Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w wè men Bondye nan lavi w?

Èske w wè men Bondye nan lavi w?

“Sèvitè Jewova yo ap wè men l.” — IZA. 66:14, NW.

KANTIK: 65, 26

1, 2. Ki sa kèk moun kwè sou Bondye?

GEN anpil moun ki panse pa gen okenn rapò ant sa y ap fè ak sa Bondye ap fè. An reyalite, gen moun ki kwè Bondye pa enterese nan sa k ap pase nan lavi moun. Apre yon gwo siklòn ki rele Haiyan te fin fè anpil dega nan mitan peyi Filipin nan mwa novanm 2013, men sa majistra yon gwo vil te di: “Genlè Bondye te yon lòt kote.”

2 Gen lòt moun k ap aji kòmsi Bondye pa ka wè sa y ap fè (Iza. 26:10, 11; 3 Jan 11). Yo aji menm jan ak moun apot Pòl t ap pale de yo lè l te di: “Sa pa t enterese yo pou yo chèche gen konesans egzak sou Bondye.” Moun sa yo te “ranpli ak tout kalite enjistis, mechanste, tanta [ak] move aksyon”. — Wom. 1:28, 29.

3. a) Ki kesyon n gendwa ap mande tèt nou sou Bondye? b) Byen souvan, ki sa yo vle di lè y ap pale de “men” Jewova nan Bib la?

3 E nou menm? Kontrèman ak moun nou sot pale de yo pi wo a, nou konnen Jewova wè tout sa n ap fè. Men, èske n wè l enterese nan nou tou? Èske n wè men Bondye nan lavi nou? Mete sou sa, èske n pami moun Jezi te pale de yo kòm moun k ap “wè Bondye” yo (Mat. 5:8)? Pou nou ka aprann sa sa vle di, toudabò, ann konsidere egzanp kèk moun nan Bib la ki te wè men Bondye k ap aji ak egzanp lòt moun ki te refize wè sa. Konsa, n ap aprann fason pou n rive wè men Jewova nan lavi nou toutbon grasa lafwa nou genyen. Pandan n ap egzamine pwen sa yo, pa bliye, byen souvan, lè Bib la pale de “men” Bondye, li vle pale de pisans Bondye itilize pou l ede sèvitè l yo e pou l pot laviktwa sou ènmi l yo. — Li Detewonòm 26:8.

YO PA T RIVE WÈ MEN BONDYE

4. Kòman fè ènmi Izrayelit yo pa t rive wè men Bondye?

4 Nan kòmansman istwa pèp Izrayèl la, anpil moun te gen ka wè aksyon Bondye te fè an favè pèp Izrayèl la e yo te ka tande pale de aksyon sa yo. Jewova te fè mirak pou l fè pèp li a soti nan peyi Ejip, e pi devan, yo te pot laviktwa sou plizyè wa youn apre lòt (Joz. 9:3, 9, 10). Byenke prèske tout wa ki te sou bò lwès Rivyè Jouden an te tande e yo te wè sa Bondye te fè yo, wa sa yo te “met tèt yo ansanm pou y al fè lagè ak Jozye ak pèp Izrayèl la”. (Joz. 9:1, 2NW.) Menm apre yo te fin kòmanse goumen ak pèp Izrayèl la, yo pa t gen okenn rezon pou yo pa t wè men Bondye. Sou lòd Jewova, “solèy la te ret la e lalin nan pa t deplase jiskaske nasyon Izrayèl la te fin pote laviktwa sou ènmi l yo”. (Joz. 10:13, NW.) Men, Jewova “te kite kè [ènmi Izrayelit] yo vin di pou yo te fè lagè ak Izrayelit yo”. (Joz. 11:20, NW.) Ènmi Izrayelit yo te refize rekonèt se Bondye ki t ap goumen pou pèp Izrayèl la, e sa te lakòz yo pèdi batay la.

5. Ki sa Akab, yon wa ki te mechan, te refize admèt?

5 Annapre, Akab, yon wa ki te mechan, te gen anpil posiblite pou l wè men Bondye nan evènman ki te pase yo. Men sa Eliya te di l: “Pap gen ni lawouze ni lapli toutotan m pa bay lòd pou sa fèt!” (1 Wa 17:1NW). Sa klè, Jewova te dakò ak pawòl sa yo, men, Akab te refize aksepte prèv yo. Apre sa, Akab te wè dife sot nan syèl la lè Eliya te priye Jewova pou dife boule sakrifis li t ap fè a. Epi, Eliya te fè konnen Jewova t ap fè sechrès la sispann, lè l te di Akab: “Desann pou lapli pa bare w.” (1 Wa 18:22-45, NW). Akab te wè tout sa k te fèt yo, men l te toujou refize admèt aksyon sa yo se prèv ki montre byen klè pisans Bondye t ap aji. Egzanp sa a ak lòt egzanp nou te wè anvan yo anseye nou leson enpòtan sa a: nou dwe chèche wè men Jewova lè l ap aji.

YO TE WÈ MEN JEWOVA

6, 7. Ki sa kèk moun nan epòk Jozye a te rive wè byen klè?

6 Kontrèman ak wa mechan nou sot pale de yo pi wo a, gen lòt moun ki te wè men Bondye malgre yo te nan menm sitiyasyon ak moun sa yo. Pa egzanp, kontrèman ak pifò nasyon ki te konn goumen ak pèp Izrayèl la nan epòk Jozye a, Gibeyonit yo te fè lapè ak Izrayelit yo. Poukisa? Men sa yo te di: “Sèvitè w yo sot [...] byen lwen akoz respè nou gen pou non Jewova, Bondye w la, paske nou te tande pale de gwo renome li genyen, nou te tande tout sa l te fè.” (Joz. 9:3, 9, 10, NW). Avèk sajès, yo te rekonèt se vrè Dye a ki t ap soutni pèp Izrayèl la.

7 Rahab te rive wè men Bondye nan evènman ki te pase nan epòk li a. Apre l te fin aprann jan Jewova te delivre pèp Izrayèl la, li te di de espyon Izrayelit yo: “Mwen konnen byen Jewova ap ban nou peyi a.” Byenke pozisyon l te pran an te met lavi l an danje, li te demontre lafwa nan kapasite Jewova genyen pou l delivre ni li menm ni fanmi l. — Joz. 2:9-13, NW; 4:23, 24.

8. Ki jan kèk Izrayelit te rive wè men Bondye?

8 Kontrèman ak Akab, wa mechan Izrayèl la, gen Izrayelit ki te wè jan Jewova te reponn Eliya ki te mande pou dife boule sakrifis li a e sa te fè yo vin rekonèt men Bondye te nan sa k te pase a. Lè yo te wè Jewova fè dife sot nan syèl la, yo te di byen fò: “Se Jewova ki vrè Dye a!” (1 Wa 18:39, NW). Sa te klè pou yo!

9. Ki jan nou ka wè Jewova e nou ka wè men l k ap aji jodi a?

9 Bon egzanp ansanm ak move egzanp nou sot egzamine yo ede n konprann sa sa vle di pou yon moun rive wè Bondye oswa pou l wè men Bondye nan yon sitiyasyon. Pandan n ap aprann konnen Bondye, nou menm tou nou kapab wè men l paske n ouvri “kè nou” pou n wè kalite l yo ak aksyon l fè yo (Efe. 1:18). Se sèten, nou vle vin tankou moun nan tan lontan ak moun nan epòk nou an ki te wè byen klè fason Jewova ede pèp li a. Sepandan, èske n gen bonjan prèv ki montre Bondye ap aji nan lavi moun yo jodi a?

PRÈV KI MONTRE MEN BONDYE AP AJI JODI A

10. Ki prèv nou genyen ki montre Jewova ap ede moun jodi a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

10 Nou gen anpil rezon pou n kwè Jewova ap kontinye ede moun. Se pa ni de ni twa fwa nou tande eksperyans moun ki te priye pou yo mande Bondye ede yo vin gen pi bon relasyon avè l, e Bondye te reponn yo (Sòm 53:2). Pandan Allan t ap preche kay an kay sou yon ti zile nan peyi Filipin, li te rankontre yon dam ki te kòmanse kriye. Men sa Allan di: “Nan menm maten an, dam nan te priye pou Jewova voye Temwen l yo vin kote l. Lè l te jèn, Temwen Jewova yo te etidye Labib avè l, men, li te vin pèdi kontak avèk yo lè l te marye e l te vin abite sou zile a. Tèlman Bondye te reponn priyè l la vit, moun yo te ka wè jan sa te touche l.” Sou ennan, li te vwe lavi l bay Jewova e l te batize.

Èske w wè prèv ki montre Jewova ap ede pèp li a jodi a? (Gade paragraf 11-13.)

11, 12. a) Bay kèk fason Jewova ede sèvitè l yo. b) Rakonte eksperyans yon moun Bondye te ede.

11 Anpil nan sèvitè Bondye yo wè prèv ki montre l ede yo lefètke yo rive libere anba vye abitid ki fè moun vin esklav tankou fimen, pran dwòg oswa gade pònografi. Gen kèk ladan yo ki fè konnen yo te fè tout sa yo kapab pou yo eseye kite abitid sa yo poukont yo, men yo pa t kapab. Men, lè yo te mande Jewova pou l ede yo, li te ba yo “pisans ki depase [...] pisans nòmal” la, e finalman yo te rive venk feblès yo te genyen yo. — 2 Kor. 4:7; Sòm 37:23, 24.

12 Jewova ede anpil nan sèvitè l yo fè fas ak pwoblèm pèsonèl yo genyen. Pa egzanp, Amy t ap fè fas ak kèk pwoblèm lè l te jwenn asiyasyon pou l travay nan konstriksyon Sal Wayòm ak kay misyonè sou yon ti zile nan zòn Pasifik la. Men sa Amy di: “Nou te desann nan yon ti otèl, epi chak jou nou t ap mache sou wout ki plen dlo pou n al sou chantye.” Epitou, Amy te dwe adapte l ak koutim moun nan zòn nan, e byen souvan, pa t gen ni kouran ni dlo. Amy kontinye di: “Sa k pi rèd la, m te vin pale di ak youn nan sè ki t ap travay avèk nou yo. Mwen t al lakay mwen tou wont pou sa m te fè a. Pandan m nan fènwa nan chanm mwen, nan otèl la, mwen te ouvri kè m bay Jewova, mwen te mande l pou l ede m.” Lè yo te bay kouran an, Amy te pran yon Toudegad ki te gen yon atik ki pale sou yon pwogram gradyasyon Gileyad e atik la t ap pale sou tout pwoblèm Amy t ap rankontre yo tankou lòt koutim, anvi tounen lakay, epi aprann viv ak lòt moun. Men sa Amy di: “M te santi se avè m Jewova t ap pale jou swa sa a. Atik la te ankouraje m kontinye nan asiyasyon m.” — Sòm 44:25, 26; Iza. 41:10, 13.

13. Ki prèv nou genyen ki montre Jewova ap ede pèp li a “defann [bon nouvèl la epi] fè rekonèt li devan lajistis”?

13 Lefètke Temwen Jewova yo rive “defann [bon nouvèl la, epi] fè rekonèt li devan lajistis”, se yon lòt prèv ki montre men Jewova pisan e l ap soutni yo (Flp. 1:7). Gen kèk gouvènman ki konn eseye kanpe travay pèp Bondye a nèt. Men, lè n byen gade e n wè pou pi piti Temwen Jewova yo genyen 268 viktwa devan gwo tribinal yo sa ki gen ladan l 24 viktwa yo ranpòte devan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan, sèlman depi ane 2000, li klè pèsonn pa ka bloke men Bondye. — Iza. 54:17; li Izayi 59:1.

14. Ki jan w wè men Bondye nan travay predikasyon an ak nan inite nou gen nan mitan nou an?

14 Se sèlman grasa èd Bondye travay predikasyon an rive fèt sou tout kò tè a (Mat. 24:14; Tra. 1:8). Mete sou sa, nou fòme yon fanmi entènasyonal ki ini, yon bagay moun nan monn nan pa ka imite, e n wè rezon ki fè menm moun ki pa Temwen yo rekonèt: “Bondye vrèman pami nou.” (1 Kor. 14:25). Se sa k fè, antanke gwoup, nou gen anpil prèv ki montre Bondye ap travay an favè pèp li a. (Li Izayi 66:14.) Men, e ou menm? Èske w wè men Jewova nan lavi w?

ÈSKE W WÈ MEN JEWOVA NAN LAVI W?

15. Esplike rezon ki fè pafwa nou ka pa rive wè men Jewova toutbon nan lavi nou.

15 Pou ki rezon nou ka pa rive wè men Bondye toutbon nan lavi nou? Petèt se paske pwoblèm nou yo twòp pou nou. Lè sa rive, nou ka bliye konsantre n sou sa Jewova deja fè pou l ede nou. Lè rèn Jezabèl te dèyè touye Eliya, pandan yon ti tan, Eliya te menm bliye Bondye te konn ede l. Men sa Bib la di konsènan Eliya: “Li mande Bondye pou l mouri.” (1 Wa 19:1-4, NW). Ki sa k te solisyon pwoblèm Eliya a? Li te bezwen chèche ankourajman nan men Jewova. — 1 Wa 19:14-18.

16. Menm jan ak Jòb, ki jan nou ka rive wè Bondye?

16 Jòb te tèlman ret konsantre sou pwoblèm li te genyen yo, li pa t ka wè bagay yo jan Bondye wè yo (Jòb 42:3-6NW). Menm jan ak Jòb, nou ka bezwen fè plis efò pou n wè Bondye. Ki jan n ka rive fè sa? Jan Bib la montre sa, nou bezwen medite sou sa k ap pase toutotou nou. Tank n ap aprann jan Jewova ede nou se tank l ap vin pi reyèl pou nou. Konsa, menm jan ak Jòb, n ap kapab di: “Mwen te konn tande pale de ou, men kounye a, mwen wè w ak je m.”

Èske Jewova sèvi avè w pou l ede lòt moun wè l? (Gade paragraf 17, 18.)

17, 18. a) Ki fason nou ka rive wè jan Jewova ede nou nan lavi nou? b) Rakonte yon eksperyans ki montre Bondye ap ede n jodi a.

17 Ki fason nou kapab wè men Jewova? Men kèk egzanp: Petèt ou ka santi fason w te rive jwenn laverite a se yon prèv byen klè ki montre se Bondye menm ki te fè sa. Èske sa pa t janm rive w te asiste yon reyinyon, ou te tande yon patisipasyon, epi w di tèt ou: “Se egzakteman sa m te bezwen”? Oubyen, petèt ou te jwenn repons yon priyè w te fè. Petèt ou te deside fè plis nan travay predikasyon an, epi w te sezi wè jan Jewova te fè bagay yo mache byen pou ou. Oswa, èske w te janm kite yon travay paske w te vle vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye, epi w vin wè verite ki gen nan pwomès Bondye te fè ki vin apre a: “Mwen pap janm abandone w.” (Ebre 13:5)? Lè n chèche wè fason Jewova ede n, n ap rive wè jan l fè sa plizyè fason.

18 Men sa Sarah ki soti nan peyi Kenya fè konnen: “M te priye pou yon etidyan m te panse ki pa t twò enterese ak etid Labib li t ap fè a. Mwen te mande Jewova si m dwe kanpe etid la. Mwen annik fin di ‘amèn’, telefòn mwen sonnen. Se etidyan an ki t ap rele m pou l mande m si l ka al nan reyinyon avè m. Se pa ti sezi m te sezi!” Si w chèche wè tout sa Bondye fè pou ou, ou menm tou, w ap wè men l k ap aji nan lavi w. Men sa yon sè ki rele Rhonna, k ap viv ann Azi, fè konnen: “Sa ka mande pou w fè kèk eksperyans ak Jewova anvan w rive konprann fason men Jewova ap gide w nan lavi w. Men, yonfwa ou fin konprann sa, sa ka fè w sezi pou w wè jis nan ki pwen li enterese nan ou!”

19. Ki lòt bagay ankò nou bezwen fè pou n pami moun ki wè Bondye?

19 Jezi te di: “Byennere moun ki gen kè yo pwòp, piske y ap wè Bondye.” (Mat. 5:8). Ki jan n ka vin gen yon ‘kè ki pwòp’? Nou dwe moun ki pwòp pa anndan e nou dwe sispann fè sa ki mal. (Li 2 Korentyen 4:2.) Lè n chèche vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye e nou bat pou n kenbe yon bon konduit, nou vin pami moun ki kapab wè Bondye. Nan atik ki vin apre a nou pral egzamine yon kalite k ap pèmèt nou pi byen wè fason Jewova ede n nan lavi a, anpalan de lafwa.