Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se Bondye lanmou an

Jewova se Bondye lanmou an

“Bondye se lanmou.” — 1 JAN 4:8, 16.

KANTIK: 18, 91

1. Ki kalite ki pi fò lakay Bondye, e ki jan w santi w anvè Bondye lefètke w konn sa?

LABIB, Pawòl Jewova te fè ekri a, di nou “Bondye se lanmou”. Li pa annik di lanmou se youn nan pakèt bèl kalite Bondye genyen yo, men, li di: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Lanmou se kalite ki pi fò lakay Jewova, se kalite ki pi enpòtan an. Jewova pa jis gen lanmou, li se lanmou menm. Se pa ti bèl sa bèl dèske n konnen Moun ki kreye linivè a ansanm ak tout sa ki vivan yo se yon Bondye lanmou! Se kalite sa a ki pouse l fè tout sa l te fè yo.

2. Ki asirans lanmou Bondye genyen an ban nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Bonjan afeksyon ak atachman Bondye gen pou sa l kreye yo ban nou asirans tout objektif li gen pou lèzòm yo pral akonpli pi bon fason ki genyen an e yo pral pote gwo benediksyon pou tout moun ki aksepte l dirije yo. Pa egzanp, grasa lanmou, Jewova “fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon moun li chwazi [ki se Jezi Kris] pou l jije tout tè a avèk jistis”. (Tra. 17:31.) Nou kapab gen konfyans sa pral fèt kanmenm. Moun ki nan bon dispozisyon e ki obeyisan yo pral resevwa yon bon jijman e sa pral pèmèt yo jwenn bonjan benediksyon alavni pou tout tan gen tan.

SA LISTWA APRANN NOU

3. Ki jan w panse lavi a t ap ye si Bondye pa t gen lanmou pou lèzòm?

3 Imajine ki jan lavi a t ap ye si Bondye pa t gen lanmou pou lèzòm. Nou sèlman bezwen gade istwa monn sa a ansanm ak dirijan l yo ki anba pouvwa Satan Ledyab, dye monn sa a ki pa gen lanmou e ki an kòlè. (2 Kor. 4:4; 1 Jan 5:19; li Revelasyon 12:9, 12.) Sa fè n wè jis nan ki pwen bagay yo pa t ap bon ditou si linivè t ap fonksyone san yon Bondye ki gen lanmou.

4. Poukisa Jewova te pèmèt yo rebele kont dominasyon l lan ki jis?

4 Lè Dyab la t ap rebele kont otorite Jewova a, li te pouse de premye moun yo fè menm bagay la tou. Li te kanpe kont dwa Bondye genyen pou l dirije linivè a, yon dwa ki jis. Anfèt, Satan te fè konnen li t ap dirije pi byen pase Kreyatè a (Jen. 3:1-5). Byenke Jewova te pèmèt Satan eseye pwouve sa l te di a, men, se sèlman pou yon ti tan li te pèmèt li fè sa. Grasa kokenn sajès Jewova gen lakay li a, li te kite ase tan pase pou l montre byen klè pa gen okenn dominasyon ki pi bon pase pa l la. Listwa lèzòm ki tris anpil montre ni lèzòm ni Satan pa gen kapasite pou dirije.

5. Ki sa istwa lèzòm montre byen klè?

5 Nan sèlman 100 ane ki sot pase yo, gen plis pase 100 milyon moun ki te mouri nan gè ki te fèt ant nasyon yo. Jodi a, kondisyon monn nan kontinye ap vin pi mal. Se egzakteman sa Pawòl Bondye a te predi ki t ap gen pou rive nan “dènye jou” sistèm ki la kounye a lè “moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam [t ap gen pou] vin pi mal toujou”. (2 Tim. 3:1, 13.) Pa gen okenn dout nan sa, istwa lèzòm pwouve verite ki gen nan pawòl sa yo nou li nan Bib la: “O Jewova, mwen byen konnen se pa lòm ki pou chwazi chemen l ap suiv. Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” (Jer. 10:23). Vrèmanvre, Jewova pa t kreye lèzòm ak kapasite pou yo dirije tèt yo san li, ni l pa t ba yo dwa sa a.

6. Nan ki objektif Bondye pèmèt mechanste egziste pou yon ti tan?

6 Nonsèlman ti tan Bondye pèmèt mechanste gaye a montre jis nan ki pwen lèzòm pa ka dirije, men, tan sa a montre Bondye gen yon lòt objektif ki pral reyalize alalong. Tan sa a bay prèv ki montre se sèl gouvènman Bondye a ki ka reyisi. Apre Jewova fin elimine tout mechanste ansanm ak moun ki lakòz mechanste, Jewova pap gen okenn rezon pou l tolere yon rebelyon si yon moun ta vin rebele kont fason l ap dirije a ki plen lanmou. Li ka sèvi ak sa k te pase nan istwa lèzòm nan kòm bonjan rezon pou l elimine rebèl sa yo lapoula e l pap kite yo lakòz mechanste ankò.

LANMOU JEWOVA PARÈT AKLÈ

7, 8. Bay kèk fason Jewova demontre lanmou l ki estrawòdinè?

7 Jewova gen plizyè fason l demontre kokenn lanmou l genyen an. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak grandè linivè a. Gen plizyè milya galaksi e nan chak galaksi gen plizyè milya zetwal ak planèt. Solèy nou an se youn nan zetwal ki gen nan galaksi nou an ki rele Lavwa lakte, e si solèy la pa t la, tout fòm lavi ki gen sou tè a pa t ap egziste. Tout bagay sa yo bay prèv ki montre Jewova se Bondye e yo reflete kalite Jewova yo tankou pisans, sajès ak lanmou. Vrèmanvre, “kalite [Bondye] yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo”. — Wom. 1:20.

8 Tout sa Jewova kreye sou tè a, li kreye yo pou byennèt kreyati l fè pou viv sou tè a. Li te fè yon bèl jaden ki se yon paradi pou lèzòm e l te ba yo yon lespri ak yon kò pafè yon fason pou yo viv pou toutan. (Li Revelasyon 4:11.) Mete sou sa, “li bay tout sa k vivan manje pou yo manje, paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan”. — Sòm 136:25.

9. Anwetan lanmou, ki sa Jewova montre ankò, e poukisa?

9 Toutpandan Jewova montre se li menm ki Bondye lanmou an, li montre l rayi sa ki mal tou. Pa egzanp, men sa Sòm 5:4-6 di sou Jewova: “Ou pa yon Dye ki pran plezi nan mechanste. [...] Ou rayi tout moun k ap fè mechanste.” Epitou, vèsè yo di: “Jewova rayi moun ki vyolan ak moun k ap twonpe moun.”

MECHANSTE PRAL FINI TALÈ KONSA

10, 11. a) Ki fason Jewova pral aji ak moun ki mechan yo? b) Ki jan Jewova pral rekonpanse moun ki jis yo?

10 Etandone Jewova se yon Bondye lanmou epi l rayi mechanste, li fikse objektif pou l retire tout mechanste sou tè a ak nan tout linivè lè l fin regle kesyon ki gen rapò ak dwa l genyen pou l dirije a. Men ki pwomès nou jwenn nan Pawòl Bondye a: “Moun k ap fè mechanste yo ap disparèt, men moun ki mete espwa yo nan Jewova ap posede tè a. Talè konsa, mechan yo pap la ankò. [...] Ènmi Jewova yo ap disparèt tankou bèl patiraj, y ap disparèt tankou lafimen.” — Sòm 37:9, 10, 20.

11 Yon lòt bò, Pawòl Bondye a di: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:29). Moun ki jis yo pral “kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. (Sòm 37:11.) Sa ap reyalize vre paske Papa ki renmen nou an vle sa k pi bon an pou sèvitè fidèl li yo. Men sa Bib la fè n konnen: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” (Rev. 21:4). Se pa ti bèl avni k ap tann nou tout ki vrèman bay lanmou Jewova gen pou nou anpil valè e ki obeyi l antanke Chèf nou!

12. Ki moun nou ka konsidere kòm “moun ki san repwòch”?

12 Pawòl Jewova a di nou: “Gade moun ki san repwòch la byen, gade moun ki dwat la, paske moun sa a gen pou l viv anpè. Men, tout moun k ap pratike peche yo ap peri. Mechan yo pa gen okenn avni.” (Sòm 37:37, 38). “Moun ki san repwòch” yo se moun ki vin aprann konnen Jewova ak Pitit Gason l lan e ki chwazi fè volonte Bondye pou yo obeyi l. (Li Jan 17:3.) Moun sa yo se moun ki pran pawòl nou jwenn nan 1 Jan 2:17 la oserye: “Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” Tank n ap pwoche pi pre fen monn nan, se tank li vin ijan pou n ‘met espwa n nan Jewova epi pou n mache nan chemen l yo’. — Sòm 37:34.

PI GWO AKSYON BONDYE FÈ POU L DEMONTRE LANMOU L

13. Ki pi gwo aksyon Jewova te fè pou l demontre lanmou l pou pechè yo?

13 Aktout nou enpafè, nou ka “mache nan chemen” Jewova yo. Nou ka gen yon relasyon sere sere ak Jewova tou grasa pi gwo aksyon l fè pou l demontre lanmou l. Li te bay sakrifis ranson Jezi Kris la yon fason pou l bay moun ki obeyisan yo posiblite pou yo libere anba peche ak lanmò nou eritye nan men Adan an. (Li Women 5:12; 6:23.) Jewova te gen yon konfyans total nan sèl Pitit Gason li fè a ki te rete fidèl anvè l nan syèl la pandan yon kantite tan moun pa ka konte. Antanke yon Papa ki gen lanmou, se sèten sa te fè Bondye mal anpil lè l te wè fason yo t ap maltrete Jezi pandan l te sou tè a. Sepandan, Jezi te defann dwa Bondye genyen pou l dirije a avèk fidelite epi l te montre yon moun ki pafè ka rete fidèl anvè Jewova menm lè l ap fè fas ak sitiyasyon ki pi difisil yo.

Lanmou te fè Bondye voye Pitit li a sou tè a, e Pitit la te vle sa. (Gade paragraf 13.)

14, 15. Ki sa k rive akonpli grasa lanmò Jezi?

14 Anfèt, Jezi te kontinye rete fidèl e l te defann dwa Jewova genyen pou l dirije a menm lè l t ap fè fas ak eprèv ki pi rèd yo e l te mouri kòm yon moun ki t ap sèvi Papa l fidèlman. Se pa ti rekonesan nou ta dwe montre n rekonesan anvè Jezi dèske, grasa lanmò l, li peye pri ki te nesesè pou libere lèzòm nan e konsa l tou ouvri chemen pou lèzòm viv pou toutan nan monn nouvo Bondye pwomèt la! Men ki sa apot Pòl te di pou l te montre jan aksyon sa a demontre lanmou Jewova ak Jezi genyen: “An reyalite, Kris te mouri pou lèzòm pechè nan tan ki te fikse a, pandan nou te toujou fèb. Paske, li difisil pou yon moun bay vi l pou yon moun ki jis. Anfèt, petèt yon moun ka dispoze mouri pou yon bon moun. Sepandan, men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” (Wom. 5:6-8). Men sa apot Jan te ekri: “Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. Nan ka sa a, men sa lanmou an ye: se pa nou menm ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou e ki te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li.” — 1 Jan 4:9, 10.

15 Men sa Jezi te di konsènan lanmou Bondye gen pou lèzòm: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Bondye tèlman renmen lèzòm li pa t menm refize fè nenpòt bagay pou yo kèlkeswa sa sa te koute l. Lanmou l genyen an la pou toutan. Nou kapab toujou konte sou lanmou sa a. Men sa Pòl te ekri: “Mwen gen konviksyon ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans, ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an.” — Wom. 8:38, 39.

KOUNYE A WAYÒM NAN AP DIRIJE

16. Ki sa Wayòm Mesi a ye, e kiyès Jewova bay dirije Wayòm nan?

16 Lanmou Bondye gen pou lèzòm parèt aklè nan dispozisyon l pran pou gen Wayòm Mesi a. Jewova gentan lage gouvènman sa a nan men Pitit Gason l lan ki renmen lèzòm e ki vrèman kalifye pou dirije (Pwo. 8:31). Lè 144 000 moun ki pral dirije ak Jezi yo resisite, y ap monte nan syèl la ak tout eksperyans yo te fè nan lavi yo antanke moun (Rev. 14:1). Se Wayòm nan ki te tèm prensipal ansèyman Jezi a e Jezi te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Mat. 6:9, 10). Se pa ti benediksyon repons priyè sa a pral pote pou moun ki obeyisan yo!

17. Montre ki diferans ki genyen ant fason Jezi ap dirije a ak fason lèzòm pechè ap dirije.

17 Se pa ti diferans ki genyen ant fason ki plen lanmou Jezi ap dirije nan syèl la ak fason lèzòm ap dirije a ki lakòz plizyè milyon moun mouri nan lagè yo fè yo! Jezi gen bonjan sousi pou moun l ap dirije yo epi l reflete bèl kalite Bondye genyen yo, sitou lanmou (Rev. 7:10, 16, 17). Men sa Jezi te di: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” (Mat. 11:28-30). Ala yon bèl asirans!

18. a) Ki sa Wayòm Bondye a ap fè depi lè l te fin tabli a? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Pwofesi ki nan Bib la montre Wayòm Bondye a te tabli nan syèl la lè prezans Kris la te kòmanse nan ane 1914. Depi lè sa a, yo te kòmanse rasanble rès moun ki pral dirije ak Jezi nan syèl la ansanm ak “yon gwo foul moun” ki pral chape vivan nan fen sistèm sa a pou yo antre nan monn nouvo a (Rev. 7:9, 13, 14). Ki gwosè gwo foul moun nan ye kounye a? Ki egzijans yo fè moun ki fè pati gwoup sa a? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa yo.