Rèy mil an Jezi Kris la pral ye, yon rèy ki pral pot lapè. Annapre, yo te fè emisyon radyo pou yo pataje mesaj Wayòm nan ak plizyè milyon moun toupatou sou tè a. Jodi a, òganizasyon nou an itilize òdinatè ak Entènèt otank posib pou gaye bon nouvèl la, sa pèmèt bon nouvèl la rive jwenn moun k ap viv sou zile ki izole ak moun toupatou sou tè a.

Pa kite bagay ki pa twò enpòtan yo anpeche w fè aktivite espirityèl yo. (Gade paragraf 7.)

7. a) Poukisa se yon danje sa ye lè yon moun sèvi ak monn nan twòp? b) Ki sa n pa ta dwe kite rive nou? (Gade nòt anba paj la.)

7 Jan Bib la fè konn sa, lè yon moun sèvi ak monn nan twòp sa ka tounen yon danje pou li. (Li 1 Korentyen 7:29-31.) Yon kretyen kapab gaspiye yon pakèt tan byen fasil nan bagay ki pa gen anyen mal ladan yo, tankou aktivite moun fè pou detann yo, fè lekti, gade televizyon, vizite kèk zòn, vizite magazen, chèche konnen ki dènye aparèy elektwonik oswa bagay deliks ki parèt. Aktivite tankou ale sou rezo sosyal, voye SMS ak foto, li epi voye imel, toutan ap chèche konn dènye enfòmasyon ki genyen oswa nouvèl spò, tout aktivite sa yo ka fè n gaspiye tan nou e yo ka menm fè n ap reflechi ak bagay konsa sèlman * (Ekl. 3:1, 6). Si n pa limite kantite tan nou pase nan aktivite ki pa twò enpòtan yo, nou ka wè n ap neglije aktivite n genyen ki pi enpòtan an, anpalan de sèvis n ap bay Jewova a. — Li Efezyen 5:15-17.

8. Poukisa konsèy Bib la bay pou n pa renmen bagay ki nan monn nan enpòtan anpil?

8 Satan fè monn li an yon fason pou l atire nou e pou l fè n distrè. Se konsa sa te ye nan premye syèk la e sa pi rèd jodi a (2 Tim. 4:10). Se sa k fè n bezwen suiv konsèy ki vin apre a: “Pa renmen [...] bagay ki nan monn nan.” Lè n toujou dispoze fè chanjman pou n viv ann amoni ak konsèy sa a, nou pap kite anyen fè nou distrè e n ap vin gen plis “lanmou pou Papa a”. Lè n fè sa, sa ap fè l vin pi fasil pou n fè volonte Bondye e pou n gen favè l pou toutan. — 1 Jan 2:15-17.

KITE JE NOU FIKSE SOU YON SÈL BAGAY

9. Ki sa Jezi te di konsènan je nou, e ki egzanp li kite pou nou?

9 Bon konsèy Jezi te bay Mat la te ann amoni ak ansèyman ansanm ak egzanp li te bay. Li te ankouraje disip li yo pou yo kite je yo “fikse sou yon sèl bagay”, konsa yo t ap ka kontinye fè travay Wayòm nan san yo pa distrè. (Li Matye 6:22, 33.) Jezi pa t anbarase pye l ak byen materyèl, li pa t gen ni kay ni tè. — Lik 9:58; 19:33-35.

10. Ki egzanp Jezi kite pou nou lè l te kòmanse travay predikasyon l lan?

10 Gen anpil bagay ki te ka distrè Jezi pandan l t ap fè travay predikasyon an , men, li pa t janm kite yo distrè l. Lè Jezi te kòmanse travay predikasyon l lan sou tè a, apre l te fin anseye yon foul moun nan Kapènawòm e l te fè mirak, moun yo te sipliye l pou l pa kite vil la. Men, ki jan Jezi te reyaji devan demann sa a? Men sa l te di yo: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” (Lik 4:42-44). Jezi te fè sa l te di a, li te mache toupatou nan Palestin, li t ap preche e l t ap anseye. Byenke l te pafè, li te gen bezwen menm jan ak tout moun, e pafwa li te santi l fatige anpil paske l te bay tout li menm nan sèvis Bondye a. — Lik 8:23; Jan 4:6.

11. Ki sa Jezi te di yon mesye ki te nan diskisyon ak frè l, e ki avètisman Jezi te bay?

11 Nan yon lòt okazyon, pandan Jezi t ap anseye disip li yo fason pou yo fè fas ak opozisyon, gen yon mesye ki te vin entèwonp li, mesye a di l: “Anseyan, di frè m nan pou l ban m pa m nan eritaj mwen gen avè l la.” Men, Jezi te refize antre nan diskisyon sa a. Men sa l te reponn li: “Zanmi, kiyès ki mete m jij nou oswa kiyès ki mete m la pou m fè pataj pou nou.” Epi, Jezi te kontinye anseye lè l te bay moun ki t ap tande l yo avètisman kont danje pou yon moun kite anvi vin gen bagay materyèl fè l distrè epi pou l ta sispann sèvi Bondye. — Lik 12:13-15.

12, 13. a) Yon tikras tan anvan Jezi mouri, ki sa k te enterese kèk grèk ki te konvèti nan relijyon Juif la? b) Ki jan Jezi te reyaji nan sitiyasyon ki te ka fè l distrè a?

12 Pandan dènye semèn Jezi te pase sou tè a, Jezi te gen anpil strès (Mat. 26:38; Jan 12:27). Li te gen anpil travay pou l fè, li te pase devan yon tribinal ki te imilye l e l te soufri jiskaske l mouri. Ann fè yon ti reflechi sou sa k te rive jou dimanch 9 Nizan, ane 33 epòk nou an. Jan pwofesi yo montre sa, Jezi te antre Jerizalèm sou do yon ti bourik, e foul moun yo te rele l “sila a ki vini antanke Wa nan non Jewova”. (Lik 19:38.) Nan demen, Jezi te antre nan tanp lan epi, avèk kouraj, li te met yon seri komèsan ava deyò nan tanp lan paske yo t ap sèvi ak kay Bondye a pou yo fè lajan sou lòt Juif parèy yo. — Lik 19:45, 46.

13 Te gen kèk grèk ki te konvèti nan relijyon Juif la ki te nan mitan foul moun ki te Jerizalèm yo e ki te tèlman sezi wè sa Jezi ap fè, yo te mande Filip pou l planifye yon reyinyon pou yo wè ak Jezi. Sepandan, Jezi pa t vle kite okenn distraksyon fè l sispann konsantre sou bagay ki pi enpòtan ki te gen pou rive yo. Li klè, li pa t ap chèche vin popilè yon fason pou l te ka evite mouri an sakrifis anba men ènmi Bondye yo. Se sa k fè, apre l te fin esplike li gen pou l mouri talè konsa, li te di Andre ak Filip: “Yon moun ki atache ak nanm li ap detwi l, men yon moun ki rayi nanm li nan monn sa a ap prezève l pou lavi ki pap janm fini an.” Olye l te fè sa grèk sa yo te vle a, li te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo mennen yon vi sakrifis menm jan avè l, e men sa l te pwomèt yo: “Si yon moun vle sèvi m, Papa a ap onore l”. Sandout, Filip te pot mesaj pozitif sa a bay mesye ki te mande pou Jezi reyini ak yo a. — Jan 12:20-26.

14. Byenke Jezi te met travay predikasyon an an premye nan lavi l, ki sa k montre l te yon moun ki ekilibre?

14 Byenke Jezi pa t kite anyen fè l distrè nan misyon li te genyen pou l preche bon nouvèl la, li pa t yon moun ki t ap panse sèlman ak travay. Li te aksepte omwen yon envitasyon maryaj e l te menm bay patisipasyon pa l pou gen kè kontan nan resepsyon an lè l te fè yon mirak kote dlo te tounen diven (Jan 2:2, 6-10). Li te aksepte envitasyon pou l al soupe lakay bon zanmi l e lakay moun ki t apral vin disip li (Lik 5:29; Jan 12:2). Sa k pi enpòtan an, Jezi te konn rezève tan regilyèman pou l priye, pou l medite e pou l repoze. — Mat. 14:23; Mak 1:35; 6:31, 32.

“VOYE TOUT PWA LOU JETE”

15. Ki konsèy apot Pòl te bay e ki bèl egzanp li te kite?

15 Apot Pòl ki te konpare lavi yon kretyen ak yon kous ki mande pou yon moun gen andirans te di: “Annou voye tout pwa lou jete.” (Li Ebre 12:1.) Pa gen dout Pòl te pratike sa l t ap preche a, li te abandone yon karyè nan Jidayis la ki te ka fè l vin gen anpil richès ak gwo renome. Li te konsantre l sou “bagay ki pi enpòtan yo”, li te travay tankou yon esklav nan sèvis li pou Bondye, li te fè ale vini nan Siri, Azi Minè, Masedwàn ak Jide. Men sa apot Pòl te ekri lè l t ap reflechi sou esperans li genyen pou l viv pou toutan nan syèl la: “Mwen bliye bagay ki dèyè yo e mwen lanse dèyè bagay ki devan yo, m ap kouri pou m ka jwenn rekonpans lan.” (Flp. 1:10; 3:8, 13, 14). Toutpandan Pòl t ap pwofite lavi l antanke selibatè, li te ‘toujou sèvi Seyè a san l pa distrè’. — 1 Kor. 7:32-35.

16, 17. Kit nou marye kit nou selibatè, ki jan n ka suiv egzanp Pòl kite antanke disip Kris? Rakonte yon eksperyans.

16 Menm jan ak apot Pòl, gen kèk sèvitè Bondye ki chwazi ret selibatè, konsa yo pa gen anpil responsablite nan fanmi yo, sa ki pèmèt yo bay tout yo menm nan travay Wayòm nan (Mat. 19:11, 12). Sèvitè Bondye ki marye yo konn gen plis responsablite nan fanmi yo. Sepandan, kit nou marye kit nou selibatè, nou tout ka “voye tout pwa lou jete” e n ka sèvi Bondye ak mwens distraksyon posib. Sa ka mande pou n retire nan aktivite ki konn fè n pèdi tan epi pou n fikse objektif pou n ogmante kantite tan nou pase nan sèvis Bondye.

17 Ann pran egzanp Mark ak Claire, yon koup ki soti nan peyi Gal. Yo chak te pran sèvis pyonye lè yo fin lekòl e yo te kontinye nan sèvis la menm apre maryaj yo. Men sa Mark fè konnen: “Nou te senplifye lavi n lè n te kite yon kay ki te gen twa chanm akouche ak travay amitan nou an yon fason pou n te ka travay nan konstriksyon antanke volontè entènasyonal.” Pandan 20 ane ki sot pase yo, yo te vwayaje toupatou ann Afrik pou yo te ka ede nan konstriksyon Sal Wayòm. Yon lè, yo te ret 15 dola ameriken pou tout lavi yo, men, Jewova te pran swen yo. Men sa Claire te di: “Se yon bagay ki ban nou anpil kè kontan pou n ap sèvi Jewova chak jou. Nou fè anpil zanmi nan sèvis la e n pa manke anyen. Ti bagay nou te abandone yo pa ka parèt devan tout kè kontan nou jwenn nan sèvi Jewova aplentan.” Gen anpil moun ki nan sèvis aplentan ki te fè menm eksperyans sa yo *.

18. Sou ki kesyon kèk moun ka bezwen reflechi?

18 E ou menm? Ki sa w ka fè si w remake w pa twò enterese nan bagay ki gen rapò ak Wayòm nan jan w te chofe anvan sa paske w kite bagay ki pa twò enpòtan fè w distrè? Petèt, ou ka bezwen fè lekti Labib ou ak etid pèsonèl ou yon fason k ap ede w pwogrese. Ki jan w ka fè sa? Atik ki vin apre a pral montre sa.

^ § 17 Gade byografi Hadyn ak Melody Sanderson nan atik “Faisons ce que nous savons être juste”. (Toudegad 1ye mas 2006, fransè.) Yo te kite yon biznis ki t ap byen mache nan peyi Ostrali pou yo antre nan sèvis aplentan. Li istwa yo pou n wè sa k te rive yo lè yo te vin pa gen senkòb pandan yo t ap sèvi kòm misyonè nan peyi End.